> Koneksyon > Yon estrateji karibeyen pou devlopman NTIC

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Yon estrateji karibeyen pou devlopman NTIC

Yon ti pwogram espyon sou telefòn pòtab yo

Publié le jeudi 15 décembre 2011

Rejyon Karayib la, omwen òganizasyon rejyonal CARICOM, gen yon plan
estratejik nan tiwa li pou devlopman NTIC nan peyi ki fè pati zòn sa a.
Gwo otorite ki reskonsab zafè teknoloji nan divès peyi Karayib la reyini
nan Grenad premye ak 2 desanm pou finalize plan sa a.
Dapre CARICOM, plan sa a nesesè pou kab rive devlope gran rezo eletwonik
lajman laj nan peyi Karayib yo.
Reyinyon koumansman desanm nan se te pou fè suivi apre yon lòt reyinyon
ki te fèt an me 2011.
Plan ki sou tab la kounye a prevwa pou yo itilize TIC yo kòm zouti
fondamantal pou devlopman epi pou rive tabli nan rejyon an sosyete kote
enfòmasyon ak konesans disponib pou pifò moun.
Dokiman an fè sonje, lè yon peyi gen bon jan fasilite kominikasyon
lajman laj, li rale plis biznis epi li pèmèt kreye plis plas travay.
Anplis TIC yo kab sèvi pou fasilite pi bon kominikasyon atravè peyi a,
li kab pèmèt distribye pi byen sèvis gouvènmantal yo, dapre sa plan sa a
souliye.
Dokiman ki soti nan Grenad la, yo va gen pou travay sou li nan Pnanama
an 2012, anvan somè Amerik yo.
…………..
Se sekretè d Eta ameriken Hillary Clinton k ap anonse Etazini kreye 6
desanm nan yon sit Entènèt kòm yon anbasad vityèl pou Iran. Tout sèvis
yon anbasad ofri disponib sou sit la.
Ameriken pran desizyon sa a apre yo fin fèmen anbasad reyèl yo nan Iran.
Depi oktòb ane pase, otorite Depatman d Etat te deja gen lide pou mete
sit sa a kanpe.
Men, li pap sèvi pou moun ki anndan peyi Iran paske gouvènman Iran déjà
bloke l depi 24 èd tan apre li fin lanse.
Adrès sit la se http://iran.usembassy.gov
Ann rete nan Etazini kote yo dekouvri yon ti pwogram espyon sou telefòn
pòtab yo, Harold.

Gotson, yon konpayi ameriken ki rele Carrier IQ nan dlo cho aktyèlman. Li nan dlo cho, paske li genyen yon pwogram diagnostik rezo ke li fè, ki ka swiv tout operasyon yon moun fè sou yon telefòn.

Ti pwogram sa-a ki ap woule san bri sou plis pase 150 milyon aparèy a travè lemond, fè gwo deblozay pete Ozetazini semèn pase an lè yon devlopè Android, mete yon videyo sou YouTube pou montre kijan kimannyè pwogram sa kapab founi tout kalte enfòmasyon sou operasyon ki fèt sou yon telefòn.

Bagay la rive nan yon pwen kote Senatè Al Franken mande, epi fè, konpayi Carrier IQ-an eksplikasyon sou kalite skandal sa.

Men anvan nale pi lwen, fòk nou di kèk ti bagay. Dabò, ta va sanble ke pwogram sa-a se ta va yon pwogram dyagnostik tout bon vre. Ki sèvi pou wè kibò rezo telefòn yo genyen pwoblèm gras ak enfòmasyon detaye ke pwogram lan kolekte. Sèlman, si done sa yo tonbe nan move men, se sa yo bliye ke yo pap fè ak latriye enfòmasyon prive ke moun stoke sou telefòn alèkile.

E se pa de konpayi ki genyen zanno kay Carrier IQ, ke se swa Android (Google) osnon iOS (Apple), AT&T, Verizon, T-Mobile, tout moun nan dlo cho.

Ou gen dwa al fè yon kout je sou sit Carrier IQ an (An Angle) se www.carrieriq.com

Pou Koneksyon, sete Harold

Mèsi Harold
…………….
Kòm w ap pale sou espyonaj, ebyen Wikileaks frape yon gwo kou semèn sa a
apre li fin rete an silan pandan lontan.
Sit la pibliye 287 dokiman ki montre gen 170 konpayi ki ap fè lajan nan
siveyans elektwonik. Y ap koute pawòl k ap pale sou telefòn pòtab, y ap
kontwole imel ak sms nou, y ap suiv tras nou sou Entènèt, anfen anfen.
170 konpayi sa yo ap travay pou 25 gouvènman pami yo yon seri gouvènman
anti demokratik atravè lemond. Yon mache 5 milya dola.
Kwonik semèn pase a te fini sou mo « atansyon ! »