> Kreyòl > AKTYALITE 24-3-2014

Aktyalite 24-3-2014

AKTYALITE 24-3-2014

Aktyalite 24-3-2014

Publié le mercredi 26 mars 2014

Lendi 24 Mas 2014

Tansyon

2 moun mouri yon moun blese grav aprè yon sitiyasyon tansyon ki te genyen nan komisarya Gwo Mòn lendi maten an daprè direktè depatmantal polis latibonit lan, komisè prisipal Berson Soljour. Bouch louvri ant plizyè moun ki tap danse bann rara dimanch swa , ta lakoz ensidan sa. Berthony Philemon, yon sitwayen te resevwa yon katouch nan figi, yo te kouri lopital avèl li mouri nan pòtoprens. Popilasyon an te kenbe 3 moun yo kondwi yo nan komisarya a nan gadavi anba akizasyon komkwa se yo menm ki ta blese sitwayen an. Toujou daprè esplikasyon direktè depatmantal polis la nan Latibonit, lè yon pati nan popilasyon an aprann Berthony Philemon mouri, yo anvayi komisarya a,yo chase polisye yo epi yo mache pran moun yo, epi yo touye Solon Mondestin ak kout manchèt. Sitiyasyon an te vinn sou kontwol lapolis, daprè responsab la ki anonse gen yon ankèt ki louvri sou sak pase a.

Palman

Senatè Steven Benoit revele se egzekitif la ki te pwopoze pou mete atik 12 la nan dokiman akò El Rancho a nan twazyèm faz diskizyon yo ansanm ak sena Repiblik la nan jedi 13 mas. Palmantè a ki tap prezante eskiz bay popilasyon an pou atik sa kote li estime li tonbe nan zatrap deklare nan premye dokiman ki te dwe siyen an fevriye a pat gen atik sa ladann.Senatè Steven Benoit konfese jounen lendi a devan laprès li pat pran tan li dokiman "akò El Rancho a" pandan l tap siyen ak manda prezidan Desras nan vandredi 14 mas la ansanm ak lòt aktè ki te nan dyalòg la. Konsènan komantè ki fèt sou atik 12 la ki ta yon kou kont palman an ak konstitisyon an, Senatè Steven Benoit pwopoze pou asanble sena statye sou akò a nan yon seyans plenyè pou fini ak diskisyon yo. Senatè lwès fè konnen malgre sak rive a pa gen okenn " ti politisyen kap kapab fini ak li nan deklarasyon li tande kap fèt nan medya sou dosye sa.

Senatè Wetsner Polycarpe kalifye de dezakò akò dyalòg El Rancho a ki siyen ant palman, egzekitif la ak reprezantan pati politik yo.Selon palmantè a prezidan Michel Martelly pa janm respekte okenn angajman li pran vizavi lòp moun, se sa ki fè li pat espere dyalòg la tap debouche sou yon vrè akò. Konsènan atik 12 akò a ki soulve anpil deba nan sosyete a, premye senatè a deklare dapre enfòmasyon li jwenn bò kote kèk kòlèg li se egzekitif la ki entrodwi atik la nan dokiman an. Wetsner Polycarpe di l regrèt senatè ki te patisipe nan dyalòg la pat denonse tout atik nan akò a ki pase anba pye konstitisyon an ak preogativ palman an. Senatè Polycarpe swete dosye a ajite an asanble pou etidye akò a epi konnen kòman senatè Steven Benoit fè poze siyati l anba dokiman an. Palmantè Nò a mande Steven Benoit prezante eskiz piblik bay nasyon an pou yo kapab mete fen ak dosye a nan grankò a.

Premye senatè Nòdès la, Jean Baptiste Bien Aimé, deklare akò El Rancho a se yon opòtinite yon seri ti pati politik ak dirijan politik nan opozisyon an ki ta dwe ap defann popilasyon an bay prezidan Martelly pou l fè dap piyank sou pwochèn eleksyon yo. Palmantè a di li regrèt kadinal Chibly Langlois pran nan pyèj sa a akòz li pa konnen jwèt politik Michel Martelly itilize ak zanmi l pou woule moun nan farin. Senatè Jean Baptiste Bien Aimé deklare sena repiblik la pa rekonèt akò a, pandanl konsidere senatè Steven Benoit kòm bon zanmi chèf leta kap ede l pase palman anba pye, jan sa te konn fèt ak senatè Joseph Lambert ak senatè Youry Latortue. Senatè Bien Aimé tante dedwane prezidan sena repiblik la kòm kwa li pat bay senatè Benoit manda pou l siyen akò a. Premye senatè Nòdès la deklare tout manm grankò a ki aksepte siyen akò a ap ede prezidan Martelly enstore rejim diktatoryal la nan peyi a.

Polycarpe nan mikwo Vilner Joseph K-7

Premye senatè Nòdès la, Jean Baptiste Bien Aimé, deklare akò El Rancho a se yon opòtinite yon seri ti pati politik ak dirijan politik nan opozisyon an ki ta dwe ap defann popilasyon an bay prezidan Martelly pou l fè dap piyank sou pwochèn eleksyon yo. Palmantè a di regrèt kadinal Chibly Langlois pran nan pyèj sa a akòz li pa konnen jwèt politik Michel Martelly itilize ak zanmi l pou woule moun nan farin. Jean Baptiste Bien Aimé deklare sena repiblik la pa rekonèt akò, pandan konsidere senatè Steven Benoit kòm bon zanmi chèf leta kap ede l pase palman anba pye, jan sa te konn fèt ak senatè Joseph Lambert ak Youry Latortue. Senatè Bien Aimé tante dedwane prezidan sena repiblik la kòm kwa li pat bay senatè Benoit manda pou l siyen akò a. Premye senatè Nòdès la deklare tout manm grankò a ki aksepte siyen akò a ap ede prezidan Martelly enstore rejim diktatoryal la nan peyi a.

Prezidan komisyon sante sena a,senatè Wetsner Polycarpe denonse desizyon konsèy administrasyon gwoup sante plis pran pou pa bay anplwaye leta yo asirans 24/24 ak 7/7 jan l te ye depi lontan.Dapre senatè Polycarpe nan sikilè sa a gwoup sante plis fè anplwaye nan fonksyon piblik la dezomè yap benefisye kouvèti asirans selman soti 8è nan maten rive 4è apre midi, li kwè se yon desizyon inakseptab paske yon moun kapab malad nenpòt lè. Palmantè a fè konnen li deja resevwa doleyans anpil anplwaye leta ki viktim akoz desizyon sa a.Senatè Wetsner Polycarpe anonse komisyon an ap gen pou envite responsab tout ministè ki fè pati gwoup sante plis pou vinn bay popilasyon an esplikasyon poukisa yo pran desizyon sa a.

Wilson Olivier, yon anplwaye sena repiblik la ki soufri maladi dyabèt fè konnen li deja viktim akoz desizyon sa pandan li te al pran swen nan yon lopital nan zòn metwopolitèn nan. Selon Wilson Olivier gen plizyè lòt anplwaye nan adaministrasyon piblik la ki deja viktim menm jan ak li. Mesye Olivier swete komisyon sante piblik sena a pran dosye a oserye yon fason pou anplwaye leta yo kapab jwenn sèvis la menm jan l te ye paske yo peye lajan pou sa.

Jistis

Odisyon Met André Michel ak Newton Saint-Juste devan konsèy disiplin bawo Potoprens la

Mèt André Michel ak Mèt Newton Saint- Juste reponn jounen lendi a envitasyon konsèy disiplin bawo lòd avoka Pòtoprens yo, yo chak pou yon dosye diferan. Odisyon mèt Michel la te dewoule sou konpòtman li te gengnen nan moman jij Lamarre Bélizaire tap tande l mèkredi pase a nan kad dosye Frantzy Duverseau a. Apre odisyon an, mèt André Michel di li plis konsidere majistra Lamarre Belizaire kòm yon advèsè politik ke yon jij akòz anpil bagay avoka a di jij Bélizaire fè l ki pa fèt selon la lwa. Li site kòm egzanp manda damne ak entèdiksyon depa majistra Bélizaire lage dèyè l mete sou 2 frè Florestal yo kap kwoupi nan prizon.

Sou bò pal, mèt Newton Saint-Juste deklare rankont sa pèmèt li eksplike konsèy disiplin lan sans denonsyasyon li te fè yo nan emisyon Ranmase samdi 15 mas pase sitou nan dosye 3,4 milyon dola peyi uruguay te bay Ayiti ane 2013 la. Avoka a fè konnen se rapòte li te rapòte sa ki di nan yon atik jounal sou entènèt Tout Haiti sou dosye sa a. Mét Saint-Juste salye inisyativ sa konsèy disiplin lan pran ki vize mete lòd nan mitan avoka yo padan l swete batonye a enterese tou ak dosye kèk avoka ki pwòch pouvwa a tankou Met Garry Lissade nan kad dosye lanmo jij Jean Serge Joseph la.

Nap soulinye batonye lòd avoka Pòtoprens yo, Met Carlos Hercule pat vle fè deklarasyon nan mikwo jounalis pandan l presize lè se konsèy disiplin lan kap travay li pa fè kòmantè nan laprès.

Ekonomi

Ministè ekonomi ak finans louvri nan otèl Montana premye jounen yon seminè atelye sou tèm : " Strategie de Croissance Economique, Budget 2014-2015 ", an prezans plizyè dizèn jèn antreprenè. Spesyalis nan domèn ekonomi tankou:ansyen minis Henri Bazin,PDG SOGESOl Pierre Marie-Boisson,ansyen minis Alrich Nicolas ak Robert Waddle te entevni pou analize plan strajeji pou devlopman peyi Dayiti. Minis ekonomi ak finans la, Wilson Laleau, nan entèvyou li bay radyo kiskeya fè konnen, objektif seminè sa a se pou montre nesisite ki genyen pou modènize sektè biznis la an Ayiti ak enpòtans bidjè 2014-2015 la genyen pou kwasans ekonomik peyi a. Sa ki, toujou daprè wilson Laleau ap garanti non sèlman plis travay ki respekte diyite sitwayen yo.selon minis ekonomi ak finans la, Wison Laleau,

Pa rapò ak goud la ki se lajan pann se chak jou pi plis kap pèdi valè devan dola kote li pa vo pip tabak, minis Laleau fè konnen gen plizyè faktè ki eksplike fenomèn sa a. Li site enstabilite ki genyen nan peyi a toutan san konte enpòtasyon kap fèt yo ki plis pase pwodwi Ayisyen voye vann nan lòt peyi. Enpòtasyon nap fè yo toujou daprè eksplikasyon mesye Laleau fèt prensipalman an dola ameriken sa ki lakoz monè lokal la diminye. dapre minis ekonomi ak finans lan, Wilson Laleau,.

Direktè jeneral administrasyon Dwan nan, Fresnel Jn Baptiste, fè konnen seminè sa a gen anpil enpòtans pou Ladwan ki se youn nan pi gran kontribitè nan bidjè 2014-2015 lan. Mesye Jn Baptiste deklare ladwan ap kontinye fè jefò pou rive limite yon seri pwodwi kap rantre sou mache a nan kontrebann ki febli endistri lokal la.selon direktè jeneral administrasyon dwan nan Fresnel Jn Baptiste,

Sosyal

Se yon pwoblèm kouran ki te lakoz dife ki te pete nan vil Jeremie wikenn pase a, selon delege depatmantal grandans lan. Norman Wiener nan yon enteviou li bay Radyo Kiskeya ki presize dife ya fè gwo dega materyèl Dife a ki te pete nan moman premye minis lan ak kèk minis nan kabinè te prezan nan vil la nan kad reyalizasyon pwogram gouvènman lakay ou.boule pou pipitid 10 kay ki la denpi 1890