> Kreyòl > Pozisyon pati AKAO sou kadejak Pò Sali a

Ayiti-Nasyonzini-Reyaksyon

Pozisyon pati AKAO sou kadejak Pò Sali a

Nouvèl fòmasyon politik sa a mande jistis pou viktim nan ak pou "fòs okipasyon" Nasyonzini an kite peyi a

Publié le lundi 12 septembre 2011

Nòt Pou laprès

Mouvman Sosyalis AKAO aprann avèk anpil tristès zak kadejak militè irigweyen yo fè sou yon jèn konpatriyòt nou, nan vil « Port Salut » jou ki 28 jiyè 2011. Krim sa a komèt pandan klima sekirite ap deteryore chak jou pi plis nan peyi a. Sa pèmèt nou konprann se pa nan men MINISTA sekirite nou ye. Dram sa’a se pi gwo ekspresyon sitiyasyon lawont nap viv kòm pèp. Yon krim ki komèt sou yon sitwayen ayisyen sou teritwa ayisyen ki pa menm kapab jije andedan peyi’a.

Pati AKAO kwè twòp se twòp. Sòti 18 fevrye 2005, pou rive 12 me 2011, òganizasyon dwa moun yo jwenn plis pase 10 gwo violasyon dwa moun solda MINISTA fè sou sitwayen ayisyen ; zak ki fèt sou ti moun 14 lane rive sou ti gran mounn, zak tankou maspinay rive sou ansasinay tankou sa kite fèt sou Gérald JEAN GILLES yo te jwenn pann andedan baz solda MINISTA ke solda nepalè te touye nan dat 18 Aout 2010. Pi mal ankò MINISTA responsab epidemi kolera ki deja touye plis pase 5000 konpatriyòt nou. Men nasyonzini pa gen kouraj poul rekonèt sa. Mouvman Sosyalis AKAO proteste kont tout zak sa yo epi sou fason MINISTA mete pye-l sou diyite pèp ayisyen, pandan l pa gen okenn respè pou lwa Repiblik yo, ni pou prensip invèsèl dwa moun asanble kap dirije l te vote an 1948.

Krim sa-a fè nou wè a klè Misyon Nasyonzini an Ayiti bout. Apre deja 7 lane san gwo rezilta, pati AKAO pa kwè sitiyasyon Misyon Nasyonzini an Ayiti pa rapò ak Ayiti ka vinn pi bon. Relasyon li avèk kominote ayisyen an pap janm ka vinn pi bon nonplis. AKAO kwè moman an rive pou MINISTA ansanm avèk otorite leta yo tabli rapidman kondisyon pou Misyon an kite peyi-a, pou pèp ayisyen an pran responsabilite li, epi pou li konstwi pwòp rout li kòm pèp.

Pandan Pati AKAO ap prezante tout senpati li bay viktim nan bay manman li, rès fanmy li ak tout popilasyon « Port Salut » a, li ap lanse yon apèl bay tout otorite leta yo, ak tout ayisyen anjeneral pou yo mobilize epi pran tout dispozisyon pou krim sa a pa rete san chatiman. Se pou sa pati AKAO mande ofisyèlman Nasyonzini pou li rekonèt :
• Ayiti pa yon menas pou sekirite rejyon karayib ak Amerik la.
• Solda nasyonzini mete pèp Ayisyen nan yon sitiyasyon ensekirite.
• Pèp ayisyèn pa vle fòs okipasyon sou teritwa li, epi li vle devlope rapò fratènèl ak tout pèp sou latè depi yo rekonèt dwa grandèt ak otodetèminasyon li pou dirije tèt li.

VIV yon AYITI GRANMOUN

POU Pati AKAO : Junot FELIX, kodonatè.

10 septanm 2011