> Kreyòl > 8 Mas JOUNEN ENTENASYONAL FANM DEKLARASYON GARR ENTÈSENDIKAL PREMYE ME - (...)

Selebrasyon Jounen Entenasyonal 8 Mas

8 Mas JOUNEN ENTENASYONAL FANM DEKLARASYON GARR ENTÈSENDIKAL PREMYE ME - BATAY OUVRIYE (ESPM-BO) PARTI HAÏTIEN TÈT KALE (PHTK),

Selebrasyon Jounen entenasyonal Fanm 8 Mas

Publié le dimanche 9 mars 2014

Ayiti/Jounen entènasyonal fanm : Bay fanm ki viktim vyolans yo jistis se yon gwo pa sou chemen egalite fanm ak gason

3 reprezantant òganizasyon fanm pandan yon konferans lansman Jounen Entènasyonal Fanm yo, 6 mas 2014.

Jounen jodi a anpil jefò fèt pou amelyore sitiyasyon fanm yo nan peyi Dayiti. Men, nou konstate genyen anpil bagay ki rete pou fèt toujou nan sa ki konsène move kondisyon fanm yo ap viv nan peyi a. Menmsi detanzantan, òganizasyon fanm yo ansanm ak lòt òganizasyon dwa moun nan sosyete sivil ayisyèn nan toujou leve lavwa pou reklame respè dwa fanm yo epi denonse tout kalite vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi nan peyi a, nou remake sitiyasyon an pa chanje, sitou nan sa ki gen arevwa ak zafè lajistis.

Nan peyi Dayiti, fanm ak tifi yo gen gwo difikilte pou jwenn jistis lè yo viktim ka vyolans tankou vyòl, vyolans domestik, elatriye. Paske medam yo pa souvan konn dwa yo, yo toujou pè al pote plent lè yo sibi yon zak vyolans. Epi tou, jan sistèm jistis la ye nan peyi a, fanm yo santi yo pa an sekirite pou denonse agresè yo.

Reyalite n ap viv jounen jodi a montre kijan diferan aktè ki entèveni nan sistèm jistis peyi Dayiti a pa toujou sansib sou kesyon vyolans k ap fèt sou medam yo. Otorite lajistis yo pa souvan montre bòn volonte pou pèmèt fanm yo jwenn jistis epi pran bon jan dispozisyon pou kondane agresè yo.

Sa nou konstate, majorite moun ki fè agresyon sou fanm ak tifi nan peyi a, ap sikile libe libè san pèsonn pa janm mande yo ki mò ki te touye lanperè. Si toutfwa yo ta rive arete agresè yo, genyen ki toujou jwenn liberasyon yo avèk konplisite kèk jij kòwonpi nan sistèm jistis la. Pandanstan sa a, viktim yo kontinye ap sibi gwo agresyon. Sa ki lakoz, medam yo pa fè konfyans ak sistèm jistis peyi a e yo ezite anpil pou pote plent lè yo viktim vyolans. Y ap viv nan gwo laperèz pou agresè yo pa tounen vin aji pi mal kont yo.

Tout sa montre nesite pou sansibilize tout ajan ki entèveni nan sistèm jistis peyi a, tankou : polisye, avoka, jij, elatriye, yon fason pou fanm ak tifi yo ka jwenn jistis kòmsadwa lè yo viktim vyolans.

Se poutèt sa, nan okazyon Jounen Entènasyonal fanm yo ki komemore chak 8 mas, GARR nan tèt kole ak divès òganizasyon fanm nan Pòtoprens ak komite dwa moun ki sou fwontyè a ap selebre dat enpòtan sa nan istwa lit fanm toupatou sou latè sou tèm sa a : « Kreye bon jan kondisyon pou fanm yo jwenn jistis, se yon gwo pa sou chemen egalite fanm ak gason ».

Nou kwè li enpòtan pou otorite peyi Dayiti yo panche prese prese sou sitiyasyon fanm ak tifi yo kèlkilanswa kote yo ye nan peyi a. Otorite yo dwe louvri zye yo sou jan sistèm jistis la pa anfavè fanm yo lè yo viktim zak vyolans. Se devwa yo pou kreye bon jan kondisyon pou fanm ak tifi yo jwenn jistis. Lè yo aji konsa, y ap montre aklè volonte yo genyen pou konbat enpinite nan peyi a. Yo dwe sonje kesyon egalite fanm ak gasyon an pa dwe koze kredi Yo dwe travay pou sa ka tounen yon reyalite toupatou nan peyi a. Li lè, li tan pou otorite ayisyèn yo travay pou fanm ki viktim vyolans yo ka jwenn jistis kòmsadwa !

Pou otantifikasyon :

Sanièce Petit Phat

Animatris Jan

GARR

ENTÈSENDIKAL PREMYE ME - BATAY OUVRIYE (ESPM-BO)

8 MAS 2014 – JOUNEN ENTÈNASYONAL LIT POU EMANSIPASYON FANM !
8 mas, Jounen Entenasyonal Fanm, se yon jou pou komemore lit fanm yo te mennen pou emansipasyon oswa liberasyon yo kont opresyon dominasyon ak esplwatasyon ki nan sosyete yo. 8 mas, sòti nan batay ouvriyèz ak ouvriye te mennen nan kòmansman 20tyèm syèk Ozetazini ak an Ewòp la kont lesplwatasyon ak travay timoun epi pou pi bon kondisyon travay ak dwa pou yo vote. Se pa yon jounen pou fete fanm oswa pou fè bèl diskou oswa pou montre fanm ki reyisi paske y ap esplwate oswa dominen lot travayè, fanm kou gason. Kidonk, kontinye menm esplwatasyon ak opresyon ki nan sosyete yo.

8 Mas, se yon jounen batay pour rache dwa, pou jistis blayi nan sosyete yo nan lemond. Se yon jou limanite chwazi pou fè sonje batay ki te mennen pou dwa fanm respekte, reflechi ak fè bilan sou lit k ap mennen jodi a epi vanse pou pi douvan. Lit pou fanm emansipe nan sosyete yo, se yon lit ki aktyèl akòz tout esplwatasyon, inegalite, diskriminasyon, opresyon, ak vyolans fanm yo ap sibi kit nan travay yo, kit lakay yo, oswa nan divès aktivite sosyal y ap mennen. Nan peyi nou, ak 76% popilasyon an ki pa rive fè 2 dola pa jou pou yo viv, li klè inegalite sosyal yo anraje. Sa vle di tou plis fanm nan mas popilè yo ap viv anba grangou, chomaj, malsite, ensekirite, vyolans ak absans kouvèti yon sistèm sekirite sosyal pou le yo malad oswa ansent ak lè yo nan laj granmoun yo.

Pou nou menm fanm ouvriyèz nan faktori yo, nou menm fanm peyizan, nou menm fanm komèsant, elatriye k ap travay di pou lavi pitit nou ak fanmi nou ka miyò, oswa pou yon lòt kalite sosyete kote gen yon leta ki rekonèt valè fòs travay nou tout bon vre, 8 mas se jou pa nou ! Jounen jodi a, inegalite sosyal ki baze sou sèks, fè travayèz fanm yo touche salè ki pi ba pase travayè gason. Jenn fanm nan mas popilè yo gen mwens chans pou yo fini lekòl yo epi pou aprann yon metye. Se plis tifi, pitit ti peyizan pòv ki vin tounen restavèk nan vil yo. Epi se travayèz fanm yo ki plis sibi tizonnay seksyèl nan lyed travay yo. Se pou tout kalite diskriminasyon sa yo fanm ak tifi ap sibi nan peyi a ki fè nou dwe louvri je nou epi foure pye nou nan batay kont lesplwatasyon ak dominasyon kapitalis la ki ala baz kalite diskriminasyon ak opresyon fanm yo ap sibi jounen jodi a.

8 Mas 2014, dwe yon jou pou tout ouvriyèz ak ouvriye yo ansanm ak lòt travayè pouse yon gwo rèl pou mande Konsèy Siperyè Salè ak lòt responsab leta yo kisa y ap tann pou fikse salè minimòm peyi a ? Plis pase 2 mwa pase san anyen pa di. Tout ouvriye, travayè divès sektè ekonomik peyi a dwe kanpe doubout pou nou di yo : Chyen grangou pa jwe ! N ap relanse mobilizasyon nou yo nan yon tan ki pa two lwen paske nou bouke tann ! Revandikasyon nou pou 8 mas 2014 la : pou inegalite sosyal kòmanse diminye nan peyi a, fòk yo fikse yon salè minimòm ki pèmèt nou fè fas a bezwen fanmi nou epi ak tèt nou touswit. Salè minimòm mizè CSS la rekòmande yo, montre nou kòman ògan sa a, se yon zouti nan men patwon boujwa yo pou kore lesplwatasyon nan peyi a. Revokasyon abitrè sou ouvriye ak sendikalis konbatif yo pap fè nou fè bak. Mobilizasyon pou 500 goud pou piti ak demand pou reyentegrasyon ouvriye revoke yo la pi rèd ! 8 MAS, JOU KOMEMORASYON BATAY POU DWA EKONOMIK AK SOSYAL FANM YO RESPEKTE, N AP KONTINYE LITE POU REVANDIKASYON TOUT TRAVAYÈZ AK TRAVAYÈ DOMINE AK ESPLWATE SATISFÈ ! VIV YON SOSYETE KOTE FANM KOU GASON EMANSIPE EPI K AP TRAVAY KÒT A KÒT POU BYENNÈT LIMANITE !
ESPM-BATAY OUVRIYE, 7 MAS 2014

NOT POU LA PRÈS

PARTI HAÏTIEN TÈT KALE (PHTK), AP PWOFITE JOUNEN ENTÈNASYONAL FANM LAN POU LI DI TOUT FANM ALAWONBADÈ LAN PEYI DAYITI AK LOT BO DLO BÒN FÈT

PÒTOPRENS,AYITI – (7 mas 2014) Parti Haïtien Tèt Kale (PHTK) envite tout manb li yo, fanm kou gason ak tout ayisyèn ak ayisyen pou yo mobilize sou tèm Jounen Entènasyonal Fanm nan ane sa a ki se “Egalite pou fanm se pwogrè pou nou tout”. Peyi Dayiti pap janm kapab reyalize okenn pwogrè ekonomik ak sosyal si li neglije plis pase mwatye nan popilasyon li ak si li pa kapitalize sou kouraj, detèminasyon, entegrite, ekspètiz, eksperyans, talan ak vizyon fanm yo.

Parti Haïtien Tèt Kale (PHTK) ap pwofite okazyon sa pou li voye yon gwo kout chapo pou Administrasyon Martelly – Lamothe la, CTCEP a ak Palman Ayisyen an ki mete anplas ak vote bonjan politik ak lwa pou fè kòz fanm lan vanse pli patikilyèman nan zafè politik.

PHTK ap salye lidèchip Prezidan Michel Joseph Martelly ki vle yon Eta de dwa ki mache ak dwa Fanm. PHTK kanpe tèt kale pou realize vizyon sa a. Li louvri pòt li byen gran pou tout fanm ak gason ki vle kanpe egal ego nan kan chanjman an.

Parti Haïtien Tèt Kale (PHTK) ap salye espesyalman tout fanm ki manb Pati a, senpatizan ak militan fanm li yo. Lap swete tout fanm alawonbadè lan Peyi Dayiti ak lòt bò dlo Bòn Fèt !