> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, mèkredi 24 out

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, mèkredi 24 out

Tout dènye evénman nan peyi a

Publié le jeudi 25 août 2016

Kèk minit apre chèf kabinè Prezidan repiblik la, Jean-Max Bellerive, te anonse nan yon kominike ekip Jocelerme Privert la fè bak pwovizwaman sou ogmantasyon pri gaz la, ki ta pral debouche sou yon grèv avètisman sendika chofè yo ak entèpelasyon gouvènman an nan Sena a, minis ekonomi ak finans la, Yves Romain Bastien, konfime nouvèl la pandan pasaj li nan Palman an, nan mitan jounen mèkredi a. Minis la fè konnen egzekitif la pran desizyon sa a paske li tande rèl diferan sektè nan sosyete a ak pouvwa lejislatif la. Mesye Bastien, ki te twouve l nan chanm depite a pou yon rankont ak komisyon ekonomi, finans ak bidjè a sou dosye gaz la ak pwojè bidjè 2016/2017 la, ajoute gouvènman an pral chita pale ak tout gwoup nan sosyete a pou yo gade ansanm kóman yo pral manyen pri gaz la paske leta pap kapab kontinye sibvansyone pwodui petwolye yo si pou l fè fas ak responsabilite l.
-----------------------------------------------------------------------------------------------

Premye minis Enex Jean-Charles konfime gouvènman an kanpe pwovizwaman sou ogmantasyon pri pwodwi petwolye yo ki te pwovoke leve kanpe. Nan yon konferans pou laprès nan finisman apremidi mèkredi a, aprè yon konsèy gouvènman, nan primati a, mesye Jean-Charles deklare prensipal rezon ki pouse yo fè yon ti kanpe sou desizyon sa a se demand sena a te prezante an blòk atravè yon rezolizyon. Li fè konnen ann atandan gouvènman an ap kontinye negosye, diskite ak divès aktè nan vi nasyonal la pou l eksplike yo aklè li pa gen ren pou l ogmante kantite lajan ki konsakre pou sibvansyone pri gaz la, paske se ak goud la ki pa sispann pèdi sou valè l yo enpòte an dola pwodui petwolye yo. Enex Jean-Charles tou pwofite soulinye gouvènman an gen gwo difikilte ekonomik nan moman an.


Prezidan komisyon ekonomi, finans ak bidjè chanm depite a, Antoine Rodon Bien-Aimé, felisite gouvènman an poutèt li pran rapidman desizyon annile ogmantasyon pri gaz la, sou mache lokal la. Selon palmantè a, mezi sa a te parèt nan yon move moman. Li ankouraje pouvwa a chita pale ak diferan sektè nan lavi nasyonal la pou otorite yo ka jwenn yon mwayen pou yo diminye sou kantite lajan yo oblije mobilize pou kenbe pri pwodui petwolye yo stab parapò a monte desann yap fè sou mache entènasyonal la.
Pri yo ap retounen nòmal nan ponp gazolin yo apatid vandredi, selon presizyon Depite Antoine Rodon Bien-Aimé pote.
-----------------------------------------------------------------------------------------------
2 nan Senatè Lwès yo, Steven Benoit ak Antonio Cheramy, aplodi desizyon gouvènman an pran pou l rale yon bak sou dispozisyon li te anonse yo. Vis prezidan sena a deklare biwo a aprann nouvèl la pandan li fin siyen rezolisyon 18 manm Gran Kò a sou 19 ki te prezan te vote an blòk nan kòmansman sware madi a, pou yo te egzije pouvwa a retounen san pèdi tan sou desizyon an.


Pou senatè Antonio Cheramy alyas Don Kato, gouvènman an montre li tande larezon e li aplodi jès li a. Daprè palmantè Platfòm VERITE a, bak otorite yo evite peyi a frape anba mouvman pwotestasyon ki te prevwa fèt kont ogmantasyon pri gaz la. Senatè Lwès la mande gouvènman an pran yon pati nan lajan li te gentan ranmanse nan nouvo pri gaz la pou l kreye djòb netwayaj pou popilasyon an nan okazyon reouvèti lekól la. Li ajoute fòk gwo chabrak nan gouvènman an kou nan palman an ta aksepte redui sou privilèj yo pou pèp la ka rale yon souf.


Gwoup sendika chofè, ki te anonse grèv jeneral avètisman pou jounen jedi a, leve modòd la apre gouvènman an deside fè bak sou mezi li te pran pandan wikenn pase a pou l te mete 30 goud sou galon gaz la. Sendikalis yo deklare jan yo te di l la, si otorite yo retounen sou desizyon yo a, yo menm tou nan sektè transpò a yo oblije fè bak. Yo leve grèv la pwovizwaman. Jacques Anderson Desroches, pòtpawòl Sektè transpò terès Ayisyen, ak Changeux Méhu, prezidan APCH, fè konnen yo pare pou yo negosye ak gouvènman an, men fòk negosyasyon yo rankontre enterè popilasyon an. Yo raple dispozisyon akò 6 mas 1995 la ki prevwa dyalòg ant gouvènman an ak sendika yo depi pri gaz la monte oubyen desann sou mache entènasyonal la.

Bò kote pa l, Monde sendikal ayisyen montre li genyen yon satisfaksyon apre desizyon gouvènman an.Carlo Napoléon ak Elius Réjouis, ki te di yo pat gen pwoblèm ak ogmantasyon an depi kòb la sèvi pou akonpayman
an, anonse yo pare pou yo patisipe nan seri negosyasyon gouvènman an anonse a.
----------------------------------------------------------------------------------------
Premye minis la anonse gouvènman an pran dispozisyon pou l bay Konsèy elektoral pwovizwa a tout mwayen nesesè pou l reyalize eleksyon yo. Nan sans sa a, Enex Jean-Charles fè konnen anplis 6.5 milyon dola ki disponib nan baskèt Fund nan, PNUD ap jere pou KEP a, nan lajan gouvènman an deja dekese pou Konsèy Elektoral la gen 11 milyonn dola youès ak 15 milyon goud. Premye minis la ajoute apatid mitan mwad septanm nan, gouvèman an ap fè yon lòt dekesman 11 milyonn dola pou l konplete depans ki ap nesesè pou 1er tou eleksyon yo, 9 oktòb.
Gouvènman an konstate pwosesis elektoral la ap vanse a gran pa, selon Enex Jean-Charles.


Premye minis Enex Jean-Charles bay garanti gouvènman an pran tout dispozisyon pou rantre lekòl la reyisi, 5 septanm kap vini an. Pami mezi sa yo, li di pou sa ki gen a wè ak mobilye, amenajman ki dwe fèt nan lekòl piblik yo, egzekitif la mete 505 milyonn goud pou ministè edikasyon nasyonal epi 330 milyon pou peye aryere salè ak lekòl ki te nan pwogram PSUGO a. Jean-Charles rapousuiv pou l di gouvènman an mobilize 350 milyonn goud pou l apiye fanmi yo, men, sa ap fèt sou yon lòt fòm ki diferan de jan l te konn fèt avan. Primati a ap bay bous ekselans pou akonpanye 3 loreya nasyonal yo, lap akonpanye tou lòt loreya ki soti nan depatman yo.
Premye minis Enex Jean-Charles te gen bò kote l plizyè manm kabinè ministeryèl la, pami yo minis edikasyon nasyonal la, Jean Bauvois Dorsonne.