> Kreyòl > Rezilta yon Kolòk Entènasyonal sou Pwoblèm Kay nan peyi Dayiti

Ayiti Katastwòf12 janvye 2010 Kochma reyalite ak rèv

Rezilta yon Kolòk Entènasyonal sou Pwoblèm Kay nan peyi Dayiti

Leta dwe defini yon politik amenajman teritwa peyi Dayiti

Publié le dimanche 15 janvier 2012

Yon ekstrè nan rezolisyon Kolòk Entènasyonal sou Pwoblèm Kay nan peyi Dayiti

Pòtoprens, 21 me 2011

Nou menm òganizasyon ki reprezante viktim k ap viv nan kan deplase yo ak yon kantite reprezantan òganizasyon , asosyasyon sosyal ak popilè ki te reyini pandan 3 jou (19, 20 ak 21 me 2011), nan Fanny Villa nan Pòtoprens, nou te reflechi sou pwoblèm kay la nan peyi dAyiti nan mitan yon kriz peyi a ap viv depi lontan.

Pandan tout kòlòk la, nou wè ak analize kouman Leta ayisyen, klas dominant yo ak enstitisyon entènasyonal yo pa reponn a pwoblèm kay plizyè milyon ayisyen genyen depi lontan e ki vin pi grav depi 12 janvye 2010. Moun goudougoudou te andomaje kay pa gen ankenn mwayen pouf e reparasyon , si la yo goudougoudou te kraze kay kote yo te rete pa gen mwayen tou pou koumanse rekonstriksyon. 16 mwa apre katastwòf 12 janvye a, gen 700.000 moun ki sètoblije ap viv nan lari toujou san konte plizye milye fanmi k ap viv nan move kondisyon nan bidonvil yo. Anpil moun sètoblije tounen nan kay fisire ki ka tonbe sou yo nenpòt ki lè. Nou pa dakò ak fo solisyon tankou distribisyon pwela, (abri tanporè/abri pwovizwa), ti chèltè ki pa ka rezoud kesyon an, ki pa pwoteje lavi nou vre e ki pa respekte diyite nou ak jan fanmi nou yo abitye viv.

Apre anpil brase lide ki te fèt sou tèm : Ayiti, katastwòf 12 janvye 2010, kochma, reyalite ak rèv, men sa Nou deklare :

1. Nou deside kontinye batay pou fòse Leta defini yon politik piblik global sou kesyon lojman an ki garanti dwa tout ayisyèn/ayisyen genyen pou viv nan kay ki respekte diyite moun. Leta dwe fè lotisman pou tanmen plizyè pwojè konstriksyon ki reponn a sitiyasyon n ap viv la a.

2. Fòk Leta defini yon politik amenajman teritwa peyi dAyiti san diskriminasyon. Depi anvan 12 janvye, kat la te mal bat paske 80% popilasyon nan Pòtoprens t ap viv sou 20% teritwa vil sa a. Nou vle pou tout diskriminasyon nan zafè kay kaba, pou zafè katye anwo, katye anba a fini. Tout katye dwe katye kote moun ka viv nan tout diyite ak sekirite. Nou pap aksepte pou tout richès ak enfrastrikti yo konsantre nan yon sèl bò nan Peyi dAyiti. Nou pap aksepte non plis pou y ap rekonstwi tèritwa peyi a pou akeyi zòn franch sèlman.

-  Fòk Palman an prepare epi vote yon lwa ki garanti dwa lojman an nan peyi a, jan atik 22 konstitisyon 1987 la ak Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo mande sa. Fòk Lwa sa a defini règleman tout moun dwe respekte sou kesyon konstwi kay (sòl, materyo, distans, sèvis debaz, anviwonman, estetik, …). Fòk Palman an ratifye tou Pak Entènasyonal sou Dwa Ekonomik, Sosyal ak Kiltirèl yo, kòm zouti ki ka ranfòse batay nou pou defann dwa nou, espesyalman dwa lojman an.

3. Fòk Leta chache teren, pran teren (sa vle di fè ekspwopriyasyon) pou nou ka jwenn kantite teren pou bati kay ki kapab reponn a bezwen popilasyon an nan kesyon lojman ;
4. Fòk popilasyon an patisipe nan desizyon sou kibò kay yo ap konstwi e sou kibò n ap mete katye nou yo. Se nou ki ka di ki peyi oubyen ki vil nou vle konstwi, se pa moun ki soti ak plan tou fèt lòt bò dlo ki ka di sa pou nou.
5. Nou pare pou nou bay kontribisyon pa nou (nan finansman, nan travay, nan materyo) pou nou ka jwenn lojman ki respekte diyite moun. Men fòk Leta finanse pwojè konstriksyon ki pèmèt nou jwenn kay pi rapidman posib menmsi nou peye yon lwaye rezonab pandan plizyè ane. Fòk viteprese Leta kreye yon fon espesyal pou finanse lojman sosyal. Gen anpil lajan k ap gaspiye nan peyi a ki ta ka envesti pou satisfè dwa lojman popilasyon an. Bidjè MINUSTAH pou 12 mwa sèlman te ka pèmèt konstwi plis pase 77.000 kay e bay prèske 400.000 moun lojman respektab pou yo rete.
6. Kay ak tè se sous lavi ki pèmèt moun viv, grandi, jwenn pwoteksyon epi ki ede fanmi yo repwodui. Fòk Leta ak kominote nou yo pran tout kalite mezi pou zouti sa yo rete sous lavi olye pou yo tounen machandiz pou boujwa fè tiyon lajan sou do nou.
7. Fòk Leta degaje li kou mèt Janjak pou tout moun ki pa gen gwo mwayen kapab jwenn kay ki respekte diyite moun. Enstitisyon tankou BNC ak Bank komèsyal yo ta dwe mete kanpe pwogram espesyal ki ede popilasyon an repare osnon konstwi kay nan bon kondisyon avèk yon atansyon espesyal pou moun ki pa gen gwo mwayen yo ak pou andikape yo.
8. Fòk Leta mete kontwòl sou kesyon lwaye kay k ap monte disèt wotè e k ap peye an dola ameriken. Fòk gen yon lwa ki kontwole kesyon sa a pou kase fe espekilatè tout plimay k ap fè milyon ven sou do mizè nou ak dezespwa nou.
9. Fòk Leta garanti sekirite nan kote n ap viv yo. Nou pa vle kay ki bati youn sou lòt. Oubyen kay kote n ap viv pil sou pil kote se nan lese frape nou ye chak fwa nou kwaze youn ak lòt nan kay la paske espas la twò piti. Fòk nou jwenn kay kote nou tout ka respire nòmal. Fòk gen garanti kont tout risk ki menase peyi nou an e amenajman tèritwa a dwe baze sou prevansyon pi gwo risk yo (tranbleman tè, siklòn, deboulman tè, inondasyon, sounami, elatriye …). Fòk Leta devlope pwogram edikasyon ak fòmasyon pou nou ka prepare nou fas a risk sa yo.
10. Dwa lojman pa ka detache ak lòt dwa nou genyen yo. Dwa pou jwenn travay, dwa pou jwenn lasante, dwa pou ledikasyon, dwa pou lwazi, dwa pou yon anviwonman pwòp …elatriye. Tout dwa sa yo konekte youn ak lòt. Sa vle di fòk konstriksyon kay yo fèt nan yon anbyans ki fasilite nou jwi tout dwa sa yo san mank.
11. Nan tout pwojè bati kay, fòk yo prevwa espas piblik ki pèmèt kominote nou yo reyalize e devlope aktivite kolektif : pran bon jan van, fè espò, fè reyinyon ak rasanbleman e reyalize aktivite kiltirèl tankou teyat, ekspozisyon penti elatriye… Espas piblik yo dwe gen yon jesyon espesyal. Fòk gen yon atansyon espesyal pou amenajman tout tè ki bò lanmè yo pou pwoteje anviwonman an, mangliye yo e reyalize aktivite lakilti ki konekte ak resous lanmè.
12. Nou dakò pou reyalizasyon vilaj kominotè kote chak fanmi gen espas pa yo, men se kote nou ka devlope aktivite kòm kominote. Nan sans sa a, nou kwè kesyon koperativ lojman se yon altènativ ki valab ki ka pèmèt pwoteje dwa lojman popilasyon ki pa gen gwo mwayen lajan.
13. Nou vle kay ki respekte achitekti lokal nou yo. Kay ki itilize plis posib materyo lokal tankou ajil, mab, banbou elatriye. Nou vle kay ki bèl ak bèl dekorasyon nan fasad yo, ki sanble ak kilti nou, kay ki bay kominote a lavi, ki ede nou gen dyalòg antre nou, kay ki gen lakou ak jaden kote nou ka fè pouse legim ak plant ki ka trete nou lè nou malad, kay ki respekte diyite kò nou ak moso entimite chak moun bezwen. Nou vle kay kote gen espas pou nou viv an fanmi ak vwazinaj yo nan lakou kote nou ka pataje manje ak lòt kalite aktivite nou bezwen chak jou. Fòk nou defann patrimwàn achitekti lokal nou yo.
14. Fòk nan chak katye genyen sant kiltirèl kap edike timoun yo ak jèn yo sou valè kiltirèl ayisyen ak istwa peyi a. Fòk yo devlope aktivite espesyal pou timoun yo. Fòk nan chak katye gen espas kap ede nou konstwi memwa kolektif nou kòm Pèp. Nan sans sa a, li enpòtan pou nou konstwi plizyè moniman pou nou sonje tout frè ak sè nou yo ki peri nan goudougoudou 12 janvye 2010.
15. Nan kay n ap bati yo e nan enfrastrikti kolektif yo, fòk nou sonje andikape nou yo e fasilite deplasman yo ak lavi toulejou yo.
16. Fòk tout pwojè konstriksyon kay yo bay yon atansyon espesyal a dwa fanm yo. Li bon, lè sa posib pou tit pwopriyete kay la pote non madanm ak mari. Nan siksesyon (lè byen ap separe) fòk yo pa avantaje gason sou fanm. Nan lwa sou lojman fòk Leta pwoteje dwa fanm k ap viv pou kont yo oubyen k ap viv nan yon fanmi kote mari a gen plizyè madanm. Fòk fanm ak gason gen menm dwa sou kay yo. Fòk òganizasyon nou yo batay kont tout fòm vyolans fizik ak moral fanm yo ap sibi anndan kay. Fòk travay nan kay la separe egalego ant fanm ak gason. Nou mande pou gen pwogram fòmasyon espesyal ki pou pèmèt entegre fanm yo nan tout nivo nan travay konstriksyon k ap fèt.
17. N ap denonse eskandal koripsyon nan jesyon pwogram lojman yo. Koripsyon nan Leta, nan ONG, nan CIRH. Fòk yo ranfòse òganis ak tout estrikti Leta genyen pou travay sou kesyon kay la.
Men lis reprezantan kan ak òganizasyon ki te nan kolòk la e ki dakò ak deklarasyon sa a :
AVS, SAJ/VEYE YO, Chandèl, ACPRODDH, ARDFD/Tabarre Issa, ASCOEH, CSC, Fanm Devwe, Camp Maranatha, MODEP, FIDES-Haiti, CCSC, CAVS-PA, Camp Immaculée, KSF, Camp Décovil/Lascahobas, Camp Acacia, UPPFA, OFEDSHA, BRI KOURI, OVISEC, GARR, SEPJASA, FRAKKA, AFAD, COGESIF, ASCOEH, FADEC, Camp Food for the Poor, RNGDH, COB 5, LIDCCHA, CSPPB, Sant Pon Ayiti, SEPJASA, AVOVIS 12, Camp Fortunat Guéry, CRAD, MPFD, RAFEVINNHA, CSPB, JILAP, REFEH, MPDDP, Sèk Gramsci, COSSBAMI, KASIM, FOPISE, CVHEM/Jacmel, FADEC, AEI, ACHUF, POHDH, Camp Mesiane, CEFEF, UJDEC, Camp Toussaint Louverture, Camp Vallée de Bourdon, OVISEC/Canaan II, Other World, AJCH, MOUFHED, AFAD, Camp Juanpas/Lascahobas, MRCP, COOPHABITAT, Batay Ouvriye, Komite Relèvman Divivye (KRD), PAPDA, GREAAL, OFEDA, FIDES, SOFA.