> Kreyòl > Michaëlle Jean : Diskou nan okazyon chita koze pou jounen entènasyonal (...)

Ayiti-Tranblemanntè-Kanada

Michaëlle Jean : Diskou nan okazyon chita koze pou jounen entènasyonal fanm

Gouvènè jeneral Kanada a pale ak kè fanm Dayiti li devan chay kalamite li konstate nan peyi a, nan okazyon yon vizit ofisyèl 2 jou

Publié le mardi 9 mars 2010

Ayiti, lendi ki 8 mas 2010

Fanm ayisyèn, sèm yo, ane sa a jounen entènasyonal fanm nan touche m yon fason spesyal paske mwen twouve m bò kote nou nan moman ke n ap fè anpil efò apre kòkenn chenn katastwòf sa a pou nou leve kanpe epi rebati peyi nou.

Mwen vle mele vwa pa m avèk vwa tout Ayisyèn, tout Ayisyen ki nan lapenn. Avek nou tout kap krye pou fanm vanyan ki te angaje nan batay pou defann dwa fanm. Genyen nan medam sa yo ki te gen bon jan rapò avèk peyi Canada. Genyen nan medam sa yo ki te bon zanmi m. Mwen te admire yo anpil.

Nan chemen pou tout moun egal ego a, ki pa fasil, ki chaje ak difikilte, fanm vanyan sa yo te trase wout pou lòt fanm jounen jodya a ak pou lòt jenerasyon fanm. Nou wete chapo devan yo, nou salye memwa yo. E tout sa nou kapab fè se kontinye Koken chenn travay yo tap fè a. Fò n fè sa pou yo. Pou tout sa ki rete, kap batay, kap espere toujou.

Nou konnen peyi a anba gwo soufrans akòz tranbman d tè a ak la mizè ki te deja ap ravaje l menm anvan katastwòf la. E se gwoup ki pi fèb yo, sa vle di fanm ak timoun, ki peye konsekans lan.

Nan sitiasyon kriz ak destabilizasyon sa yo se toujou fanm yo ki poto mitan.

Fanm Ayisyèn le mond antye konnen nou se poto mitan.

Se fanm yo ki pou degaje yo pou jwen dlo ak manje pandan yap pran swen timoun ak tout lòt moun ki rete vivan yo.

Fanm Ayisyèn le mond antye konnen jan nap redi.

Se fanm yo toujou k ap sibi tout kalite vyolans ak abu, menm vyolans seksyèl.

Nap mande respè mezanmi : respekte diyite fanm.

Se fanm yo tou ki mobilize tout fòs nan kominote yo, ki òganize tout sa yo kapab jwenn kòm resous. Jan yo abitye fèl la.

Eske se pa ban nou menm medam ke Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM) remèt responsablite distribye èd imanitè a ? Paske yo konnen se nou menm ki kapab fè sa kòm sa dwa.

Fanm aysyèn yo pote peyi a sou tèt yo e yo pote avni l nan zantray yo.

Nou konnen pap ka gen rekonstriksyon valab san patisipasyon fanm yo. Si yo pa la dan l nap echwe.

Mwen fyè deske mwen se pitit zantray fanm dayiti sa yo, fanm ki gen anpil kouraj e ki pa pè fonse.

Fanm sa yo, tankou manman m ak gran n mwen, ki toujou gen fòs pou jwenn bout lavi a.

Fanm sa yo ki fè anpil sakrifis pou pitit yo gen yon pi bèl la vi, yon kalite lavi ke yo menm yo pat konnen.

Ki sa m aprann de yo menm ? Ke chak eprèv ou viv se yon okazyon pou w retounen nan sa ki esansyèl, pou w aprann de eprèv sa a, e pou w gen plis rezistans pou rekòmanse viv.

Ayiti, Fanm Dayiti, pitit fi ak pitit gason peyi Dayiti, konnen nou pa pou kont nou.

Ansanm, nou krye pou mò nou yo.

Ansanm, nou eseye soulaje sa ki vivan yo.

Ansanm, na p rebati.

Fòk lavi triyonfe an Ayiti !

E se tout pèp ayisyen ki responsab avni peyi a.

E nou menm fanm yo, se pou nou toujou rete poto mitan kap sèvi baz pou yon nouvèl konstriksyon, tankou sa te toujou ye : nan kenbe efò nou, ak fòs konviksyon nou, espwa nou ki rete djanm malgre sekous yo.

Espwa nou ki rete djanm malgre sekous yo…

Mwen konte sou nou.

Mwen kontan la avek nou.

Medam, gen jounalis peyi etranje ki la a, nap pèmet mwen di yo de ti mo en fransè ak anglè…

Sous : delegasyon Gouvènè jeneral Kanada a