> Kreyòl > POZISYON MPNKP APRE 12 JANVYE 2010

POZISYON MPNKP APRE 12 JANVYE 2010

Publié le dimanche 14 mars 2010

Papay, 9 Mas 2010

Komite Kowòdinasyon MPNKP, nan yon reyinyon ekstraòdinè nou fè ant 25 ak 28 Fevriye pou gade sitiyasyon peyi a apre 12 janvye a, fè soti pozisyon sa :
LONNÈ RESPÈ.
1 – Trajedi 12 janvye a se pi gwo katastròf ki frape peyi a nan tout istwa li. Se tout peyi a ki frape fò paske plis pase 95% fanmiy nan peyi a gen fanmiy kap viv nan repiblik Pòtoprens ki mouri ou blese, kay yo kraze ou donmaje. Peyi a frape jis nan zo, li frape nan nanm li. MPNKP prezante kondoleyans li bay tout fanmiy viktim yo. Nou bese chapo nou byen ba devan tout pitit pèp la ki peri nan tranbleman tè sa ki devaste Pòtoprens, Leogan ak yon bon pati nan depatman Lwès ak Sidès.
2 – Plis pase 300 000 moun mouri, plis pase 300 000 blese, 1 200 000 moun kap dòmi nan lari anba grangou, anba swaf, anba lapli ; 1 000 000 moun ki kouri kite Pòtoprens ale nan vil pwovens yo ak seksyon kominal, se yon bilan ki lou anpil. Se yon bilan ki mete tout bagay an kesyon, yon bilan ki mande yon chanjman radikal nan tout bagay nan peyi sa. Bilan sa mande KONSTRIKSYON YON LÒT AYITI, yon sèl Ayiti, pou tout Ayisyen.
3 – MPNKP di ayibobo pou solidarite ki blayi nan mitan popilasyon ayisyen an nan fason yonn ap ede lòt apre tranbleman tè a. Chapo ba pou fanmiy peyizan yo ki akeyi anpil moun lakay yo, pataje sa yo genyen ak yo menm lè yo pa rekonèt yo, menm lè yo pa konnen kote yo soti. Se solidarite sa ki dwe tounen sèvi baz nouvo Ayiti nou dwe konstri a. Fòk nou bati yon Ayiti kote solidarite ak fratènite blayi san limit.
4 – MPNKP di ayibobo pou gwo solidarite anpil pèp, anpil peyi sou tout latè manifeste ak popilasyon peyi a nan malè ki frape li. Nou di tout òganizasyon entènasyonal, tout senp sitwayen nan tout peyi sou tè a ki pote sekou bay popilasyon ayisyen an apre 12 janvye. Sa se siy nou kapab konstri yon lòt mòd sosyete ki chita sou solidarite sou tout fas tè a.
5-SA MPNKP KONSTATE NAN PEYI A AN JENERAL :
- Gouvènman Preval la ki te deja pa tap regle anyen pou mas popilè yo, espesyalman pou mas peyizan yo mouri nèt 12 Janvye 2010 la. Tout popilasyon an, tout etranje kap obsève, konstate Gouvènman an disparèt nan tranbleman tè a. Prezidan Preval ak gouvènman an li a, abandone popilasyon an pou li naje pou soti jan Prezidan peyi a toujou di sa. Peyi a tounen yon bato san gouvènay.
-  Anpil òganis koperasyon entènasyonal, anpil ONG, anpil gwoup medsen kouri vin sekouri viktim yo, yo pa jwenn okenn gouvènman pou oryante yo. Yo chak okipe yon ti kwen nan kapital la san okenn kòdinasyon.
-  Pandan gouvènman an kite tout moun nan lari a, pandan tout moun konnen li te fini, kadav gouvènman an ak majorite restavèk li a nan chanm depite a kontinye monte konplo sou do peyi a pou yo kenbe pouvwa. Doulè pèp la, soufrans li, se pa zafè gouvènman an, se pa zafè majorite palmantè dezespwa yo. Se yon eskandal lawont lè Palmantè dezespwa inikite yo ap pale pou yo rete 2 zan anplis nan pouvwa a sou kadav yo alòske manda yo fini depi dezyèm Lendi Janvye 2010.
-  Plis pase 45 jou apre tranbleman tè a, gouvènman an pa gen okenn plan pou wete plis pase yon milyon moun kap dòmi leve nan lari Pòtoprens anba solèy ak lapli. Sitiyasyon moun sa yo pral pi grav lè gwo lapli kòmanse tonbe.
-  Plis pase 45 jou apre, gouvènman an pa gen okenn plan pou ramase debri yo ki plen kadav anba yo nan vil ki kraze yo.
-  Plis pase 45 jou apre, gouvènman an pa gen okenn plan sou jan èd imanitè a dwe distribye pou tout moun jwenn epi pou respekte diyite moun.
-  Plis pase 45 jou apre gouvènman an pa konnen ki sa milyon moun ki blije kouri kite kapital la pou ale nan vil pwovens yo ak nan seksyon kominal yo manje, kote yo dòmi, ki rad yo mete sou yo , kote yo jwenn swen sante, kote pitit yo pral lekòl.
-  Plis pase 45 jou apre, gouvènman an pa gen okenn pwogram enfòmasyon ak edikasyon pou popilasyon an sou tranbleman tè. Tout moun di sa yo pito pou kontinye bay popilasyon an kè sote. Anpil reskonsab legliz mete sa sou do Bondye. Sa grav anpil.
-  Sezon lapli a rive, Prezidan Preval ap pale pawòl pwodiksyon manje, jan li te toujou konn di sa. Men, li pa fè anyen pou peyizan nan Lwès, nan Sidès, nan Nòdwès ki déjà andedan sezon plantasyon an jwenn semans pou yo plante. Sezon an ap kòmanse nan lòt depatman yo nan mwa avril. Se menm demagoji a kap kontinye pi rèd.
-  Plis pase 45 jou apre, tout èd imanitè tout peyi sou latè voye pou viktim yo konsantre nan Repiblik Pòtoprens. Tout gwo ONG entènasyonal yo ki ramase anpil lajan nan non viktim yo konsantre nan Pòtoprens. Yo tout ap repwodwi menm Repiblik Pòtoprens ki te la anvan 12 janvye 2010. Yo pa konprann fòk bagay yo chanje.
-  Plis pase 45 jou apre pa gen okenn eksplikasyon klè sou prezans militè ameriken yo ki okipe tèritwa nasyonal la. Pèsonn pa konnen ki kondisyon Preval pase ak gouvènman meriken an. Gen manipilasyon kap fèt pou fè moun ti sèvèl rele viv okipasyon ameriken.
-  Nou santi gen gwo konplo kap mare sou do peyi a ak gwo peyi enperyalis yo pou fè Ayiti vin pi restavèk, pou tout resous peyi a tonbe anba men peyi aloufa.
-  Gen anpil plan ekonomik, politik kap monte andedan tankou deyò peyi a sou do pèp la san pèp la.
-  Kòripsyon, magouy, vòl,patipri, konplo kont peyi a ak pèp la kontinye pi rèd nan Leta piyajè a nan tout nivo. Anpil moun ki gen pouvwa ap kontinye fè milyon sou milyon sou 300 mil a 500 mil kadav yo, yap kontinye vin pi rich sou dekonb vil Pòtoprens ak tout lòt yo ki kraze.

6 – SA MPNKP KONSTATE NAN VIL PWOVENS YO AK SEKSYON KOMINAL YO.
-  Popilasyon seksyon kominal yo ogmante ant 25 ak 30% toupatou nan peyi a. Yon vil tankou Ench genyen yon ogmantasyon 40% moun kap viv ladan. Nan resansman nou fè nan kèk seksyon kominal, nou jwenn yon ogmantasyon 110% moun nan fanmiy ki resevwa viktim tranbleman tè a.
-  Ekzòd la chanje direksyon. Se ekzòd iben ki gen nan peyi a jodya. Sa mete yon gwo presyon sou ekonomi peyizan yo ki te deja an degraba.
-  Fanmiy peyizan yo blije bay viktim yo manje tout ti rezèv grenn yo te gen nan kalbas yo. Yo blije vann ti bèt yo pou bay èd, yo depanse lajan mikwo kredi yo tap lave bwè dlo pou okipe viktim yo. Tout moun konnen jan fanmiy peyizan yo gen ospitalite lakay yo, jan yo renmen pataje sa yo genyen ak konpanyen.
-  Anpil koperativ epay ak kredi ( kès popilè) sispann bay kredi paske yo konnen lajan an pral antre nan achte manje, achte rad pou viktim tranbleman tè a.
-  Kondisyon ijyèn tounen yon katastròf paske moun ki vini yo pa jwenn ase latrin pou fè bezwen yo. Yo pa jwenn dlo potab. Gen kote yo pa jwenn dlo ditou.
-  Gen yon gwo grangou ki te deja ap devore moun nan majorite depatman nan peyi a tankou Nòdwès, Latibonit, Plato Santral ( Sant), Nòdès ak anpil lòt kote. Nou pwofite demanti koze kap pale sou ogmantasyon pwodiksyon manje nan peyi a. Nou denonse CNSA kap jwe jwèt gouvènman an pou jistifye pakèt milyon petwo karibe ki te sanse envesti nan agrikilti. Okontrè pwodiksyon manje bese nan majorite rejyon nan peyi a ki te anba sechrès tout ane 2009 la. Lè yo pa te anba sechrès, yo te anba inondasyon. Nou denonse tout kanpay kit a vle kwè pwodiksyon manje te monte nan peyi a.
-  Inondasyon deja ap fè ravaj. Siklòn pral fè ravaj paske pa janm gen volante politik pou sove anviwònman peyi a. Lè se pa lesèk se inondasyon ak siklòn.
-  Vòlè anvayi tout vil pwovens ak seksyon kominal yo kote ni jaden ni ti bèt pa rete. Moun pa kapab mache lannwit sitou fanm yo.
-  Anpil elèv lekòl ak etidyan yo anvayi vil pwovens ak seksyon kominal yo. Pa gen lekòl pou yo ale, pa gen plas nan lekòl ki ekziste yo. Majorite nan lekòl yo se lekòl bòlèt ki pa gen menm nivo ak lekòl ti moun yo te ye nan Pòtoprens. Kanta etidyan ki soti nan Inivèsite yo pa gen okenn chans pou yo paske se nan repiblik pòtoprens ou kapab jwenn chans fè etid siperyè ak teknik.
7 – KI SA MPNKP MANDE DEVAN SITIYASYON KATASTROFIK PEYI A APRE 12 JANVYE ?
MPNKP ap mande tout sektè nan Lavi nasyonal la pou makònen fòs yo pou ekzije :
-  Antèman Leta piyajè a, Leta sankoutcha, Leta manfouben, Leta pinèz la ki fayi depi plis pase 200 lannen nan sèvis li dwe peyi a. Bati yon Leta nan sèvis yon nasyon nou dwe konstri.
-  Bati yon sèl Ayiti pou tout ayisyen. Nou pa vle rekonstriksyon Repiblik Pòtoprens lan. Nou vle konstri yon Ayiti kote peyi andeyò a fini. Peyizan dwe andedan peyi a. Dwe gen yon sèl Ayiti, yon Ayiti kote tout moun kapab viv tankou moun. Yon Ayiti ak yon sèl lekòl, yon lekòl ki chita sou reyalite ak kilti peyi a. Yon Ayiti kote tout fòm eksplwatasyon ak dominasyon kaba, yon Ayiti kote solidarite blayi nèt ale.
-  Bati yon Ayiti kote tout moun gen menm chans, menm dwa nan sosyete a. Sa mande yon dekonsantrasyon ak yon desantralizasyon total kapital.
-  Yon plan amenajman tèritwa. Se gwo deba nan tout sektè nan lavi nasyonal la ki dwe patisipe nan fè plan ki Ayiti nou vle. Nou pa dwe aksepte okenn pwojè etranje vle parachite.
-  Konstriksyon yon lòt Pòtoprens ki respekte volonte majorite popilasyon an.
-  Reflechi sou ki kote kapital politik peyi a dwe bati. Se volonte Ayisyen yo ki dwe respekte. Vwa pèp la se vwa Bondye.
-  Yon pwogram nasyonal distribisyon zouti ak semans pwa, mayi, pistach, legim, nan mwa mas, avril ak me nan tout peyi a pou pwodwi manje natif natal paske manje sinistre pap kapab rezoud pwoblèm grangou a nan peyi a. Okontrè, se yon danje li ye pou pwodiksyon agrikòl nasyonal la.
-  Distribisyon manje sinistre a dwe kòmanse diminye apre 3 premye mwa tranbleman tè a pou fè plas a pwodiksyon manje natif natal ki dwe demare nan mwa mas la.
-  Kreye travay nan tout kwen ak rankwen peyi a nan konsèvasyon sòl ak rebwazman, nan konstriksyon sistèm irigasyon, nan fè wout agrikòl, nan fè sistèm dlo potab.
-  Mete kanpe ak òganizasyon peyizan yo rekòmandasyon ki te soti nan kongrè 35yèm anivèsè MPP a ki te mande pou mete kanpe yon pepinyè 100 mil pye bwa fwitye ak forestye nan chak seksyon kominal. Konsa, chak ane nou ta kapab plante 56.5 milyon pye bwa pou sove peyi a.
-  Yon refòm agrè entegral pou pèmèt Ayiti vin souvren nan zafè manje. Nou pa vle agrikilti endistriyèl ak semans endistriyèl. Nou pa vle pwodiksyon agwo kabiran sou tè peyi Dayiti.
-  Yon konsansis ak majorite sektè peyi a pou monte yon gouvènman kriz. Gouvènman sa dwe yon gouvènman redwi ak kèk ministè ki pa te janm ekziste tankou amenajman tèritwa. Yo kapab mare agrikilti ak anviwònman, mete moun ki gen kapasite travay ak sektè peyizan an. Gouvènman sa dwe travay anba kontwòl moso Sena a ak yon Konsèy Deta ki jwenn akò majorite sektè nan lavi nasyonal la. Yon konsèy teknik wo nivo kapab la pou bay direktiv nan sa ki dwe fèt nan konstriksyon peyi a.
-  Bare tout lwa ijans ki vize bay Preval pouvwa fè sa li vle ak lajan peyi a, ak lajan prete tankou lajan petwo Karibe. Palman an pa dwe vote okenn lwa ki bay Preval plen pouvwa.
-  Chanm depite kap fonksyone andeyò konstriksyon an dwe rache manyòk li san okenn fòm pwosè, san bri san kont dezyèm lendi mwa me a pou pi ta.
-  Prezidan Preval dwe pati kite pouvwa a 7 fevriye 2011 pou pi ta. Si li nan tèt rèd, li dwe pati pi vit posib.
-  Bliye zafè eleksyon nan ane 2010 la anwo kadav popilasyon an ki toujou anba debri, anba sitiyasyon pèdi tout dokiman idantite yo, anba dlo nan lari, anba grangou ak deplasman plis pase yon milyon moun ki ale nan tout peyi a ki poko konnen kote yo gad.
-  Èd kominote entènasyonal la dwe ale nan tout peyi a, li dwe pase pa òganizasyon ki gen moral politik, òganizasyon ki pap sèvi ak èd la pou regle zafè politik yo sou kadav pèp la.
-  Tout òganizasyon peyizan ak popilè yo dwe fè Inite nan divèsite pou, tout òganizasyon nan sosyete sivil, tout enstitisyon ki pa dakò ak mòd Ayiti sa dwe jwenn yon antant minimal pou nou pran wout konstriksyon lòt Ayiti a ansanm.
VIV KONSTRIKSYON YON LÒT AYITI, YON SÈL AYITI POU TOUT AYISYEN.
ÒGANIZASYON OU LANMÒ
Pou MPNKP :
Pou Komite Kòdinasyon Nasyonal MPNKP :
-  Rose Edith Raymonvil, kòdonatris nasyonal ( moun Nòdwès)

-  Dalinstry Pierre, sekretè ( moun Grandans)

-  Verdain Policard ,Trezorye ( moun Sid)

-  Chavannes Jean-Baptiste, Pòt pawòl nasyonal ( moun Plato santral)

-  Pierre Festile Doudou, pòt pawòl nasyonal adjwen ( moun Nò)

-  Philfrant St-Naré, manb ( Plato Santral)

-  Batuel Bertrand, manb ( Nò)

-  Nuclasse Désir, manb ( Nòdwès)

-  Jean Volcy Louis Charles, manb (Lwès)

-  Alexis Seserve, manb ( Grandans)

-  Taleus Christophe, manb ( Nò)

-  Eliady Derilus, manb ( Latibonit)

-  Oblin Janvier, manb (Sidès)

-  Jordonne Wilfris, manb (Latibonit)

-  Mocelyn Saintilmon, manb ( Plato Santral)

-  Alta Prophète, manb (Nòdès)

-  Dorelus Pierre Louis, manb ( Plato santral)

-  Milostène Castain manb (Nòdès)