> Kreyòl > AKTYALITE LENDI 19 JANVYE 2015

AKTYALITE LENDI 19 JANVYE 2015

AKTYALITE LENDI 19 JANVYE 2015

AKTYALITE LENDI 19 JANVYE 2015

Publié le mardi 20 janvier 2015

Jounal 4trè Lendi 19 Janvye 2015

Gouvèman konsansus la enstale

Nouvo gouvènman an ki gen nan tèt li Evans Paul (KP) enstale jounen lendi a nan palè nasyonal. Seremoni an te dewoule nan yon sal ki pat kapab resevwa tout manm nouvo kabinè ministeryèl la ak envite spesyal yo pliske te gen yon planifikasyon tèt chat ki te fèt nan sans sa a. Sa ki te lakoz plizyè otorite ak jounalis te bloke deyò sou lakou palè a.

Prezidan repiblik la, Michel Martelly, prezante nouvo gouvènman an kòm rezilta batay ki tap mennen sou yon chemen dyalog ki te long e ki te rasanble divès tandans politik. Chèf leta a pwomèt pouvwa a ap kontinye aji nan menm sans dyalog ak konpromi an pandan l’ di se nan dyalog ant ayisyen gouvenman l’ rele gouvènman konsansis la soti. Nouvo ekip sa a gen responsablite pou travay nan objektif pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an e pou pote repons ak lot pwoblèm k’ap brase bil peyi a. Prezidan tèt kale a presize reyalizasyon eleksyon yo se pi gwo priyorite gouvènman Martelly-Paul la. Li ajoute eleksyon ki pral fèt yo dwe reyalize suivan standa entènasyonal nan domèn sa a. Michel Martelly soulinye pou tout ekip nouvo gouvènman an, chak manm kabinè ministeryèl la responsab tout aksyon gouvènman an pral poze, li ankouraje yo nan sans pou yo gen yon konpòtman ki solidè nan fonksyonman tout ekip la.

Premey minis Evans Paul, nan entèvansyon pa l’, ki pwofite fè anpil lwanj pou prezidan Martelly, konsidere tèt li tankou yon moun ki gen yon dèt anvè chèf leta a. Li retounen sou relasyon li pral antretnu avèk laprès. Li pale tou de garanti libète endividyèl yo ki pral asire. KP, pi lwen, voye yon apèl bay sekte prive afè yo pou yo plis enplike epi li swete pou gen yon antant ant sektè sendikal la ak patwona a. Premye minis Evans Paul bay garanti pap gen koripsyon ak detounman lajan leta sou gouvènman l’ap dirije a, e pap gen pèsekisyon politik non plis. PM KP pwomèt gouvènman l’ lan ap garanti dwa pou moun manifeste alèz pou revandike kont sa k’ pa fè yon byen, pandan l’ ajoute, l’ap garanti tou dwa pou lòt sitwayen yo mennen aktivite yo nòmalman nan peyi a. PM nan deklare menm jan chèf leta a te di l’ nan moman remiz rapò komisyon prezidansyèl konsiltativ la "Ankenn sakrifis pa twò gwo pou sove Ayiti.

Enstalasyon nouvo gouvènman sa a te dewoule an prezans divès otorite nan administrasyon piblik la, kèk ansyen minis tankou ansyen minis jistis la, Jean Renel Sanon, ki te parèt trè konfòtab e souriyan, diferan reprezantan kò diplomatik la, senatè Edo Zenny, konseye egzekitif enterimè komin Pòtoprens, Pierre Rigaud Duplan, plizyè direktè jeneral, atis Jacques Sauveur Jean (Jakito) elatriye.

Konferans MOPOD/fòmasyon gvmt ak mobilizasyon

Mouvman Patriyotik opozisyon demokratik la, MOPOD kritike fòmasyon nouvo kabinè ministeryèl la ki poko fin konplè e dwe gen plis pase 30 moun ladan l. Sekretè jeneral RDNP a, ki se manm MOPOD, Mirlande Manigat poze tèt li kesyon sou kantite lajan leta pral blije depanse pou tout ofisyèl sa yo ak kantite polisye tou ki pral deplwaye pou asire sekirite yo alòske gen zòn nan peyi a lapolis pa prezan. Dirijan MOPOD yo ki te rankontre laprès jounen lendi a, kalifye nouvo gouvènman an kòm yon gouvènman De Facto. Espesyalis an dwa konstitisyonèl la, Mirlande Manigat deklare minis ak sekretè ki rekondwi yo te dwe gen dechaj palman an pandan l denonse tou volonte prezidan Martelly te manifeste depi lontan pou l te gouvène san palman an.

Nap koute youn apre lòt alatèt RDNP a, Mirlande Manigat ak prezidan Platfòm Liberasyon an, Serge Jean Louis, 2 dirijan MOPOD

Sou bò pa l, kòdonatè adjwen MOPOD la, ansyen senatè Turneb Delpé, kwè se mobilizasyon an ki dwe rapouswiv pou rive dechouke prezidan Martelly sou pouvwa a. Dirijan politik la presize MOPOD pat janm bezwen pòs nan men chèf leta a. Li denonse prezidan Martelly li di ki pou kounye a gen tout pouvwa nan men l sitou apre palman an fin kraze.

Ansyen depite Serge Jean Louis, kondane zak vyolans ki te eklate nan zòn Kriswa, nan manifestasyon opozisyon an tap fè samdi pase a. Dirijan politik la kwè se lòt moun ki enfiltre mouvman an ki te lakòz sitiyasyon an te vin chavire konsa. Li voye jete enfòmasyon ki fè kwè se manifestan yo ki te voye wòch sou lokal Pati FUSION paske dapre sa l di, Tab konsètasyon opozisyon an pa gen anyen ak pati politik FUSION. Dirijan opozisyon an, anonse pi lwen, yap kontinye mobilize nan lari a demen madi a, jedi ak vandredi toujou pou kontinye egzije depa prezidan Martelly sou pouvwa a.

Entèviyou/Fizyon/

Prezidant Fizyon an, ansyen senatris Edmond Supplice Beauzile, konsidere nouvo gouvènman ki fomè nan lannwit dimanch pou louvri jounen lendi a kòm yon gouvènman ouvèti olye de gouvènman konsansis ki te pwopoze nan akò 11 janvye a. Nan yon entèviyou li bay radio Kiskeya nan mitan jounen an, Mme Beauzile ki te refize bay twop esplikasyon sou konsiderasyon sa. Li anonse pati ki siyen akò prevwa rankontre premye minis Evans Paul pou diskisyon sou kesyon sa ak sou presyon plizyè minis nan gouvènman an ki pa gen dechaj sou responsabilite yo te genyen déjà nan leta a.

Prezidant Fizyon an, ansyen senatris Edmond Supplice Beauzile

Yon lot kote Mme Beauzile reprezantan pati politik ki nan gouvènman nan déjà travay sou yon fèy de wout sou priyorite ak liy kondwit nouvel ekip sa. Prezidan Fisyon an site, evalasyon ki dwe fet sou ansanm pwogram ansyen premye minis Laurent Lamothe tap aplike nan peyi a, fomasyon KEP ak kesyon eleksyon. Prezidant Fizyon an, ansyen senatris Edmond Supplice Beauzile

Direktè egzekitif Rezo nasyonal kap defann dwa moun nan denonse kèk moun nan nouvo gouvènman an ki daprè li pa kredib. Pierre Espérance ki pat vle site non moun lap pale yo deklare li konstate majorite manm ansyen gouvènman an rete nan plas yo e gen nan nouvo minis yo ki te mele nan moze zafè lè yo te gen responsabilite nan leta. Daprè dirijan dwa moun nan se yon kabinè yo enpoze Evans Paul ki poutan te deja kòmanse fè lwanj pou Prezidan an nan moman enstalasyon l. Pierre Espérance kritike tou pati politik opozisyon an ki entegre pouvwa a san yo pa poze okenn kondisyon. Li ten an mikwo Eddy-Jackson Alexis

Ayisyen pou Ayiti/ pwotestasyon/ Ansyen depite Joel Costumé

Ansyen depite Joel Costumé, manm biwo politik Ayisyen pou Ayiti anonse lip ran distans li ak chwa Jude Hervéy Day pati a fè kòm minis komès pou reprezante yo nan nouvo gouvènman an. Daprè ansyen palmantè Mamlad/St Michel de Latalay nan 47è lejislati a pat gen diskisyon sou Jude Hervéy Day ki daprè li pa manm pati a. Nan yon entèviyou li bay radyo Kiskeya, Joel Costumé denonse sekretè egzekitif Ayisyen pou Ayiti a, Jonas Coffy kit a aji san konsantman res manm biwo politik pati a. Joel Costumé nan mikwo radio Kiskeya.

Palman

rezidan ai sena repiblik la, Andrys Riché eksprime dezakò l ak fason prezidan Michel Martelly ak premye minis Evans Paul mete kanpe nouvo kabinè ministeryèl la. Selon senatè Grandans la nouvo kabinè ministeryèl la pa reponn ak egzijans moun kap manifeste nan lari a. Andrys Riché kritike desizyon chèf leta a pran pou retounen 7 minis nan gouvènman demisyonè a, pandan l fè konnen nouvo minis jistis la Pierre Richard Casimir ta dwe genyen yon bagay ki di sou li paske nan moman li te minis afè etranjè te gen lajan ki te depanse poko gen esplikasyon ki bay sou yo. Palmantè OPL la estime se paske premye minis Evans Paul te aksepte enstale nan primati a anvan fòmasyon kabinè ministeryèl la ki lakòz tout ansyen minis sa yo retounen nan tèt ministè. Dapre prezidan pou yon ti bout tan sena a, prezidan Michel Martelly pa respekte angajman li te pran nan rankont li te genyen ak senatè yo pou l kontakte yo nan tout desizyon lap pran, alòske premye minis la enstale epi kabinè ministeryèl la fòme san konsantman yo.

Prezidan ai sena repiblik la, Andrys Riché ankouraje sektè ki konsène nan fòmasyon KEP a chwazi vit reprezantan yo yon fason pou enstitisyon elektoral la kapab enstale nan jou kap vini la yo. Selon senatè Grandans la fòk tout aktè yo travay pou pèmèt eleksyon reyalize nan peyi a anvan lontan pou enstitisyon demokratik yo kontinye fonksyone. Andrys Riché kontinye denonse amandman konstitisyonèl la, li di ki responsab sitiyasyon politik difisil peyi a ap fè fas jounen jodi a.

Ansyen depite Mamelad/ Sen Michel de Latalay la, Patrick Joseph deklare nouvo kabinè ministeryèl la pap kapab pote okenn chajman nan kondisyon lavi popilasyon an. Selon Patrick Joseph otorite yo ted we pwofite kriz politik la pou atake ansanm pwoblèm peyi a ap fè fas depi kèk tan. Depite Joseph mande kèk moun ki entegre gouvènman sa a resezi yo paske yo pap kapab regle anyen nan pòs yo okipe yo. Dapre ansyen palmantè platfòm INITE a gen anpil minis nan gouvènman an prezidan Michel Martelly pral bay yo pwoblèm depi li finn santi l an konfyans.

Yon lòt pa, ansyen depite Patrick Joseph denonse desizyon dirijan platfòm INITE yo pran pou antre nan gouvènman Paul/ Martelly a. Patrick Joseph estime se yon move chwa responsab platfòm politik li te genyen eleksyon sou li an 2010 la pou fè pati nouvèl ekip la. Selon ansyen depite Mamelad ak Sen Michel Latalay la nan kontèks politik peyi a ye jounen jodi a dirijan INITE yo te dwa ap travay pou reorganize pati a olye yo ta l pran pòs ministeryèl pou pataje responsabilite ak prezidan Martelly nan jesyon peyi a.

Opozisyon band, se nouvo non mesye dam kap mande demisyon prezidan Michel Martelly sou pouvwa a gen nan bouch yo jounen jodi a, pou manifeste konte rejim tèt kale a, pandan peryòd kanaval 2015 la. Yo te plizyè dizèn manm divès òganizasyon popilè, ki te reyni devan legliz Saint Jean Bosco,nan okazyon 1èr dimanch pre kanavalèsk la.Manifestan ki te derape bò 4è konsa, devan Saint Jean, te pase sou bèlè ak ri Montalais san mizik pou te vin kanpe devan pale a nasyonal , kote yo te tann yon bann a pye ki rele Tanbou band pou yo te antre nan mitan l epi kòmanse lanse slogan kont prezidan Michel Martelly. Lapolis pat kapab anpeche pwotestatè yo rapouswiv bann apye a jis rive nan St Honoré kote bann te oblije krazon kite sa a. Ann koute ki jan anbyans la te ye ak deklarasyon kèk manifestan sou channmas la pandan moun yo tap tap danse kanaval

Oganizatè yo sou bò pa yo rekonèt yo pa reyni anpil moun jan yo te prevwa la. Men yo bay garanti dimanch kap vini an yap kapab jwenn anpil moun vin pote kole ak yo nan inisiyativ yo pran pou yo pa chome pandan dimach kanaval yo, e menm nan jou gra yo, dapre sa yo deklare. Manifestan yo di pa rekonèt otorite premye minis tounèf la Evans Paul, yo estime ki pa nome selon lalwa. Nap koute yonn apre lòt André Fadot ak Printemps Belizaire

Nan yon deklarasyon, kòdonatris pati Fanmi Lavalas Maryse Narcisse kondane vyolans ki anrejistre nan manifestasyon 17 janvye a nan potoprens. Pozel kesyon sou fòmasyon kabinè ministeryèl la, Dr Narcisse pat swete fè ankenn kòmantè.

Konferans/ Inyon nasyonal nòmalyen Ayisyen (UNNOH) /lendi 19 janvye.

Inyon nasyonal nòmalyen Ayisyen (UNNOH), fikse pozisyonl’ sou plizyè pwen daktyalite nan peyi, nan kad yon konferans pou laprès jounen lendi a. Kòdonatè jeneral UNNOH a, pwofesè Josué Merilien, konsènan fòmasyon nouvo gouvènman an denonse prezans Pierre Richard Casimir nan nouvo gouvènman an kòm minis jistis. Li mande pou gen yon veritab gouvènman konsensus, kote moun ki nan gouvènman an pa gen okenn dosye sou do yo. Pi lwen kòdonatè UNNOH a, mande pou nouvo gouvènman an desann prigaz la nan peyi a, li di ki desann sou mache entènasyonal la.

Sou bò pal, sekretè afè jiridik nan UNNOH, Mona Bernadel anonse mobilizasyon ap total apatid 27 janvye a kap vini la, pou fòse responsab yo nan leta a, reponn ak ansanm revandikasyon pwofesè yo. Li pwofite okazyon an pou mande amenajman 2 nouvo lokal pou 2 lekòl nan komin Leyogan ki an difikilte.

Platfòm sendika anseyan yo ki rasanble GIEL, UNNOEH, FENATEC, LINEH, RETATEPH, CONEH, di yo etone wè premye minis nome a, Evans Paul, retounen ak ansyen premye minis demisyonè ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat nan tèt ministè a. Nan yon konferans pou laprès jounen lendi a, kòdonatè jeneral GIEL la, Léonel Pierre ak sekretè jeneral CONEH a, Paul Saint-Preux, ki reklame yon lòt fwa ankò demisyon Nesmy Manigat nan pòs li, fè konnen, rekondiksyon mesye Manigat nan gouvènman an montre aklè prezidan Martelly ak premye minis nome a, Evans Paul, pa genyen okenn volonte pou yo bay satisfaksyon ak revandikasyon anseyan yo, ki lontan ap batay pou jwenn pi bon kondisyon travay. Nan sans sa, sendikalis yo fè konnen yo toujou kenbe mo dòd grèv la jiskake otorite konsène yo pran ka yo ankonsiderasyon.

Kòdonatè jeneral GIEL la, Léonel Pierre ak sekretè jeneral CONEH a, Paul Saint-Preux,

UE-PARSCH/Nò-Nòdès/Sosyete sivil

Enstalasyon yon medyatèk ak 3 stasyon dlo, aktivite ranfòsman pwodiksyon lèt, mizanplas yon poulaye, se kèk pami plizyè pwojè Inyon ewopeèn finanse nan depatman nò ak nòdès nan kad pwogram apui pou ransfòsman sosyete sivil la an Ayiti (PARSCH). Pwogram sa a, ki te lanse nan mwa jiyè 2011 pou bout nan kòmansman ane 2015 la, vize spesyalman ranfòsman òganizasyon kominotè de baz yo. Ki enpòtans pwojè sa yo gen pou kominote kote yo tabli yo ? Kòman benefisyè yo akeyi inisyativ sa yo ? Robenson Henry ap di nou plis

ONG ITECH entènasyonal ki gen baz li nan Washington, branch li mgen Annayiti remèt yon materiel bay lekòl Biologie medical kin an fakilte medsin ak famasi apre midi lendi a. Se dwayen fakilte medsin nan doktè nan ki resevwa lo materyèl sa li pral itilize pou lekòl teknoloji medik la. Seremoni an dewoule an prezans vis rektè univèsite deta dayiti a, Fritz Deshommes ak plizyè pwofesè ak etidyan fakilte medsin nan. Doktè Jean Claude Cadet dwyen fakilte medsin ak famasi ap di ak kalite kontantman li resevwa lo maeteryèl laboratwa sa a

Vis rektè univèsite deta dayiti a, Fritz Deshomme sou bò montre enpòtans yon seri mateyèl konsa kap pèmèt edidyan yo bay pi bon sèvis ak yon pasyan lè yo ap resevwa li nan laboratwa pou yon ansliz. Dapre vis rektè a, materyèl sa ak anpil lòt ankò ap ede etidyan yo kap pase lane nan lekòl teknoloji a, gen yon vrè pratik de sa yo aprann nan.Nap koute Frit6z Deshommes nan mikwo Amos Brevil.

Jean Guy Hervé, reprezantan ITECH, an Ayiti fè konnen materyèl sa ap nesesè pou moun ki nan teknoli medikal yo. Yo pral kontinye cha lòt pou kontinye ede lekòl bioloji medikal.Nap koute Jean Guy Hervé nan mikwo Amos Brevil.

Envite : Militan politik Patrick Elie kap analize fòmasyon nouvo gouvènman Martelly/Paul la ak kapasite l lap genyen pou fè fas ak yon seri defi. Eddy-Jackson Alexis (K-7)

Paj deklarasyon

Jean Gardel Edimé pase nan stidyo nou maten lendi a pou denonse Lakwa wouj li di ki ba l yon san ki enfekte ak jèm maladi SIDA pou bay pitit li, Jean Gardy Oliverson Edimé ki pral gen 2 zan nan mwa me kap vini an. Jean Gardel Edimé eksplike pitit li a te fèt san jèm maladi jiskaske li te blije al pran san nan lakwa wouj pou bay pitit la akoz eta santé l ki pat bon ditou. Mesye Edimé fè konnen li gen tout rezilta egzamen ki fèt pou pitit la avan epi apre yo fin ba li san lakwa wouj ki montre se apre li enfekte a. Jean Gardel Edimé mande jistis ak reparasyon pou pitit la pandan l ajoute gen yon kabinè avoka ki déjà sou dosye a.

Nap koute Jean Gardel Edimé

Ansyen prezidan Kan Aviyasyon an, Louis Civil, pase nan Radio Kiskeya jounen lendi a pou lanse yon apèl bay tout moun ki te nan kan sa a pou rejwen yo nan reyinyon yo fè chak dimanch paske OIM deside ba yo kòb pou yo peye 2 zan kay ankò pou sinistre yo. Mesye Civil fè konnen avanse sa fèt nan dosye a, apre demach yo te fè pou fòse OIM bay moun yo plis kòb pou relokalize yo. Rankont sa yo fèt nan Delma 1 tou pre lokal Canez konstriksyon an toujou selon Louis Civil

Yon gwoup sitwayen ki di yo se manm Konbit gwoupman peyizan Bogne, pase nan stidyo nou jounen lendi a pou denonse ansyen depite Bogne-Port Margot a, Jude Charles Faustin, yo di ki rale zam li epi sou popilasyon an ayè dimanch la men pa gen moun ki viktim. Agwonòm Lamour Maklin ki pale nan non delegasyon eksplike ensidan sa a rive nan moman kote yon gwoup moun nan popilasyon an tap mande ansyen palmantè a eksplikasyon sou depans lajan ki te alwe a komin Bogne la. Agwonòm Lamour Maklin fè konnen gen bal ansyen depite a ak moun ki te ak li yo tire ki pèse kay yon ansyen majistra vil la.

Sal nouvèl Radio Kiskeya pat rive jwen ansyen palmantè a pou n jwen vèsyon pal sou ensidan an. Toutfwa mikwo nou toujou louvri pou si li ta vle reyaji sou akizasyon sa yo.

2 reprezantan Mouvman dòganizasyon pou Devlopman Dayiti te pase nan radyo Kiskeya pou mande federasyon pwotestant retounen sou chwa li fè sou Vijonet Demereau pou al reprezante sektè sa a nan konsèy elektoral pwovizwa a. Pandan se menm responsab federasyon pwotestant lapastè Sylvain Exzantus ki anonse legliz katolik chwazi ansyen prezidan KEP 2006 la, Max Mathurin pou reprezante legliz Episkopal. Pou Jean Robert Polinys ak Villefranche Hypolite se pou egzekitif ka chwazi Vijonet Demereau lè 2 sektè sa yo chwazi voye 2 moun bay egzekitif l, paske mesye Vijonet Demereau se manm pati politik repons peyizan ki, ki pral patisipe nan pwochen eleksyon yo. Dapre 2 responsab Mouvman dòganizasyon pou devlopman dayiti mesye Demereau pral jij e pati alafwa. Nap koute yonn apre lòt Jean Robert Polinys ak Villefranche Hypolite