> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, samdi 27 out

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, samdi 27 out

Tout dènye evénman ki rive nan peyi a

Publié le samedi 27 août 2016

Antèman ansyen pwotektè sitwayen an epi militan dwa moun, Antoine Necker Dessables, ki te mouri a 87 an, 20 dawout pase a, chante maten samdi a nan legliz Sacré-cœur Turgeau an prezans fanmi , zanmi, ansyen kolaboratè defen an ak lòt sitwayen. Responsab Jistis ak lapè a (JILAP), Jocelyne Colas Noël, yonn nan direktè Défenseurs Plus yo, Antonal Mortimé, ansyen minis Edwin Paraison, direktè ENARTS la, Philippe Dodard, manm fanmi mesye Dessables, ak sineyas Arnold Antonin, se kèk pami pèsonalite ki te prezan pou rann li yon dènye omaj. Mesye Dessables, ki te alatèt Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) soti 2002 pou rive 2009, te tou sekretè egzekitif Komisyon Nasyonal legliz katolik Jistis ak lapè. Reveran pè William Smarth, zanmi defen an, ki tap chante antèman an, soulinye Necker Dessables se te yon kokenn chenn militan ki, ak anpil modesti, te toujou ap goumen pou jistis sosyal ak respè diyite moun. Ansyen dirijan Jenès ouvriyè kretyèn nan (JOC), ki te pase yon pakèt tan ann egzil, te angaje nan batay pou chanjman peyi a, selon selebran prensipal la ki tou pouse yon rèl pou kominote entènasyonal la ak yon seri moun sispann kraze peyi a.

Yonn nan neve Antoine Necker Dessables yo, Michel Dodard, prezante pakou tonton l, li prezante kòm yon gwo referans nasyonal ak entènasyonal pou aktivite sendikalis li ak defans dwa kategori moun tankou peyizan yo. Mesye Dodard soulinye ansyen responsab OPC a, pandan anviwon 15 nan vi l li te pase Osenegal, apre etid inivèsitè l nan Louven, an Bèljik, te fòme anpil etidyan. Yon asosyasyon ki kreye nan peyi sa a pote non l e defen an te resevwa tou distenksyon lòd merit nasyonal Senegal.

Ansyen minis ayisyen kap viv aletranje yo, Edwin Paraison, ki se chèf kabinè minis kilti ak kominikasyon an, Marc-Aurèle Garcia, konsidere lanmò ansyen pwotektè sitwayen an kòm yon kokenn chenn pèt pou peyi a. Li pote temwanyaj pa l tou sou angajman patriyotik Necker Dessables ki te zanmi pèsonèl li.


Lopital jeneral kontinye ap fonksyone ak medsen sèvis epi efimyè kap bay malad yo la syenyay. Yon vizit ekip Radio kiskeya nan HUEH, jodi samdi a, pèmèt nou konsate jiskaprezan medsen rezidan yo poko reprann travay depi aprè grèv yo te lanse a pou reklame ogmantasyon salè ak pi bon kondisyon travay. Plizyè malad ak yon paran malad ki te pale ak nou bat bravo lakontanman pou lopital la ki rekòmanse fonksyone. Kèk nan malad swete otorite konsènye pèmèt gen medikaman ak lòt materyèl disponib nan lopital la, pou yo pa bezwen al depanse gwo lajan pou achte medikaman epi fè egzamen pou gwo lajan lòt kote.

Kèk medsen rezidan ki te pale ak nou san yo pat vle vwa yo anrejistre fè konnen negosyasyon yo ap rapousuiv ak otorite konsène yo. Yo anonse nan jou kap vini yo yap pale ak laprès pou yo presize nan ki pwen negosyasyon yo ye.


Meri Site Solèy reyalize samdi a yon jounen netwayaj, bale, ranmase fatra nan komin nan ki te derape nan Kafou Aviyasyon. Operasyon lapwòptay sa a antre nan efò administrasyon kominal la di lap fè pou l chanje figi pi gwo bidonvil zòn metwopolitèn nan ki an trè movèz eta.


Jijman Clifford Brandt ak akolit li yo ap rapousuiv lendi devan tribinal kriminèl la ki te tande jounen vandredi a akize Carlo Bendel St-Fort, Sawadienne Jean. Tribinal la te kòmanse tande tou Evens Larrieux avan jij Jeudilien Fanfan te pran desizyon kanpe sou odisyon an pou l te ranvwaye afè a pou 29 dawout. Pandan dewoulman pwosè a, avoka ansyen minis ak sekretè deta Réginald Delva, Mèt Jean Berry Dumé Cosméus, te mande pou kliyans l konstitiye l pati sivil, pandan akize Bendel St Fort t’ap kontinye fè depozisyon l devan tribinal la. Si reprezantan ministè piblik yo pat gen okenn pwoblèm ak demand sa a, tout avoka k’ap defan biznismannn Clifford Brandt ak moun ki ta konplis yo nan aktivite kriminèl kidnaping, te kanpe pou yo te di yo pa dakò.

Mèt Jean Barnave Chéron k’ap defann Clifford Brandt ak mèt Vladimir Gassant, avoka Sawadienne Jean, deklare pou tribinal la Réginald Delva pat viktim paske ansyen sekretè deta sekirite piblik rejim Tèt Kale a pat pote plent.

Majistra Joseph Jeudilien Fanfan, nan desizyon avan dire dwa li rann nan ka sa a, rejte demand avoka Réginald Delva a, mèt Jean Berry Dumé Cosméus pou defo kalite.

Sawadienne Jean, ki tap travay depi mwad me 2011 nan konpayi Haïtienne de moteurs, pwopriyete fanmi Brandt, lapolis te arete l akòz SIM telefòn li te itilize nan operasyon gang Clifford Brandt la te mennen pou l te kidnape Coralie ak Nicolas Moscosso, nan mwa doktòb 2012 ak yon demand plis pase yon milyonn dola pou liberasyon yo. Dam sa a gen sou do l akizasyon konplisite anlèvman, sekestrasyon moun pou lajan ak asosyasyon malfektè.

Sou bò pal, Evens Larrieux, akize pou konplisite, asosyasyon malfektè, poutèt lapolis te jwenn plak machin Konsèy elektoral provizwa a ki te konn nan menl’ SE : 01871, te itilize pou kidnape 2 mesye dam Moscosso yo. Nan deklarasyon l’ devan tribinal la, akize a eseye eksplike machin nan te boule nan paking lakay li.


Gouvènman ayisyen ak ameriken inogire mèkredi 24 dawout la yon prizon sivil tounèf nan Fò Libète, ki konstwi sou yon valè 2mil 852 mèt kare gras ak sipò finansye Etazini, a travè Biwo entènasyonal afè dwòg ak aplikasyon lalwa. Yon delegasyon ofisyèl ayisyen ki te gen ladan l minis jistis ak sekirite piblik la, Mèt Camille Junior Edouard, ak direktè jeneral Polis Nasyonal la, Michel-Ange Gédéon, te rann li nan nòdès ansanm ak chaje dafè anbasad amerikèn nan, Brian Shukan, pou seremoni inogirasyon an, direktè administrasyon penitansyè nasyonal la, Jean Gardy Muscadin, otorite nan depatman an ak divès envite te asiste.

Minis jistis la ak chèf polis la bat bravo pou konstriksyon prizon sa a, ki koute 8 milyonn dola e ki gen enstalasyon modèn ki ap pèmèt li kenbe ant 500 al pou 600 prizonye. Yo remèsye Etazini pou reyalizasyon sa a yo kwè ki vin kontribye nan ranfòsman eta de dwa a ak respè dwa moun nan peyi a.

Nan entèvansyon l, chaje dafè anbasad amerikèn nan, Brian Shukan, mete aksan sou angajman Wachintonn pou l ede nan konstriksyon prizon modèn ann Ayiti pandan l site Nelson Mandela ki te di pou yon moun konnen yon peyi toutbon, fòk ou konnen anndan prizon lakay li. Prizon Fò Libète a reponn a egzijans entènasyonal yo, li gen pwòp sistèm kouran ak dlo pa l, selon diplomat la ki raple Etazini te deja konstwi ane sa a menm yon prizon pou fanm, nan Kabarè.