> Kreyòl > ENFOMASYON SAMDI 22 MAS 2014

Enfomasyon samdi 22 Mas 2014

ENFOMASYON SAMDI 22 MAS 2014

Enfomasyon samdi 22 Mas 2014

Publié le dimanche 23 mars 2014

, Samdi 22 MAS 2014

Evènman ak ensidan

Yon dife pete nan vil Jeremi nan mitan jounen samdi 22 Mas kote pou pi piti gen yon dizen kay ki boule nan sant vil la Selon premye enfomasyon yo se ta yon kousikwi ki la koz dife ya men EDH potko reaji apre kritik ki fe konnendenpi plizye mwa li pat janm bay kouran se paske premye minis la ak manm gouvenman an te twouve yo nan vil la ki fel li bay kouran anDife pran nan moman premye minis la Laurent Lamothe ak minis li yo tap òganize nouvo aktivite mediatik ki rele « Gouvènman lakay ou ». Gen yon dizèn kay ki boule nan dife a ki fè yon sèl viktim ki pa grav, daprè enfòmasyon nou jwenn. Yon sèl kamyon ponpye ki gen nan vil la paka fè gwo jefò pou etenn dife a. Se gras ak konkou kamyon ki van dlo nan vil la ki te pèmèt yo rive etenn dife a apre 3zèd tan ki lakoz anpil dega materyèl selon korespondan nou nan vil Jeremi Charles Emile Joassaint

Tranblemndtè

Yon tranblemndtè mayitid 4.5 sou echel Richter souke zòn Titwou de Nip vandredi swa men pa gen moun ki viktim ni pa gen dega ki anrejistre selon enjenyè jewològ Claude Preptit. Li presize soukous sa a pa soti nan fay prèskil du sud la pandan l ajoute zòn Ti twou de Nip ak Ansavo( Kote nan lanne 1952 te gen yon gwo tranblemandetè ki te kraze vil la ) gen gwo risk sismik ki plane sou yo. Enjenyè Preptit mande otorite yo pran dispozisyon pou veye sou konstriksyon kap fèt nan zòn nan epi lanse yon kanpay sansibilizasyon pou eksplike popilasyon zòn sa yo ki konpòtman yo dwe genyen fas a yon tranblemandtè.

Sosyal

Sitiyasyon tansyon nan Tigwav

Plizyè santèn moun kap viv nan premyè plèn Tigwav pran lari pandan mitan jounen samdi a epi bloke wout nasyonal nimewo 2 pou mande otorite yo konstwi lise, wout ak pon nan zòn nan, selon korespondan noun an Miragwàn, Louisjeune Jocelyn ki tap pase nan zòn nan. Lapolis ak MINUSTAH te prezan pandan pwotestatè yo tap fè mouvman leve kanpe sa a. Yon sitiyasyon ki te bloke sikilasyon an nan zòn nan selon korespondan nou an Louisjeune Jocelyn

Politik

Ansyen kolonèl Himmler Rébu(GREEH) voye jete deklarasyon ansyen prezidan chanm depite a, Jean Tholbert Alexis fè nan mikwo nou kad emisyon Interet public( IP)kote l fè konnen prezidan Martelly depase dwa konstitisyon an ba li lè l siyen akò politik" El Rancho a". Dirijan politik la ki signen ako a kwè deklarasyon sa a pap gen anyen a wè a valè dokiman an pandan l mande depite Alexis vini avèk prèv ki montre konstitisyon an entèdi chèf leta a siyen akò ak pati ki anndan peyi a.

.

Edikasyon

Youn nan responsab platfòm sendika anseyan yo, Paul Saint-Preux denonse gouvènman an li di ki poko poze pyès aksyon ki montre lap respekte angajman li te pran nan kad akò li te siyen ak anseyan yo pou obsève yon trèv nan grèv anseyan yo. Responsab CONEH a ki tap reponn kesyon Radyo Kiskeya jounen samdi a fè konnen si fen mwad avril la rive akò a pa aplike, anseyan yo ap rekòmanse ak grèv manch long la ankò.

Yon lòt pa, pwofesè Saint-Preux anonse gen yon statu patikilye pou anseyan yo ministè edikasyon nasyonal ap gen pou l pibliye nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur nan jou kap vini yo ki vize chanje sistèm edikatif ayisyen an. Responsab la presize nan statu patikilye sa a ap gen yon griy salaryal ki pral chita sou ansyènte anseyan yo nan sistèm nan ak kalifikasyon yo. Paul Saint-Preux fè konnen si statu sa a aplike tout bon vre se ap yon veritab revolisyon ki pral fèt nan sistèm edikatif ayisyen an.

Ansyen minis edikasyon nasyonal sou gouvènman Aristide la, è Marie Carmel Paul Austin, ki chanje nonl ki rele kounye ya Lucie Carmel Paul Austin te fè vant sinyati yon liv kolektif ki pote tit :" 7 février 1986, Enjeux, Problèmes, Enseignements" jounen samdi a nan lokal radyo televizyon karayib. Piblikasyon liv sa a daprè madam Paul Austin se non sèlman pou ede lektè yo konprann pi byen evenman politik yo men tou se yon enstrimen daprè li menm kap patisipe nan fòmasyon memwa kolekif peyi a. Madam Paul Austin te pwofite presize pwofesè Sauveur Pierre Etienne, Fritz Dorvilier, Rodolph Mathurin, Patrick Elie ak Ronald Saint- Jean, se yo ki ridel ekri liv kolektif sa a.

Ouvraj kolektif sa a daprè Rodolphe Mathurin, youn pami moun ki ekri dokiman sa a ki te nan vant sinyati a, se pou kontinye alimante deba sou lit pèp ayisyen te mennen pandan plizye lane ki pral debouche sou evenman 1986 yo e ki ta pral bay tranzisyon demokratik la. Se pou sa a mesye Mathturin di li menm nan liv sa a, li entèvni prensipalman sou aspè ideyolojik ki te travèsè lit etidyan epòk 1986 yo te mennen.

Envite jounal :

Saul Gauthier kòdonatè inisyativ sitwayenn nan Nò kap pale sou akò politik" El Rancho a" ak yon seri aktivite kap fet week end pwochen nan okazyon 27ème anivèsè konstitisyon an li te reponn kesyon Eddy Jackson Alexis.

Kilti

Fondasyon kilti kreyasyon ( FCC ) , òganize yon fwa atistik ak atizanal, nan Parc historique Canne- à- Sucre, jounen samdi a, nan kad expozisyon bilan 36 mwa projè " FIL Cul ture" Fondation France te finanse pou yon valè1, milyon 350 mil Euro, pou yo te akonpanye plizyè òganizasyon nan sektè kiltirèl la ki te pran gwo kou nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Sete okasyon pou plizyè òganizasyon ekspoze zèv atistik ak atizal yo te reyalize avèk sibvannsyon yo te resevwa nan kad pwojè a, kote kèk nan yo prezante koregrafi ki marye ak dans tradisyonèl, san konte anbyans rara. Direktris projè " Fil Culture " a, Myrtho Casséus fè yon bilan poizitif sou travay li di yo reyalise ak 65 òganizasyon nan sektè kiltirèl la, ki soti nan 3 depatman ki te pi touche nan tranbleman tè a. Pi lwen Direktris la, mande responsab yo pou akonpanye sektè kiltirèl la poul granmoun tèt li, yon mannyè pou ede atizan ak atis yo viv de zèv yo prodwi yo.

Sou bò pal, Direktris ekzekitif FCC a,Fondation Culture Creation Colette Pérodin Armanta, anonse yap travay sou yon projè ak plizyè òganizasyon entènasyonal, pou mande leta akòde yon seri avantaj ak tout mounn nan sektè prive a, kap fè zèv mesèn nan akonpanye ak finanse sektè kiltirèl la. yon lòt pa responsab FCC a, deklare Fondation France pa kache janl satisfè de jesyon efikas, li di yo te fè ak lajan yo te resevwa nan kad projè" FIL Cul ture" a. pandanl’ anonse yap travay pou jwen finansman nan men plizyè lòt bayè pou yo kontinye akonpanye òganizasyon kiltirèl yo.

Plizyè atizan ak atis pent ki tap patisipe nan ekspozisyon an, bat bravo la kontanman pou sipò yo di, yo te benefisye nan kad projè a. Pandan kèk nan yo deklare yo te pwofite itilize finansman yo te resevwa nan projè" FIL Cul ture" a, pou te bay plizyè jèn fanm ak gasyon bon jan fòmasyon, nan divès domèn atiskik ak atizal, yon mannyè pou ede yo jwenn yon profesyon kap pèmèt yo pa rete 2 bra pandye.