> Kreyòl > Jounen mondyal fanm yo 8 Mas SOFA ap fikse pozisyon li

Mesaj SOFA nan okazyon jounen mondyal fanm yo

Jounen mondyal fanm yo 8 Mas SOFA ap fikse pozisyon li

SOFA ap reyafime pozisyon li sou plizyè pwen nan konjonkti a

Publié le samedi 10 mars 2012

DEKLARASYON SOFA NAN OKAZYON SELEBRASYON 8 MAS 2012

Nan okazyon 8 Mas Jounen Mondyal Dwa Fanm, yon lòt fwa ankò Solidarite
Fanm Ayisyèn – SOFA, ansanm ak mouvman feminis ayisyen an, sendika ouvriye-
èz/travayèz ak lòt òganizasyon, pou fè sonje dat 8 mas la se senbòl lit ak rezistans
fanm yo ki, nan lane 1800 ak koumansman lane 1900 yo, t ap goumen pou chanje
kondisyon yo nan sosyete sa a. Yon sosyete ki chita sou rapò pouvwa debalanse :
Pouvwa dominasyon gason sou fanm, dominasyon yon klas moun sou yon lòt. Se sans
lit militant sosyalis, Clara Zetkin t ap mennen anndan Pati sosyalis la lè li revandike pou
dat 8 mas la, kote fanm travayèz nan diferan peyi te leve kanpe pou revandike bonjan
kondisyon travay nan izin yo, esa te lakòz ouvriyèz yo viktim gwo represyon patwon yo,
ki maspinen yo, ansasinen yo, mete dife sou 129 fanm tou vivan anndan izin nan.

Senbòl dat 8 mas la reprezante, marande tou avèk fason fanm yo t ap leve
kanpe toupatou nan lemonn pou goumen kont dominasyon gason sou fanm, sistèm
patriyakal la konsakre nan divès sosyete. Se pou sa nou leve vwa nou byen wo pou
deklare 8 mas n ap selebre depi 100 lane a, se pa yon jounen fèt ; se jou viktwa fanm
travayèz, se viktwa tou fanm ki angaje nan lit politik ak ideyolojik pou konstri yon
sosyete egalego.

Pou tout rezon sa yo 8 mas ane sa a, SOFA ap reyafime pozisyon li sou
plizyè pwen nan konjonkti a : Pwoblèm enpinite k ap gangrennen sosyete a,
Pwoblèm souverennte ak divès siy ki bay anpil kè sote nan fason gouvènman
anplas la ap manifeste pouvwa li. Konsa alapapòt, nou deklare :

Nou pap tolere rejim bout di . Nou pap tolere baboukèt lapawòl. Nan
memwa tout fanm ki tonbe pou kòz libète, fanm tankou Rebecca Arnoux ki te mouri
nan selil N0 3 Fò Dimanch nan dat 10 oktòb 1972, Laurette Badette ki mouri nan selil #
4 Fò Dimanch nan lane 1973, Anne Marie Bajeux, Micheline Bajeux, Lise Montas Bajeux,
Rosette Bastien, Ghislaine Duchatelier, Lilianne Dufanal, Felicienne Dupré, Laurette
Etienne, Marie Therese Feval yo egzekite Fò Dimanch 25 mas 1976, Marie Therese
Gasner ki mouri nan selil # 10 Fò Dimanch nan lane 1976, Nerva Larrieux, Marie
Therese St Louis ki mouri nan selil No 10 Fò Dimanch an 1970, Marie Catherine

Sansaricq ki mouri a 6 an nan vep jeremyen 1964, Mme Jean Claude Sansaricq ansent 3
mwa 1964, Yanick Rigaud, 1969, Yvonne Hackim Rimpel jounalis fanm ki sibi tout kalite
maspinay, kadejak…, ak pou tout lòt fanm viktim rejim Divalye yo, nou mande
JISTIS !!!!

SOFA di nan okazyon 8 mas 2012, nou pap tolere enpinite k ap gangrennen sosyete a.

Enpinite lakòz jodi a, anpil nan moun ki ta sipoze nan prizon pou kalte krim
kadejak yo te komèt sou fanm soti 1991 rive 1994, ap dirije Leta a jodi a. N ap nan
peryòd koudeta Jeneral Raoul Sedras ak kolonèl Michel François te dirije a, manm
FRAPH Toto Constant, Chamblain te itilize kadejak pou pini ak imilye plizyè milye fanm
pou konviksyon popiltik yo.

Se menm enpinite sa a tou ki fè jouk jounen jodi a, malgre rèl òganizasyon fanm
yo, fanm ak tifi 111 solda ak ofisye kontenjan Srilankè te vyole nan peyi a, pa janm
jwenn jistis. Sa vin louvri pòt pou ajan MINISTA yo kontinye vyole san kè kase tifi kou
tigason.

Se toujou Ajan MINISTA ki vin enfekte rivyè Mèy nan Mibalè kote yo vide twalèt,
sa ki lakòz kolera blayi toupatou nan peyi a, jouk li rive touye plis pase sètmil (7000)
moun fanm kou gason, san konte desan senkant mil (250.000) lòt ki enfekte. Dirijan
nou yo pa fè anyen pou fòse Nasyonzini pran responsablite l sou kesyon kolera epi
dedomaje pèp ayisyen an.

Nan kondisyon sa a, kouman pou yon dirijan kapab pale de rekonsilyasyon ?
Premye prensip rekonsilyasyon an se JISTIS. Se pou sa nou pran lari pou mande jistis
pou tout fanm ki viktim sou rejim Divalye, anba manm FRAPH, ak fòs okipasyon
MINISTA.

Nou mande Palmantè yo mare pawòl ak aksyon. Nan kad pouvwa kontwòl yo
genyen nou mande Palman an, pran tout dispozisyon pou anpeche egzekitik la siyen
akò ak Konsèy Sekirite Nasyonzini pou renouvle manda MINISTA. Nou mande Palmantè
yo travay pou leve iminite sòlda MINISTA ki fè krim kont fanm yo, kont pèp la, yon
fason pou yo kapab jije nan peyi a. Depi gen krim iminite a pa vo anyen anko.

Nan SOFA li enpòtan pou nou ensiste sou kesyon enpinite lè nou konstate
tantativ k ap fèt pou yo antrene yon bann jèn nan yon lame ki sanble tèt koupe ak
fason Divalye t ap monte kò makout ak jan militè panzouyis yo te monte FRAPH. Lè nou
konnen kouman fanm yo ansanm ak sosyete a anjeneral soufri nan tout chè yo ak
nanm yo anba kò paramilitè sa yo, nou mande yon lòt fwa ankò pou Palmantè yo pran

responsablite yo pou bouke jwe ak pouvwa egzekitif la k ap tolere kan antrenman sa yo
toupatou nan peyi a.

Depi kèk tan, nou obsève lajan ki te kapab itil pèp la k ap gaspiye nan mete anpil
gwo bilbòd toupatou nan peyi ki anonse plizyè milye timoun al lekòl gratis. Alòske plis
pase yon santèn fanm peyizàn ki soti nan 6 depatman peyi a deklare, apa pankat ki

ap fè piblisite ak foto prezidan an, nou pa viv reyalite lekòl gratis sa a, paske
nou kontinye ap bat tèt nou kou nou konnen pou voye pitit nou Lekòl. Nan
komin yo, nou pa wè nouvo lekòl ki konstwi, nou pa wè timoun ki pat konn al
lekòl ki rive al lekòl nan kad pwogram ki anonse nan piblisite a. Se pou sa nan

SOFA, n ap mande tèt nou eske pakèt bilbòd nan lari yo se yon senp anons pwojè
gouvènman an nan zafè edikasyon, tan n ap pwofite fè sonje, aksè a edikasyon, voye
timoun lekòl, se yon dwa fondamantal e se responsablite Leta. Pou sa, nou mande
Palmantè yo pou pran tout dispozisyon pou egzije egzekitif la depoze yon lwa
sou pwogram lekòl gratis k ap klewonnen nan peyi a kote lajan ap soti nan
taks telefon ak transfè yo mete sou sitwayen ak sitwayèn depi plis pase 9
mwa.

Nou fè menm konsta a, apre 2 lane popilasyon an ap viv nan move kondisyon
anba tant, nan dènye semèn fevriye a, pandan gouvènman an ap klewonnen toupatou
y ap bay 400 kay nan Zoranje, men anreyalite se sèlman 50 kle yo remèt. Lè nou
konnen kantite moun k ap viv anba tant, ki sa 50 kay reprezante devan bezwen ki
genyen ? Lè nou konnen pousantaj (46 %) fanm k ap jere fanmi pou kont yo, n ap
mande ki mekanis yo te mete sou pye pou pèmèt fanm yo benefisye pwojè lojman sa
a ? Yon lòt bò n ap fè sonje pwojè lojman yo dwe rantre nan kad yon bonjan plan
rekonstriksyon, ki dwe sèvi gid pou tout sektè k ap entèvni nan domèn sa a anndan
peyi a. Palmantè yo gen responsablite pou plan rekonstriksyon sa a rive
adopte epi pou veye sou kalte kontra konstriksyon egzekitif la ap siyen ak
gwo fim nasyonal kou entènasyonal sou kesyon sa a.

Nan dat 24 janvye ki sot pase la a, SOFA konstate Prezidan peyi a nonmen
madanm li nan tèt yon pwogram ki pote non : ABA GRANGOU. Lè nou tande fason
pwogram ABA GRANGOU a monte ann Ayiti epi moun ki alatèt li, n ap di se pa premye
fwa nou tande kalte pwogram sa yo ki pote yon non sou chak gouvènman. Nou soti nan
Ti pwojè laprezidans, nou pase nan pwogram apezman sosyal pou n rive nan ABA
GRANGOU. Se sa k fè n ap mande nou si mòd pwogram sa yo pa plis ap destriktire leta
pase pou l ta konsolide. N ap mande nou ki wòl ministè ki gen responsablite pou sa, yo
ap jwe nan pwogram sa a. Nou pa wè okenn atikilasyon ant pwogram sa a ak
pwodiksyon nasyonal la. Menm jan sa te fèt Brezil, pou yon pwogram konsa pa rete

yon estrateji nan men kèk grenn moun, nou kwè li enpòtan pou palmantè yo ta
ankouraje egzekitif la mete yon lwa sou pwogram sa a k ap defini wòl chak ministè yo.

N ap selebre 8 mas la nan yon kontèks politik kote nou obsève, gouvènman
anplas la voye anpil move siyal ki tèt koupe ak pratik politik nan peryòd diktati bout di
yo. Dirijan yo vle konfonn tèt yo ak leta. « Leta se mwen » dirijan yo pa rekonèt lòt
pouvwa yo « mwen se chèf siprèm », dirijan yo pa tolere yon espas kritik, yo chèche
entimide jounalis, “fèmen bouch nou”, yo pwovoke etidyan... Konpòtman sa yo ban nou
anpil kè sote. Se poutèt sa, nan okazyon 8 mas 2012, SOFA lanse yon pinga bay tout
dirijan ki ta gen nan tèt yo pou fè Leta a tounen chwal papa oubyen ki ta vle tabli yon
rejim otoritè. Nou pap fè bak. Se pou sa, SOFA envite tout fanm ak gason nan sektè
demokratik popilè a leve kanpe pou defann rezilta batay nou. 8 Mas la dwe sèvi, kòm
premye nan yon seri mobilizasyon tout sektè ki pa dakò ak rejim bout di epi ki vle batay
kont tout fòm diktati ni deklare ni anbachal.

Pou noumenm fanm, espas demokratik la enpòtan pou nou kontinye òganize
nou, kontinye batay pou defann dwa nou genyen pou n travay nan bon kondisyon san n
pa viktim tizonnyay, pou n gen bonjan salè. Dwa pou n gen bonjan lopital ak bon
sistèm sante toupatou nan peyi a pou nou viv ansante ak pou fanm ayisyèn sispann
mouri nan fè pitit. Dwa pou n jwenn bon jan ankadreman teknik ak agrikòl pou latè a
kapab bay bon rannman. Dwa pou n jwenn kredi san paspouki pou komès nou grandi.
Dwa pou nou jwenn bon edikasyon ni pou nou ni pou pitit nou san demagoji. Dwa pou
n patisipe nan zafè politik peyi nou pou n kab pote kole nan batay pou mete sou pye
yon leta granmoun k ap defanm enterè fanm yo ak enterè pèp la.

ABA ENPINITE – VIV LIT FANM YO – VIV YON PEYI GRANMOUN TÈT LI.

Pou SOFA,


Lise-Marie Déjean, md.
Kòdonatris Jeneral

9 Rue Villemenay Bois-Verna / Port-au-Prince – Haïti –HT6114
Téléphone : 509 – 34 30 85 14 // E-mail : secr2sofa@yahoo.fr