> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, vandredi 26 out

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, vandredi 26 out

Tout dènye nouvèl yo

Publié le samedi 27 août 2016

Nan yon seyans ki dewoule san zatann jedi swa, Chanm depite a vote bidjè egzèsis fiskal 2016/2017 la ki monte anviwon 121 milya goud. Biwo chanm nan dwe transfere pwojè bidjè sa a bay sena repiblik la pou l analize l ak vote l. Fòk nou raple Depite yo te deja vote semèn pase a bidjè rektifikatif 2015/ 2016 la. Reprezantan sikonskripsyon Jakmèl la, Kétel Jean-Philippe, deklare li vote kont bidjè a paske li pa pran an konsiderasyon sitiyasyon depatman yo ak komin yo. Palmantè OPL la Plede anfavè yon bidjè desantralize li kwè kap pèmèt peyi a pran wout devlopman ak pwogrè tout bon.Kantite lajan ki ale jwenn ministè edikasyon nasyonal la pap pèmèt li reponn tout obligasyon l genyen pandan ane akademik 2016/2017 la, daprè Depite Kétel Jean-Philippe.


Prezidan komisyon sante chanm depite a, Dr Bertrand Sinal, anonse komisyon an envite minis sante piblik la, Dr Daphnée Benoit Delsoin, ak tout lòt aktè nan sektè a nan yon seyans travay sou fason sistèm sante a ap fonksyone. Selon palmantè a, komisyon an gen enfómasyon sou plizyè ka koripsyon ki anrejistre nan lopital piblik yo, tankou nan Sid, Nòdwès, ak nan laboratwa nasyonal kote anpil lajan ki te rezève pou enstitisyon sa yo disparèt, san ankenn eksplikasyon. Depite Sinal soulinye rankont sa a ap pèmèt yo gade tou ak responsab sante piblik yo ki plan yo genyen pou konbat lafyèv zika a ak fason yap akonpaye viktim kolera yo apre Nasyonzini rekonèt se sólda l yo ki vini ak epidemi an ann Ayiti.
------------------------------------------------------------------------------------------
Ministè jistis ak Bank santral òganize jounen vandredi a nan sant konvansyon BRH la yon rankont-deba sou tèm : « Dimansyon ekonomik ak finansye lit kont blanchiman lajan ak finansman teworism ». Nan okazyon sa a, reprezantan pouvwa egzekitif la, pouvwa lejislatif la ak sektè prive a brase lide sou nesesite pou leta ayisyen adopte, anvan mwad novanm, yon seri dispozisyon legal ak enstitisyonèl konsènan lit kont aktivite kriminèl blanchi lajan ak finanse teworis, yon mannyè pou gwoup aksyon finansye Karayib la (GAFIC) pa pran sanksyon kont peyi a. Plizyè otorite tankou prezidan sena a, Ronald Larèche, depite Price Cyprien, depite Jerry Tardieu, nouvo kòdonatè CONALD la, ansyen kolonèl Antoine Atouris, alatèt UCREF la, mèt Sonel Jean-François, direktè jeneral PNH la, Michel-Ange Gédéon, plis reprezantan sektè biznis la kouwè prezidan Fowòm ekonomik sektè prive a, Grégory Brandt, PDG Unibank la, Carl Braun, ak direktè jeneral SOGEBANK la, Claude Pierre-Louis, te patisipe nan rankont-deba sa a.


Minis edikasyon nasyonal la, Jean Bauvois Dorsonne, chita pale jounen vandredi a ak reprezantan plizyè sendika anseyan, lavèy rantre lekòl la. Revandikasyon anseyan ki pa touche depi plizyè lane yo e ki te menase bòykote kòmansman ane akademik la, 5 septanm, te nan mitan diskisyon yo. Direktè jeneral edikasyon nasyonal la, Louis Mary Cador, deklare ministè a pran revandikasyon sendikalis yo o serye. Gen demach ki antreprann pou satisfè revandikasyon yo.

Apatid finisman mwa dawout la, ministè edikasyon nasyonal ak ministè finans ap kòmanse peye direktè lekòl ki nan pwogram PSUGO a. Se direktè jeneral MENFP a, Louis Mary Cador, ki fè anons sa a pandan l presize demach yo kòmanse deja paske gen yon fon ki disponib pou sa. Pi lwen, responsab la ki tap reponn kesyon jounalis yo sou gwo kantite elèv ki echwe nan bakaloreya ane sa a, di li konsyan sistèm nan ap fè fas ak anpil difikilte. Li pran angajman pou yo travay pou yo pote amelyorasyon nesesè yo.

Direktè ansèyman segondè a, Joseph Job Maurice, ak direktris ansèyman fondamantal la, Nadine Henry, te pran lapawòl nan konferans la tou pou yo te pale sou divès mezi kap adopte pou antre lekòl la. Suiv yon pati nan entèvansyon yo sou randevou 5 septanm nan.


Meri Pòtoprens ak Pwogram koperasyon minisipal Ayiti/Kanada ki konekte ak meri vil Montreal, lanse jouen vandredi a operasyon resansman kay ki genyen nan komin nan, ki dwe peye enpo lokatif. Majistra Youri Chevry, ki tap resevwa reprezantan Kanada a nan meri a, presize pwogram sa a kap demare lendi, nan zòn Bwa Vèna, Tijo ak anba lavil la, ak patisipasyon yon santèn jenn fanm ak jenn gason, pral mete ajan fiskalite yo nan kondisyon pou yo fè meri Kapital la antre lajan epi ofri popilasyon an sèvis kòm sa dwa. Ki kantite kay ki pa peye enpo lokatif, kiyès ki pwopriyetè yo, se kèk nan enfòmasyon anketè yo pral ranmase.

Sou bò pa l, Reprezantan Pwogram koperasyon Ayiti/Kanada a, Richard Lafrance, fè konnen li la pou l ede meri a nan kesyon fòmasyon pou administrasyon an kapab pi rantab.Li raple meri Montreal ak Pòtoprens te kòmanse travay ansanm depi nan ane 1995. Tranblemantè 12 janvye 2010 la te fè plis meri nan peyi Canada te pote kole ak plizyè lòt meri nan peyi a pou yo te ede yo. Yap kontinye travay ak konsèy minisipal Pòtoprens la pou ajan fiskal yo ka fè travay yo pi byen, yon fason pou administrasyon an jwenn mwayen pou l fè fas ak responsablite l. Sa a se pwomès Richard Lafrance.


Sesyon ekstraòdinè egzamen bakaloreya yo ki te kòmanse lendi, fini apremidi vandredi a, jan ministè edikasyon nasyonal te anonse l la. Kandida, Radyo Tele Kiskeya te rankontre nan kèk sant egzamen, fè konnen yo konpoze san gwo pwoblèm eksepte nan sant tankou Georges Marc kote yo di siveyan yo pat respekte lè pou yo te ranmase fèy yo. Gen kèk elèv ki mande pou korektè yo korije fèy egzamen yo kòm sa dwa, pou yo kapab espere pase.

2 responsab syèj, Pierre Sony Dorcius ak Emmanuel Castillon, soulinye depi kòmansman egzamen yo rive jounen vandredi a tout bagay dewoule san ankenn pwoblèm. Yo ajoute yo te gen kontwòl tout materyèl kandida yo tap itilize, e se depi nan baryè sant egzamen an yo te pran aparèy telefòn yo.


Rektora inivèsite leta a, ki anba yon gwo kriz, pwolonje jiska samdi 27 dawout la enskripsyon pou kandida ki pral pase konkou admisyon nan diferan fakilte yo pou ane akademik 2016/2017 la. Enskripsyon sa yo ki te dwe fini depi 24 dawout, pwolonje akòz anpil nan kandida yo te gen difikilte pou yo te enskri sou entènèt. Men, tout dat ki te fikse pou konkou admisyon yo nan 11 fakilte ak lekòl siperyè UEH la, nan kapital la ak sou kanmpus Limonade la, nan nò, toujou kenbe, selon direktris registrè inivèsite leta a, Margareth René. Li anonse rektora a ap pran tout dispozisyon pou l garanti sekirite kandida yo lè yap gen pou yo pase konkou yo. Se an viwon 40 mil jèn ki manifeste volonte pou yo antre nan inivèsite leta a ane sa a alòske inivèsite a kapab akeyi sèlman 3 mil 500 etidyan, daprè responsab inite enfòmatik UEH la, Marc Manuel Flimerlus.

Visrektè pou afè akademik inivèsite leta a, Dr Hérold Toussaint, mande tout sektè ki vle bloke rantre inivèsitè a yon chans pou jèn ki reyisi nan filo yo kapab pousuiv fòmasyon yo nan ansèyman siperyè a. Pwofesè a, ki di li rekonèt inivèsite a ap fè fas ak anpil pwoblèm pandan l prezante pwochèn ane invèsitè a kòm yon ane deba kote tout moun ap kapab ekspoze pozisyon yo.