> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, lendi 22 out

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, lendi 22 out

Tout dènye nouvèl yo

Publié le mardi 23 août 2016

Gwo ogmantasyon ant 25 al pou 30 goud sou galon gazolin, dizèl ak kewozèn, gouvènman Privert/Jean Charles la fè tounen yon reyalite depi dimanch sou mache lokal la, pwovoke pwotestasyon nan mitan diferan sektè epi deja kòmanse mete chofè ak pasaje nan chire pit, pale anpil sou pri kous machin, sou plizyè sikui nan zòn metwopolitèn nan. Maten lendi a, chofè ki fè trajè Petyonvil Boudon yo te gentan mete 5 goud sou pri kous la ki soti 15 pou l monte 20 goud, anvan menm ministè afè sosyal fikse nouvo tarif yo. Sou bò pa yo, chofè stasyon Pòs Machan yo touche dezòmè 10 goud nan men pasaje olye de 8 anvan. Chofè kamyonnèt yo fè konnen monte priz gaz la nan ponp yo pa bon pou yo ditou e yo prevwa ak rantre lekòl la, 5 septanm, sitiyasyon an pral trè konplike nan lari a.
-----------------------------------------------------------------------------------------------
Plizyè pasaje montre yo mekontan fas ak desizyon gouvènman an pran pou l mete 30 goud sou galon gaz la. Genyen nan pasaje yo ki kwè sitiyasyon an kapab dejenere si anyen pa chanje.
----------------------------------------------------------------------------------------------
Plizyè sendika chofè tankou SOS transpò, Rasanbleman Chofè Tap Tap Ayisyen mande pou tout chofè yo rete mobilize tann modòd, pou yo fòse gouvènman an desann pri gaz la paske ogmantasyon an pa bon pou yo. Sendikalis sa yo kritike pouvwa a dèske li pat chita pale ak okenn sendika anvan l te pran yon gwo desizyon konsa ki konsène tout peyi a. Se pozisyon Jonel Mérisier, Jean Fritz Yvon, reprezantan SOS transpò ak Camille Thomas, dirijan Ransanbleman Chofè Tap Tap Ayisyen.


Alòske Asosyasyon Pwopriyetè ak Chofè Dayiti (APCH) ak lòt sendika menase pou yo deklannche yon grèv nan jou kap vini yo depi otorite yo pa fè bak, prezidan Kòdinasyon Sendika Ayisyen an (CSH), Carlo Napoléon, montre li pa gen pwoblèm ak nouvo pri pwodui petwolye yo akondisyon gouvènman an pran lajan ogmantasyon an pou l mete l nan mezi akonpayman an favè popilasyon an. Nan yon konferans pou laprès jounen lendi a, CSH mande gouvènman an ranvwaye rantre lekòl la paske kondisyon yo pa reyini pou fanmi yo fè fas ak responsablite yo. Sendika a di, yon lòt bò, li sipòte tout aksyon k’ap poze pou fè gen yon prezidan eli ki pran pouvwa a 7 fevriye 2017.

Sou bò pa l, prezidan ACTP a, Harry Anthony, ale nan menm sans la pou l mande pou benefis kap soti nan ogmantasyon pri gaz la al jwenn popilasyon an, a travè yon seri mezi. Dirijan sendikal la pwofite mande pou leta kreye bon kondisyon fonksyònman nan lopital piblik yo.


Alatèt sendika FIDELE la, Duclos Bénissoit, leve kanpe kont desizyon ekip Privert/Jean-Charles la li prezante kòm yon krim ekonomik kont popilasyon an. Li avèti, menm jan sa te rive sou ansyen rejim Tèt Kale a, depi otorite yo pa kanpe sou ogmantasyon gaz la sendika yo ap pase alaksyon.


Kòdonatè jeneral UNNOH a, Josué Mérilien, anonse lap patisipe nan tout mouvman leve kanpe kap fòse gouvènman an desann pri gaz la. Li konsidere mezi sa a kòm yon desizyon kriminèl. Si pou lekòl la ouvè fòk pri gaz la desann, daprè Josué Mérilien.
-----------------------------------------------------------------------------------------------

Plizyè vwa leve nan palman an sou dosye gaz la. Prezidan komisyon ekonomi, finans ak bidjè Chanm depite a, Antoine Rodon Bien-Aimé, denonse ogmantasyon pri yo sou mache a, li panse kap vin agrave pi plis ankò pwoblèm ekonomik popilasyon an.Palmantè a, ki se alye pouvwa a, swete gouvènman an annile desizyon sa a rapido presto. Antoine Rodon Bien-Aimé anonse komisyon an konvoke minis finans la, minis planifikasyon an ak minis komès la jounen madi a pou yo vin bay eksplikasyon sou rezon ki alabaz ogmantasyon pri gaz la sou mache a.


Senatè Sid la, Jean-Marie Junior Salomon, ak senatè Lwès la, Jean Renel Sénatus, denonse kòm yon kout ponya desizyon sou gaz la ki pral gen konsekans sou pri tout pwodui premye nesesite yo. Senatè Salomon ak Sénatus deklare gouvènman an pat gen okenn enterè pou l te pran yon mezi konsa ki pral konplike pi plis pwoblèm paran yo te deja genyen pou yo te prepare rantre lekól la. Yo mande gouvènman an tounen sou desizyon sa a, pandan yo anonse yo déjà ekri prezidan sena a pou l konvoke minis konsène yo pou yo prezante rapid rapi nan palman an kote yap tann eksplikasyon klè nan men yo.


Depite Jakmèl la, Kétel Jean Philippe, kwè pouvwa a pran desizyon sa a nan yon move moman. Pou palmantè OPL la, li pa nómal pou gouvènman an monte pri gaz la san l pa bay popilasyon an okenn eksplikasyon sou rezon ki pouse l fè sa. Li sinyale desizyon sa a pral fè lavi a vin pi chè epi manman ak papa pitit yo pral gen plis difikilte pou yo voye timoun yo lekól ane sa a. Kétel Jean Philippe poze tèt li kesyon èske desizyon sa a pa chita sou yon volonte pou lekól la pa louvri 5 septanm kap vini an.


Prezidan komisyon komès ak endistri chanm depite a, Pierre Jude Destiné, li menm tou denonse mezi gouvènmantal la. Selon palmantè platfóm Verite a, li tap pi bon pou otorite yo ta kreye pwogram asistans sosyal pou popilasyon an nan okazyon ouvèti lekòl la olye yo mete 30 goud sou galon gaz la. Reprezantan sikonskripsyon Gantye ak Fonvèrèt la rapousuiv pou l di desizyon sa a pral gen gwo konsekans sou lavi pèp ayisyen an, chak moun pral bezwen depanse plis lajan pou yo pran swen


Prezidan Asosyasyon nasyonal distribitè pwodui petwolye yo (ANADIPP), Max Romain, deklare distribitè yo sibi ogmantasyon pri gaz la menm jan ak rès popilasyon an. Responsab la kwè leta dwe adapte pri petwòl la pa rapò a nivo l sou mache entènasyonal la. Sa ki, daprè li, kapab kreye stabilite ekonomik nan peyi a.


Dirijan Platfòm Jistis la, Me André Michel, denonse mezi gouvènman an tou nan mikwo Radio Kiskeya. Li lanse yon apèl bay gouvènman an pou l retounen san pèdi tan sou desizyon sa a, li di kap kreye gwo pwoblèm pou òganizasyon eleksyon yo epi kap bay moun ki pa vle eleksyon yo okazyon pou yo mobilize ak jwe nan tèt popilasyon an.


Tout aktivite te paralize maten lendi a nan avni Christophe kote etidyan plizyè fakilte nan inivèsite leta a tankou IERRA /ISERSS te drese barikad ak boule kawotchou pou mande rektora a retounen sou desizyon li pran pou l revoke pwofesè Luné Roc Pierre-Louis ak prezidant sendika pèsonèl administratif UEH la, Margareth Lindor. Pwotestatè yo te tire kout wòch sou patwouy CIMO ki te deplwaye nan zòn nan. Polisye yo te voye anpil gaz lakrimojèn pou yo te eseye pran kontwòl sitiyasyon an.


Lis viktim kolera yo kontinye lonje nan peyi a pandan dènye jou sa yo, selon chif ministè sante piblik pibliye jounen lendi a. Soti mwad jiyè pou rive samdi 20 dawout la, 26 moun mouri anba maladi a nan diferan rejyon, 4 mil 576 moun te al konsilte nan lopital. Chèf sèvis alèt ak repons direksyon epidemyolojik laboratwa ak rechèch MSPP a, Katilla Pierre, ki tap pale devan laprès, bay yon lis 6 depatman yap veye ak yon ventèn komin kote yo detekte divès ka kolera, pami yo Pòtoprens, Kafou ak Taba. Sou bò pa l, direktris pwomosyon sante ak pwoteksyon anviwònman an nan ministè sante piblik, Dr Jocelyne Brunache Pierre-Louis, mande popilasyon an respekte tout prensip ijyèn yo pou anpeche lòt moun trape maladi a.


Konsènan rapò nasyonzini an ki fikse responsabilite sòlda MINUSTAH yo nan rive maladi kolera a nan peyi a, kòdonatè nasyonal lit kont epidemi an , Dr Joseph Donald François, deklare ministè sante piblik pare pou l kontinye resevwa bourad nan men tout peyi ak òganizasyon entènasyonal ki vle kontribye nan jefò pou elimine maladi a nan peyi a. Dr François raple MSPP deja prepare yon plan ki disponib sou sit entènèt li. Pou sa ki konsène pwoblèm sètifika desè fanmi anpil viktim kolera yo abitye fè fas, nan demach pou yo jwenn reparasyon, responsab la raple tout moun gen dwa pou yo ba yo dokiman medikal yo depi yo prezante epi konsilte pou yon pwoblèm kèlkonk nan yon lopital.