> Kreyòl > Yon gwoup òganizasyon sosyal mande palmantè yo pa vote amannman konstitisyon (...)

Ayiti-Palman-Konstitisyon

Yon gwoup òganizasyon sosyal mande palmantè yo pa vote amannman konstitisyon an

Yo kwè vitès mache prese pou fè chanjman bouyi vide nan manman lwa peyi a kache yon pwojè politik malouk otorite yo ap eseye fè pase e ki ap plonje peyi a pi plis nan tchouboum

Publié le vendredi 6 mai 2011

Lèt tou louvri pou Mesyedam Depite ak Senatè nan 49èm Lejislati a

Onorab Mesyedam Depite ak Senatè,

Nou menm, òganizasyon ki siyen lèt sa a, nou gen gwo tèt chaje devan sitiyasyon latwoublay ki pandye sou tèt peyi a akoz gwo manèv k ap fèt nan moman sa yo pou chanje kèk pati nan Konstitisyon 29 mas 1987 la san okenn konsiltasyon ak sitwayen/sitwayèn yo. Nou denonse ak tout fòs nou pretèks ki fè kwè se pou entegre dyaspora a nan lavi politik peyi a ki fè gen mache prese sa yo nan demach amandman Konstitisyon an. Otorite yo sèvi ak pawol sa tankou yon dra pou kache yon bann chanjman yo vle fè alavavit nan enterè ki lwen enterè peyi a.

Doub nasyonalite pou Ayisyen/Ayisyèn ki nan dyaspora a kapab patisipe nan lavi politik peyi a, se yon revandikasyon nou menm oganizasyon yo, nou lanse refleksyon sou sa depi kèk lane. (Egzanp : liv "Double nationalité, pour ou contre ?").

Men tou, demach amandman alavavit sa a, p ap mennen nou nan chimen tèt ansanm, ni respè manman lwa peyi a nou pa dwe janm sispann chache kòm nasyon. Okontrè sa ka kreye plis twoublay nan mitan pitit peyi a, alòske nou nan yon moman kote plis pase anvan, nou bezwen tèt kole ak solidarite ki pi djanm antre nou.

Desizyon pou pase men nan manman lwa peyi a, se yon desizyon ki konsènen tout Ayisyen/Ayisyèn kèlkeswa kote l ye sou latè. N ap fè sonje, demach amandman sa yo fèt san okenn brase lide ak popilasyon an. Kidonk, otorite yo voye jete yon prensip ki tabli alapapòt Konstitisyon 1987 la ki egzije « patisipasyon tout popilasyon an nan gran desizyon ki angaje lavi nasyon an ».

Onorab Mesyedam Depite ak Senatè, nou rete kwè Konstitisyon 1987 la gen anpil bagay ki ta merite chanje pou divès rezon. Men, jan rejim Preval/INITE a ap mache prese pou fè chanjman sa yo pa kadre ak chimen ki trase nan Konstitisyon an pou sa sou baz atik 282 pou rive atik 284. Yon desizyon konsa ka lage peyi a nan yon pi gwo katyouboumbe, kote enstabilite ak sitiyasyon restavèk la kapab ranfòse.

Nan sans sa, nou menm òganizasyon ki siyen lèt sa a, nou mande nou Onorab Mesyedam Depite ak Senatè yo, pou nou :

1. Kanpe sou demach amandman Konstitisyon 1987 la annatandan kondisyon yo reyini pou sa ;

2. Tabli yon nouvo kalandriye travay pou lanse yon deba nasyonal sou Konstitisyon 1987 la kote tout sektè, tout Ayisyen/Ayisyèn anndan kou deyò peyi a kapab bay dizon yo sou chanjman ki dwe fèt nan manman lwa peyi a, kote tout pitit peyi a va santi yo alèz nan demach la sou baz prensip patispasyon ki anndan konstitisyon an.

Onorab Mesyedam Depite ak Senatè, jounen jodi a, nou gen yon devwa istorik devan Nasyon an ak devan lemond antye. Aksyon n ap poze nan palman an jodi a, ka mete peyi Dayiti sou chimen devlopman menmjan an tou li ka mete l nan yon chimen latwoublay.

Pandan nou rete kwè n ap pran responsablite nou nan pa vote amandman sa yo, kidonk, n ap plase enterè pèyi a anvan tout lòt enterè, nou mande nou resevwa, Onorab Mesyedam Depite ak Senatè, salitasyon patriyotik nou.

Òganizasyon ki voye lèt la :

1. Platfòm Oganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH)

2. Gwoup k ap Apiye Rapatriye ak Refijye (GARR)

3. Platfòm Ayiyen K ap Plede pou yon lòt Devlopman (PAPDA)

4. Komisyon Episkopal Nasyonal Jistis ak Lapè (JILAP)

5. Fondasyon Zanmi Timoun

6. Union Nationale des Normaliens Haïtiens (UNNOH)

7. Chandèl (Òganizasyon popilè pou edikasyon popilè)

8. Fòs Refleksyon Ak Aksyon sou Koze Kay (FRAKKA)

Pou otantifikasyon :

Antonal Mortimé, Sekretè Egzekitif POHDH

Serge Lamothe, Prezidan Konsèy Administrasyon GARR