> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, jedi premye septanm

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, jedi premye septanm

Tout dènye nouvèl yo

Publié le vendredi 2 septembre 2016

Enspektè jeneral Jean Saint-Fleur bay garanti popilasyon an ap ka vote nan sekirite total kapital nan eleksyon 9 oktòb yo. Nan yon konferans pou laprès jounen jedi a nan direksyon jeneral PNH la, responsab la deklare Polis Nasyonal la deja pran tout dispozisyon pou l pèmèt eleksyon yo byen dewoule.

Sou bò pa l, pòtpawòl adjwen PNH la, enspektè prensipal Garry Desrosiers, pale de yon plan lapolis genyen pou l garanti sekirite popilasyon an kòm sa dwa nan okazyon rantre lekòl la, lendi. Li te pwofite prezante bilan operasyon lapolis mennen nan depatman lwès la pou mwa dawout la.


Lavèy 50e lanne jounen mondyal alfabetizasyon 8 septanm, Sekretè deta alfabetizasyon an, Paulna Brutus, pale sou istwa jounen sa a UNESCO te kreye an 1966 ak aktivite yap òganize ann Ayiti pou make dat sa a. Nan yon konferans pou laprès jounen jedi a, responsab la soulinye soti 1941 pou rive 2016, sa fè 75 lanne depi Ayiti ap goumen kont fenomèn pa konn li ak pa konn ekri a. Soti nan pwojè Mabayal nan Jakmèl, nan ane 1948, leta ayisyen deja lanse 12 kanpay nasyonal alfabetizasyon, 10 fowòm depatmantal, 3 tab konsètasyon malgre sa gen 3 milyon ayisyen ki toujou pa konn li ak ekri. Madam Paulna Brutus anonse yap selebre jounen mondyal alfabetizasyon ane sa a sou tèm “Se pou nou li pase a, pou nou ka ekri avni nou, Alfabetizasyon lapè tout moun ladan l”. Sekretè deta a anonse tou li pral pase men nan politik alfabetizasyon an paske yo pa kapab rete nan fè alfa de baz sèlman.Yap komemore jounen mondyal alfabetizasyon an, sou plas Hugo Chavez la, nan zòn ayopò.

Sekretè deta alfabetizasyon an te panche tou sou diferan entèvansyon kit se Nasyonzini, a travè UNESCO, oubyen lòt enstitisyon fè nan peyi a nan kesyon alfabetizasyon an.Paulna Brutus di li mete sou pye yon plan 2017/2021, yon fason pou nan ane 2021 tout moun nan peyi a konn li ak ekri.Men, pou sa fèt, fòk gen mobilizasyon ak patisipasyon lajman laj tout sektè nan peyi a, gwo kou piti,fanm kou gason, lavil kou andeyò, gen menm kapasite, menm posibilite pou yo fè tout kalite pwogrè. Biwo sekretè deta a ap travay ak UNESCO epi akademi kreyòl la pou mete sou pye yon pwogram fòmasyon nan alfabetizasyon ak edikasyon granmoun.


Mouvman Oganize Sitwayen Pou Entegrasyon ak Devlopman (MOCIDE), remèt sètifika bay 50 jèn fi ak jèn gason jounen jedi a, apre 13 jou fòmasyon MOCIDE te òganize pou yo sou animasyon sosyal. Mesye dam yo suiv entèvansyon plizyè pwofesè tankou Me Renand Hédouville, sosyològ Elie Thélot, Gabriel Hérard nan diferan domèn tankou Dwa Konstitisyonèl, Ekonomi, Sosyoloji, syans politik ak istwa jeneral daprè eksplikasyon prezidan òganizasyon an, Victor Benoit. Objektif la se te pemèt jèn sa yo gen zouti ase ki pou pèmèt yo reflechi sou veritab pwoblèm peyi a ap fe fas chak jou, yon fason pou gen yon revèy konsyans nasyonal la.

Sou bò pa yo, Esther Beauzile ak Steevenson Sully, 2 nan patisipan yo deklare konesans yo ranmase yo pral pèmèt yo jwe wòl ajan edikasyon sivik pou sansibilize jèn parèy yo sou gravite pwoblèm peyi a.