> Kreyòl > ENFOMASYON MADI 16 SEPTANM 2014

Enfomasyon MADI 16 SEPTANM 2014

ENFOMASYON MADI 16 SEPTANM 2014

Enfomasyon MADI 16 SEPTANM 2014

Publié le lundi 22 septembre 2014

Jounal 4È MADI 16 SEPTANM 2014

Palman

Prezidan sena repiblik la, Simon Dieuseul Desras konfime li resevwa yon lèt 15 kongresmann ameriken ki mande senatè yo vote amandman lwa elektoral la. Prezidan Gran kò a te rifize fè kòmantè sou lèt la, li anonse li pral diskite ak senatè yo sou konteni an pou konnen ki swit yap bay ak li. Simon Dieuseul Desras fè konnen kongremann ki siyen lèt la se alye sena yo te ye ane pase nan kad batay pou palman an te reziste anba prezyon egzekitif la ki te vle kraze l. Prezidan sena a konsidere lèt sa a tankou yon konsèy kongresmann yo bay senatè yo pou yo vote amandman lwa elektoral la. Senatè Plato Santral la raple Etazini lòske palmantè yo an minorite yo toujou gen pwoblèm, men yo toujou aksepte fè deba pou konvenk asanble a, sa senatè ayisyen yo refize fè.

Senatè Jean Baptiste Bien Aimé kalifye de pwovokasyon lèt 15 kongresman ameriken yo voye bay prezidan sena a pou mande yo vote amandman lwa elektoral la. Premye senatè Nòdès la deklare yo pap sede anba presyon kominote entènasyonal pou vyole konstitisyon peyi a. Jean Baptiste Bien Aimé deklare gouvènman ayisyen an ta depanse anpil lajan nan fè lòbi pou nasyon zini pran pozisyon an favè l. Senatè Bien Aimé site non Stanley Luca kòm moun pouvwa a ta bay 10 milyon dola pou fè lòbi pou li. Manm gwoup 6 senatè yo anonse yap vote amandman lwa elektoral la lè gen yon KEP ki fòme selon espri atik 289 la.

Senatè Moise Jean Charles deklare li sezi tande 15 kongresman ameriken voye yon lèt bay prezidan sena a pou mande yo vote amandmanan. Opozan fawouch ak pouvwa tèt kale anonse li pral voye yon konstitisyon bay kongresman sa yo pou montre yo pwoblem ki genyen pou vote amandman lwa elektoral la. Senatè Nò a fè konnen nan kafou difisil peyi a twouve l jounen jodi a eleksyon pa posib ak prezidan Michel Martelly ak premye minis Laurent Lamothe. Selon Moise Jean Charles fòk pouvwa Tèt Kale a ale pou gen yon gouvènman pwovizwa kap gen misyon òganize eleksyon jeneral nan peyi a pou renouvle pèsonèl politik la.

Prezidan sena repiblik la, Simon Dieuseul Desras denonse entansyon egzekitif la ta genyen pou mete sou pye yon asanble konstitiyant pou pèmèt prezidan Michel Martelly fè yon dezyèm manda tout swit nan tèt peyi a. Selon Simon Dieuseul Desras se pou rezon sa yo ta ap pèsekite ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide pou l pa benefisye menm avantaj sa a. Pou palmantè a kèlkeswa moun nan kominote entènasyonal kap bay prezidan Martelly antre nan pwojè sa a ba l move konsèy.

Komisyon jistis ak sekirite sena repiblik la konvoke direktè jeneral PNH la, Godson Orélus jedi 18 sepatanm nan sou ogmantasyon fenomèn ensekirite nan divès rejyon nan peyi a. Prezidan komisyon an, Pierre Francky Exius fè konnen genyen yon gwo klima ensekirite pandan dènye jou sa yo akòz kouran ki pa genyen nan vil Okay. Komisyon an konte envite nminis travo piblik la tou nan menm rankont la, sou blakawout ki genyen nan vil Okay, depi plis pase 2 semèn.

Komisyon suivi akò El Rancho/Konferans episkopal

Komisyon swivi akò El Rancho a anonse yo pral chita pale divès sektè nan sosyete a pami yo Egzekitif la, sena repiblik la, komisyon pèmanant nan chanm depite a, manm Konsèy elektoral pwovizwa a, minis jistis la ak kominote entènasyonal. Nan yon konferans pou laprès jounen madi a nan otèl El Rancho, an prezans 2 reprezantan Konferans episkopal la, pwofesè Jimmy Albert ak doktè Ricardo Augustin, manm komisyon suivi akò El Rancho yo presize yo jwe yon gwo wòl nan chita pale, egzekitif la prevwa angaje ak divès aktè nan lavi nasyonal la. Sou tab konferans lan, te gen ansyen senatè Irvelt Chéry, sekretè jeneral KID la, doktè Enold Joseph, dikektè egzekitif ISC a, pwofesè Rosny Desroches, mèt Osner Févry ak prezidan Konsòsyom pati politik yo, Jeantel Joseph.

FAES ak OIM ki jwenn sipò BID inogire nan lekòl nasyonal Thor komin Kafou, yon oditorium, yo konstrui pou ranfòse plan entèvansyon gouvènman Martelly/Lamothe la, lè gen katastròf natirèl. 4 lòt espas sa yo, chita nan lekòl nasyonal Descloches komin Ganthier, Lise Eric Lamothe nan komin Ferrier depatman Nord Est, lekòl nasyonal Bayara Fort –Liberté ak lekòl nasyonal Edèze Gousse depatman Sud Est. Tout espas sa yo ap sèvi pou sal klas lè gen lekòl epi kòm abri pwovizwa lè gen katastròf natirèl. Patrick Anglade ki tap pal

e nan non FAES nan seremoni inogirasyon fè konnen lokal sa yo dwe toujou nan sèvis popilasyon an.

Reprezantan OIM nan Gregoire Goodstein sou pa li te fè elòj pou patisipasyon OIM nan jan aktivite sa yo li estime ki pral itil moun ki kapab gen pwoblèm nan katastròf natirèl. Dapre mesye Goodstein espas sa yo ki konstrui nan plizyè kote nan peyi a, kapab sèvi nan yon premye kòm sal klas epi kòm abri pwovizwa anka gen siklòn ak katastròf natirèl .

Politik

Vizit yon delegasyon kay ansyen prezidan Aristide

Jan san te anonse, yon delegasyon ki te gen ladan l plizyè responsab FOPARK, palmantè ak ansyen palmantè mete ak ansanm dirijan pati Fanmi Lavalas, rann ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide vizit lakay nan Tabar jounen madi a. Delegasyon sa a te gen ladan l Rony Thimothée, depite Pòsalu a, Sinal Bertrand, depite Miragwàn/Fondènèg la Poly Faustin, depite Ròchabato a, Paul Olivard Richard, depite Kwadèboukè-Tomazo a, Tolbert Alexis ansyen senatè Nenel Cassy san kote dirijan lavalas tankou Dr Louis Gérald Gilles ak Shiller A. Louidort. Apre chita pale sa a ki te dire anviwon inèd tan epi ki te dewoule lwen mikwo jounalis ki pat gen aksè pou antre menm sou lakou a, patisipan yo fè konnen dosye manda ki lanse kont ansyen dirijan Lavalas la pa afekte moral li. Kèk depite ki pale ak nou tankou Poly Faustin, Pierre Olivard Richard ak depite Sinal Bertrand presize yo pat abode twòp dosye politik paske pou kounye a Jean Bertrand Aristide plis konsantre l sou antre inivèsitè Fondasyon an.

Sou bò pal, youn nan dirijan pati Fanmi Lavalas la, Dr Louis Gerald Gilles fè konnen mesaj mesye Aristide bay nan rankont sa a se konsètasyon men pa dwe gen konfwontasyon. Ansyen senatè a mande pou mobilizasyon an rapouswiv pou fè fas pouvwa tèt Kale a.

Pòt pawòl FOPARK la, Rony Thimothée pat fè deklarasyon nan mikwo laprès apre rankont la. Nan yon entèvyou li te ban nou avan li te antre al rankontre ak ansyen prezidan kontinye denonse pèsekisyon politik li di ansyen chèf leta a ap sibi dènye jou sa yo. Rony Thimotée ki pat gen ak li konpayèl li Biron Odigé, fè konnen vizit sa a pèmèt yo founi je gade si efektivman ansyen prezidan Aristide nan prizon lakay li. Dirijan FOPARK la kontinye denonse manda jij Lamarre Béliziare lage dèyè lidè lavalas la, yon dosye li kwè ki plis politik ke jidisyè.

Pandan tout moman delegasyon an tap rankontre lidè Lavalas la, plizyè dizèn militant pati politik sa a te mobilize devan rezidans ansyen prezidan an, pou denonse pèsekisyon politik yo ansyen chef leta a ap sibi. Alatèt mouvman nasyonal opozisyon popilè a, MONOP, André Fadot anonse mobilizasyon ap rekòmanse apatid 30 septanm kap vini an. Nap tande kòmans sa te ye devan kay ansyen prezidan Aristide nan mitan jounen an ak deklarasyon André Fadot

Direktè egzekitif PAPDA Camille Chalmers voye jete rapò sekretè jeneral nasyonzini an Ban-Ki-Moon prezante devan konsèy sekirite nasyonzini a. Daprè Camille Chalmers rapò sa a, reyalite teren an kote fòs onizyèn nan te gen manda stabilize peyi a depi 10 lane. Nan yon konferans pou laprès jounen madi a, nan lokal PAPDA pwofesè Camille Chalmers reklame depa Minista nan peyi a, akòz yo echwe. Pi lwen ekonomis la yon fwa ankò denonse vyolasyon li di sòlda nasyon zini fè sou popilasyon an, nan fè zak vyòl sou fanm ak timoun, san konte 8 mil 900 moun ki mouri ak kolera epi 704 mil lèzòt ki enfekte.

Direktè egzekitif PAPDA Camille Chalmers kritike deklarasyon chef sivil minista a, Sandra Honoré ki ta fè kwè se group 6 senatè yo ki responsab blokaj pwosesis elektoral la. Direktè egzekitif Papda fè konnen chak fwa Madam Sandra Honoré pale se apwiye li apwiye fòs anti demokratik yo nan peyi a. Daprè Camille Chalmers nasyonzi pa janm denonse deriv sistematik kap fèt nan peyi a, tankou aretasyon depite an fonksyon, noninasyon ajan egzekitif enterimè tribò ba bò, san konte pouvwa kap itilize lajan peyi a pou fè kanpay elektoral anfavè 1er minis Lamothe kòm kadida a la prezidans. Camille Chalmers salye yon lòt pa inisyativ dyalòg egzketif la deside antame ak divès sektè nan sosyete a pandanl swete gen yon konsèy elektoral kredib pou evite peyi a tonbe nan katyoubounbe.

Prezantasyon rapò Forum Economique Mondial/ gwoup kwasans/madi 16 septanm.

Prezidan gwoup kwasan la Kesner Pharel, prezante rapò ekonomik mondyal 2014-2015, fowòm ekonomik mondyal pibliye 3 septanm 2014 la, kote Ayiti plase 137 sou 144 peyi a. Nan yon konferans pou laprès jounen madi a, pdg gwoup kwasans lan, fè konnen nan zòn Karayib la nan klasman sa Ayiti klase an dènyè pozisyon. Li presize 10 premye peyi yo, gen la Suisse Singapour, Etats-Unis, Finlande Allemagne, e pami 10 denye yo gen haïti, Sierra Leone, Burundi, Angola, Mauriatnie, Yemen, Tchad ak Guinée.

Yon lòt kote, prezidan gwoup kwasans lan ekonomis, Kesner Pharel dil chwazi Repiblik Dominikèn, Jamayik pou konpare ak Ayiti yon seri endikatè pou montre kòz ki fè richès Ayiti pi fè nan rejyon an. Ekonomis Kesner Pharel, di pami endikatè yo pran an konsiderasyon yo gen enstitisyon yo, enfrastrikti, anviwonman makro ekonomik, sante edikasyon, ansèyman siperyè e fòmasyon, devlopman mache finansye. Responsab gwoup kwasans souliye feblès Ayiti nan nivo enfrakstrikti nan rejyon an.

Platfom sendika anseyan yo anonse pou 19 septanm kap vini la nan peyi Dayiti, vizit yon delegasyon kap gen ladan, reprezantan (UNESCO), (ONU) ak entenasyonal edikasyon (IE). Vizit sa a dapre prezidan FENATEC la, Rene Pretvil JOSEPH, rantre nan kad kanpay mondyal kap fet pou sanbilize leta chak peyi sou nesesite pou yo ofri popilasyon lakay yo edikasyon de kalite gratis. Nan sans sa a, platfom sendika anseyan yo nan tet kole ak reprezantan UNESCO, ONU, ak IE yo, pral chita pale sou pwoblematik edikasyon an an Ayiti nan dat 19 septanm nan lise nasyonal PV, dapre sekrete jeneral CNEH la, Lourdes Edith Joseph. Emmanuel Tauleme BRINA ap di nou plis.

"Pétion-ville, mémoire de la cité", se tèm yon prezantasyon istoryen Georges Michel te fè sou istwa komin nan soti nan peryòd fondasyon l’ an 1831 rive jounen jodi a. Konferans sa a te fèt nan otèl Montana lendi swa sou inisyativ "Comité d’union et de support aux municipalités", nan kad 183èm anivèsè fondasyon Petyonvil.

Nan entèvansyon l’ lan, M. Michel te mete aksan sou transfòmasyon vil Petyonvil sibi a travè divès peryòd nan egzistans li. Jan Petyonvil te ye nan tan ansyen yo totalman diferan avèk sa l’ tounen jodi a, selon istoryen an, ki presize se yon vil touristik ki vin tounen yon sant komèsyal. Georges Michel pwofite soulinye, tranblemantè 2010 la te pote ale anpil eleman achitektiral ki te fòme memwa peyi a akoz, nan moman yo t’ap konstrui, pa t’ gen preokipasyon ki te manifeste pa rapò ak menas mòd katastwòf natirèl sa a reprezante.

Pi lwen, istoryen Georges Michel, pale de sa yo rele touris altènatif la li kwè ki kapab devlope nan peyi a e ki pa nesesite gwo envestisman enfrastrikti de luks. Modèl tourism sa a chita sou dimansyon divèsite resous kiltirèl nou genyen, daprè sa l’ ajoute.

Otèl ki konstrui nan sant vil Petyonvil yo pa gen ankenn pèspektiv touristik selon Georges Michel. Pou limenm, se otèl ki fèt pou resevwa biznisman. Li kwè se sou baz menm lojik sa a, otèl Mariott ap konstrui nan blòk y’ap fè l’ la. Sa ka rive gen touris ki domi nan otèl sa yo lè yo rantre ak lè y’ap kite peyi a, men yo pa fèt pou touris pliske yo pa enplante nan yon anwonman ki ka enterese touris, selon istoryen an.

Prezantasyon an te fèt an prezans yon asistans ki te gen ladann, entèlektyèl tankou Mme Odette Roy Fombrun, direktè egzekitif ISC a, Dr Rosny Desroches, ekonomis Kesner Pharel, reprezantan Ciment National (CINA), epi plizyè spesyalis nan domèn achitekti ak responsab òganizasyon lokal.

Yon bòs tayè kap denonse sitiyasyon malouk yap viv nan sektè sa a nan okazyon antre lekòl la

Bermhan Larose Joseph se non yon bòs tayè kap mennen aktivite sa depi 35 lane denonse sitiyasyon ki egziste ane sa a kote menm jan ak anpil lòt bòs tayè, pa gen anpil kliyan ki vin koud lakay yo nan okazyon antre lekòl la ane sa a. Bòs Bermhan fè konnen se mank mwayen ekonomik paran yo ki lakòz sitiyasyon an prezante konsa ane sa a. Mesye Joseph ki pale ak nou jounen madi a, raple nan ane ki pase yo nan period sa a, li konn koud anviwon 500 inifòm men ane sa a se plis paran ki vin ouvri inifòm ki koud deja pou timoun yo li jwen.

Paj Korespondan

Lagonav

Prezidan egzekitif enterimè Ansagalè a, Gester Fils Aimé ak sekirite’l pase yon move moman anba men plizyè dizèn anplwaye Cash for work ki te vinn touche nan meri a.

Lewogan

Reprezantan Unoh nan lewogan Louis Fritz Sinélus anonse pwofesè nan site anakawona a ap kanpe travay nan mwa oktòb kap vini la a si pwofesè yo pa touche.

Gonayiv

Oganizasyon REL moun latibonit denonse travay kanalizasyon kap fet sou wout gago a . Lapli ki tonbe sou vil la kraze tout travay ki te deja fèt.

Jakmèl

Ansyen chèf OP lavalas nan kay jakmèl, Duverna Etienne kondane manda damne jij Lamare Bélizaire kont ansyen prezidan.

Paj Deklarasyon

Guerdine Joseph ak Pierre Molière, 2 moun andikape ki te pase nan Radio Kiskeya jounen madi a, denonse kòdonatris biwo UCLPB a, Martine Théodore, yo fè konnen ki te debake ak lapolis epi jij de pè pou degèpi yo, nan vilaj Lumane Casimir. Yo presize biwo a egzije yo peye 500 dola chak mwa kontrèman ak deklarasyon li di laprezidans te fè pou te mande chak lokatè nan vilaj la peye 1500 goud. 2 moun andikape yo lanse yon apèl bay otorite konsène yo, yon mannyè pou evite yo degèpi yo jounen mèkredi a, jij de pè a ba yo kòm dènye jou.

Jean Léon Eliacin ki te pase nan Radio Kiskeya pou l mande Senatè yo panse mete lòt komin tankou Fon Vèrèt nan depatman Lès la, nan kad pwopozisyon lwa Chanm depite a adopte pou kreye 6 nouvo depatman, li menm kòm sitwayen apiye. Nan yon deklarasyon, mesye Eliacin fè konnen se yon nesesite pou yo mete kanpe depatman Lès la paske palmantè sidès yo pa byen reprezante yo.