> Kreyòl > ENFOMASYON 10/9/2014

Enfomasyon 10/9/2014

ENFOMASYON 10/9/2014

Enfomasyon 10/9/2014

Publié le jeudi 11 septembre 2014

“Odonans jij Lamarre Bélizaire”/Mobilizasyon patizan Aristide

24è aprè jij Lamarre Bélizaire fin mete ansyen prezidan Jean-Berthrand Aristide an rezidans siveye atravè yon òdonans, selon HCNN, patizan ansyen chèf leta a, ki te mwens pase yon trantèn, mobilize, yon lòt fwa ankò, devan lakay li nan Taba pou mande otorite yo fè bak sou desizyon sa a, yo kalifye de pèsekisyon politik. Kontrèman ak sa HCNN di ki nan òdonans la sou di dispozisyon lapolis dwe pran konsènan residans Aristide, nou pat remake prezans ankenn ajan APENA ak ajan DCPJ devan ak nan antouraj kay lidè Fanmi Lavalas la, jiska 1è aprè midi, nan moman nou te nan zòn nan.

Konsènan desizyon jij Lamarre Belizaire pran pou mete ansyen prezidan lavalas JBA nan rezidans siveye selon HCNN, youn nan avoka k’ap defann ansyen prezidan an pa bay tròp enpòtans ak desizyon sa a. pou li menm se pa kesyon dwa k’ap regle nan dosye sa a. Li redi anko se yon dosye politik . Mèt Joseph poze tèt li kesyon sou desizyon sa a li tande k’ap pale a.

Mèt Jean Frédérick Bénêche yon ti limyè jiridik sou odonans jij Lamarre Belizaire pran poul mete ansyen prezidan Aristide nan rezidans siveye

Ansyen komisè gouvènman nan lakoudapèl Gonayiv, mèt Jean Frédérick Bénêche, pote ekleraj jiridik sou òdonans jij enstriksyon Lamarre Bélizaire ki mete an rezidans siveye ansyen prezidan Jean Bernard Aristide. Nan yon entèviyou li bay radyo Kiskeya, mèt Bénêche presize lejislasyon ayisyèn nan pa rekonet rezidans siveye sepandan nan ka timoun ki yo pale de libète siveye. Avoka ki di rezidans siveye a se menm bagay ak prizon souliye, nan lòt peyi yo pran mezi sa sitou lè konsène a se yon ansyen diyitè leta ki te okipe gwo responsabilite. Konsènan posibilite pou atake devan lajistis òdonans rezidans siveye a, ansyen komisè gouvènman nan lakou dapèl Gonayiv la, deklare se selman yon « abeyas kòpous prevantif » moun ki viktim nan kapab tante bò kote dwayen tribinal sivil la.

Palman

Prezidan komisyon jistis ak sekirite sena repiblik la, Pierre Francky Exius denonse desizyon jij Lamarre Bélizaire pran pou voye manda envitasyon bay Joel Edouard Vorbe( alyas Pacha Vob) nan kad enstriksyon sou dosye kòripsyon, banchiman ak trafik dwòg alòske non l pa figire nan rapò a. Selon palmantè Sid la desizyon sa a ak òdonans an rezidans siveye li mete kont ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide montre se yon dosye politik ki pa gen anyen awè ak lajistis. Pierre Francky Exius deklare pa gen okenn kote nan la lwa ayisyèn ki prevwa yon jij kapab mete yon sitwayen an rezidans siveye.

Senatè Moise Jean Charles fè konnen pa gen yon atik nan kòd penal la ki bay yon jij enstriksyon pouvwa pou pran yon òdonans pou plase yon moun an rezidans siveye. Senatè Nò a deklare li pa dakò pou lajistis ap vyole dwa sitwayen yo. Moise Jean Charles mande konkou òganizasyon dwa moun yo pou evite dwa ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide pa vyole, pandan l fè konnen li pap anpeche yon sitwayen al reponn kesyon lajistis depi sa fèt nan respè la lwa.

Reprezantan sikonskripsyon Mole Saint Nicolas nan chanm depite a, Eloune Doréus salye jefò kap fèt nan sistèm jidisyè ayisyen pou tout sitwayen al reponn kesyon lajistis chak fwa otorite yo rele yo. Eloune Doréus mande lajistis ayisyèn pran responsabilite l nan ka ansyen diktatè Jean Claude Duvalier ki ap flannen nan tout peyi a malgre tout zak li fè pandan l te sou pouvwa. Palmantè OPL la fè konnen gen anpil moun nan peyi a chak fwa non Jean Claude Duvalier site yon panike. Eloune Doréus deklare l pa konprann kòman jij Lamarre Bélizaire fè pran yon òdonans an rezidans siveye kont ansyen prezidan Aristide alòske manda dane a poko egzekite.

Senatè Moise Jean Charles estime prezidan Michel Martelly resi tande rezon poutèt pòtpawòl li anonse li pare pou chita pale ak diferan sektè nan lavi nasyonal la. Senatè Moise Jean Charles fè konnen li pa pral patisite nan rankont lan, men lap rekonèt tout rezolisyon gwoup 6 la siyen nan kad diskisyon yo. Moise Jean Charles deklare tout negosyasyon yo dwe fèt nan respè atik 191-1 ak 289 konstitisyon an ki prevwa kòman pou mete sou peye enstitisyon ki la pou òganize eleksyon yo.

Sou bò pa l, depite Grandes Salines nan, Joseph Wilbert Deshommes deklare prezidan Michel Martelly kòm garan bònn mach enstitisyon yo te pran twòp tan pou te antame demach sa a. Palmantè a di lap tann chèf leta ekri sektè yo prese prese pou dyalòg la kapab kòmanse yon fason rezoud kriz politik la. Selon Joseph Wilbert Deshommes kesyon eleksyon dwe fè pati prensipal pwen ki ap nan diskisyon yo.

Om dafè Erick Jean Baptiste pa dakò ak pwopozisyon lwa depite yo ki vle pou ajoute 6 depatman. Mesye Jean Baptiste swete pou gen yon etud pou detèmine kisa desizyon sa a ap pote pou peyi a.Pilwen om dafè a fè konnen ayiti pa gen resous pou ogmantasyon sa a pandan’l fè konnen se regrese mas salaryal leta a dwe regrese olye li ogmante, pandan’l pwopoze fomil( depite-maire) la pou popilasyon an jwenn plis sèvis. Erick Jean Baptiste ajoute se plis djòb depite yo vle kreye pou satisfè bezwen yo.

Politik

Rankont G 38 pati ki pwòch pouvwa ak plizè manm nan KEP a/mèkredi 10 septanm.

Gwoup k’ap apiye eleksyon, ki regwoupe anviwon 40tèn pati politik ki pwòch pouvwa a, rankontre ak plizyè manm konsèy elektoral provizwa jounen mèkredi a, pou konnen kòman pwosesis la ap mache. Apre rankont lan, direktè jeneral SEMANAH, ki se responsab pati politik LAVNI, Eric Prevot Jr deklare diskisyon yo genyen ak manm konsèy la montre yo pwosesis la ap avanse. Alatèt Lavni a, fè konnen yo nan gwoup 38 pati politik yo, se eleksyon yap mande, pandanl’ fè konnen yap rankontre tout aktè konsene yo, senatè yo ak ekzekitif la.

Prezidan PARASOL la, Yvon Bonhomme, kritike konpòtman sal rele yon ti gwoup li di ki pran an otaj demokrasi a nan peyi a, epi ki vle ale jouk nan bout pou fè peyi a tounen tankou sèten peyi an Afrik. Li ankouraje inisiativ ekzekitif lan, li di ki anvizaje chita ak sal rele jisko boutis yo, sosyete sivil la. Responsab la swete pou se yon dyalòg kap chita sou amandman lwa elektoral la, padanl’ fè konnen si sa pa fèt yo pou KEP aplike atik 12 akò El rancho. Yvon Bonhomme di rankont sa dewoule ant prezidant pou yon ti bout tan Chantale Raymond, mèt Frizto Canton, Applix Felix, ak Yolette Mengual.

Entèvyou ak direktè ekzekitif KEP a Mosler Georges/mèkredi 10 septanm avan rankont lan te dewoule..

Direktè ekzekitif konsèy elektoral provizwa a, mèt Mosler Georges deklare konsèy elektoral provizwa a, ap fonksyone nòmalman, nan yon entèvyou li bay jounalis nan biwol’. Direktè ekzekitif KEP a, deklare kounye a konsèy elektoral provizwa a ap travay sou kesyon BED ak BEK yo. Li anonse travay konseye yo pral fè sou teren pou ankete sou moun yo chwazi pou vin manm BED yo.

Yon lòt kote, direktè ekzekitif konsèy elektoral provizwa a, mèt Mosler Georges plede an favè yon kad legal aktyalize pou KEP a kapab di kilè eleksyon yo ap òganize. Li fè konnen KEP a ap pran tout dispozisyon administratif, epi mete an plas tout dispozisyon pou lè yo gen kad legal aktyalize a pou eleksyon yo kapab fèt rapidman.

Sante/ Jistis

Kòdonatè jeneral òganizasyon moun viktim kolera yo (MOVIK) Borgelain Vilner ak Pòt pawòl òganizasyon an, Louisiaac Theolème anonse yap òganize yon sit-in nan tèt kole ak plizyè òganizasyon tankou MOLEGAF, MECHAN, MELA, PROTEINE, Rezo fanm BAI devan ministè sante piblik jou kap lendi 15 septanm nan objektif pou fòse responsab MSPP yo delivre yon sètifika medikal bay tout moun ki te viktim kolera yo, epi egzije leta ayisyen mete kanpe yon komisyon pou dedomaje viktim yo. Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi a, nan lokal BAI Borgelain Vilner ak Louisiaac Theolème drese yon bilan negatif sou 10 lane MINISTA genyen nan peyi, 2 responsab yo te tou pwofite fè konnern yo gen anviwon 30 mil dosye moun viktim kolera nan kabinè Mèt Mario Joseph ak Mèt Patrice.

Direktè egzekitif aksyon konsète pou pwomosyon ak defans dwa moun (ACPRODDH) Joasil Fritznel denonse pozisyon gwoup 6 senatè yo li kalifye kòm moun ki pa gen volonte reyèl pou eleksyon yo rive òganize nan fen ane. Nan yon deklarasyon li fè nan mikwo Radio Kiskeya jounen mèkredi a, Direktè egzekitif ACPRODDH la kritike pozisyon Rony Desroches li di ki ankouraje yon 2ème dyalòg. Pi lwen Direktè egzekitif ACPRODDH deklare si eleksyon yo pa rive òganize nan fen ane se tout aktè nan peyi a ki responsab.

Bilan aksidan ki fèt jounen lendi a, nan mòn Tapion, toujou rete a 23 mò e 37 blese, dapre enfòmasyon, Oreb Toussaint responsab kominikasyon pou kòdinasyon depatman lwès pwoteksyon sivil, bay Radyo Kiskeya. Oreb Toussaint te bay bilan yon lòt aksidan ki rive nan zòn Gerald Bataille, kote gen 7 moun ki pèdi lavi yo apre yon kontenè te fin antre dèyè yon kamyonèt ki chaje ak moun.

Minis edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat siyen yon pwotokòl dakò jounen mèkredi a ak minis edikasyon peyi Finlande la, Krista KIURU nan kad ranfòsman koperasyon ki egziste ant 2 peyi a nan yo nan domèn edikasyon an.

Selon pwotokòl dakò sa a, peyi Finlande angaje l pou ede Ayiti amelyore sistèm edikatif li an nan mete ekspè disponib pou ankadre pwofesè yo, lap bay kout men tou nan pèmèt anseyan ak etidyan Ayisyen al fè staj lakay li. Alatèt MENFP a, fè konnen gen yon ekip 14 ekspè Finlandè ki deja nan peyi a pandan yon semèn pou travay ak ministè a nan pataje eksperyans yo ki fè jounen jodi a Finlande konsidere kòm youn nan peyi ki fè gwo jefò nan domèn edikasyon.

Sou bò pal, minis edikasyon Finlandè a, Krista KIURU raple bon jan pwogrè peyi l fè nan edikasyon pandan 50 dènye ane sa yo ki fè li klase nan lis peyi ki gen yon sistèm edikatif djanm. Madam KIURU kwè se tout peyi a ki pou mete ansanm pou tanmen yon chanjman an pwofondè nan sistèm edikatif ayisyen an. Li renouvle volonte peyi l pou kore ministè edikasyon nasyonal atravè siyati pwotokòl dakò sa a pou amelyore sistèm edikatif la.

Regwoupman Sitwayen Sant Vil (RCCV) rankontre klaprès maten mèkredi a sou anplasman kay kraze zòn rid lareyinyon pou mande gouvènman Martelly/Lamothe ki sa yap moun ki pèdi nan operasyon degèpisman li mennen anba la vil la. Dapre Louicher Jean Joseph, lekòl la déjà louvri moun ki pa gen kote pou yo rete poko kapab non pli voye pitit yo lekòl, pandan, selon Louicher Jean Joseph ya dòmi nan la ri.

Komite diferan enstitisyon leta kap lite kont kontrebann, koripsyon ak evazyon fiskal, ki pote non “ Task Force Anti-Koripsyon”, anonse 2 zan apre yo kòmanse fonksyone yo sezi 212 machin ki te nan transpòte machandiz kontrebann. Nan yon konferans pou laprès jounen mèkredi a nan Primati a, direktè jeneral Administrasyon jeneral Dwàn nan, Fresnel Jn-Baptiste, deklare malgre sezi AGD fè yo pou diminye fenomèn kontrebann nan nan peyi a, moun ki nan aktivite ilegal sa a pa fè bak pou sa. Task Force la, ki regwoupe enstitisyon tankou Administrasyon jeneral Dwàn, direksyon jeneral enpo (DGI), Inite lit kont kòripsyon (ULCC) ak pakè 18 jiridiksyon peyi a, pral mete ann aplikasyon atik 234 ak 235 kòd dwanye a pou l kapab vann, aprè yon delè 6 mwa, tout machin yo sezi nan kontrebann yo, toujou daprè eksplikasyon Fresnel Jean-Baptiste.Li pwofite presize gen divès lòt mezi AGD pran pou fasilite dedwànman machandiz machann yo achte nan peyi etranje.

Sou bò pal, direktè jeneral adjwen DGI a, Morlan Miradin, fè konnen apatid jounen mèkredi a yap kòmanse sezi tout machin ki kontinye ap sikile san vinyèt. Li rapousuiv pou di nan pwochen egzèsis fiskal la kap kòmanse premye oktòb kap vini an, si yon pwopriyetè machin pa gentan renouvle vinyèt li, lap oblije peye 3 lanne olye de 2. Mesye Miradin raple apatid premye oktòb DGI ap tounen ak system 2 plak la pou tout machin.

10eme Gouvènman lakay ou a ap dewoule samdi 13 septanm nan sou zile Lagonav, daprè kòdonatè pwogram nan, Abel Nazaire, ki se an menm tan chèf kabinè ann apre premye minis la. 2.5 milyon goud, se kantite lajan gouvènman an mobilize pou reyalizasyon Gouvènman lakay ou a, daprè mesye Nazaire ki fè konnen, se ap okazyon pou responsab yo chita sou revandikasyon popilasyon Lagonav la.

Envite : Direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Esperance kap pale sou dènye mezi jij Lamarre Bélizaire pran pou l plase ansyen prezidan Aristide an rezidans siveye. Lap reponn kesyon Eddy Jackson Alexis

Paj Korespondan

Tigwav/manifestasyon opozisyon ak patizan pouvwa a

Opozisyon an nan Tigwav sou 2èm jounen manifestasyon li jounen mèkredi a pou rele chalbari dèyè prezidan Martelly, ajan egzekitif enterimè vil la, Sandra Jules ak depite sikonskripsyon an, Steevenson Jacques Timoléon. Pandan apre midi mèkredi a, 2 kan yo te fas a fas ak anpil zak vyolans kote patizan opozisyon an kraze baryè meri vil la, fèmen biwo leta yo epi kawotchou ap boule sou wout nasyonal #2 a.

Okay

Direktè jeneral antrepriz promosyon ak prodiksyon lojman sosyal EPPLS enjenyè Thys Miot inogire travay konstriksyon kay nan yon site popilè nan vil okay pandan week end pase a. Se te okazyon pou DG EPPLS la te tou profite bay detay sou sèvis yo ofri.

Minis agrikilti a Agr Thomas Jacques Fè yon vire ron pandan wee kend pase a nan ba latibonit pouf è yon evalyasyon dou divès travay nan vale a. Minis Thomas Jacques ki te akonpanye direktè ODVA Agr Kenel Francique ak Prezidan komisyon agrikilti a nan cham sena senatè Willy Jean Baptiste di l satisfè pou fason travay yo ap nan vale a.

Gonayiv

Platfòm òganizasyon ak enstitisyon pou devlopman latibonit pa kwè kriz elektoral la ap rezoud rapid akòz aktè ki konsene yo pap regle afè peyi.

Lagonav

Nan objektif pou prepare 10ème edisyon gouvènman lakay ou ki pral òganize lagonav samdi kap vini la a minis ki anchaje afè peyizan peyizan yo, Marie Mimose Félix vizite lagonav jounen mèkredi a . Minis lan te pwofite distribiye plizyè materyèl bay pechè yo.

Deklarasyon

Aldéus Walter ak Silfrant Junior , 2 responsab Federasyon òganizasyon mas pou emèjans sosyal ayisyen yo (FOMESOH) pase nan radyo Kiskeya jounen madi a pou mande otorite yo konble prese prese vid demisyon ajan egzekitif ki te alatèt meri Kafou a kreye. Demisyon Jude Edouart Pierre la se yon soulajman pou komin nan, daprè 2 responsab FOMESOH yo, ki fè konnen ansyen ajan egzekitif la tap fè anpil malvèsasyon nan tèt meri a. Nap tande yonn aprè lòt, Aldéus Walter ak Silfrant Junior ,

0