> Koneksyon > Entènèt nan yon kalfou danjere

Publié le mercredi 25 janvier 2012

Nan ane 2012 ki fèk koumanse la a, Entènèt la sanble rive nan yon gwo kafou. Sena ameriken pral koumanse vote pou adopte oubyen rejte yon pwojè lwa yo rele « Protect IP Act », ki prevwa yo kab mete baboukèt sou Entènèt. Nan menm sans la tou, lachanm ameriken ap etidye yon lòt lwa ki rele « Stop Online Piracy Act (SOPA) ».

Depi nan finisman ane 2011 la, Koneksyon te deja alète nou sou sa yon bann sektè sitwayen atravè lemond konsidere kòm yon gwo danje. Nan dyalòg mwen fè ak Harold angiz bilan 2011 la, nou pale sou sa ankò.

Jodi a, nan moman mouvman pwotestasyon yo ap pran chè sou Entènèt, n ap tounen ankò sou kesyon an, Harold.

Gotson, jan ou sot di li la, yon blakawout pasyèl ap frape entènèt lan aktyèlman. Dè sit tankou Wikipedia (An angle) fèmen aksè sou done yo pou yo manifeste. Google mete yon lyen sou paj prinsipal li-a pou esplike kijan entènèt lan ta kapab kraze.

Se yon mouvman pwotestasyon lajman laj ki ap bat pou deboulonnen 2 pwojè de lwa kap fè wout yo nan sistèm lejislatif ameriken an :

Premye an se SOPA - Stop Online Piracy Act [Ki vle di an kreyòl, lwa pou bloke piratri sou entènèt] ki ap debat nan kongrè-an aktyèlman (Ekivalan chanm depite-an Ozetazini)

Dezyèm lan se PIPA - Protect Intellectual Property Act [Ki vle di "ann pwoteje pwopriyete entelektyèl"] ki ap debat li menm nan Sena-a.

Si batay sa ta vle sanble ak yon konba David kont Goliat, avèk Kongrè-an kòm yon Goliat epi rès planèt lan kòm yon David. Eben lè nou pwoche pi pre, nou oblije fè yon ti niyans :

Paske pou plizyè obsèvatè, batay sa se ta va pito yon chòk des titan, kote 2 gwoup enterè ki tap evolye an paralèl vinn ap twoke kòn…

Nap pale de lòbi Oliwoud lan, ki ap koresponn tèt pou tèt ak lòbi Silikon Vale-an.

Yon konba o somè pou de endistri òdpòt ki ap rale bak Etazini depi dik dantan.

Nan kè konba sa, yon gato plizyè milya de dola ke youn pap kite pou lòt. Konsa Oliwoud ki dèyè lwa SOPA ak PIPA fè majorite pwodiksyon ke Silikon Vale ap distribye a travè lemond yo. Sitou fim ak mizik. Men Oliwoud di li ap bourike pou Silikon Vale ka galonen. Paske dè motè rechèch tankou Google pèmèt moun jwenn sit ki ap trafike pwodiksyon pirate.

E kòm li pa vle mouri nan fim lan, Oliwoud deside al kot kongrè-an pou fè pase yon lwa pou ke li ilegal ke yon pwodiksyon pwoteje parèt nenpòt kibò sou entènèt lan san otorizasyon li.

Sa ki teyorikman, ta gendwa vinn pèmèt Oliwoud vinn gen pouvwa fèmen sit entènèt menm a letranje, ki ap fè sikile pwodiksyon YO panse ki pirate. Kididonk yon sistèm baboukèt.

Sa w’ tande-an, lemond leve kanpe.

Men plizyè obsèvatè kwè ke Oliwoud pral sètoblije rale yon bak sou pwojè sa-a, paske nan zafè lajan Silikon Vale pi byen jouke pase li e ap genyen mwayen pou li fè plis presyon sou palman ameriken-an pou kite entènèt la jan li ye-a.

Sa se san konte, ke pwojè sa pa tap reyalizab paske li tap twò difisil pou enplemante teknikman.

E pou moun ki panse ke tap gen yon risk pou entènèt la ta vinn segmante, petèt ke nou deja nan yon sistèm kote genyen plizyè entènèt. Si nou gade jan Facebook ak Google ap jere entènèt lan, nou gendwa mande nou si yo pa deja fè apantay epi monte kloti teren yo.

Eseye voye yon imel sou Facebook, epi wa fè m’ konnen.

Nan sitiyasyon sa kote fòk nou di djab la bonjou kanmenm vrè kesyon-an se : Eske nou ta pito enève Oliwoud osnon nou ta pito agase Google, Facebook, Twitter ak rès Silikon Vale an ?

Pou Koneksyon, sete Harold

Mèsi Harold

………….

Nan plizyè domèn, nan TIC tou, Ayiti, nan nivo pa li se yon teren inovasyon. Plizyè esperyans merite siyale.

Jodi a, jefò ap fèt pou branche yon lekòl nan komin Laskawobas ak 500 òdinatè. Se etidyan ak pwofesè nan Enstiti Teknolojik Ilinwa nan Etazini ki sou plas pou reyalize pwojè sa a, y ap reyalize ansanm ak « Green Wifi » epi « Inveneo ».

Pi gwo pwoblèm nan, se pa òdinatè yo, piske yo disponib atravè pwogram entènasyonal ki rele « One Laptop Per Child (OLPC) ».

Pwoblèm nan, se elektrisite pou fè òdinatè yo mache. E se enèji solè inisyatè pwojè a chwazi kòm opsyon. Ki fè, y ap enstale pano solè ki pou kab chaje 500 òdinatè.

Òdinatè yo ap antre nan yon rezo san fil ki konekte sou Entènèt.

Nan kad aktivite yo tou, yo prevwa pou bay pèsonèl sou plas la fòmasyon pou kab jere epi kenbe sistèm enèji a ansanm ak sistèm kominikasyon an.

Apre premye pa sa a, objektif la, se ta rive mete menm sistèm nan nan 40 lekòl atravè peyi a. Antou, gen 14.000 òdinatè ki disponib pou sa.

Pou plis enfòmasyon e menm yon videyo an liy, gade sou :

www.iitempoweringhaiti.org
www.green-wifi.org
www.inveneo.org

………….

Sou rezo sosyal yo, sa m pataje ?

Ebyen semèn sa a, evidaman, gwo aksidan kamyon 16 janvye nan aswè nan Dèlma fè letou Twitter ak Facebook. Yonn nan premye twit ki soti sou sa, se korespondant RFI an Ayiti, Amelie Baron, ki voye l. Mwen reprann li imedyatman. Idantifikasyon Amelie Baron sou Twitter se @Ameliebaron.

Epi, mwen poste sou FB ak Twitter lyen yon videyo ki nan Youtube sou memoryal Matisan pou vikim tranbleman tè 12 janvye 2010 la. "Memorial de Martissant : Le devoir de memoire des vivants".