> Kreyòl > Kout rèl Rezo Jano Siksè fas ak ravaj kolera sou fwontyè a

Ayiti-Sante

Kout rèl Rezo Jano Siksè fas ak ravaj kolera sou fwontyè a

Yon lanne apre epidemi an te kòmanse frape peyi a akòz sòlda Nasyonzini yo te okabine nan yon rivyè Plato Santral, òganizasyon dwa moun nan mande leta ayisyen pou l chache sove popilasyon ki an danje nan tout zòn fwontyè Ayiti ak Sendomeng nan

Publié le jeudi 20 octobre 2011

Epidemi kolera nan zòn fwontyè a

Rezo Fwontalye Jano Siksè rele anmwe kont epidemi kolera a k ap fè ravaj sou fwontyè a

mercredi 19 octobre 2011

Mwa oktòb 2011 la fè egzakteman yon lane depi epidemi kolera a te koumanse frape Ayiti. Apre li fin koumanse nan zòn Mibalè toupre Flèv Latibonit la, li gaye kò l toupatou nan peyi a. Zòn fwontyè a, kote ki pa gen wout, pa gen mwayen kominikasyon, dlo potab eksetera, se youn nan zòn ki frape anpil pa epidemi sa a. Pou fè tande vwa yo e pou mande gouvènman an pran tout mezi ki nesesè pou konbat yon maladi k ap touye pèp la antife, plizyè Komite Dwa Moun ki fè pati Rezo Fwontalye Jano Siksè (RFJS) rankontre laprès,mèkredi 19 0ktòb 2011 lan, pou lanse yon SOS bay Otorite peyi Dayiti pou mande yo ede yo kwape epidemi kolera a ki deja detwi lavi plizyè santèn moun nan divès rejyon sou fwontyè a.

Men kèk chif ak enfòmasyon sou sa kolera ap fè nan yon seri zòn sou fwontyè a :

Bilan ravaj Kolera fè kèk kote sou fwontyè a

a) Bokbanik, Seksyon Kominal Tomasik

Soti mwa janvye pou rive septanm 2011, dapre chif Komite Dwa Moun yo ranmase, gen 333 moun (201 fanm ak 132 gason) ki pèdi lavi yo nan epidemi kolera a nan Bòkbanik sèlman, yon seksyon kominal Tomasik. Gen 1784 lèzòt ki enfekte. Bòkbanik ki gen anviwon 28 mil moun k ap viv ladann, pa gen CTC , pa gen dlo potab, se dlo rivyè popilasyon an sèvi pou yo bwè. Lè yon moun trape maladi kolera a, se jis nan Komin Sèkalasous pou yo mennen malad la al pran swen nan yon Sant tretman kolera ki nan yon distans anviwon 18 kilomèt. Sa ki gen mwayen, peye 1500 goud taksi moto pou transpòte yo nan Sant tretman kolera a akoz wout la ki an move zeta. Yon sitiyasyon ki lakoz plizyè malad zòn nan pèdi lavi yo lè yo trape epidemi kolera.

b) Batis, yon katye Komin Bèladè

Pou seksyon katye Batis ki nan Komin Bèladè, gen 121 moun ki deja mouri anba kolera, pami yo 75 fanm, 2 ti bebe ak 46 gason. Gen 1846 lezòt ki enfekte ak maladi a. Seksyon kominal sa a ki gen anviwon 30 mil abitan k ap viv ladan l, pa gen CTC pou trete kolera. Se nan Sant kominal la, sa vle di bouk Bèladè viktim yo oblije ale pran swen. Se sèl moun ki gen mwayen lajan ki suiv tretman nan yon sant sante prive ki nan Batis.

c) Seksyon ki nan Komin Laskawobas

Sitiyasyon an pa diferan pou Komin Laskawobas ki gen 65 mil abitan k ap viv ladan l. Soti mwa me pou rive septanm 2011, anviwon 27 moun mouri e 2220 lòt enfekte. Popilasyon an pa gen Sant Tretman Kolera. Yo ka jwenn yon premye asistans nan lopital Zanmi Lasante ki Lakolin. Men se sitou nan vil Mibalè kote gen yon CTC pi fò oblije al pran swen. Lopital sa a mete yon ti kamyonèt pou transpòte malad yo. Seksyon nan komin ki pi afekte se Tifon ak Wanpa, kote moun yo pa gen dlo potab.

d) Komin Fonvèrèt

Pou Komin Fonvèrèt, dapre enfòmasyon komite dwa moun yo ranmase, epidemi kolera a deja pote ale anviwon 56 moun pou sèlman mwa septanm nan e plis pase 530 lòt enfekte ak maladi a. Gen 2 CTC pou yon popilasyon ki gen plis pase 50 mil abitan. CTC sa yo pa gen gwo kapasite epi ase ekipman pou bay malad yo swen kòmsadwa. Moun ki gen plis mwayen oblije ale pran swen nan yon CTC ki nan Fonparizyen kote yo peye ant 2000 a 2500 goud pou transpò, paske leplisouvan, se moto paran yo oblije pran pou yo ale pi vit ak malad la. Lokalite ki plis frape anba epidemi kolera a nan Fonvèrèt se : Oryani, Gwo Cheval Palmis Tanpe, Bwa Nègrès, Boukan Chat ak Tèfwad.

Jan kolera ap frape popilasyon an nan peyi a, espesyalman sou fwontyè a, se yon gwo vyolasyon dwa moun. Se poutèt sa, nou menm nan Komite Dwa Moun nan zòn nan, nou vini jous Pòtoprens Jodi a, pou n vin pouse yon rèl pou mande otorite ayisyèn yo pran reskonsablite yo. Li pa posib pou yo kite moun yo ap mouri konsa nan mòn yo, nan zòn yo rele rekile yo.

Sitiyasyon kolera a sou fwontyè a montre aklè kijan otorite ayisyèn yo pase anba pye dwa popilasyon an genyen pou yo jwenn bon jan sèvis de baz tankou : dlo potab, sante, wout pou yo sikile, kote pou yo fè bezwen yo. Pi fò nan popilasyon nan zòn fwontyè a pa gen aksè ak swen sante. Nan plizyè komin, pa gen sant sante e lè yo resi jwenn youn k ap fonksyone, li manke pèsonèl ak ekipman pou bay moun yo sèvis kòmsadwa. Zafè dlo potab la se yon lòt tèt chaje. Pi fò nan moun sa yo kontinye ap itilize dlo rivyè swa pou yo benyen oubyen pou yo bwè. Sa ki lakòz epidemi kolera a kontinye ap pran teren nan tout zòn fwontalyè yo.

Pou sa ki konsènen wout, pa gen bon jan wout pou sove lavi moun ki trape maladi kolera a. Malgre move kondisyon ekonomik moun sa yo, yo oblije prete lajan pou peye taksi soti 1500 pou rive 2500 goud pou yo ka sove lavi pwòch fanmi yo anba epidemi an.

Anplis de sa, gen zafè diskriminasyon an tou ki se yon vyolasyon dwa moun. Gen chofè machin ak moto ki pa vle pote moun malad yo, ki fè yo peye pi chè. Gen moun ki imilye yo nan katye yo. ‘Gen lòt ki kontinye ap lonje dwèt sou vodouyizan, kòmkwa se yo k ap pwopaje maladi a. Poutèt tout vyolasyon dwa moun sa yo k ap fèt sou baz kolera, Rezo Fwontalyè Jano Siksè ap mande Leta ayisyen pou pran bon jan dispozisyon pou dwa popilasyon moun k ap viv sou fwontyè a genyen, rive respekte.

L ap pwofite mande otorite yo pou egzije MINUSTAH ki responsab rantre epidemi kolera a nan peyi Dayiti, dedomaje popilasyon ayisyèn nan, patikilyèman plizyè milye viktim epidemi sa a.

Lisane André

Responsable

Section Communication et Plaidoyer

Sous : Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (GARR)