> Koneksyon > Lafrans pase nan televizyon dijital nètalkole

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Lafrans pase nan televizyon dijital nètalkole

Papa RFID lan mouri

Publié le mardi 6 décembre 2011

Lafrans vire yon lòt paj listwa nan zafè televizyon. Tout televizyon nan peyi sa a ap emèt an dijital depi nan nuit 29 novanm.
Kidonk Lafrans vire do bay Televizyon analojik, ki se fòmil televizyon nou abitye ak li a epi nou toujou ap kontinye gade an Ayiti.
Tout peyi a ansanm ak tout teritwa ki sou kontwòl li, tankou Matinik, Gwadloup, Giyan nan rejyon Karayib ak Amerik la ap resevwa emisyon televizyon an nimerik.
Yo rele sistèm sa a Televizyon Nimerik Terès (TNT).
Zafè imaj twoub ak move son fini pou franse yo. Anplis, gen plas kounye a pou yo ogmante kantite chèn televizyon k ap emèt an Frans.
Se yon operasyon ki te long. Dapre enfòmasyon yo, se depi 6 an demach yo koumanse. Rejyon pa rejyon yo t ap vanse, jistan yo fin kouvri tout teritwa a.
Ak TNT a, yo rive redui mwatye nan kantite gwo antèn ki te tabli toupatou.
Gen mezi pratik Leta pran tou. Paregzanp, yo ede 40.000 fanmi achte antèn parabòl pou yo enstale. Sa monte 10 milyon Ewo.
Yon lòt 8 milyon Ewo depanse pou ede 120.000 fanmi achte dekodè.
Malgre tou, te gen kèk krent bò kote reskonsab yo, paske tout rezilta pat garanti 100 pou 100.

Ann koute Olivier Gerolami, direktè jeneral « France Télé Numérique ».
(Son)
Olivier Gerolami, direktè jeneral « France Télé Numérique ».
Pami avantaj chanjman sa a ap pote, La Frans dispoze pou bay otorizasyon pou 6 lòt chèn televizyon gratis. Epi, gen yon bann nouvo sèvis ki pral disponib swa nan rezo televizyon yo oubyen nan rezo mobil.
……..
Yon lòt jeyan tonbe. Sa pa san rapò ak kesyon ond radyo televizyon, Harold

Gotson, desideman ane sa ap pote yon bann gwo moso nan zafè teknoloji-a ale. Dènye banj ki pran wout peyi san chapo ? Charles Walton. Charles Walton se papa teknloji RFID lan. Kisa RFID lan ye ?

RFID se abreviyasyon pou Radio Frequency Identification, ki vle di idantifikasyon ak ond radyo. Se yon teknoloji pou idantifye ak swiv yon latriye ekipman ak tout kalte lòt bagay.

RFID lan apèn koumanse layite kò li sou mache-a. Men deja, ou pa kapab rate li :

Li nan yon dividal sistèm envantè, li nan passpò, nan bibliyotèk, li nan soulye, li nan tenis, li nan boul tenis, boul basket, boul foutbòl ki nan konpetisyon, anfen nan tout espas kote ou bezwen yon enfòmasyon presi sou kilè, kibò yon bagay pase.

Teknoloji kontwòl sa pèmèt retrase bèt ki malad e ki ka bay maladi e kòm yo kòmanse ekipe moun avèk li tou, sa kòmanse souleve de gwo pwoblèm etik ak vi prive.

Dayè, youn nan dènye aplikasyon RFID lan, se yon envansyon ki pral pèmèt doktè pa bliye enstriman andedan pasyan apre yo finn opere. Lè operasyon-an finn fèt, doktè-a osnon enfimyè yo, ap annik pase dwèt yo sou yon bouton kap di yo nan fay minit si gen enstriman ki rete dèyè.

Malgre tout pwoblèm etik teknoloji sa genyen, sanble li la pou l’ rete paske avantaj yo san parèy.

Pou Koneksyon sete Harold

Mèsi Harold.
……..
Pou rete nan zafè televizyon, nou pa lwen moman kote n ap kab di aparèy televizyon an : bese volim, epi volim bese, oubyen pran tèl chèn epi televizyon an obeyi.
Ban m al pi lwen : N ap kab chita devan televizyon an, n ap pase l kòmand ak jès n ap fè.
Yon lòt fwa ankò, se Aple k ap pare sa pou nou. Konpayi an ap travay sou yon aparèy televizyon ki rele ITV.
Lè sa a, tout bon, menm jan radyo Kiskeya di l, n ap suiv televizyon epi televizyon ap suiv nou. Atansyon…