> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, jedi 18 out

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, jedi 18 out

Tout dènye nouvèl yo

Publié le jeudi 18 août 2016

Pwosè gang Clifford Brandt la, ki te rekòmanse mèkredi sou lobedyans yon nouvo jij, Jedilien Fanfan, ki vin ranplase jij Jean Wilner Morin, ki te retire kò l sou afè a, pran vitès li toutbon jounen jedi a nan Palèd Jistis Pòtoprens kote Coralie ak Nicolas Moscoso, yo te kidnape nan mwa doktòb 2012, te pote temwanyaj devan tribinal la, ansanm ak papa yo, biznismann Robert Moscoso.
Nan kad pwosè kriminèl sa a, ki ap dewoule san asistans jiri, biznismann Clifford Brandt ap jije ansanm ak konplis li Carlo Sainfort, Sawadienne Jean, Evens Larrieux, Carline Richema ak Ricot Pierre-Val ki ta fè pati menm rezo kriminèl la, ki te nan aktivite kidnaping, sekestrasyon, asosyasyon malfektè, sèvi ak fo dokiman epi posede zam ilegal.
Ansyen sekretè deta sekirite piblik ak minis enteryè rejim Tèt Kale a, Réginald Delva, ki prezante tèt li kòm pati sivil, te prezan, men san li pat pran lapawòl.

Jij Jeudilien Fanfan te pwofite poze Clifford Brandt kèk kesyon sou akizasyon grav ki tonbe sou do l yo.

Manm konsèy defans Brandt ak akolit li yo, Mèt Jean Barnave Chéron ak Bergemane Berrette, ak reprezantan ministè piblik la, sibstiti komisè gouvènman Claude Jean ak Claude Michel yo chak tap defann swa pozisyon kliyan yo oubyen enterè sosyete a pa rapò ak kesyon ki tap poze epi akizasyon ki tap tonbe nan tribinal la.


Sou inisyativ federasyon pwotestant Dayiti, plizyè santèn fidèl ki soti nan plizyè depatman, patisipe nan yon sèvis adorasyon maten jedi a nan lakou palè nasyonal. Aktivite sa antre nan selebrasyon 200e lane depi pwotestan yo te rive pou lapremyè fwa nan peyi a, an 1816, sou Prezidan Alexandre Pétion. Prezidan Jocelerme Privert, premye minis Enex Jean Charles, plizyè manm kabinè ministeryèl la, sekretè jeneral prezidans la, Anthony Barbier, plizyè depite, kandida alaprezidans Randevous a, pastè Maxo Joseph epi reprezantan sektè pwotestan an nan peyi Lafrans ak Etazini te prezan.


Apre yon bon tan silans, Senatè Latibonit la, Carl Murat Cantave, ki nan opozisyon ra planche fas ak chèf leta pwovizwa a, rekòmanse denonse prezans Jocelerme Privert nan tèt pouvwa egzekitif la. Selon palmantè KID la, mesye Privert pa gen okenn kalite pou l angaje peyi a nan kesyon eleksyon. Cantave di li pa gen okenn pwoblèm pou eleksyon yo reyalize pou kapab gen otorite lejitim nan tèt Ayiti ane pwochèn, men li kwè fòk sa fèt avèk otorite lalwa rekonèt. Pou palmantè a, eleksyon yo kapab pase jan sa te fèt sou ansyen prezidan Martelly a, gen kèk moun ki antre nan pwosesis la se pou yo gate sa.


Kandida yo te kontinye defile jounen jedi a nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a pou yo te bay ok yo pou makèt bilten vòt yo pou premye tou eleksyon pou renouvle tyè sena a, 9 oktòb kap vini an. Kandida Gran Nò yo ki soti nan depatman nò, nòdès ak nòdwès te reponn prezan.

Ansyen senatè nòdwès la, Eddy Bastien, ki Kandida pou menm pòs la anba banyè Bouclier, deklare li konstate gen yon volonte politik pou eleksyon yo fèt. Men, li pap sezi si otorite yo ta ranvwaye yo akòz kèk difikilte li santi ki genyen. Kandida menm depatman an pou PHTK, mèt Kedlaire Augustin, fè konnen yo gen anpil enkyetid, men jiska prezan yap avanse nan pwosesis elektoral la. Pami enkyetid yo, li site manda ak klasman senatè yo KEP a pa defini. Sa dwe korije avan dewoulman eleksyon yo.

3 lòt Kandida ki prezante nan kous la pou senatè Nò, ansyen depite Hidson Nelson, anba banyè pati Federalis, depite an fonksyon pou sikonskripsyon Lenbe, Frandy Louis, ak John Jérôme Jeanty, ki parèt anba banyè Renmen Ayiti, di yo konstate tout bagay ap mache trè byen. Men, yo montre tou yo gen kèk dout sou aplikasyon kalandriye elektoral la.


Kandida senatè Lwès OPL la, mèt Lucmane Délile, te konvoke laprès jounen jedi a nan lokal pati a pou l mande pèp ayisyen an byen chwazi nan eleksyon 9 oktòb yo, yon mannyè pou peyi a soti nan sitiyasyon difisil lap viv la.


Kòdonatè jeneral Sant edikasyon ak entèvansyon sosyal la (CEIS), pwofesè Antoine Augustin, konsidere eleksyon 9 oktòb yo kòm dènye posibilite pou peyi a soti nan kriz li ye a. Nan yon konferans pou laprès, sosyològ la mande popilasyon an angaje l nan eleksyon sa yo, pou yo kapab byen dewoule.


Nan okazyon selebrasyon fèt Nòtredam Asonpsyon an, patwòn diferan vil tankou Pòtoprens, Kap Ayisyen, Tigwav, Okay, yon mès tradisyonèl te chante nan katedral dezyèm vil peyi a an prezans diferan otorite ak plizyè pèsonalite politik ki te fè deplasman an. 3 kandida alaprezidans, Jude Célestin, LAPEH, pwofesè Sauveur Pierre Etienne, OPL, te akonpanye, Jovenel Moïse, PHTK, ak Jean-Charles Moïse, Platfòm Pitit Dessalines, te gen okazyon rankontre, bay lamen ak akolad nan legliz la.
Achevèk metwopoliten OKap la, Mgr Max Leroy Mésidor, te selebran prensipal mès sa a ki te chante nan okazyon 346e ane fondasyon vil la.


Prezidan komisyon agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral chanm depite a, Vickerson Garnier, denonse desizyon li di gouvènman an pran pou l mete peyizan yo sou kote nan pwojè bidjè 2016/2017 la. Selon palmantè Fanmi Lavalas la, se yon bidjè ki chita sou diskriminasyon paske li pa pran an konsiderasyon ka moun kap viv nan komin ak seksyon kominal ki nan fon peyi a. Depite Garnier estime li pa nómal pou gouvènman an rezève yon bon pati nan bidjè a pou ministè edikasyon nasyonal, afè etranjè, primati a ak palè nasyonal alóske bidjè ministè agrikilti bese.

Se menm deklarasyon an, depite Bèlans la, Mathieu Vilmar, fè. Li soulinye bidjè a bliye egzistans sektè peyizan an. Pou palmantè a, chanm depite a ta dwe retounen pwojè lwa finans la bay gouvènman Privert/Jean-Charles la pou l pote koreksyon ki nesesè nan dokiman an.


Anseyan ki nan Corps des Professeurs Militants Indépendants et Non Syndiqués (CORPROMIS) rankontre laprès maten jedi a, nan lise nasyonal Lasalin nan, pou yo avèti yap bloke rantre lekòl la, 5 septanm kap vini an, si minis edikasyon nasyonal la, Jean Beauvois Dorsonne, pa peye anseyan yo lajan aryere salè leta dwe yo. Evens Saint Jacques, pòtpawòl CORPROMIS, deklare fòk gadyen, menajè ak serite lekòl piblik yo genyen tou tout lajan yo nan men yo anvan 5 septanm nan. Se lè sa a minis la ap kapab pale de ouvèti lekòl.


Mouvman esklav revòlte (MER) anonse lap òganize lendi 22 dawout yon mach pasifik kont grangou, chomaj ki blayi nan peyi a. Nan yon konferans pou laprès, alatèt MER la, Jean Wilgins Charles, fè konnen mach sa ap soti nan kafou Dessalines, ansyen kafou aviyasyon, lap pase devan palè nasyonal pou l al bout devan anbasad peyi lafrans, sou Channmas. Dirijan òganizasyon an deklare li pa nòmal pou konpatriyòt nou yo ap kouri kite peyi a, akòz grangou, mizè pou yal bouske lavi miyò nan divès lòt peyi, pafwa kèk nan yo konn pèdi lavi yo olye yo rive jwen chimen lespwa.


Reyneld Sanon, sekretè egzekitif Koperativ Ayisyèn pou Lojman Altènatif (KAYLA), atire atansyon otorite yo, sitou nan meri Delmas, sou gwo malè ki pandye sou tèt popilasyon an akòz plizyè ponp gazolin yo kontinye ap konstrui yonn tou pre yonn apre lòt, pandan yo gen ladan yo tou depo gaz pwopàn. Dirijan KAYLA, ki tap pale nan yon konferans pou laprès, sinyale tou prezans gwo bilbòd an metal nan yon seri katye, ki konn tonbe deja lè gen van ki soufle ak fòs.