> Kreyòl > Aktyalite nasyonal la, samdi 17 septanm, dosye eleksyon

Ayiti/Enfòmasyon

Aktyalite nasyonal la, samdi 17 septanm, dosye eleksyon

Tout dènye evénman nan peyi a

Publié le samedi 17 septembre 2016

Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, ki te oblije pase nuit vandredi a nan men doktè ki tap ba l laswenyay nan lopital Justinien, Okap, apre malèz ki te lakòz li te endispoze nan ouvèti kanpay kandidat alaprezidans Fanmi Lavalas la, Dr Maryse Narcisse, te rankontre laprès maten samdi a nan otèl Monjoli kote li te fè konnen li anfòm. Konsènan ensidan ki te pete yo ak mobilizasyon patizan Platfòm Pitit Desalin yo, mesye Aristide, ki prezante pati l la kòm pati majorite popilasyon an ki pral ranpòte eleksyon yo, denonse yon minorite li di ki ap fè vyolans paske l panike. Nan yon konparezon ant kanpay elektoral li an 1990 la ak kanpay 2016 la li twouve ki sanble kou de gout dlo, li lonje dwèt li sou prezans lajan sal ak sa l rele manti pwofesyonèl kòm énmi nan eleksyon yo. Malgre eta sante l, chèf Fanmi Lavalas la te deside pran direksyon Wanament nan nòdès ansanm ak karavàn pati a. Ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide pat reponn kesyon laprès.

Apre patizan Platfòm Pitit Dessalines yo te al antre nan rasanbleman elektoral Lavalas la, nan dezyèm vil peyi a kote selon tout enfòmasyon yo divès zak vyolans te komèt, kandida alaprezidans Platfòm nan, Jean-Charles Moïse, eksplike se akeyi patizan l yo te al akeyi delegasyon Lavalas la. Ansyen senatè nò a, ki te pale ak Radio Kiskeya jounen samdi a nan moman li tap mennen kanpay li nan Saint-Louis du Sud, deklare pat gen deblozay ant 2 gwoup yo. Li soulinye li rekonèt slogan patizan l yo tap lanse yo pat fè ansyen Prezidan Aristide plezi paske yo pat an favè kandidat li a, Maryse Narcisse.


Sou dosye lajan sal nan eleksyon yo Jean-Bertrand Aristide soulve a, sekretè jeneral FUSION an, enjenyè Rosemond Pradel, ale nan menm sans la pou l di li pa konprann ki bò kèk kandida alaprezidans, li pat vle idantifye, jwenn lajan pou yo mennen kanpay wololoy yap fè a. Dirijan politik la ajoute li sezi wè kantite lajan kap depanse nan kanpay elektoral la alòske majorite moun nan peyi a ap viv nan mizè.


3 kandida senatè pou depatman Lwès, Me André Michel, ki parèt anba banyè RDNP, jounalis spòtif epi pwofesè Patrice Dumont, ki reprezante RPH, ak Alix Didier Fils-Aimé ki toujou anba banyè Platfòm VERITE, patisipe jounen samdi a, nan 2em deba elektoral Pastoral inivèsitè, Pè Frantzy Petit-Homme, ap dirije, òganize nan oditoryòm Radyo Tele Solèy, Petyonvil. Kandidat CANAAN an, mèt Sabine Duvivier Morpeau, pat prezante akòz pwoblèm li te genyen nan gòj li, nan dènye moman. Nan fas a fas sa a, kandida yo te reponn kesyon yon panèl 4 pwofesè inivèsite Leta a, Rhodner Orisma, Julien Sainvil, Wilguens Régis, John Picard Byron ak plizyèn dizèn etidyan UEH. Nan entèvansyon li, kandida RDNP a, Me André Michel, presize vizyon politik li vle al defann nan Sena a, si l ranpòte laviktwa, chita sou 3 eleman, reprann dwa granmoun peyi a, batay kont koripsyon ak pwoteksyon sosyal.

Sou bò pal, kandida RPH la, Patrice Dumont, sèmante li pap fè pèp Ayisyen an Wont sil rive antre nan palman an paske se enterè moun ki pi fèb yo li pral defann, se pa chache fè lajan nan move kondisyon. Prezantatè radyo ak televizyon an te pwofite kritike kandida VERITE a, Alix Didier Fils-Aimé, kòm ansyen pwopriyetè konpayi entènèt HAINET, li di ki ta komèt yon krim ekonomik poutèt, daprè kandida a,li te konn fè abone HAINET yo peye alafwa apèl antre ak apèl sòti yo.

Kandida Alix Didier Fils- Aimé, pawòl sa yo te leve tout plim sou do l, te reponn Patrice Dumont san pèdi tan pou l te di l li antre nan yon dosye li pa konnen paske HAINET pat janm yon konpayi telefoni mobil, se sèvis entènèt li vann. Biznismann nan pwomèt si l eli senatè pou l prezante devan palman an yon seri pwopozisyon lwa sou mikwokredi kap fasilite jèn yo jwenn lajan prete a bon to enterè pou yo fè biznis.

Bilten vòt eleksyon 9 oktòb yo deja antre nan peyi a vandredi swa, anwetan bilten depatman lwès ak sid yo ki ap rive an prensip 22 septanm, selon pòtpawòl KEP a, Nicole Siméon. Lo materyèl sansib sa yo konsène alafwa bilten vòt yo, kat mandatè yo ak kit pou fòmasyon manm biwo vòt yo.

KEP a nan tèt kole ak lapolis kontinye ap diskite sou sekirite pwochèn eleksyon yo, selon madam Siméon. Li envite sitwayen yo kòmanse verifye nan ki biwo vòt yap vote sou sit entènèt KEP a, www.cephaiti.ht ann atandan yo mete sant dapèl la an plas.


Yon gwoup anplwaye AGRITRANS ak moun ki tap fè staj nan konpayi sa a, kandida alaprezidans PHTK a, Jovenel Moïse, te mete sou pye nan nòdès gras ak plizyè milyonn dola leta ayisyen te prete l, denonse desizyon antrepriz la pran pou l revoke yo, san l pa peye yo. Moun sa yo ki fè konnen se paske responsab yo ta jwenn bèt nan bannann AGRITRANS pwodui yo, ki dwe al vann nan peyi etranje, ki fè yo pran desizyon sa a, te rann yo semèn sa a nan biwo rejyonal nòdès ministè afè sosyal ak travay, nan Fò Libète kote yo pote plent.
Pwotestatè yo, ki presize yo tap touche 200 goud pa jou, soulinye yo pap aksepte mezi ilegal AGRITRANS la ki ta frape yon premye gwoup 115 anplwaye ak yon dezyèm ki gen ladan l 180.

Responsab konsilyasyon nan biwo travay la, Kechnel Sénat, ki te resevwa delegasyon an, deklare yo panche sou plent yo sou baz dispozisyon atik 32.2 kòd travay la ki prevwa yon antrepriz paka lage anplwaye l pandan plis pase yon mwa sou beton an, san l pa peye yo. AGRITRANS te ekri afè sosyal pou l te avèti li voye ant 70 al pou 80 moun ale akòz yon epidemi tonbe sou jaden bannann yo, men fòk gen mezi ki pran pou moun yo revoke yo touche prestasyon legal yo.