> Koneksyon > Papa Apple ansanm ak yon latriye gadjèt modèn mouri

Apple - Steve Jobs

Papa Apple ansanm ak yon latriye gadjèt modèn mouri

Kronik lan te anrejistre yon jou anvan li te rann dènye souf li. Ochan pou Steve Jobs

Publié le mercredi 12 octobre 2011

Pou yon seri moun, se yon plezi pou feyte paj jounal chak maten pandan y ap pran yon bon tas kafe cho. Oubyen, premye jès yo fè kou yo fin chita nan biwo yo, se gade kisa k gen nan jounal.
Moun sa yo kab oblije pran lòt abitid nan tan k ap vini yo, piske, dapre Òganizasyon Mondyal k ap okipe zafè Pwopriyete Entèlektyèl (OMPI) jounal sou papye kapab al bwa chat nan pa plis pase 30 an.
O ! Gwo sezisman. Men tandans la la déjà. Yo pale sou kriz k ap travèse sektè jounal ekri yo ki wè benefis yo ap bese. Genyen ki blije envante yon kantite fòmil melanje pou yo kapab reziste. Jounal gratis, jounal ki mache ak CD, DVD, eksetera.
Pwoblèm nan, oubyen reyalite a, sèke nimerik anvayi anpil espas. Yon reflèks k ap pran pye se li jounal sou Entènèt. Ki fè, chak jou pi plis, premye jès moun, kote Entènèt disponib, se gade kisa k genyen sou rezo a.
Gen moun mwen konnen kip a koumanse jounen yo san yo pa fè yon pase je yo sou plizyè sit referans yo adopte.
Moun sa yo pran yon longè davans. Direktè jeneral OMPI a, Francis Gurry, prevwa nan kèk ane pap gen jounal enprime sou papye ankò. Nan Etazini, sa kab rive nan 6 an konsa.
Yon siy pou Gurry, sèke depi kounye a nan Etazini yo vann plis liv dijital pase liv papye epi li koumanse mwen fasil pou jwenn yon libreri sou wout ou.
Alòs, kisa k ap pase ak jounalis yo si jounal disparèt ? Men yon kesyon kle. Pwoblèm nan sèke malgre devlopman teknoloji epi rezo yo k ap laji san rete, rechèch yo poko pote bon jan rezilta sou jan pou finanse jounal nimerik yo. Sektè biznis la pa reponn kòmsadwa nan kesyon piblisite nan jounal nimerik.
Previzyon sa yo mache ak yon lòt kesyon se respè dwa d otè nan sa ki konsène travay jounalis. Lòt jou nou sonje ajans AFP ak EFE mete ansanm pou bare vòlè nouvèl. Men, malerezman tout konfrè ak konsè y opa dispoze mwayen pou veye moun k ap pwofite Entènèt pou benefisye travay yo san sye.
…………………
Nan kous inovasyon n ap asiste jodi a, nouvo pwodui pi etonan chak jou, Harold.

Gotson, gwo nouvèl semèn lan se lansman iPhone 4S lan ke tout fanatik kopayi an ansanm ak yon dividal moun a travè lemond tap tann.

Se vre anpil noun tap tann yon iPhone 5 men se 4S lan ki sòti a laplas. Anpil moun regret, men Apple pote kichòy kanmenm.

Nouvo aparèy lan pi gwo e pi rapid gras chip A5 lan ki sou li an. Men vrè revolisyon ki fè anpil moun pantan-an, se rekonesans vokal ki sou aparèy lan.

Se yon aspè enteresan, tankou Apple toujou abitye nou ak sa. Dayè se mak fabrik li. Apple pa envante anyen, li inove. Nou ka sonje lè li parèt ak iPod lan. Mache an te deja chaje ak mp3 player men li menm pran lide-a epi pote li pi lwen.

Se menm bagay ki riske rive ak rekonesans vokal la, kote pou la premyè fwa nan mond mobil lan, yon moun ka pale ak yon aparèy telefòn lan kòmsi ou tap pale ak yon kretyen vivan.

Konsa ou gendwa mande telefòn lan : Kilè l’ fè la ? Epi li menm lap reponn ou li fè sizè.

Osnon, ou gendwa mande li, ki wout poum fè pou mwen al kafou epi lap reponn ou kòm si se yon kretyen vivan ki ap pale avè w’.

Pou kounya-a, sistèm sa ki pral fè anpil pale anpil, ap disponib an Angle, an Franse ak an Alman 12 oktòb ki ap vinn la. Men atann ou ke li pral deplòtonnen anvan lontan nan tout lany.

Pou plis detay ale sou Apple.com se apple.com

Pou Koneksyon sete Harold

Mèsi Harold,
N espere déjà gen itilizatè ki koumanse mete kòmantè yo sou Entènèt. Nou konnen kounye a, se yon refleks : paf è chwa nous an nou pa gade evalyasyon itilizatè tèl aparèy mete sou Entènèt.
…………..
Ebyen pou nou rete nan telefòn toujou. Yon bonbadman ta ap menase Kiba. Yon bonbadman SMS. Yo rele sa yon “Cyber guerre SMS”. Gouvènman kiben an denonse yon plan gouvènman ameriken an ta genyen pou mete an plas yon system ki kab voye 24000 SMS chak semen bay yon milyon kiben ki gen telefòn pòtab nan men yo.
Nou imajine, si se vre, mesaj sa yo se pa pou di kiben yo “bonjou”.

Entèvansyon Espesyal Harold Isaac sou Lanmò Steve Jobs

Kronik Nòmal sou Disparisyon Papye Jounal