> Kreyòl > Jounal 4è lendi 18 Out 2014

Jounal 4è lendi 18 Out 2014

Jounal 4è lendi 18 Out 2014

Jounal 4è lendi 18 Out 2014

Publié le mardi 19 août 2014

Jounal 4è lendi 18 Out 2014

Politik

Jan yo te anonse sa, Me André Michel ak kòlèg li Newton Saint- Juste, depoze yon plent jounen lendi a nan Pakè Pòtoprens kont prezidan Martelly, premye minis Lamothe ak minis Jistis la, Me Jean Renel Sanon pou enplikasyon yo ta genyen nan evazyon ki te fèt 10 out pase a nan prizon sivil kwadèboukè a. Nan yon entèvyou li bay radyo kiskeya, Me Michel fè konnen yo pa gen okenn dout, se otorite yo menm ki te òdone liberasyon plis pase 320 prizonye yo. Nan sans sa a, avoka a mande lajistis jwe wòl li kòm sa dwa nan kad dosye sa a.

Eleksyon
2eme pati egzamen pou manm BED ak BEK yo ap dewoule atravè peyi a soti jedi pou rive samdi kap vini la, daprè direktè egzekitif KEP a Me Mosler Georges ki pat vle vwa li anrejistre. Li fè konnen pou kandida yo gen aksè a 2eme egzamen sa a ki se yon egzamen oral, yo dwe fè pou piti 50 sou 100 pou premye egzamen yo, ki te gen bri kouri sou yo kòm kwa ki te nan lari. Daprè Me Mosler Georges, egzamen sa yo pou kounye a konsidere sèlman sou 40%. Responsab la te pwofite fè konnen, poko gen okenn lòt dat ki fikse pou reyalizasyon eleksyon yo aprè KEP a te konstate dat 26 oktòb la tonbe.

Mobilizasyon devan kay Aristide

Patizan ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide yo nan Pòtoprens kontinye mobilize devan lakay li pou mande rejim Tèt Kale a retire dènye manda jij Lamarre Bélizaire mete dèyè lidè yo a. Jounen lendi a, yo te plizyè santèn devan baryè kay alatèt Pati Fanmi Lavalas la pou fè solidarite ak li nan sikonstans la. Ansyen depite Lionel Etienne ak pòtpawòl komisyon kominikasyon pati a, Ansyto Félix, se 2 pi gwo responsab nou te remake nan rasanbleman sa a. Yo mande patizan yo kontinye mouvman leve kanpe a. Mesye Félix konsidere desizyon jij Lamarre la kòm yon pèsekisyon politik, ki daprè li vle detounen atansyon popilasyon an sou diferan dosye enpòtan. Nou te remake prezans Dr Frantz Large ki se yon pesonalite pwoch Lavalas

Palman

Prezidan blòk palmantè pou ranfòsman enstitisyonèl nan chanm depite (PRI), Sadrac Dieudonné kalifye de divèsyon politik manda damne jij enstriksyon Lamarre Bélizaire lanse dèyè ansyen prezidan Lavalas, Jean Bertrand Aristide pou kòripsyon, detounman fon piblik ak trafik dwòg. Selon depite Gonayiv la, gouvènman mete dosye sa a deyò pou evite popilasyon an sispann pale de kesyon eleksyon pouvwa a genyen plis pase 3 lane li pa janm òganize. Sadrac Dieudonné presize tout sitwayen dwe al reponn kesyon lajistis men fòk sa fèt jan la lwa mande l. Palmantè a poze tèt li kesyon kisa ki pouse jij Lamarre Belizaire transfòme tou swit yon manda konparisyon an manda damne kont ansyen chèf leta a. Dapre Sadrac Dieudonné Lamarre Belizaire te antre nan sistèm jidisyè a ilegalman paske li pat ranpli kondisyon la lwa prevwa pou yon moun vinn jij denstriksyon.

Depite Roche a Bateau a, Paul Olivar Richard yon lavalasyen estime se yon kanpay pèsekisyon politik pouvwa anplas la ap fè kont mesye Aristide ak dosye sa a atravè jij Lamarre Belizaire.Paul Olivar Richard kritike jij Lamarre Bélizaire li di pouvwa a toujou itilize pou pèsekite moun ki pa dakò ak li. Palmantè a mande patizan ak senpatizan Jean Betrand Aristide yo leve kanpe pou anpeche gouvènman sispann pèsekite ansyen prezidan an.

Depite OPL, Jean Acclush Louis Jeune deklare li pa dakò pou manda 49yèm lejislati a ale pi lwe dezyèm lendi janvye 2015. Selon palmantè a se prezidan peyi a ki konnen kisa lap fè sou dosye a apre dat sa. Jean Acclush Louis Jeune voye jete deklarasyon anpil palmantè ap fè kòm kwa se jou yo te prete an sèman an, 25 avril manda yo ap fini. Palmantè OPL la swete otorite yo pran dispozisyon pou respekte echeyans konstitisyonèl yo, jam manman lwa peyi a prevwa l la.

Depite Jean Rabel la, Johnson Dieujuste sou bò pal deklare lap rete an fonksyon jiska 25 avril dat li te prete sèman an. Prezidan komisyon agrikilti ak anviwonman nan chanm bas la rann pouvwa tèt kale a responsab èleksyon ki pa òganize nan dat konstitisyon an prevwa pou se eli ki te ranplase eli. Selon palmantè a egzijans senatè gwoup 6 la fè pou se espri atik 289 konstitisyon an ki respekte nan kad fòmasyon konsèy elektoral la jis. Dapre Johnson Dieujuste sa ap evite genyen twòp magouy ki fèt nan òganizasyon eleksyon yo jan sa konn abitye fèt nan peyi a.

Sosyial

Jean Baptiste Yvelt Antoine 38 lane, touye tèt li ak yon bal bò kote dwat maten lendi a, nan ri Fernand Canapé Vert apre li li kite lakay li bò 8tè konsa. Selon enfòmasyon Radyo Kiskeya jwenn sou plas apre konsta polis syantifik ak jij de pè, Jean Baptiste Yvelt Antoine se yon anplwaye APN, e li te nan yon machin toyota 4runner 4 pòt koulè nwa plak AA 94383, ki te kanpe nan zòn ki pa gen kay du tou. Yvelt Jean Baptiste Antoine te sou li yon mayo wouj, yon patanlon jeans nwa a, ak yon tenis nwa nan pye l.Se jis bò inè pre midi a jij de pè tribunal seksyon Est Jean Frantz Ducasse te bay lòd pou yo leve kadav la pou al depoze nan mòg lopital jenearal. Jij de pè Jean Frantz Ducas deklare li jwenn zam Jean Baptiste Antoine ta touye tèt li a

Edikasyon

Sekretè jeneral kò nasyonal anseyan yo (CONEH) Pwofesè Paul Saint-Preux lanse yon apèl bay minis edikasyon nasyonal la pou onore angajman yo te pran nan pwotokòl dakò a, avan dat ouvèti lekòl la. Daprè sendikalis la, sa ap pèmèt elèv yo pa viktim si tout fwa pwofesè yo ta deisde deklanche yon grèv pou ta fè revandikasyon yo pase. Nan yon entèvyou li bay Radio kiskeya jounen lendi a, pwofesè Paul Saint-Preux deklare majorite pwen ki nan pwotokòl dakò a po ko aplike, pandanl’ te tou pwofite plede anfavè relèvman salaryal pou anseyan EFAKAP yo ak pwofesè kap travay aprè midi nan lekòl piblik yo. Eksplikasyon Pwofesè Paul Saint-Preux nan mikwo Vladimir Maurice Ridoré(K7)

Léo Junior ak Garry Lapierre demanti deklarasyon Charles Fritz Gérald te fè, kòm kwa yo se prensipal responsab lamò Marie Lourdes ki te responsab lekòl nasyonal ki nan lise Fritz Pierre Louis a. Nan yon deklarasyon yo fè nan mikwo Radio Kiskeya jounen lendi a, Léo Junior ak Garry Lapierre fè konnen Charles Fritz Gérald se yon ansyen militan PEVEP ki te trayi konfyans anplwaye revoke yo nan lit yo tap mennen pou jwenn lajan revokasyon yo, nan sans sa yo konsidere se resisite li vle resisite tèt li nan sosyete a, ki fè li chwazi atake moun ki toujou rete konsekan nan lavi yo.

Ensekirite

2 moun pou pipiti blese anba bal apremidi lendi a, nan Kwabosal, zòn mache Kenskòf, kote bandi te louvri kout zam pandan yon atak sou machann yo. machann yo vann legim ak epis. Dapre enfòmasyon Radyo Kiskeya jwenn nan zòn sa a kote machann yo vann legim ak epis, zak sa a te kreye yon sitiyasyon panik ki te lakòz mache a te tou kraze vè zòn 3zè. Tout machann, bizismann ak achtè te oblije kouri chache wout kay yo.Yonn nan blese yo pa ta gen chans pou l viv, selon temwanyaj nou jwenn sou plas. Nan kouri, gen machann ki kite machandiz yo atè. Chofè ki te pote machandiz pat kapab debake, gen machin ki resevwa katouch tou. Nan moman ekip nou te nan Kwabosal la, li pat obsève ankenn prezans lapolis. Moun ki pale ak Radyo Kiskeya yo lage zak ki rive a sou do yon gwoup bandi ak zam yo di ki soti nan Kafou Labatwa.

Paj Korespondan

Sen Mak- vèdik dosye Alexandre Pierre Richard

Lajistis nan vil Sen Mak kondane Maudeler Augustin pou l pasae 5 lane nan prizon pou asasina ak bal ansyen korespondan nou, Pierre Richard Alexandre nan mwa me 2013 la. Asasen an dwe peye fanmi viktim lan yon milyon goud kòm domaj enterè ak 3 mil goud pou leta ayisyen, dapre vèdik dwayen tribinal sivil Sen Mak la, Me Noe Massillon Pierre –Louis.

Tigwav-Vyolans nan moman fèt patwonal

Plizyè dizèn moun blese anba bal ak kout boutèy ayè dimanch la nan Tigwav nan yon deblozay ki eklate ant popilasyon an ak ajan UDMO yo pandan yon festival nan finisman fèt Notre Dame nan. Otorite lokal yo ki rankontre laprès maten lendi a akize ajan UDMO yo, ki akize kom kwa yo ta tire a otè dòm sou foul la alòske komisè polis tigwav la, Pierre Ronald anonse enspeksyon jeneral ap sanksyone tout polisye ki gen men yo tranpe nan zak sa a.

Jakmèl-Ensekirite

Fotograf Guito Jean Fritz rann dènye souf li nan lopital jeneral pòtoprens ayè dimanch la apre l te fin resevwa 3 katouch anba men bandi yo pa rive idantifye vandredi pase a tou pre lakay li nan jakmèl. Asosyasyon fotograf nan depatman sudès la denonse zak sa a ak lapolis yo estime ki te enpwisan nan moman atak la.

Podepè –Koripsyon

youn nan ajan egzekitif adjwen meri Bonbadopolis la, pastè Alisma Albrava Esquivara denonse prezidan konsèy kominal la Pierre Tony Liscar ak kontab an meri a, Hubert Dupré kòm moun kap gagote lajan popilasyon an. Pastè Esquivara mande ULCC, kou siperyè dè kont ak lòt enstans leta a vin fè yon vizit verifikasyon prese prese nan meri a.

Nip- kolektivite

Premye senatè Nip la, Jocelerme Privert òganize yon seminè fòmasyon pou plizyè santèn patisipan ki soti nan plizyè komin depatman an sou wòl kolektivite yo amenajman tèritwa a. Aktivite sa a ki dewoule nan 2èm seksyon kominal Payan ayè dimanch la se te okazyon pou moun ki te patisipe yo denonse divès kalite pwoblèm yap fè fas.

Okay Politik-eleksyon

Kandida deklare pou pòs senatè Sud anba banyè pati Veye Yo, enjenyè Kenol Mathieu mande pou tout aktè yo mete tèt yo ansanm pou jwen yon fòmil pou pèmèt eleksyon yo reyalize nan peyi a nan lide pou anpeche peyi a tonbe nan katwouboumbe apre 2èm lendi janvye 2015.

Nòdès-move lavi

Konsiltan kòdinasyon rezistan popilè Nòdwès la, Olibrice Elie denonse move lavi popilasyon rejyon sa a ap mennen sitou kèk semèn avan antre lekòl la. Li akize gouvènman li ki pap defann peyi a men pito kap travay pou enterè pèsonèl yo.