> Koneksyon > Mizopwen konsènan yon rimè sou Ayiti ak Etazini atravè Entènèt

Kronik Teknolojik Koneksyon ak Gotson Pierre epi Harold Isaac an patenarya ak Gwoup Medialternatif

Mizopwen konsènan yon rimè sou Ayiti ak Etazini atravè Entènèt

Festival Jeyopolitik nan vil Grenòb an Frans.

Publié le mercredi 28 mars 2012

Nan mond kote teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo an revolisyon pèmanant, diferans ant vityèl ak reyèl ap ratresi pi plis chak jou. Yon reyalite imajine, envante kab pran gwo enpòtans menmjan ak yon reyalite tout bon.

Apre kokennchenn tranblemantè ki te ravaje Ayiti an janvye 2010 la, bri te kouri pou fè konprann soukous ki te simen lanmò a pat senp. Yon vèsyon te mete an kòz esperyans k ap fèt nan Etazini.

Kesyon sa a rebondi, Harold.

Gotson, sit entènèt magazin ameriken ki spesyalize nan zafè nouvo teknoloji, Wired, Wired.com pale de Ayiti semèn sa nan seksyon Danger Room (Chanm Danje) ki trete de sa ki gen awè ak kesyon sekirite nasyonal peyi Etazini.

Atik lan ki sòti anba plim jounalis Arikia Milikan nan jounen 20 mas 2012 lan, pale de yon rimè pèsistan ki ta vle fè kwè ke tranbleman de tè 12 janvye 2010 lan ansanm ak lòt soukous ki kontinye ap brase bil peyi-a jouk jounen jodi-a, ta va yon zak Ameriken, nan eksperyans gwo kalib ke yo ta va ap mennen nan zòn lan pou fouye yon tinel ki ta va konekte tout zile Karayib la ak peyi Etazini ansanm ak peyi Venezuela.

Nan atik sa ki rele "No, U.S. Mole-Men Are Not Causing Haiti’s Earthquakes" (Ki vle di literalman, "Non, Etazini pa dèyè tranbleman de tè peyi Dayiti yo"), otè-a esplike kouman rimè-a vinn jwenn li pandan ke li tap fè la desant kay fanmi li Petyon-Vil. Li fè konnen ke li te tèlman sezi tande rimè sa ke li te deside envestige.

Alòs sa Arikia Milikan vinn dekouvri, sè ke sous rimè sa se ta va yon kanular (yon blag) ki te chita nan yon atik sou sit Wikia (Yon sit ke Jimmy Wales, fondatè Wikipedia-a te fonde an 2004). Atik tèt chaje sa, ki byen ekri e ki byen ilistre, kapab konvenk yon moun ki ap li l’ ke genyen yon travay ki ap fèt nan zòn lan efektivman, sòf ke se pat vre, e sit lan di l’ kounyeya.

Atik sa, ki parèt 10 fevriye 2010, fè plis pase 1 an sou sit lan avan yo vinn mete yon avètisman an wouj, pou demanti pwojè-a ansanm ak reyalite l’. Se nan dat 27 out 2011, ke yo vinn plase avètisman-an pou eseye bloke rimè-a. Men dega yo te deja fèt, e anpil moun rete kwè posibilite tinel sa ta va egziste.

Se pa premye kanular dimansyon sa nou wè, nou ka sonje zafè dèt Lafrans genyen pou Ayiti e ke li ta pral remèt, swadizan, an jiyè 2010.

Se petèt la, nou genyen pou nou reflechi sou enpòtans laprès ki ap founi enfòmasyon ke li kapab verifye fas ak yon entènèt ki souvman kapab fasilman debride.

Pou plis enfòmasyon, chache Florida Haiti Interstate Tunnel kididonk Florida Haiti Interstate Tunnel.

Pou Koneksyon sete Harold

Mèsi Harold
……..

Lè yo konsidere enpòtans TIC yo k ap ranfòse san rete, kesyon ap poze sou aspè jewopolitik ki konsène teknoloji sa yo.

Presizeman, tèm sa a se te sijè yon konferans ki fèt semèn pase nan kad « festival Geopolitique » nan Grenob en Frans.

Espesyalis ki te la pou abòde sijè a, se Francis Pisani, Pierre Buhler, Olivier Kempf ak Jean-François Fiorina. Animatè konferans la, se te Zyad Malouf, ki fè pwogram Atelier des Médias sou RFI.

Espesyalis yo fé konprann, nan moman kounye a, li nesesè pou syans ki etidye kesyon geopolitik panche sou aspè ki konsène TIC yo. Fòk syans sa a entegre TIC yo nan analiz li.

Poukisa ? Paske, dapre espesyalis yo, reyalite teknolojik yo kondisyone sa k ap pase nan lemond. Kèk done montre sa :

Dabò : fason kab soumaren fib optik yo ap distribye. Ki peyi ki konekte oubyen k ap chèche konekte ansanm ? Repons kesyon sa a kab pote anpil enfòmasyon pou moun konprann enterè jewostratejik yo.

Lòt eleman : Antrepriz ki gen plis vale nan labous atravè lemond, se Apple, yon konpayi enfòmatik.

Moun ki pi rich nan lemond, se meksiken Carlos Slim, ki bati fòtin li sou telekominikasyon.

Nan domèn politik, espesyalis yo raple tout boulvès ki souke mond arab la soti 2009 rive kounye a. Yo site ka Iran, Tinizi, Ejip, rive jis nan Siri Jodi a. Pandan tout period sa yo, anpil fwa, menm laprès te blije rete branche sou rezo sosyal yo pou jwenn enfòmasyon, ki sikile apati telefòn pòtab.

Yo wè tou, mouvman sosyal yo ap pran lòt oryantasyon nan fason yo kòdone manifestasyon yo. Yon egzanp se mouvman endiye yo, ki pran pye nan divès kapital atravè lemond, pami yo Wasington, kote manifestan yo leve kanpe kont sistèm kapitalis la.

Gen anpil lòt egzanp ki montre enpòtans teknoloji yo nan kesyon jewostratejik. Paregzanp, si Facebook te yon peyi, li t ap twazyèm teritwa ki gen plis moun sou li. 800 milyon moun.

Petèt fò nou konsidere tou fason yon zouti tankou Wikileaks vin boulvèse zafè sous enfòmasyon sou plan mondyal ak kab diplomatik li yo.

Julian Assange, ki se prensipal fondatè sit Wikileaks la, ta gen entansyon pou poze kandidati l pou senatè an Ostrali, dapre enfòmasyon ki sikile sou Twitter.