Akèy     Edito     Kilti     MédiaSport     Espesyal     Rejyonal          Son       Français 

InfoExpress

Investiture du nouveau gouvernement
136 morts, nouveau bilan d’Hanna
Cyclones : Minute de recueillement au Sénat

Ayiti-Pòs Premye minis-Pozisyon

Tèks deklarasyon Ericq Pierre sou rezon ki fè Depite yo bare l

Ansyen Premye minis Prezidan Préval te chwazi a lonje dwèt sou koripsyon epi sou konpòtman pa klè chèf leta a ak Premye minis Alexis te genyen nan dosye ratifikasyon an

Deklarasyon Msye Pierre Ericq Pierre, ansyen premye minis deziyen
1. Mwen ta renmen di Prezidan Preval mèsi poutèt an de fwa li deziyen mwen kòm Premye Minis. Mwen vle di tout Senatè, tout depite, tout pati politik ak tout òganizasyon sosyete sivil ki te fèm konsfyans : Mèsi. Map pwofite tou pou mwen di tout jounalis nan radyo, nan televizyon ak nan jounal ki tap suiv sa m tap fè yo pandan tout tan bagay yo tap regle : Mèsi. Yo te fè travay yo kòrekteman san yo pa defòme anyen. Map (...)


Ayiti-KEP-Revokasyon-Reyaksyon

Nòt Pou Laprès Konsèy Elektoral Pwovizwa a

Fas ak menas pou Egzekitif la kraze enstitisyon an, manm KEP a raple misyon yo ak bilan travay yo

Delma, 11 oktòb 2007
Nòt Pou Laprès
13 me 2004, yon Arete Prezidansyèl parèt. Li nonmen manm Konsèy Elektoral Pwovizwa yo. Arete a bay Konsèy la manda pou li reyalize eleksyon jeneral nan tout peyi a nèt epi bout misyon li ap rive nan dat kandida ki pase yo prete sèman.
11 fevriye 2005, Monitè, Jounal Ofisyèl Repiblik la, pibliye Dekrè Elektoral ki tabli règ ak prensip pou eleksyon fèt. Atik 31 Dekrè a rapòte :
Eleksyon ap fèt selon prensip sifraj (...)


Ayiti-Inondasyon

Inondasyon lakòz 6 lanmò ak 4 mil fanmi sinistre

Dlo desann, gwo panik mèkredi swa nan Kabarè ; pokò gen bilan

Gwo lapli ki ap tonbe chak jou sou divès depatman peyi a, depi plis pase yon senmenn, lakòz 6 moun mouri plis pase 4 mil fanmi sinistre e pwovoke tou inondasyon ak panik mèkredi swa nan Kabarè (a yon distans 40 kilomèt konsa nan nò Pòtoprens), selon enfòmasyon plizyè otorite bay.
Direktris pwoteksyon sivil la, Alta Jean-Baptiste, fè konnen pokò gen presizyon sou bilan inondasyon sa a. Men, direktè jeneral ministè enteryè a, Paul Harry Voltaire, ki bloke Kabarè apre yon vizit li te al fè (...)


Ayiti-Politik

Brase lide pati politik yo fini

Yon anvan pwojè lwa sou fonksyònman pati yo pral jwenn pouvwa a

Premye kòlòk Konsèy nasyonal pati politik yo fini mèkredi nan Karibe Convention Center nan Petyonvil (nan lès Pòtoprens) apre 2 jou seyans travay, deba sou fason pati politik yo ap fonksyone pa rapò ak sa ki prevwa nan konstitisyon an.
Nan finisman brase lide a, reprezantan yon trantèn pati ki nan Konsèy la tonbe dakò sou yon tèks anvan pwojè lwa sou fonksyònman pati politik yo. Tèks sa a dwe al jwenn Egzekitif la k ap fè yon sentèz ak tout dokiman li resevwa yo anvan li prezante yon pwojè (...)


Ayiti-Lame-Parad

Militè demobilize yo pran lari nan Pòtoprens

Retou lame a ak dedomajman, pi gwo revandikasyon plizyè dizèn ansyen manm FADH

Plizyè dizèn militè demobilize patisipe madi nan yon parad nan lari Pòtoprens pou reklame retou Fòs Lame Dayiti epi kòb 13 mwa aryere salè ak dedomajman leta dwe yo.
Malgre genyen nan yo ki kòmanse granmoun, ansyen manm FADH yo te parèt deside. Yo fè egzèsis, make l pa nan lari a epi defile devan Palè Nasyonal, ansyen Kazèn Desalin anvan yo glise desann devan Palman an, nan Bisantnè.
Nan deklarasyon yo fè devan Palman an, militè demobilize yo mande Depite ak Senatè yo pou yo akonpaye yo nan (...)


Ayiti-Etazini-Dwòg

Guy Philippe denonse operasyon Okay la kòm yon plan ansasinay

Pandan li prezante tèt li kòm yon inosan, ansyen alatèt rebèl 2004 yo anonse retou li lakay li ak aksyon nan lajistis pou dedomajman

Lidè Fwon Rekonstriksyon Nasyonal la (FRN), Guy Philippe, ki te disparèt depi yon senmenn apre debakman ki te fèt lakay li Okay (196 kilomèt nan sid Pòtoprens), denonse operasyon an kòm yon pèlen yo t ap tann pou ansasinen l epi anonse li nan wout pou l tounen lakay li.
Nan yon deklarasyon tou anrejistre li fè distribye nan laprès, ansyen chèf rebèl ki te pran lèzam kont Aristide yo, an 2004, demanti tout akizasyon machann dwòg ki tonbe sou do l epi bay nenpòt moun defi pou yo montre li nan (...)


Ayiti-Etazini-Dwòg

DEA ak BLTS fè 2 lòt arestasyon Okap

Yon ansyen polis, Frérot ak yon amatè batiman, Charlie anba kòd pou akizasyon ki tonbe sou do yo ; panik nan mitan machann poud zòn nan

Yon lòt operasyon tèt ansanm Ajans kont dwòg Etazini an (DEA) ak Biwo ayisyen kont trafik dwòg la (BLTS) pèmèt yo mete men samdi Okap Ayisyen (274 kilomèt nan nò Pòtoprens) sou 2 mesye ki gen akizasyon machann poud sou do yo.
Premye a se Frérot, yon ansyen manm Polis Nasyonal la. Dezyèm nan rele Charlie alyas "Tchatcho", li se yon amatè batiman. Se sou non sa yo, tout moun konnen 2 mesye yo ki te twouve yo nan yon studyod bote, nan mitan vil la, nan moman debakman an.
2 lòt arestasyon sa yo (...)


Ayiti-Inondasyon

Inondasyon nan Gantye : 3 moun mouri, anpil dega

Majistra Ralph Lapointe anonse tout zòn nan anba dlo, wout Gantye/Fon Vèrèt la koupe

Pou pi piti 3 moun mouri, plizyè lòt disparèt, anpil dega fèt nan gwo inondasyon lapli lakòz nan lannwit vandredi pou louvri samdi nan Gantye (a yon distans 40 kilomèt nan nòdès Pòtoprens), dapre deklarasyon majistra komin nan, Ralph Lapointe, fè sou Radyo Kiskeya.
Yon manman ak tout yon ti pitit li mouri mò kraze anba miray kay yo ki tonbe sou yo. Sou bò pa l, yon peyizan ki ta pral okipe de bèt li tou neye nan dlo ki bwote l.
Majistra a anonse tou anpil kay anba dlo oubyen kraze, yon bon (...)


Ayiti-Etazini-Dwòg-Préval

Prezidan Préval soutni san gad dèyè operasyon kont dilè dwòg yo

Reprezantan lajistis amerikèn te debake ann Ayiti alòske komisè gouvèlman Pòtoprens la, Claudy Gassant, dwe al patisipe Ozetazini nan entèrogatwa ayisyen yo te pran nan peyi yo kòm dilè

Prezidan ayisyen an René Préval anonse vandredi nan Pòtoprens li apiye nètalkole operasyon pou kwape machann dwòg yo ki dewoule senmenn sa a e ki montre gen yon lòt vitès ki pase nan koperasyon ant Ayiti ak Etazini.
Chèf leta a, ki t ap pale nan Palè Nasyonal pandan yon konferans pou laprès tèt ansanm ak Premye minis kanadyen an Stephen Harper, raple li te reprann nan mwad janvye a devan Palman an yon diskou li te pwononse deja sou premye manda l la pou l te denonse neglijans ki te fèt nan (...)


Ayiti-Kanada-Harper

Premye minis kanadyen an ap ann Ayiti vandredi

Ranfòsman relasyon Pòtoprens ak Ottawa, se objektif vizit Stephen Harper la

Premye minis kanadyen an Stephen Harper ap rive Pòtoprens vandredi pou yon vizit ofisyèl kèk èdtan ki gen kòm objektif ranfòse relasyon Kanada ak Ayiti epi egzaminen sa ki reyalize deja kòm travay pandan dènye ane sa yo.
Dapre biwo kominikasyon Palè Nasyonal la, se Premye minis Jacques-Edouard Alexis ki pral resevwa mesye Harper nan ayopò entènasyonal Toussaint Louverture. Apre sa, chèf gouvèlman konsèvatè kanadyen an ap rann li nan Palè Nasyonal pou l al chita pale ak Prezidan René Préval. (...)


Radio Kiskeya, 42, ri Villemenay, Pòtoprens, Ayiti / Tel : (509) 2244-6605 / 2244-6607 / 2244-6202 / (514) 448-4448
Imel / redaksyon :
redac@radiokiskeya.com / Imel / administrasyon : admin@radiokiskeya.com
Tout dwa rezève | © Radyo Kiskeya S.A. Ayiti 2008 | URL: http://www.radiokiskeya.com
Sit sila se Gotson Pierre ki te fè li an premye nan Groupe Medialternatif
Karine Fradet fè optimizasyon ak dizay teknik lan
Itilizasyon SPIP, yon pwogram lib anba lisans GPL