> Kreyòl > Entelektyèl, ekriven, pwofesè inivèsite ak pwofesyonèl denonse chimen gwo (...)

Ayiti-Gouvènans-Kriz

Entelektyèl, ekriven, pwofesè inivèsite ak pwofesyonèl denonse chimen gwo ponyèt pouvwa Préval la vle pran

Ak yon trantèn siyati anba yon petisyon, yo anonse tout mannèv pou mete Jude Célestin ak lòt kandida pouvwa a nan bon pozisyon nan rezilta eleksyon 28 novanm yo ap pwovoke leve kanpe nan mitan popilasyon an

Publié le jeudi 30 décembre 2010

Petisyon

Nou denonse ak tout fòs nou devan pèp Ayisyen epitou devan lemonn antye, tout move zak kont lavi, abi kont dwa e tout move kou ki ap fèt anba je pouvwa a pou yo fòse pèp la vale kandida li pa chwazi.

Lan peyi d Ayiti lajistis la gen fòskote ; sanble li pa jennen mete li san retni bò kote pouvwa a. Nan pwovens gen anpil ka pèsekisyon manm pati politik ki kole ak pouvwa sou manm lòt pati ki pa dakò avè yo.
Zafè Patrice Dumont an, lè ou wete kote rizib li, bay prèv pasialite yon aparèy jistis ki depi lontan pa gen anpil prestij devan nasyon an. Kit se eksè d zèl, kit se yon lòd ki sot anwo, tout obsèvate byen konprann se manèv yon pouvwa politik ki vle pran tout pou li.

1)Anpil Ayisyen te refize rekonèt KEP sa a kapab fè eleksyon onèt. Malerèzman Kominote entènasyonal la, sitou OEA, san respè pou sitwayen Ayisyen, pat tande,li pat wè, se eleksyon li te vle kanmenm.Yo rantre san reflechi nan eleksyon pikedevan ; se sa ki bann eskandal 28 novanm 2010 lan. Menm jan ak gouvènman an, yo reskonsab nofraj sa a.

Pa bliye, menm si yo pat gen konfyans nan egzèsis la, anpil kandida ak elektè te deside ale nan eleksyon.Yo twonpe bòn fwa yo.Vòt la pa rive konplete ; pi rèd ankò, jou sa a pifò bilten te gaye e nan anpil biwo tout kote nan peyi a yo te boule yo.

2)Tout manèv teknik ou tout kòt maltaye promotè ak òganizatè maskarad eleksyon sa a, ta soti pou yo fè pou voye kandida pouvwa a nan eleksyon prezidansyèl la ak ansanm kandida platform o a nan dezyèm tou, ap blije aparèy leta a fè represyon kap jwenn repons li nan rezistans popilasyon an. Si pouvwa a, ak asosye li yo, pèsiste ale nan chimen sa a, tout sitwayen yo ap pral sou menm pozisyon ak pifò elektè nan sosyete a ansanm ak majorite fòmasyon politik ak sektè òganize ann sosyete a ki deja pa vle rekonèt eleksyon 28 novanm ki sot pase a. Tout pèp la ap fini pa mande tou kareman anilasyon eleksyon 28 novanm 2010 la.

Yon lot bò, nan anpil kwen nan peyi a bon kou moun san reflechi domine pa sa yo kwè nan zafè mistik ak fetich atake moun ki inosan sitou vodouyizan ; lan tèt yo, yo kwè se bòkò ki vini ak maladi kolera e kap simen li tout kote nan peyi a. Move zak sa yo fèt anba je yon leta ki pa pote sekou bay viktim yo.

Nou egzije gouvènman an deplòtonnen lajistis ak lapolis kòm fòs piblik kont asasen viktim yo. Nou pa gen dwa tolere mechanste ak krim sou do ignorans.

San nou pa lonje dwèt sou sitwayen okenn peyi ki tankou ayisyen viktim tout kalite vye prejije nan mond nan, nou denonse lese ale gouvènman an ak tout MINUSTAH ki pa te fè tou sa ki nesesè pou kolera a pa te ni antre ni gaye nan peyi d’Ayiti.

Kant a MINUSTAH menm ki refize rekonèt reskonsabilite li e ki pa kenbe kont rezilta lasyans sou kesyon an, li reskonsab tout panik nan lespri moun ki vle jwenn kòz kolera a lòt kote.

Gouvènman ak alye li yo fèt pou reprann bon sans yo, yo dwe dyaloge ak tout sektè nan peyi a, respekte chwa nou pou yo tande sa nap di si yo pa vle twouble plis ankò lapè sosyal ki deja si fragil nan peyi Dayiti.

Pòtoprens, 25 desanm 2010

Dr. Jean André
Bonel Auguste
Jean-Claude Bajeux
Jean Hénold Buteau
Pierre Buteau
John Pycard Byron
Christophe Philippe Charles
Louis Philippe Dalembert
Molière Estinvil
Laennec Hurbon
Ronald Jean-Jacques
Hugues Joseph
Gary Klang
Josaphat Robert Large
Nicole Lebrun
Jean Lhérisson
Kettly Mars
Franklin Midi
Nadève Ménard
Jean Euphèle Milcé
Mireille Nicolas
Lochard Noel
Mackenzy Orcell
Leslie Péan
Joseph E. Philippe
Claude C. Pierre
Marie Rolande Pierre
Savanna Savary
Eddy Simon
Wooly Saint-Louis Jean
Luc Smarth
Evelyne Trouillot
Lyonel trouillot
Gary Victor