> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, samdi 10 septanm

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, samdi 10 septanm

Tout dènye nouvèl yo

Publié le samedi 10 septembre 2016

Anba gwo tristès ak dezolasyon, antèman jèn etidyan an medsin nan inivèsite Fondasyon Aristide la (UNIFA), Jean Eric Moncher, 23 zan, kriminèl te touye ak bal, 24 dawout pase a, chante maten samdi a nan premye legliz batis evanjelik Petyonvil, nan Dèlma 72. Viktim nan, ki kèk semèn anvan te nan tèt yon mouvman pwotestasyon etidyan UNIFA yo kont jesyon inivèsite a, te tonbe lè ansasen yo te pwofite de yon blokis nan Clercine pou yo te ouvè kout zam sou li, nan yon machin.
------------------------------------------------------------------------------------------
Enjenyè Mathias Pierre, yonn nan alye kandida alaprezidans Platfòm Pitit Desalin nan, Jean-Charles Moïse, deklare jounen samdi a yo gen kèk enkyetid pa rapò a jan pwosesis elektoral la ap vanse sou diferan pwen. Ansyen kandida alaprezidans 2015 la anonse yap pibliye nan jou k’ap vini yo kalandriye rasanbleman piblik ansyen senatè Jean-Charles Moïse ki kontinye ap fè rankontre moun fas a fas.

Kandida senatè lwès anba banyè PHTK, Fednel Monchéry, ki t’ap pale nan telefòn ak Radyo Kiskeya sou kanpay elektoral li, li di kap mache byen, soulinye kandida alaprezidans Pati Ayisyen Tèt Kale a, Jovenel Moïse, deja pase nan divès komin plizyè depatman. Kòdonatè Repons Peyizan an ki pwomèt nap site "Jovenel Moïse ap vin lidè ki pi popilè nan Karayib la", fè konnen yo deja pran tout dispozisyon pou kandida a ranpòte eleksyon yo kelkeswa jou li fèt la.
----------------------------------------------------------------------------------------

Sou inisyativ Pastoral Inivesitè, pè Frantzy Petit-Homme ap dirije, 4 kandida senatè nan depatman lwès la, Arnel Bélizaire (APLA), Lucmanne Délille (OPL), Jean Myrtho Muraille (Platfòm Pitit Dessalines) ak Dr Louis Gérald Gilles (Fanmi Lavalas) te fas a fas nan yon deba jounen samdi nan oditoryòm Radyo Tele Solèy, Petyonvil. Nan deba sa a, ki te chita sou Devlopman Dirab, sekirite ak Pwoteksyon sosyal, konstitisyon, sosyete ak Ibanizasyon, Kandida yo te reponn kesyon yon panèl 4 pwofesè nan inivèsite leta a, Rhodner Jean Orisma, Josué Louis, Prince Neptune, Claude Péan ak plizyè dizèn etidyan.
Nan entèvansyon yo sou fenomèn bidonvilizasyon an, ki toupatou nan peyi a, Arnel Bélizaire ak Louis Gérald Gilles raple gen tèks legal sou kòman konstriksyon dwe fèt. Yo kwè nan sans sa a, se otorite yo ki dwe aplike lalwa.

Se menm repons la, kandida Platfom Pitit Dessalines nan, Jean Myrtho Muraille ak kandida OPL la, Me Lucmanne Délille te bay. Yo panse otorite konsène yo dwe pran mezi popilasyon an ap konteste pou sosyete a ka byen fonksyone. Yo pwofite ankouraje sitwayen yo fè bon chwa nan eleksyon 9 oktòb yo.

Nan sa ki gen a wè ak sekirite epi pwoteksyon sosyal, Jea Myrtho Muraille pwomèt sil rive nan palman an poul batay kont tout fonksyonè kap gaspiye resous peyi a, pou leta ka gen mwayen ase pou l pran swen tout moun. Arnel Belizaire li menm fè konnen li kwè batay sa a dwe mennen ak etidyan nan inivèsite leta a li di ki toujou bay rezilta.
Kandida platfòm pitit Dessalines nan ak reprezantan APLA a toujou nan mikwo Emmanuel Tauleme BRINA ak Gaston Joseph K-7

Sou bò pal, kandida OPL la,Me Lucmane Délile, ki pat rete santre sou kesyon sekirite ak pwoteksyon sosyal la, deklare se moun ki gen moralite popilasyon an dwe chwazi pou al repranzante l nan palman an. Dr Louis Gérald Gilles te reponn pou l di Fanmi Lavalas pap sispann batay pou sa l rele pataj richès peyi a fèt ant tout pitit li yo.


Antonal Mortimé, yonn nan direktè Defansè Plus epi sekretè jeneral New England Human Rights, di gen yon konfizyon nan sitiyasyon politik la, anpil bagay pa klè pandan eleksyon 9 oktòb yo ap pwoche. Nan yon entèvyou, responsab dwa moun nan mete aksan sou ensekirite a, degradasyon sitiyasyon sosyal ak ekonomik la ki fè anyen pa parèt sèten, epi li ajoute sezi zam Senmak la montre leta pa gen kontwòl pò yo ak fwontyè yo.


Ansyen responsab Komisyon Nasyonal Demobilizasyon, demantèlman ak reyensèsyon an (CNDDR) sou Prezidan René Préval, epi ansyen depite Alix Fils-Aimé, reyaji sou dosye kagezon zam ilegal otorite yo dekouvri jedi nan dwàn Senmak la. Nan mikwo Radyo Kiskeya li fè yon seri konsiderasyon ak analiz kritik sou pwoblèm sekirite ki genyen nan peyi a, feblès enstitisyon yo ak gwo defi òganizasyon pwochèn eleksyon yo reprezante.


Prezidan Federasyon Nasyonal meri yo (FENAMH), Jude Edouard Pierre, ki se tou majistra Kafou, denonse desizyon gouvènman an ta pran poul mete men sou 350 milyon goud nan fon kolektivite tèritoryal yo pou l ede yon seri paran pou rantre lekòl la. Alatèt FENAMH nan, ki egzije eksplikasyon prese prese bò kote otorite yo, fè konnen si sa pa fèt, lendi, majistra yo, Azèk ak Kazèk yo ap pase alaksyon, a travè yon sitin devan lakou dèkont.