> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, samdi 20 out

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, samdi 20 out

Tout dènye evénman nan peyi a

Publié le samedi 20 août 2016

Pri gaz la monte sou mache lokal la, yon nouvèl minis ekonomi ak finans la, Yves Romain Bastien, anonse jounen samdi a anvan desizyon sa a te antre ofisyèlman ann aplikasyon dimanch nan ponp gazolin yo. 30 goud ajoute anplis sou gazolin ak dizèl epi 25 goud sou kewozèn. Galon gazolin nan ki tap vann 189 goud vin kounyeya 219 goud. Galon Dizèl la, ki te koute 149 goud, pase a 179 goud epi galon kerozèn nan soti 158 goud pou l monte 173. Minis finans la, ki eseye eksplike rezon ki fè gouvènman an ogmante pri prodwi petrolye yo, soulinye lè yo pa adapte pri yo sa favorize moun ki gen plis mwayen yo. Leta pèdi 2.5 milya goud dènye tan sa yo paske li pat monte pri gaz la, jan lalwa mande l la, daprè minis Yves Romain Bastien.


Prezidan komisyon ekonomi ak finans sena a, Nenel Cassy, poze tèt li kesyon ki veritab rezon ki pouse gouvènman an monte pri gaz la sou mache a, lavèy rantre lekòl la. Palmantè a di l’ap chache jwenn plis eksplikasyon bò kote minis finans la. Li swete pou desizyon sa a se ta yon mezi pou yon ti bout tan akòz sitiyasyon mizè popilasyon an twouve li.


Dirijan Asosyasyon Pwopriyetè Chofè Dayiti yo (APCH), Changeux Méhu, denonse mezi gouvènman an. Li presize se yon desizyon pouvwa a pran pou kont li, san l pa chita pale ak sendika transpò yo. Alatèt APCH la ajoute sendika transpò yo te dwe reyini jounen samdi a pou yo fikse pozisyon yo sou ogmantasyon pri gaz la.


Minis finans la anonse pou semèn kap pwente a deblokaj 500 milyon goud gouvènman an pral distribye bay 100 mil fanmi ki nan sitiyasyon ekonomik difisil, nan tout peyi a, nan okazyon rantre lekòl la. Se yon bon desizyon lè egzekitif la monte gaz la, sa ap pèmèt li reyalize lòt pwojè nan enterè popilasyon an, sin kwè deklarasyon Yves Romain Bastien ki pale tou de travay woy woy yo pral kreye pou divès moun nan popilasyon an ka antre yon ti tchotcho.


Tiraj osò pou seleksyone manm biwo vòt yo nan pwochèn eleksyon yo demare jounen samdi a nan BED lwès an, anprezans jij de pè titilè Petyonvil la, Jean Clivens Desrivières. Operasyon sa yo, kap fèt pou tout sant vòt ki sou jiridiksyon BED lwès 1an, dwe dire 4 jou jis rive madi 23 dawout la. Pou premye jounen an, responsab BEK petyonvil yo fè tiraj osò pou 25 sant vòt, pou dèlma se 38 sant vòt epi pou kafou 34. Prezidan BED lwès la, Wally Désence, deklare jounen tiraj sò sa a dewoule daprè egzijans atik 139.1 ak 139.2 dekrè elektoral la. Responsab la fè konnen KEP a pran tout dispozisyon pou l bay sipèvizè ak manm biwo vòt yo bonjan fòmasyon pou yo ka efikas nan travay yo.


Seyans fòmasyon pou gran fòmatè yo, Konsèy Elektoral Pwovizwa a te demare jedi, te rapousuiv jounen samdi a, nan Ritz Kinam, Petyonvil. Direktè adjwen fòmasyon ak devlopman pèsonèl nan KEP a, Luc Dominique, deklare se antou 186 gran fòmatè k’ap pran fòmasyon plizyè kote nan kapital la, pandan 5 jou, pou annapre yo kapab al fè fòmasyon pou sipèvizè elektoral yo ak manm biwo vòt yo. Yo mete aksan sou enpòtans administrasyon elektoral la, pou patisipan yo ka konprann dewoulman jounen vòt la, avan ak aprè.


Sou inisyativ jenès Lig Altènativ pou Pwogrè ak Emansipasyon Ayisyèn (LAPEH), plizyè santèn jèn defile jounen samdi a nan lari Pòtoprens nan sa yo rele yon mach sansibilizasyon ki te gen kòm prensipal objektif kore kandida alaprezidans Jude Célestin. Soti nan lokal pati a Delmas 60, desann sou wout Dèlma a pou al fini sou kyòs Occide Jeanty, sou Channmas, manifestan yo te fè tande vwa yo kòm jèn ayisyen ak ayisyèn.
Kòdonatè jeneral jenès LAPEH a, Artaud Réginald Jean-Michel, fè konnen nan kaye revandikasyon yo, yo reklame òganizasyon bon eleksyon, entegrasyon jèn yo nan administrasyon piblik la ak refòm sistèm edikatif la.

Sou tout pakou mach la, manm jenès LAPEH yo te manifeste atachman yo a kandida Jude Célestin yo fè konnen ki te pran responsablite l kòm lidè politik a travè rezistans li te fè devan pwojè ansyen rejim Tèt Kale a.


Kòdonatè jeneral OPL la, pwofesè Sauveur Pierre Etienne, aplodi desizyon òganizasyon Nasyonzini pran pou l rekonèt responsabilite l nan rive epidemi kolera a nan peyi a ak angajman òganizasyon an pou l founi fanmi viktim yo yon èd materyèl. Dirijan politik la di l swete leta ayisyen angaje espesyalis nan peyi a tankou aletranje nan mete anplas mwayen pou yo rive idantifye fanmi viktim yo tout bon, pou yo akonpanye yo. Fòk gen travay tou sou amelyorasyon kondisyon sanitè yo pou kolera a pa kontinye fè ravaj nan mitan popilasyon an.


Kòdonatè CONHANE nan,Edouard Paultre, salye tou chanjman ki fèt nan pozisyon Nasyonzini sou dosye a, menm si se trè ta òganizasyon mondyal la rekonèt responsabilite sòlda nepalè MINUSTAH yo nan katastwòf sanitè sa a, ki lakòz pou pi piti prèske 10 mil ayisyen mouri, anviwon 800 mil lòt te tonbe malad. Reprezantan sosyete sivil la mande pou kanpay plizyè òganizasyon nan peyi a te deklannche sou dosye sa a rapousuiv pou yo kapab jwenn dedomajman nan men Nazyonzini pou viktim kolera yo ak pwòch yo.