> Koneksyon > Patrimwan akademik gwo inivèsite ameriken MIT disponib sou sèvè inivèsite Leta (...)

Koneksyon ak Gotson Pierre ansanm ak Harold Isaac

Patrimwan akademik gwo inivèsite ameriken MIT disponib sou sèvè inivèsite Leta peyi d Ayiti

Disk di pral vinn ra paske LaTaylann anba dlo

Publié le mercredi 9 novembre 2011

Massasuchets Institute of Technology (MIT), yonn nan inivèsite ameriken ki gen plis prestij, remèt 26 oktòb sa bay Inivèsite Leta Ayiti, materyo edikasyon yo genyen, pou etidyan ayisyen kab konsilte yo dirèkteman nan yon rezo lokal.
Pwofesè MIT ki te chaje pou fè sa, se lengwis Michel Degraff. L ap esplike nou nan telefòn sistèm sa a ki rele Open Course Ware.

Ann presize system sa a tabli nan Fakilte Syans. Adrès Entènèt sit Open Course Ware la se http://ocw.mit.edu
Kesyon oditè ak oditris yo siman ap poze tèt yo kounye a, li konsène baryè Angle a.

Mwen ta renmen nou pwofite pale sou kesyon lang Kreyòl la ak Entènèt. Men, anvan sa, an n gade sa k ap pase Tayland, ki kab gen konsekans sou mache kamera nimerik ak disk di, Harold.

Gotson, menm jan sa te rive apre Sounami mwad mas pase-a o Japon, apad 350 moun ki pèdi lavi yo jouk koulyeya an Tayland konsekans lapli san rete Mousson-an ansanm ak inondasyon ki fè yon latriye dega nan peyi-a men espesyalman nan kapital lan Bangkòk, ka gen konsekans global nan ekonomi mondyalize nap viv la.

Se paske Gotson, Bangkok se kapital mondyal nan zafè pwodiksyon kamera nimerik ak diskedu. Tayland responsab mwatye diskedu ki fèt nan lemond. Nap pale de plis pase 300 milyon "drive" ke peyi-an founi chak ane.

Imajine w’ Gotson, dè izin konpayi kamera Nikon anvayi ak dlo jouk nan senti, pou kamera… osnon Western Digital ki fèmen san li pa kapab di ki lè lap relouvri, pou diskedu.

Sitiyason an grav men nou riske santi enpak la nan kòmansman lane 2012 lan lè stòk ki ap woule koulyeya va fini. Men deja, an Amerik di Nò plizyè konpayi gentan koumanse limite vant diskedu yo a 2 pa tèt.

Pou Koneksyon, sete Harold

Mèsi Harold
Pandan jounen entènasyonal lang kreyòl k ap selebre 28 oktòb, mwen pwofite mande lengwis Michel Degraff, kouman li wè lang nou an ap evolye sou wèb la.