> Kreyòl > AKTYALITE 19-4-2014

Aktyalite 19-4-2014

AKTYALITE 19-4-2014

Aktyalite 19-4-2014

Publié le lundi 21 avril 2014

Jounal 4è Samdi 19 Avril 14

Minis kominikasyon an Rudy Heriveaux konfime nan non gouvènman an tout gwo menas RNDDH ap resevwa nan dènye jou sa yo lèl deklare RNDDH ap bay manti kòm kwa lap destabilize peyi a, se reaksyon direktè egzekitif RNDDH la Pierre Esperance ki lage sekirite lavil ak tout manm RNDDH yo sou kont minisRudy Heriveaux ak rès gouvènmanl an. Dènye deklarasyon minis lan fè yo montre li pa rekonèt jefò PNH la ap fè pou demantle gang Galil la ki deja simen dèy nan mitan popilasyon an, selon mesye Esperance ki estime lajistis ta dwe entèroje Mr Heriveaux yon fason poul bay plis detay sou sal konnen de gang sa a. A la tèt RNDDH la di li pran menas yo oserye kidonk li deja pran kontak ak yon kabinè avoka poul fè sa la lwa di. Anken n moun k’ap fè sousou, ankenn apranti diktatè pap kapab mete baboukèt nan bouch ni mwenmenm ni manm RNDDH yo ni sektè kap defann dwa moun nan peyi a, dapre sa mesye Pierre Esperance di nan yon enteview li bay Radyo Kiskeya

Bo kote pal Mèt René Julien dirijan « l’Amicale des juristes » pa bay deklarasyon minis Heriveaux tròp enpòtans li di k’ap defann gouvènman an pa rapò ak tout deriv l’ap komèt. Mèt Julien deklare li pran nòt de reaksyon minis kominikasyon an lan kont petisyon an. Pou li menm deklarasyon sa a pap fè yo fè bak paske se tout Peyi a ki konstate rejim aktyèl la pap mennen Peyi a ankenn kote. Mèt Julien rapouswiv poul di inisyativ pou fè sikile petisyon an pou kapab depoze nan chanm depitela pou mete prezidan Martely an akizasyon ap mache trè byen.

Toujou gen posibilite pou atik 12 « akò El Rancho a » aplike si sena a pa vote amandman lwa elektoral la paske se lejislatif la ki te vini ak pwopozisyon sa a nan diskisyon yo selon ansyen senatè Yrvelt Chéry ki se youn nan manm komisyon swivi « akò El Rancho a ». Sepandan dirijan OPL la fè konnen se KEP akò a prevwa a ki pou aplike atik 12 la lè gen yon arete prezidansyèl ki retire KTKEP a epi ki kreye yon konsèy elektoral pwovizwa. Ansyen palmantè a ki pale ak Radio Kiskeya jounen samdi a deklare sèl mwayen pou atik 12 la pa aplike fòk asanble senatè yo vote yon rezolisyon pou di yo retire tèt yo nan akò dyalòg la paske te gen reprezantan gran kò a ki te siyen dokiman an.

Yon lòt pa, reprezantan OPL la nan komisyon swivi a fè konnen komisyon an te rankontre mèkredi pase a ak 3 nouvo manm li yo pou pale sou bilan travay yo deja reyalize. Li ajoute chita pale sa a te okazyon pou komisè yo te diskite sou fason pou yo restriktire tèt yo epi kouman pou yo kontinye travay ak divès pati ki te siyen akò politik « El Rancho a ». Gen yon lòt rankont ki prevwa pou fèt madi kap vini la a pou rapouswiv travay yo toujou selon ansyen senatè Yrvelt Chéry ki se manm komisyon swivi a

Senatè Nòdès la senatè Jean Baptiste Bien-Aimé ki se youn nan 6 senatè ki di yo pap vote amandman lwa elektoral la deklare yo toujou kenbe menm pozisyon sa a. Palmantè a ki pale nan telefòn ak nou jounen samdi a fè konnen sèl kondisyon ki pou fè yo vote amandman lwa elektoral la fòk se KEP a ki prepare lwa elektoral la, voye l bay egzekitif epi pou minis jistis la al fè ekspoze motif yo. Senatè Bien-Aimé kontinye pwopoze pou se yon konsèy elektoral pwovizwa ki monte jan atik 289 konstitisyon an di l la ki ap genyen reprezantan divès sektè nan vi nasyonal la.

Sou bò pal, depite Vèrèt la, depite Vickens Dérilus plede pou gen yon chita pale ant divès pati ki konsène yo pou rezoud kriz anvan eleksyon yo paske kriz sa ap brase bil peyi a depi kèk tan. Palmantè a fè konnen aplikasyon atik 12 « Akò El Rancho » a ap mennen peyi dirèk dirèk nan kawo. Depite Dérilus ajoute menm nan fòmilasyon atik la gen anpil bagay ki pa lojik.

Salè minimòm/Batay Ouvriye

Responsab Batay Ouvriye a, Yanick Etienne( ki se tou manm CAOSS yon estrikti gouvenman an fek nonmen ki sou tet ONA ak OFATMA)denonse desizyon gouvènman pran nan dènye arete prezidansyèl la, ki fikse salè minimòm ouvriye kap travay nan faktori yo a 225 goud. Sendikalis la, deklare mezi sa a montre aklè gouvènman pran pozisyon bò kot patwon yo nan dezavantaj ouvriye yo.

Pi lwen, madam Etienne mande tout ouvriye ak tout travayè yo pran lari a nan dat premye kap vini an pou konteste desizyon sa a, ki daprè li pa konsidere revandikasyon yo. Selon sendikalis la, salè minimòm sa a montre slogan « Viktwa pou pèp la » gouvènman Martelly/Lamothe la ap klewonnen an se yon manti.selon deklarasyon responsab Batay Ouvriye a, Yanick Etienne

ONA

“ Vis prezidan sendika ONA a, Pierre Martin Dambreville, ki te pran yon bal nan vant nan mitan semèn pase a, poko retounen nan nòmal li”, selon Israel Saint-Fleur, responsab jesyon konfli nan sendika a. Li fè konnen se fanmi ak kèk anplawye enstitisyon an ki ka we sendikalis la anchaj, pandan l deklare sak rive mesye Dambreville la se yon sewòm direktè jeneral ONA a, Bernard Desgraff ba pwotestatè yo pou kontinye mande demisyon osnon revokasyon lselon responsab jesyon konfli sendika ONA a, Israel Saint-Fleur

Yon lòt pa, sendikalis la kontinye denonse koripsyon li di mesye Desgraff ap fè nan enstitisyon an, pandan l mande palman an pran responsabilite l fas ak sitiyasyon sa a. « Si pòt ONA dwe rete fèmen pandan rès 2 zan manda prezidan Martelly a, sa mèt fèt olye pou nou travay sou direksyon Bernard Desgraff ». Deklarasyon responsab jesyon konfli sendika ONA a, Israel Saint-Fleur

Edikasyon

Platfòm sendika anseyan yo pap fè bak sou desizyon yo pran pou rekòmanse ak grèv la nan dives lekòl piblik yo atravè peyi a ki fikse pou 23 avril kap vini la a" deklarasyon sekretè jeneral konfederasyon nasyonal edikatè ayisyen yo( CNEH), Lourdes Edith Joseph Délouis. Nan yon entèvyou li bay radyo kiskeya jounen samdi a, madam Delouis deklare denpi mwad janvye yo nan negosyasyon ak otorite konsène yo, jounen jodi a, li di li pa konnprann ditou pozisyon prezidan komisyon edikasyon sena a senatè Lucas Saint-Vil ki mande sendika anseyan yo pou yo pa rekomanse ak grèv la. Alatèt CNEH la rapouswiv poul fè konnen yo menm yo respekte angajman yo te jwenn nan pwotokòl dakò ki te siyen an. Sepandan madam Délouis mande tèt li poukisa senatè Saint-Vil li menm pat sanbilize kòlèg li yo pou yo te vote nouvo bidjè a .

Lè nou te pozel kesyon pou mandel eske li pa ta enpòtan pou yo bay nouvo minis edikasyon an, Nesmy Manigat ase tan poul metrize dosye sendika anseyan yo, responsab CNEH la reponn poul di se pa jodi a pwoblèm anseyan yo poze, sa ki fè selon li menm Nesmy Manigat te dwe gentan metrize dosye sa yo anvan menm li te aksepte pòs la.

Platfòm òganizasyon sektè edikasyon peyi Dayiti ki regwoupe (UNNOH, CONELH REFERANS, REEH, REPROH), di yo menm yo rete mobilize pou 28 avril kap vini la a si avan dat sa a otorite konsène yo pa bay satisfaksyon ak lo revandikasyon sendika anseyan yo genyen daprè kòdonatè jeneral UNNOH a Josué Merilien. Sendikalis la kwè deklarasyon prezidan komisyon edikasyon sena a, Lucas Saint-vil fè pou mande sendika anseyan yo kanpe sou mobilizasayon yo a, se yon fason daprè li mennm pou anseyan yo aksepte move kondisyon travay yo. Pwofesè Mérilien kontinye poul mande senatè Lucas Saint-vil al mennen bonjan ankèt poul jwenn rezon ki lakòz jounen jodi a kès leta a pa gen yon goud ladan deklarasyon Kòdonatè jeneral UNNOH a, Josué Mérilien,

Kòdonatè Jeneral Group kap apiye rapatriye ak refije yo (GARR) Jean Baptiste Azolin denonse otorite ayisyèn yo, li di ki lage imigran ayisyen yo san oken proteksyon nan Repiblik Dominikèn, kote li pwofite fè konen depi 11 avril gen yon vag vyolans konpatriyòt nou yo ap sibi lakay vwazen, aprè yo te fin akize yon ayisyen nan zak asasinay yon dominiken nan Limon, zòn Fontyè a. Nan yon entèvyou li bay Radio Kiskeya jounen samdi a. Responsab GARR la, fè konen yo resevwa temwanyaj sou yon seten Choupèt, yon konpatriyòt ayisyèn li di, ti guele dominiken asasinenl’, san konte plizyè 10 zèn ayisyen yo fòse kite repiblik dominikèn. Pi lwen Jean Baptiste Azolin kritike dirijan politik yo li di ki pa pran dispozisyon pou mete kanpe divès pwogram sosyal nan peyi a, yon mannyè pou anpeche konpatriyòt nou yo kontinye al pran imilyasyon epi viktim nan repiblik dominikèn.