> Kreyòl > AKTYALITE 15-12-2014

AKTYALITE 15-12-2014

AKTYALITE 15-12-2014

AKTYALITE 15-12-2014

Publié le mardi 16 décembre 2014

Jounal 4è Lendi 15 Desanm 2014

Palman

Pwosesis pou ranplase chef gouvènman demisyonè a lanse ofisyelman ak rankont jounen lendi a prezidan Michel Martelly ak prezidan 2 chanm yo, Senatè Dieuseul Simon Desras ak Jacques Stevenson Thimoléon. Premye senatè Nòdès la, Jean Baptiste Bien Aimé fè konnen kèk senatè te chita pale prezidan grankò a, Simon Dieuseul Desaras anvan li rankontre prezidan Michel Martelly jounen lendi a. Selon palmantè a nan rankont sa a pa genyen yon ajanda ki defini ant chèf leta ak prezidan sena a pou konnen si se konsiltasyon ki pral angaje pou dezinye yon nouvo premye minis.Manm gwoup 6 senatè yo swete Simon Dieuseul Desras pote nan kad rankont yo tout revandikasyon sena a te mete nan rezolisyon l te pran nan retrèt la yon fason pou gen yon melaj ki fèt ant rezolisyon an ak rapò komisyon konsiltativ la. Senatè Jean Baptiste Bien Aimé estime demisyon chèf gouvènman an se yon pa nan bonn direksyon, men fòk Laurent Lamothe bay esplikasyon sou tout lajan ak kòripsyon li fè pandan l nan tèt gouvènman an.Senatè a swete lakoudèkont, ULCC ak UCREF pouswiv mesye Lamothe pou kòripsyon ak fason ekonomi peyi a finn depafini.

Vis prezidan sena a, Andrys Riché swete 3 pouvwa yo dyaloge pou dezinye yon lòt premye minis nan plas Laurent Lamothe. Selon premye senatè Grandans la fòk gen bon jan negosyansyon ki angaje ant aktè yo pou pèmèt ki genyen yon chèf gouvènman konsansus ki monte pou rezoud kriz politik la.Palmantè OPL la deklare pati a pran rezolisyon pandan week end la pou l pa patisipe nan pwochen gouvènman an, sof ta genyen yon sikonstans ki oblije l.

Prezidan komisyon jistis ak sekirite sena a, Pierre Francky Exius salye desizyon lajistis pran pou kòmanse libere prizonye politik yo. Dezyèm senatè Sid la kontinye egzije tout lòt sitwayen ki fèmen nan prizon pou opinyon politik yo. Dapre Pierre Francky okenn negosyasyon pa posib ant chèf leta a ak lòt aktè yo pandan genyen prizonye politik. Senatè Exius estime demisyon premye minis Laurent Lamothe se yonn nan eleman kap pèmèt kriz la rezoud, men fòk prezidan Michel Martelly montre li gen kapasite pou l negosye.

Politik

Demach chèf leta a nan kad mizannèv aplikasyon rapò komisyon konsiltatif la tanmen

Prezidan repiblik la fè yon premye pa nan kad aplikasyon rekòmandasyon rapò komisyon konsiltatif la, selon pòt pawòl chèf leta a, Lucien Jura ki te bay yon konferans nan palè nasyonal aswè lendi a. M. Jura fè konnen Michel Martelly te rankontre jounen lendi a plizyè aktè plan soti kriz la konsène tankou prezidan 2 chanm yo, Dieuseul Simon Desras ak Jacques Steevenson Thimoléon, manm KEP a ak prezidan Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ), Me Anel Alexis Joseph.

9 manm konsèy elektoral pwovizwa yo aksepte pou yo remèt demisyon yo, daprè Lucien Jura. Li di prezidan CSPJ a pwomèt li pral reflechi sou rekòmandasyon ki gen a wè avèk li a pou l’ ka pran yon desizyon.

Pòt pawòl prezidans lan presize gen kèk prizonye li di yo rele « prizonye politik » yo ki kòmanse libere pandan l’reprann deklarasyon prezidan Martelly te fè nan moman mesaj a la nasyon an, ki pa rekonèt gen prizonye politik nan peyi a.

Konseye elektoral yo pap pran tan pou yo remèt demisyon yo, daprè M. Jura ki pale tou de dezinyasyon pwochen premye minis la li di ki te sou tab diskisyon an ant chèf leta a ak prezidan 2 chanm yo jounen lendi a. Li ajoute kantite tan rankont lan te dire a pat sifi pou yo te rive nan bout dosye sa a. Men li kwè si lòt aktè yo avanse nan kad dosye a avèk menm vitès e detèminasyon ak prezidan repiblik la, sa pap pran lontan pou yon lòt premye minis dezinye.

Anplwaye kontraktyèl nan ministè kominikasyon leve kanpe jounen lendi a pou pwoteste kont minis demisyonè a, Rudy Hériveaux, yo di ki dwe yo 14 mwa travay. Pwotestatè sa yo ki pat vle non yo site, deklare se movè jesyon minis lan fè nan tèt ministè a, san bliye eksè zèl li te toujou ap fè pou defann rejim nan, ki lakòz jounen jodi a gounènman an tonbe. Mesye dam yo ajoute, Dr Rudy Hélveaux, pap kapab mete pwent pyel nan ministè kominikasyon toutotan li pa peye yo 14 mwa travay leta ayisyen dwe yo.

Jistis

Lakoudapèl Pòtoprens soti yon arè jounen lendi a pou kenbe desizyon defen jij Jean Serge Joseph te pran pou mande premye minis Laurent Lamothe ak plizyè lòt gwo responsab nan leta a parèt devan l nan kad dosye korispyon fanmi prezidansyèl la. Mèt André Michel ki anonse nouvèl la deklare desizyon sa a tou voye jete apèl avoka kap defann fanmi prezidan an nan kad dosye sa a.

Plent kont Lamothe

Mèt André Michel ak mèt Newton Saint-Juste depoze yon plent jounen lendi a nan lakou des comptes ak kontansye administratif kont premye minis demisyonè Laurent Lamothe akoz li ta mal itilize lajan leta. A travè plent sa a, 2 avoka yo egzije yon odit sou jesyon ansyen chèf gouvènman an, ki daprè yo, dwe rann kont konsènan Fon Petro Caribe a ak Fon nasyonal edikasyon an. Eplikasyon mèt André Michel nan mikwo Robenson Henry konsènan demach sa a. (k-7)

Reyaksyon MOPOD/demisyon Lamothe

Prezidan Platfòm Liberation an ki se tou manm direktwa MOPOD, Serge Jean Louis ki tap reyaji apre demisyon premye minis Laurent Lamothe pandan week end lan. Dirijan politik la deklare demisyon sa a pa fè l ni cho ni fret paske MOPOD te toujou ap mande demisyon prezidan Martelly kòm solisyon a kriz politik la. Ansyen palmantè a anonse mobilizasyon kont pouvwa a ap rapouswiv jis kaske chèf leta a kite pouvwa a.

Konferans tab Konsètasyon/lendi 15 Desanm/lokal PLH.

Tab konsètasyon opozisyon demokratik la, drese bilan seri manifestasyon yo, epi anonse 2 lòt jounen manifestasyon 16 ak 18 desanm 2014 la pou kontinye mobilize kont pouvwa an plas la. Nan yon konferans pou laprès jounen lendi a, ansyen depite Serge Jean Louis drese yon bilan pozitif pou dewoulman seri manifestasyonyo, pandanl’ deplore lanmò Jolin Nicolas jounen samdi 13 desanm nan. Li denonse konpòtman ajan MINUSTAH yo, li di ki chokel’. Selon li seksyon jiridik MOPOD pral sezi kesyon an. Reprezan platform Pitit Dessalines Assade Volcy, renouvle detèminasyonl’ pou operasyon Burkinafaso a kontinye. Selon Assade Volcy gras ak mobilizasyon an gen rezilta ki kòmanse jwenn.

Alatèt MONOP la André Fadot fè konnen operasyon mete Baka deyò ranfòse ak operasyon anchennen baka. Li presize manifestasyon 16 desanm nan ap demare nan kote abityèl yo, vire plizyè kote nan katye popilè yo vin tonbe avni Martin Luther King, pase devan Natcom pou vin tonbe sou Turgeau, Rue Marcelin, Rue Chavannes pou fini devan palèd nasyonal. Pou manifestasyon 18 desanm nan, André Fadot anonse manifestasyon an ap pran direksyon Petion-Ville pou al chache kado nan men premye minis demisyonè Laurent Lamothe ak prezidan Martelly. Thomas Jn Dieufaite kontinye mande liberasyon rès prizonye politik yo, pandanl denonse fonksyonman jistis lan.

Claudianie Fonrose ki se manman Jolin Nicolas jèn gason ki mouri jounen samdi 13 desanm nan, mande jistis ak reparasyon pou pitit gansonl lan. Selon li se Jodelin ki te konn sipòte fanmi a.

Konferans Rony Timothé ak Biron Odigé/lendi 15 desanm/lokal PLH

Pòt pawòl FOPARK la, Rony Timothé, remèsye tout moun, sektè ak avoka ki te kanpe ak yo pandan tan yo pase nan prizon. Rony Timothé eksperyans prizon aprann yo anpil bagay de moun ki pwòch pouvwa ni ak sak kont pouvwa a. Pòt pawòl Fòs aptriotik pou respè Konstitisyon an, di yo pab fè bak ak revandikasyon yo pou jwen depa prezidan Michel Martelly. Rony Timothé pwofite okazyon an pou anonse gen yon plent li pral depose kont polisye Lucien Anervil nan enspeksyon jeneral ak pakè Pòtoprens ki aretel an 2 fwa a.

Kòdonatè jeneal FOPARK la, Biron odigé, ale nan menm sans ak rony Timothé pou remesye tout moun kit e sipòte yo. Biron Odigé denonse yon plan, li di li di ki t’ap makonnen nan pouvwa a, ant minmistè enteryè, minister lajistis, ministè defans ak palè nasyonal kote yo t’ap prepare dokiman pou montre opozisyon an prepare yon seri ajandan kote yo gen zòn yo pral atake..

Santé

Gouvènman ameriken an pa mwayen pwojè USAID/Leadership Management et gouvernance, remèt bay ministè sante piblik 10 machin anbilans ki pral ogmante flòt machin Sant anbilansye nasyonal (CAN). 10 nouvo anbilans sa yo pèmèt CAN genyen pou kounye a 67 anbilans ki gaye tou patou nan peyi a, 2 bato anbilans ak elikoptè Ayiti air anbilans yo ki diponib pou pote moun sekou lè yo nan bezwen. Yap gen pou deplwaye nan depatman Nò, Nòdès, Nòdwès, Sud ak Lwès. Nan Seremoni sa a ki dewoule maten lendi a nan lokal ministè a, administratè jeneral USAID a, Dr Rajiv SHAH reyafime volonte pèp ameriken an pou ede peyi Dayiti amelyore sistèm sante a. Dr SHAH raple pryorite li se pèmèt fanm ak timoun yo nan peyi a, jwi yon bòn sante.

Sou bò pa yo, minis sante piblik la, Dr Florence Duperval Guillaume ak madanm chèf leta a, Sophia St-Rémy Martelly remèsye gouvènman ameriken an pou don sa a. Minis sante a fè konnen pou kounye a, sant anbilansye nasyonal la prezan nan plizyè zòn nan peyi a pou pote popilasyon an sekou. Madam Sophia St-Rémy Martelly renouvle volonte l pou l toujou kore jefò kap fèt pou amelyore sistèm sante peyi a o benefis popilasyon an.

Envite

Senatè Francois Anick Joseph kap pale sou pwofil pwochen premye minis la, yon jou apre demisyon premye minis Laurent Lamothe ak ki potfèy li dwe prezante pou l kapab pase devan palman an rapidman. Senatè Francois Anick Joseph nan mikwo )

Deklarasyon

Direktè plizyè lekòl prive nan depatman lwès la, ki enskri nan pwogram PSUGO a, pase nan Radyo Kiskeya pou denonse minis edikasyon nasyonal la, akoz li pa ta peye yo lajan pwogram lekòl gratis la. Direktè sa yo, ki di se tray yap pase anba men pwofesè kap anseye nan lekòl yo, menase pou yo pran lari a ansanm ak elèv yo pou egzije otorite yo pran responsabilite yo. Nap koute yonn nan direktè sa yo, Robert Jean, ki te pale nan non kòlèg li yo, nan mikwo Robenson Henry.

Yon sitwayen ki prezante tèt li kòm yon anplwaye Ministè kominikasyon denonse minis demisyonè Rudy Hériveaux daprèzavwa li ta kenbe yon seri avantaj ki revyen yo. Selon sitwayen sa a, alatèt ministè kominikasyon an, ta deside peye yo sèlman 3 mwa travay sou ane fiskal la. Sitwayen sa a, ki prezante l kòm anplwaye Ministè kominikasyon te pale konsa nan mikwo Robenson Henry.