> Koneksyon > Inivèsite Leta an Ayiti ap mete l’ opa nan zafè teknoloji

Koneksyon ak Gotson Pierre ansanm ak Harold Isaac

Inivèsite Leta an Ayiti ap mete l’ opa nan zafè teknoloji

Yon gwo devlòpman nan batay kont maladi SIDA gras ak yon jwèt videyo

Publié le mercredi 28 septembre 2011

Petèt n ap asiste yon ti revolisyon teknolojik nan nivo Inivèsite Leta an Ayiti. Reskonsab inivèsite sa a ap pare pou inogire 30 septanm k ap vini la a yon veritab laboratwa enfòmatik.

Laboratwa sa a, ki tabli nan Fakilte Syans, okipe yon espas 100 m2 epi li gen 60 òdinatè ki konekte sou yon rezo grann vitès.

L ap pèmèt 15.000 etidyan Inivèsite leta a ansanm ak pwofesè epi chèchè yo rive konsilte plizyè milyon dokiman elektwonik. Ladan yo, gen yon bann liv, revi ak laprès ki sou Entènèt.

Dayè nou aprann Inivèsite Antilles/Guyane ak plis pase 20 pòtay sou Entènèt konekte gratis ak Laboratwa inivèsite a, ki fè tout baz done sa yo ouvè a gran lijyèn poumoun k ap frekante laboratwa a.

Kreyasyon laboratwa sa a, se rezilta yon patenarya ant Inivèsite Leta a ak Òganis ki rele « Bibliothèques Sans Frontières ».

Li reponn yon gwo bezwen ki gen nan milye inivèsitè a, piske nan tranbleman tè 12 janvye 2010 la, 9 nan 11 bibliyotèk ki te gen nan Inivèsite leta a te kraze.

……………..

N ap rete nan Inivèsite Leta a toujou, kote Asosyasyon Ameriken pou Avansman Lasyans ansanm ak Asosyasyon Ayisyen pou Avansman Lasyans ak Teknoloji prezante 19 septanm nan yon rapò sou pwogrè lasyans nan peyi d Ayiti.

Nan moman kote gen inisyativ k ap pran nan sans pou rekonstwi peyi a apre katastwòf ane pase a, fòk gen jefò tou pou devlope kapasite syantifik yo : se yonn nan prensipal eleman ki parèt nan rapò sa a.

Nan sans sa a, ansèyman syantifik la gen yon kokenn wòl pou l jwe nan chimen devlopman dira bak pi kondisyon lavi pou popilasyon ayisyen an.

Chèchè yo rekòmande pou gen yon politik nasyonal nan zafè Lasyans ak teknoloji. Yo mande tou pou gen envantè ki fèt sou resous syantifik ki egziste oubyen ki nesesè an Ayiti.

Fòk gen dispozisyon ki pran tou pou ankouraje inovasyon teknolojik ki pral gen konsekans pozitif sou lavi moun, paregzanp nan amelyore sèvis sante, pèmèt moun jwenn dlo potab, jere pi byen ris ak dezas yo, eksetera.

……….

Se jisteman nan domèn rechèch syantifik ak byennèt moun, ou gen kichòy pou nou, Harold

Gotson, yon veritab revolisyon fèt semèn sa-a, lè yon konbinezon crowsourcing ak rechèch siyantifik pote dè rezilta pèsonn pat espere.

Si yon moun pa konnen kisa ki crowdsourcing lan panse a Wikipedia, ki se yon bèl egzanp sa crowsourcing kapab bay. Yon ansiklopedi ki fèt ak kontribisyon chak moun.

Mo ki pi byen defini crowsourcing lan an Kreyòl se Konbit.

Eben imajine w’ Gotson ke semèn sa, yon konbit elektwonik pèmèt rezoud yon pwoblèm ki tap domine siyantifik yo pandan 10 an… nan 10 jou !

Sa ki pi bèl lan, sè ke solisyon ki sòti nan konbit sa, gen anpil chans pou li ede konbat maladi SIDA.

Mete sou sa siyantifik yo vle sèvi ak metòd konbit eletwonik sa pou rezoud lòt pwoblèm konpleks ke òdinatè pa kapab regle.

Kijan yo reyisi regle pwoblèm lan : men anpil chay pa lou. Yo mete pwoblèm lan nan yon jwèt videyo sou entènèt epi yo louvri baryè pou chak moun vinn eseye chache bon konbinezon molekil ki kapab bay yon pwoteyinn ki va konbat maladi-a.

Nan kòmansman siyantifik yo pat mete anvil espwa sou metòd sa, men lè yo vinn konfime rezilta yo, yo pat gen bouch pou yo pale.

Pou plis detay ale sou fold.it se fold.it

Pou Koneksyon sete Harold

Mèsi Harold

Achiv nasyonal an Ayiti ap etidye posiblite pou mete 3 milya dokiman enpòtan nan ane 1800 yo sou fòm elektwonik. Se direktè jeneral achiv nasyonal la, Wilfrid Bertrand ki anonse sa semèn sa a. Li pa di konbyen lajan sa ap koute.

Nou sonje Près Nasyonal d Ayiti trè avanse tou nan aktivite nimerizasyon jounal ofisyèl Monitè.

………
Jodi a mwen sonje Farah Menard, yon figi nan peyizaj odyovizyèl ayisyen an, ki disparèt trajikman nan 18 septanm nan yon aksidan machin sou wout nò. Mwen sonje peryòd nou te travay ansanm nan koumansman ane 80 yo nan Radio Port-au-Prince, kip a egziste ankò. Jis anvan nou prezante kwonik sa a, yon entèvansyon fèt sou paj Facebook Farah Menard pou esprime santiman apre disparisyon trajik sa a. Apre desè sa a aktivite ogmante san rete sou paj Facebook li. Si w vle kite yon ti mo, chèche Farah Menard sou Facebook.