> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, jedi 25 out

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, jedi 25 out

Tout nouvèl yo pou ou

Publié le vendredi 26 août 2016

Malgre kanpay elektoral la lanse ofisyèlman depi madi, gouvènman an ak lapolis pokò finalize plan sekirite eleksyon 9 oktòb yo, selon sekretè deta sekirite piblik la, ansyen kolonèl Himmler Rébu. Nan premye konferans pou laprès li jounen jedi a, responsab la anonse li pral verifye plan global la apatid semèn pwochèn epi lap fè divès vire won nan peyi a pou l rankontre kandida yo ak responsab sekirite yo. Nan plan sekirite a, ki ap monte sou 4 nivo, tout dispozisyon ap pran pou garanti bon dewoulman tout pwosesis elekoral la avèk PNH epi MINUSTAH kap mobilize, si sa nesesè, menm pou entèvansyon militè, daprè sekretè deta sekirite piblik la ki voye yon pinga bay tout moun ki ta vle fè vyolans nan kanpay elektoral la.

Tout sitwayen, ki posede zam san pèmi pou yo, ki gen machin vit fime san otorizasyon oubyen ki ap sikile ak ansyen plak yo toujou, gen jiska 9 septanm pou yo mete yo an règ, si yo pa vle gen pwoblèm, deklarasyon sekretè deta sekirite piblik la. Ansyen kolonèl Himmler Rébu ajoute li deja ekri biwo 2 branch palman an pou l mande yo mete kontwòl sou zam ak plak ofisyèl ki aladispozisyon palmantè yo pandan l envite depite ak senatè yo kolabore ak polisye yo, ki yo menm dwe trete yo avèk respè, lè yap fè travay yo nan lari a.

Ansyen kolonèl Himmler Rébu pale de volonte l pou l monte yon plan sekirite woutyè ak patisipasyon biwo sekretè deta popilasyon an, sekretè deta sekirite piblik la, sekretè deta travo piblik la ak pwoteksyon sivil, yon fason pou yo redui risk aksidan sou wout yo epi pote sekou bay viktim yo. Gen yon pwojè pilòt tou kap egzekite nan yon vil, sekretè deta sekirite piblik la pa idantifye, pou kontwole moun kap kase vit machin. Yon lòt pa, li anonse yo pral kòmanse eksperimante videyo siveyans nan zòn bank komèsyal yo nan lide pou sekirite kliyan yo kapab garanti fas ak bandi kap atake yo.
Nap presize sou tab konferans la, sekretè deta a te gen ak li responsab direksyon santral polis administrativ la, enspektè jeneral Joany Canéus, ak direktè adjwen depatmantal lwès la, komisè divizyonè Joël Orival.


Lapolis anonse bandi ame fè kò ansasinay maten jedi a sou enspektè polis Michel Jumel, 41 lane, ki te twouve l abò yon kamyonnèt, nan Delmas 83. Pòtpawòl annapre PNH la, enspektè prensipal Garry Desrosiers, ki tap pale nan yon konferans pou laprès, presize kriminèl yo te monte nan machin nan, fouye pasaje yo, anvan yo te bay viktim nan 2 bal nan tèt. Polisye Michel Jumel te an detachman nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Pòtpawòl annapre a pwofite fè konnen gen yon seri dispozisyon PNH deja pran pou l bay sekirite non sèlman nan okazyon antre lekòl la, men tou pou eleksyon 9 oktòb yo.

Pòtpawòl annapre PNH la prezante bay laprès 2 mesye lapolis idantifye kòm kriminèl, Frantz Printemps ak Fritznel Ladouceur, ki ta resevwa 1500 dola pou yo te touye kontab jounalis Junior Fleurimond, pou yon zafè dèt, sou wout Nazon an. Yon avi rechèch lanse kont Jean Luc Michel, alyas "Cher Maître", pwopriyetè plizyè oto ekòl nan zòn metwopolitèn nan. Se yon sèten Jean Claude Adrien ki ta bay zam pou komèt krim nan sou Junior Fleurimond, yon demwazèl ki rele Stéphanie Siméon te pran nan pyèj relasyon santimantal sou facebook, anvan l te bay viktim nan yon randevou. Lapolis ap bouske kou chen fou dam sa a ki konn prezante yon emisyon sou Storm TV ansanm ak Jean-Luc Michel "Cher Maître".

Lapolis drese bilan operasyon li mennen soti 15 out pou rive jounen jedi 25 la. PNH sezi 2 zam nòmal, yon zam kreyòl,150 kilo kokayin, 5,5 kilo mariwana ak yon machin. Fòs lòd yo lage tou avi rechèch dèyè bandi ki te touye enspektè polis Bagar Saint-Cyr nan rid lareyinyon 16 jiyè pase a, yon krim yon kamera te filme an dirèk e videyo a gaye deyò a. Nan ankèt sou kò ansasinay sa a, yo deja arete 2 fanm, ladan yo Sylvie alyas Manoucheka epi yap chache Jonhson Louis ki se moun ki ta touye polisye a, selon deklarasyon enspektè prensipal Gary Desrosiers.


Prezidan sena a, Ronald Larèche, resevwa jounen jedi a yon delegasyon Asosyasyon viktim kolera yo ansanm ak Biwo óganizasyon defans dwa moun yo (BODDH). Rankont sa a dewoule sou deklarasyon Nasyonzini fè pou l rekonèt responsablite l nan debakman epidemi kolera a nan peyi a kote depi 2010 anviwon 10 mil moun pou pi piti peri, 800 mil lòt te trape maladi a.Prezidan grankó a raple gwo wól sena repiblik la te jwe bó kote diferan óganizasyon ak pèsonalite nan peyi a nan batay pou viktim kolera yo jwenn jistis.Ronald Larèche estime se yon gwo pa ki franchi lè Nasyonzini finalman resi rekonèt se sólda minustah yo ki pote maladi a ann Ayiti.

Alatèt BODDH la, ansyen manm Konsèy Elektoral 2015 la, Jaccéus Joseph, felisite prezidan sena a pou rankont sa a ak victim kolera yo epi responsab óganizasyon dwa moun li di kap mennen batay la. Li mande leta ayisyen pran dispozisyon pou l ede viktim yo jwenn pyès pou yo monte dosye yo, yon fason pou yo jwenn dedomajman nan men Nasyonzini.

Dieujuste Charles, ki te pale nan non viktim kolera yo, remèsye biwo sena a ki pran desizyon chita pale ak yo sou mwayen yap bezwen pou yo jwenn jistis ak reparasyon. Selon reprezantan an, yo bezwen sipó otorite yo pou yo rive jwenn dedomajman paske menm Nasyonzini rekonèt se li menm ki pote epidemi tèrib sa a nan peyi a.


Fanmi ak zanmi doktè Michel Lominy, ansyen minis sante piblik nan lanne 86/87, militan sektè demokratikl la, pwofesyonèl tòp nivo epi jakmelyen pasyone, salye memwa defen an, maten jedi a, nan legliz kominote Sainte Marie, Kanapevè, kote monseyè Joseph Lafontant selebre yon mès rekwiyèm. Mès sa a chante plis pase yon mwa aprè doktè Michel Lominy te mouri, 23 jiyè nan peyi Kanada. Li te pase anviwon 2 zan malad. Prezidan ANMH la, Hérold Jean François, militan politik Lavalas, doktè Frantz Large ak alatèt ISC a, Rosny Desroches, te asiste seremoni relijye a bò kote fanmi Dr Lominy, espesyalman madanm li ki te anba gwo emosyon.


Komisyon edikasyon sena repiblik la óganize yon seyans travay ak minis edikasyon nasyonal ak fómasyon pwofesyonèl la jounen Jedi a sou ouvèti lekól la ak dosye pwofesè PSUGO yo ki pokò touché. Minis la deklare gouvènman an deja pran tout dispozisyon pou l pèmèt lekól la louvri 5 septanm.Li demanti enfómasyon kap sikile ki fè kwè leta kanpe pwogram lekòl gratis la ansyen rejim Tèt Kale a te lanse. Jean Beauvois Dorsonne fè konnen gouvènman an sèlman pran desizyon voye anpil nan timoun ki te nan lekól prive ki te nan PSUGO a, nan lekòl nasyonal yo.

Prezidan komisyon edikasyon ak fómasyon pwofesyonèl sena a, Dieupie Chérubin, deklare komisyon an satisfè jan rankont la dewoule a. Senatè a fè remake komisyon an jwenn tout eksplikasyon li te bezwen yo nan men minis Dorsonne. Palmantè KID la swete gouvènman an akonpaye popilasyon an nan okazyon rantre lekól la. Senatè Chérubin voye jete lide pou lekól la pa ta louvri 5 septanm paske nóm entènasyonal yo egzije pou elèv yo pase anviwon 200 jou nan sal klas, pandan yon lane.


Jij Jeudilien Fanfan k’ap tande dosye Clifford Brandt ak akolit li yo, nan asiz kriminèl san asistans jiri, ranvwaye pou vandredi odyans ki te rapousuiv jounen jedi a sou akizasyon kidnaping, sekestrasyon ak asosyasyon malfektè ki sou do gwo biznismann nan ansanm ak Carlo Bendel Sainfort, Sawadienne Jean, Evens Larieux, Carline Richema epi Ricot Pierre-Val. Dwayen tribinal la te tande yon fason separe Rico Pierre-Val, Carline Richema, epi li te kòmanse tande Carlo Bendel St-Fort anvan l te pran desizyon ranvwaye pwosè a ki chita anpil sitou sou kidnaping Coralie ak Nicolas Moscosso, nan mwad oktòb 2012.

Carline Richema ki ap viv ak Rico Pierre-Val te pote eksplikasyon bay tribinal la sou sikonstans ki te fè li te gen yon zam mari l nan menl’, e pou ki rezon li te al antere zam sa a.

Yon lòt akize, Carlo Bendel St-Fort, te reponn kesyon majistra Jeudilien Fanfan ak reprezantan ministè piblik la, sibstiti komisè gouvènman Claude Jean, anvan odyans la te ranvwaye.


Sendika anplwaye OAVCT yo anonse li leve pwovizwaman grèv li te deklannche nan biwo santral la, Taba, ak nan plizyè anèks enstitisyon an mèkredi ak Jounen jedi a, nan objektif pou pwotestatè yo te reklame 14ème mwa yo te konn jwenn nan ane pase yo. Nan antre baryè prensipal OAVCT a, nou te konstate kawotchou tap boule. Devan laprès, direktè jeneral adjwen an, pòtpawòl sendika anplwaye yo, Roody St Juste ak prezidan an, Jean Grégory Alexis, deklare ansanm apatid vandredi a anplwaye yo ap reprann travay. Yo bay responsab yo yon ti tan pou yo satisfè revandikasyon yo. Sendikalis yo mande odit sou administrasyon ansyèn direktris jeneral la, Margareth Girault St-Louis pandan yo kritike anpil nominasyon yo di li te fè sou demand kèk palmantè.

Direktè jeneral adjwen OAVCT a, Jean Baptiste Mathieu, remèsye anplwaye yo daprèzavwa yo aksepte tande demand li pou yo kanpe sou mouvman pwotestasyon yo tap fè depi 2 jou a. Responsab la ajoute revandikasyon anplwaye yo fonde, men li soulinye fòk gen yon bon anbyans travay pou administrasyon an kapab rezoud pwoblèm nan.