> Kreyòl > POZISYON KOLEKTIF LA SOU DISKOU K AP JISTIFYE REMOBILIZASYON LAME NAN PEYI (...)

DEBA SOU LAME YA RELANSE AK PREZANS PLIZYÈ GWOUP AME KI DEKLARE YO SE ANSYEN MILITÈ

POZISYON KOLEKTIF LA SOU DISKOU K AP JISTIFYE REMOBILIZASYON LAME NAN PEYI A

PLIZYÈ OGANIZASYON POPILÈ MANDE LEVE KANPE KONT PWOJÈ Remobilizasyon LAME YA

Publié le dimanche 1er avril 2012

POZISYON KOLEKTIF LA SOU DISKOU K AP JISTIFYE REMOBILIZASYON LAME NAN PEYI A
Mas 2012
Se pa moun k ap fè mal yo k ap detwui lemond , men se pito moun ki kanpe ap gade moun k ap fè mal yo san yo pa di anyen (Albert Einstein)
Pozisyon KOLEKTIF la sou remobilizasyon fòs lame nan peyi a
An 1915 lè Etazini fin anvayi Ayiti, li pral kraze ti rès lame endijèn nan, ki te gentan ap bat ladoba depi oktòb 1806. Anvan anvayisè yo te kite peyi a, yo pral mete sou pye yon gad nasyonal ki pou kontinye represyon sou pèp ayisyen an, jan yo menm yo t ap fè l. Gad nasyonal sila pral patisipe nan yon pakèt zak san manman jis nou rive nan diktati fewòs François Duvalier a, ki ta pral dire 29 lane epi ki pral fè gad nasyonal la tounen Fòs lame dAyiti. Pandan anviwon trant (30) lane sa yo diktati fewòs sa a te rive donte lame a, nan mete l dèyè kay pa rapò ak tonton makout rejim bout di a pral kreye pou mete devan pòt. Men apre ke makak la te fin kase an 1986, lame a ta pral reparèt douvan pòt ak yon seri represyon brital sou pèp la, ki pral fini nan rigòl san ; san konte yon seri koudeta kote yo pral masakre plizyè moun sitou nan milye pòv yo nan
peyi a.
Nan lane 1994, apre yon koudeta ki te lakòz 6000 moun pèdi lavi yo anba bal ak nan bouch reken nan kouri pran lanmè pou sòlda pa touye yo, apre tout pèp la pral konstate enstitisyon konstitisyonèl sa a yo rele “Les Forces Armées d’Haiti (FAD’H)” pouri jouk nan zo, nan fè krim san manman epi kòripsyon tout kalte. Jean Bertrand Aristide ki te prezidan peyi a nan epòk la, pral pran yon arete prezidansyèl pou kraze lame sa a ak konkou okipan yo. Pou tout sektè nan lavi nasyonal la, anwetan sila yo ki t ap koupe rache ak lame sanginè a, antèman lame a te gentan chante deja, paske okenn moun nan sektè demokratik ak pwogresis la pa t imajine yon lòt Ayiti ak lame sila.
An 2004 apre Aristide fin pèdi pouvwa a, ansyen militè yo ki te pran zam bò kote Guy phillippe, manifeste pou mande rekanpe lame a epi ofri sèvis yo nan yon seri operasyon kanson fè, ki t ap fèt sou patizan rejim lavalas la, nan plizyè katye popilè nan Pòtoprens. Koze a te tèlman cho, gouvènman defakto a ta pral kanpe yon komisyon pou reflechi sou kesyon an. Se konsa fòs reyaksyònè nan sosyete a sèvi ak leve kanpe, ki te gen nan yon seri katye popilè kòm agiman pou defann ranfòsman bra represif Leta a, kidonk retou lame nan peyi a. Lide sa pral kontinye fè wout li jouk nan lan 2009, kote prezidan René Préval pral kreye yon komisyon prezidansyèl pou reflechi sou nesesite pou mete yon lòt fòs represif kanpe. Koze sa a pral pran yon lòt koulè, lè nan dezyèm tou eleksyon 2011 yo, youn nan kandida kominote enperyalis la te vle bay eleksyon yo te fè konnen, youn nan premye aksyon l ap gen pou poze, se rekanpe lame a, san li pa di anyen sou koze MINUSTAH ki nan peyi a depi lane 2004.
Si depi plizyè lane, deba pa sispann fèt sou nesesite pou ranfòse aparèy represif Leta a ; depi plizyè mwa gen yon batri diskou klas dominant yo ap konstwi epi fofile nan mitan popilasyon an sou koze rekanpe lame Dayiti, milis woz, makout oubyen lòt non yo pral bali a. Diskou sila chita sou yon dividal manti ak konfizyon, tankou : se lame ki ka bay sekirite, ki ka bay travay, ki te ba nou endepandans, ki ka voye MINISTA ale elatriye... Tandiske nou konnen lame endijèn nan, se te ansanm esklav yo ki te òganize yo sou kòmandman Desalin ak kèk nèg ak fanm ki te sòlda, ki te batay pou fè lendepandans. Lame endijèn nan ki te batay ansanm ak mas esklav yo pou bay endepandans lan, pa gen anyen pou wè ak lame sanginè sa a ki se yon zouti represyon ameriken te kite pou defann enterè klas dominant yo, apre yo te fin okipe peyi a militèman.
Nan konfizyon total ak manti tout kalte klas dominant yo, mele ak pouvwa an plas la ap simaye sou koze lame a, nou rive dekouvri yo kanpe dèyè twa (3) ti agiman wòwòt tankou :
• Se sèl lame a ki ka bay sekirite anndan ak akote peyi a
• Lame a se yon enstitisyon ki nan konstitisyon an (ki legal)
• Lame a ap pèmèt yo kreye travay
Objektif dokiman sila a, se voye jete nan poubèl ansanm agiman ki chapante diskou klas dominant lan ak pouvwa an plas la, sou koze sekirite nan peyi a, montre yon bann konfizyon ak manti ki genyen nan rezon yo bay yo, lonje dwèt sou pwojè ki kache dèyè volonte sila a epi pwopoze lide ki klè, koyeran k ap pote bon jan chanjman pou majorite popilasyon an. Se yon devwa, se yon responsablite nou genyen devan listwa, kòm Ayisyen/Ayisyèn òganize pou n anpeche peyi Dayiti retounen nan tan bout di li te konnen nan listwa li epi kanpe anfas tout pwojè klas dominant yo ki anpeche pèp ayisyen an kontinye goumen pou chache wout byennèt l ap bouske depi plis pase 200 lane a.
I. Deboulonay disksou k ap chache montre nesesite pou retabli lame nan peyi a
Pawòl ranfòsman, mobilizasyon osnon remobilizasyon yon fòs represyon anplis la pran plis jarèt nan peyi a, depi rive Michel Martelly sou pouvwa a. Sa pa anpeche gen latwoublay toujou nan pozisyon aktèz ak aktè yo. Se vre gen yon dokiman Prezidan an te voye bay anbasad peyi rich yo epi k ap sikile nan lari a sou remobilizasyon FAD’H la, men gen pawòl milis tout koulè ak tout kalte k ap klewonnen tou. Sa vle di kisa ? Ou ka pare lespri w ap tann FAD’H, epi se yon fòs kriminèl ki gen yon kouvèti ofisyèl (yon milis woz) ki pa mache ak lalwa ki rive sou ou. Sa k ap pase nan diferan zòn nan peyi a, kote ansyen militè ak bandi ap fè antrennman ansanm, anba je pouvwa anplas la, se yon prèv aklè ki montre gen yon gwo menas lame woz ki pandye sou tèt popilasyon an.
Si patizan “mobilizasyon yon fòs represyon anplis yo pa antann yo nèt sou kalte fòs la, yo tounen pwason kraze nan bouyon sou agiman ki jistifye diskou sa a. Se poutèt sa, estratejikman, nou pito chita pale sou chapantay aspè agimantatif pwodiksyon diskou sa yo. Se nan laprès sitou nou tande ak li diskou mobilizasyon yon fòs represyon anplis la. Sektè ki mobilize pou simaye pawòl sa a nan lespri moun nan peyi a se : prezidan an, kèk palmantè, gwoup ki nan zafè biznis, yon pati moun nan sosyete sivil la ak kèk lòt satelit nou pa rive klase. Lè yon moun louvri zòrèy pou tande, gen 3 ti agiman wòwòt ki sonnen plis. Se ENSEKIRITE-SEKIRITE, CHOMAJ-KREYASYON TRAVAY ak ENKONSTITISYONALITE-KONSTITISYONALITE. Eske langay sa yo gen pwofondè ? Nan ki mezi yo gen nannan ? Eske tou se pa yon pawòl te kowosòl pou fè moun kabicha pandan koze serye ap regle ankachèt ? Pou reponn ak kesyon sa yo, nou pral detaye chak moso diskou sa a.
1.1 Remobilizasyon FADH pou respekte konstitisyon 1987 la
Gen yon agiman ki raple FAD’H la se yon enstitisyon ki nan konstitisyon an. Dapre patizan tèz konstitisyonalis sa a, pa te dwe gen tout pale anpil sa yo sou kesyon remobilizasyon ansyen fòs lame a. Pwiske Konstitisyon 29 mas 1987 la rekonèt gen 2 fòs ki kapab pote zam nan peyi a : Lame ak Lapolis. Dapre moun sa yo, remanbray fòs lame a se t ap, yon prèv otorite Leta yo deside pran chimen respè manman lwa peyi a. Kidonk, tout moun ki pou yon Leta ki chita sou lalwa pa ta dwe gen pwoblèm ak yon mezi konsa. Se diskou kèk palmantè ak kèk jiris ki pran pozisyon nan deba sou lame a. Fò nou siyale tou yon pati palmantè renka renka sou kesyon sa a, genyen tou ki denonse jan sa ap fèt la. Sa fè nou konprann, se Egzekitif la k ap mennen an gwo ponyèt dosye lame a, pandan l ap tabli pa anba, yon milis woz ki pral jwe wòl atache oubyen makout.
Lè nou gade diskou sa a nan fòm, nou kapab wè li parèt lojik, li gen sans, sitou lè nou konsidere dife volan, derapaj ki gen ant Lejislatif la ak Egzekitif la. Paske se vre, se sa ki fòs agiman sa a, lespri konstitisyon ayisyèn la rekonèt egzistans fòs vyolans lejitim sa a. Konsa tout moun ki di yo pou demokrasi ak respè lalwa, ta dwe batay pou aplikasyon manman lwa peyi a. Dayè se senbòl souverènte nasyon an. Men menm konstitisyon sa a tou prevwa pou kanpe yon konsèy elektoral pèmanan ; apre plis pase 20 lane enstitisyon sa a pa janm egziste. Pa gen okenn kote nan konstitisyon an nou wè fòk gen prezans fòs lame lòt peyi sou bout tè zansèt yo ; men MINUSTAH la. Dayè nou ap mande tèt nou èske li posib pou gen 2 fòs lame nan yon sèl peyi, san youn pa sou dominasyon lòt oubyen twoke kòn yo youn ak lòt ? Sa vle di, kòm patizan agiman sa yo rete kwè se lame a k ap bay peyi a dinite li pèdi a ; kiyès nan de lame sa yo (FAD’H, MINUSTAH), dapre nou menm, ki pral domine lòt la ? Konstitisyon 1987 la ki defini gwo enstans ak enstitisyon ki fonde Leta ayisyen an, pa mande monte yon enstitisyon k ap gen nan direksyon li yon ansyen prezidan Etazini, men se egzakteman sa k ap pase ak CIRH la. Menm konstitisyon sa a entèdi kilt pèsonalite. Men, anyen pa anpeche sa fèt. Konstitisyon an di tou, se Leta ak Kolektivite teritoryal yo ki responsab edikasyon tout moun. Men ki moun ki pa konnen, katrevendouz pousan (92%) lekòl nan sistèm nan se lekòl prive yo ye. Menm si gen pawòl lekòl gratis k ap pale, se plis lekòl prive y ap ranfòse, olye yo konstui lekòl Leta pou plis pitit pèp la ka ale lekòl. Se menm konstitisyon sa a ki di nan atik 22 li : Leta dwe garanti dwa pou moun jwenn bonjan kay pou yo rete. Nou ka konstate, sa pa janm respekte. Annik gade kantite moun k ap dòmi anba moso twal sal depi apre 12 janvye. Sanble moun k ap defann lame a pa we sa yo nan konstitisyon an.
Lè nou konsidere ti egzanp sa yo, nou rive dekouvri kouman agiman konstitisyonèl la paka konvenk moun ki gen tèt yo sou zepòl yo ak 2 pye yo sou tè. Sitou nan yon peyi ki pèdi dwa grandèt majè l depi kèk tan. Anplis, lè nou antre nan pwofondè diskou sou remobilizasyon lame a, nou reyalize li kòkòy, li sou beki. Li vle fè konstitisyon an tounen sèlman yon lwa sou lame. Konsa, yon bann lòt aspè ki konsènen souverènte nasyon an tankou devlopman kapasite kò ak kapasite lespri moun pa ta enpòtan pou diskou sa a ki parèt sispèk. Annatadan, patizan tèz konstitisyonalis la al konplete l, nou pral gade yon lòt diskou k ap taye banba depi kèk tan nan lari a sou kesyon kanpe yon fòs vyolans ak represyon anplis la.
1.2 Yon fòs lame pou kaba ensekirite
Lòt rezon ki, dapre klas dominant yo, montre li plis pase nesesè pou Leta mobilize osnon remobilize yon fòs represif anplis, se pou konbat ensekirite. Jan tout moun konstate l, depi kèk lane, endividi osnon gwoup ak zam san fwa ni lwa ap simaye dèy, latristès ak lapenn lakay moun an Ayiti. Tout moun konnen kantite danje ak gwo malè ki pandye sou tèt chak moun k ap viv nan peyi sa a. Byen moun gen gwo menas sou yo. Vòlè ak asasen tout kalte ap taye banda nan sosyete a. Gen yon apwòch konparatif ki fè konprann gen lòt peyi, kou Brezil, Etat-Unis, Mexique, Jamaique ,Guatemala paregzanp, kote fenomèn sa a bay plis kè sote epi preske tounen yon malediksyon malgre yo gen gwo lame. Peyi sa yo gen gwo fòs lame, men poutan, se chak jou moun ap mouri nan ensekirite. Sa montre aklè, se pa gwo zam ni lame k ap rezoud pwoblèm ensekirite a. Gen anpil lòt aspè pou nou konsidere nan rezoud pwoblèm ensekirite a. Pwoblèm mizè, chomaj, paka rezoud ni ak lame, ni ak gwo zam. Peyi ki gen plis sekirite yo, se peyi kote dirijan yo atake pwoblèm sosyal yo. Se sa ki fè yon peyi tankou Kiba, se youn nan peyi ki gen plis sekirite sou latè. Se pa plis militè ki fè yo gen plis sekirite. Se angajman Leta sosyalis la bò kote popilasyon an, nan rezoud pwoblèm sosyal yo ki bay sekirite a kòm rezilta.
Fò nou di, pawòl sekirite osnon ensekirite a gen 2 gwo moso. Premye a, se sekirite anndan peyi a, ki se pwoteksyon ak garanti pou lavi ak byen moun. Lòt moso kesyon sekirite a konsène kapasite lagè pou Ayiti kabab defann entegrite teritwa a epi lavi pèp la, sizoka yon lòt peyi ta deside anvayi l. Se sou 2 aspè sa yo, nou pral fè yon ti chita koze :
• Sou kesyon sekirite entèn nan, nou nan latwoublay sou rezon ki te kapab jistifye diskou mobilizasyon osnon remobilizasyon yon fòs vyolans anplis la. Paske, otorite yo te ka annik deside ranfòse fòs polis nasyonal la, pou l kapab ranpli fonksyon sa a ak plis pwofesyonalism epi efikasite. Nan sans sa a, nou pa ta wè byen rezon fondamantal ki blije otorite yo panse ak yon fòs vyolans anplis pou vin toupizi mas pèp la k ap fin kokobe anba malsite tout kalte. Lajan k ap itilize pou mete kanpe lame a taka itilize pito pou bay popilasyon an plis sèvis tankou : lekòl, lopital, kay pou li dòmi nan bon kondisyon, epi bon dlo pou li bwè, pou evite kolera MINISTA a. Pouki sa se yon fòs lame ki ta kapab fè travay sekirite entèn nan ? Poukisa se ann Ayiti moun panse se lame ki ka bay sekirite piblik ; poutan nan peyi ki gen plis ensekirite epi ki gen pi gwo lame se toujou polis ki fè travay sila. Epi tou, li enpòtan pou nou di, kesyon ensekirite a marande menm ak fonksyonnman sistèm kapitalis la ki chita sou lamafya ki kontwole anviwon karant pou san (40%) PIB mondyal la. Mafya sa yo fè kòb yo nan trafik zam ak trafik dwòg. Nou paka bliye tou, wòl lame a te toujou jwe nan chita ensekirite a, sitou pandan rejim bout di Divalye yo ak rejim militè yo. Nou paka bliye tou, wòl lame a nan koudeta 30 sektanm nan, ki te pote plis pase 5000 moun nan peyi san chapo epi mete anpil moun nan mawon.
• Sou kesyon sekirite eksteryè a, lespri nou plis an boulatcha ankò. Nou pa rive sezi pwofondè agiman ki sosye sekirite eksteryè ak prezans yon fòs vyolans anplis la. Pou vanse ak enkyetid sa a, nou pral fè yon kout je nan listwa peyi dAyiti soti 1806 pou bout jodi a. Nan mwa jiyè 1915, yon fòs lame etranje debake pou okipe peyi a pandan 19 lane, lame ayisyèn nan pa tire yon peta. Okontre li te kolabore ak okipan yo. Sèl mouvman rezistans ki te pran pye, se te yon gwoup peyizan sou direksyon Chalmay Peralt ak Benoit Batravil. Bon, gen moun ki ka reponn se lame ki plis pwisan nan epòk la ki te anvayi nou, kidonk nou pa ta kapab replike ; nou t ap replike pou n di, ti peyizan yo pat militè men yo te pi brav pase lame a. Nou te kapab di ankò, lame mas esklav yo te mete atè do lame Napoleyon an (lame fransè a), pi gwo lame ki te gen sou latè nan moman an.

Men ann pran yon egzanp ki pi pre nou. Soti 2 pou bout 8 oktòb lane 1937, lame peyi vwazen masakre plis pase 30 mil ayisyen sou fontyè ki separe Ayiti ak Dominikani. Lame a nan moman sa a, pat menm lase bòt li, okenn zam pat foubi pou reponn ak souflèt marasa sa a. Nan lane 1994, 20 000 sòlda meriken debake ankò epi se sitou ak otorite militè yo, yo negosye debakman an. Non sèlman FAD’H la antre nan koki li, men malgre konpòtman lawont ak lach sa a, lame okipan kraze FAD’H la kòm rekonpans, ann akò ak prezidan Aristid, ki te gen pwoblèm pa l tou ak lame a.
Apati 2 egzanp sa yo, nou ka aprann, pou pi piti, yon leson istorik. Sèl gwoup ak zam ki te reziste kont anvayisman fòs lame etranje, sou bout tè sa a, se te lame mas esklav yo. Sa nou rele lame endijèn nan, ki se lame mas esklav yo ak lame Kako yo ki se lame ti peyizan yo. Apre sa, lame regilye epi pwofesyonèl ki ranplase lame endijèn lan depi kò sasinay sou Desalin 17 oktòb 1806 la ak gad nasyonal ki pral tounen FAD’H la toujou kopere ak anvayisè yo, san tire yon kout zam. Se toujou sou ti pèp de bra balanse a, lame sa a te toujou gen fòs. Lame a te toujou la pou defann laboujwazi, anpeche pèp la manifeste pou mande lavi miyò epi anpeche ouvriye ak ouvriyèz yo reklame dwa yo nan izin yo. Jan pwovèb la di a, dan pouri gen fòs sou bannann mi. Kidonk, diskou k ap di se sèl yon fòs vyolans anplis ki kapab kwape ensekirite anndan kou akote peyi a pa ta dwe briding okenn moun. Sa voye nou al dechifre yon lòt agiman k ap feraye anfavè lame.
1.3 Mobilizasyon yon fòs represyon anplis, se solisyon pwobèm chomaj la
Selon pawòl kèk ofisyèl nan pouvwa tou nèf la, remobilizasyon FADH la, se yon mwayen pou kreye travay pou jèn gason ak jèn fanm ann Ayiti. Kouman pwoblèm chomaj k ap brase bil lajenès la ka jwenn solisyon nan retou FAD’H la, lè nou konnen sòlda ki te pi jèn lè lame a te demobilize a, gen plis pase 40 ans ? Men, agiman sa a chita sou yon verite tou, ki se fenomèn chomaj la. Majorite popilasyon ayisyèn nan se jèn ki nan laj 15 pou rive 35 lane. Kantite moun ki pap travay ap ogmante chak jou pi plis (anviwon 70 sou chak 100 moun pap travay). Fenomèn sa a gen gwo konsekans sou kondisyon lavi moun. Kèk espesyalis menm soutni se youn nan koz ensekirite a. Alòs pouki sa, se remobilizasyon osnon mobilizasyon yon fòs vyolans anplis ki ka konbat chomaj nan peyi a ?
Pou nou sonde pwofondè agiman ki sosye lame ak kreyasyon travay la, nou pral pran 2 egzanp. Premye a parèt sou fòm yon kesyon.
• Chak moun diskou sa a rive jwenn, poze tèt ou kesyon sa a epi eseye jwenn reponns. Poukisa se pa efektif polis nasyonal la otorite yo deside ogmante ? Eske si pouvwa a mobilize yon lame 7 mil sòlda osnon li rekrite 7 mil nouvo polisye, se pa t ap menm egzèsis la ? Si nou ta kenbe agiman kreyasyon travay la. Anplis, lame ap mande lòt gwo depans pou mete enfrastrikti kou kazèn ak gwo zam fannfwa, sa ki pap menm pou polis la. Epi tou, lame sanginè a te konsome anviwon 40% bidjè repiblik la, yon lajan ki taka itilize pou kreye travay nan agrikilti ak nan lòt sektè. Konsa, t ap gen plis manje pou moun manje ak plis travay nan peyi a.

• Dezyèm egzanp lan ap asosye 2 fenomèn : anviwònman ak travay. Nou mete aktivite rebati anviwònman peyi DAyiti a nan plas remobilisayon osnon mobilizasyon yon fòs vyolans anplis. N ap koumanse egzèsis sa a nan tabli yon lòt verite. Dayè demostrasyon lanati bay pèp ayisyen an nan lane ki sot pase yo, pèmèt nou sezi nannan verite sa a : degradasyon anviwònman an reprezante pi gwo menas Ayiti gen sou tèt li jodia. Nou pa menm bezwen raple kantite dega ak moun ki pèdi lavi yo anba katastwòf natirèl tout kalte.

Verite sa a pèmèt nou dakò, rebati anviwònman an se pi gwo chantye Leta ta dwe ouvri nan jou k ap vini yo. Dapre Anil Louis-Juste , ki te pwofesè UEH la ki travay sou kesyon anviwònman, Leta ayisyen, pou remanbre ak pwoteje basen vèsan yo, kapab kreye 20 000 anplwa nan peyi a. Basen vèsan yo, se tèt mòn kote sous dlo yo fòme. Se nan rasin pye bwa dlo lapli pase antre pou al bay sous dlo yo. Lè mòn yo debwaze, lè dan yo griyen, dlo lapli a pase sou sifas tè a pou al fòme gwo lavalas. Lavalas dlo sa yo pote ale nan lanmè moun, bèt, rekòt ak tè ki ka fè manje osnon al bouche kannal, sa ki lakòz gwo inondasyon. Kidonk, kreye 20 mil travay pandan n ap pwoteje basen vèsan yo se tou anpeche peyi a ale nan lanmè. Sa vle di tou, se kite yon peyi pou jenerasyon k ap vini yo san kè sote. Se sa ki t ap veritab konba kont ensekirite pou nou menm nan kolektif la.
Nou te ka devlope yon pakèt lòt egzanp tankou zafè alfabetizasyon ki se pwoblèm plis pase 50% popilasyon an epi ki se pi gwo baryè sosyal ki gen nan peyi a, donk, baz ensekirite a ; nou te ka pran lekòl, inivèsite, agrikilti, agwoendistri ak lòt sèvis pou montre kouman nou pa bezwen mobilize yon fòs lame anplis pou kreye travay nan peyi a. Men nou chwazi 2 egzanp sa yo sèlman pou pwoblèm tan ak espas.
Antouka, ti rale sa a, se te pou montre gen lòt bagay ki kache deyè diskou sou mobilizasyon ak remobilizasyon yon fòs lame pou simen laparèz nan peyi a. Dèyè agiman konstitisyonalis, ensekirite ak chomaj la, gen lòt dosye ki ap regle anbachal. Pouki sa gwo palto ap kache rezon fondamantal yo gen pou kanpe lame a ? Repons kesyon sa a enpòtan pou chak grenn moun ki pa konprann vitès diskou sa a ap pran nan sosyete a jodia.
Kisa, dapre nou menm nan kolektif la, ki kache dèyè volonte pouvwa an plas la pou rekanpe FADH la ?
An reyalite ki pwojè ki kache dèyè diskou sekirite/ensekirite klas dominant lan mele ak pouvwa santral la ? Premye demach la se ta gade nan dokiman prezidans lan sou lame a, kijan yo difini kesyon sekirite a. Definisyon yo bay yo moutre nou, gen nesesite pou n fè yon kout je istorik ak sosyolojik sou sosyete ayisyèn nan.
Depi plis pase 200 lane depi nou egziste kòm pèp, youn nan mak fabrik sosyete yo te rive mete kanpe a se lenjistis. Tankou Franketienne di l nan pèlentèt : zotobre yon bò, pèp la yon lòt bò, nan mitan yo yon tou vonvon falèz. Men nou konstate depi 25 dènye ane sa yo, menm gwoup fanmi ki gen richès peyi a nan men yo depi plis pase 200 zan yo ; ap anrichi ak yon vitès nou pat janm konnen nan listwa peyi a anvan ; lè n ap gade kijan biznis ap fleri : makèt, magazen, bank, ponp gaz, otèl ak yon bann objè liks tankou machin, kay, pano piblisite elatriye. Nou pa gen okenn pwoblèm ak sa, okontrè, nou ta swete tout popilasyon an sòti nan lamizè pou yo rive nan lavi miyò e menm rive nan larichès. Men, pwoblèm ki poze a, se difètke se mwens pase 2% popilasyon an k ap jwi sitiyasyon nou sot moutre la pandanstan gen plis pase 80% popilasyon an k ap degrengole nan yon mizè total kapital, nan yon tou fè nwa dezespwa, yon tou vonvon malsite, kras ak lawont, kote lè lòt pèp yo ap gade nou yo menm di gen yon malediksyon ki tonbe sou peyi a. San konte rès popilasyon yo rele klas mwayèn nan k ap moute desann nan yon kout pa konprann ant malsite ak lavimiyò.
Sitiyasyon sa lakoz mas pèp la ak gwoup òganize yo ap souke kò yo de tanzantan pou mande jistis nan sosyete a. Se kesyonman sa yo nou wè yo konsidere kòm ensekirite nan dokiman prezidansyèl la ak diskou k ap fofile kò l nan mitan moun k ap viv sitiyasyon malouk sa a ki gen nan peyi a. Sa vle di kisa ? Pouvwa santral la, kapitalis entènasyonal yo ak tout klas dominant lan pran fenomèn ensekirite a pwodwi a pou ensekirite a (pran efè pou koz). Pou nou se pa yon erè, se pito yon pozisyon. Se sa k fè nou te tande prezidan peyi a ap di : wè pa wè, vle pa vle lame a ap kanpe 18 novanm 2011. Menm si prezidan oblije fè bak, akoz patwon li, enperyalis yo, rale zòrèy li, paske yo gen MINUSTAH pou defann pwojè yo nan moman an. Se MINUSTAH nan moman an ki gen wòl pou garanti eksplwatasyon mendèv bon mache a. Rale zòrèy sa a lakoz prezidan an fè yon aterisaj fòse sou kesyon lame a. Nan plas yon dekrè pou rekanpe lame a, li mete kanpe yon komisyon pou reflechi sou lame a, jan prezidan Preval te deja fè li. Men, fòk nou klè, aterisaj fòse a pa vle di kesyon lame a fèmen. Fenomèn eskadwon lanmò yo se yon prèv ki montre aklè volonte prezidan an pou li kanpe yon fòs ame nan peyi a, menm dèyè do lalwa. Epi tou, menm si enperyalis la renka renka sou kesyon lame a kounye a, y ap rale zèl kat sa a kou yo bezwen li, kou MINUSTAH paka jwe wòl li a ankò. Sitou nou ka konstate, chak jou pi plis, popilasyon an paka sipòte MINUSTAH nan peyi a, akòz move zak l ap fè yo. Yon lòt bò, klas dominant yo ap bezwen lame a pou anpeche travayè yo leve kanpe nan izin yo, nan zòn franch yo, nan faktori yo. Se pou sa, Charles Henry Beker te di, si li monte prezidan, premye desizyon l ap pran, se rekanpe lame a. Se menm Beker sa a, k ap revoke ouvriye poutèt y ap fè sendika, nan faktori l yo.
Sa ta vle di klèman, rezon nou sot wè yo pa kenbe pou kreye lame a, se pa veritab rezon yo, men se pito te kowosòl pou fè moun kabicha. Veritab rezon yo se pwoteje mwens pase 2% moun nan popilasyon an k ap anrichi tèt yo depi 200 lane, kont plis pase 70% pèp ayisyen k ap tribile anba yon mizè fewòs k ap wonje l depi 200 zan ki pèdi fren depi 25 dènye lane ki sot pase la yo, kote okenn moun ni enstitisyon nasyonal pa gen kontwòl li.
Nou menm nan KOLEKTIF MOBILIZASYON POU DEDOMAJE VIKTIM KOLERA YO, nou mande pou tout sosyete a rete vijilan fas ak pwojè sa a k ap vin mete apsè sou klou ; deja gen yon bann lòt pwojè kapitalis la gentan genyen pou disparèt pèp ayisyen an. Nou ka pran egzanp CIRH/Bill Clinton, MINUSTAH, KOLERA, ONG ak tout pwogram imanitè yo enplante nan peyi a sitou apre 12 janvye, ki gen yon sèl objektif, mete peyi Dayiti sou jenou nan detwi tout sa l konn pwodui pou bay boujwazi kontrebandye bò isit ak lotbò, komès vann pwodui pèpè. Nou menm nan kolektif la, nou konnen otorite pa bò isit yo se tchoul zotobre peyi tou pisan yo ak gwo antrepriz kapitalis yo, kidonk politik k ap manniganse pa bò isit yo planifye lòt bò dlo, pou mete latwoublay nan lavi nou isit. Sa vin lakoz fòs sosyal demokratik ak pwogresis yo pèdi fòs nan batay y ap mennen oubyen pa toujou atake pwoblèm yo nan bon bout la.
Gwo koub Prezidan an fè sou kesyon lame a tou swit lè li antre nan peyi a, apre li sot pase plizyè jou Etazini, se yon bèl egzanp. Se kòmkidire patwon li ta rale zòrèy li sou kesyon an e sa ta fè li vin pi koul sou koze resisite lame kraze zo a. Men kesyon n ap poze tèt nou, èske nou ka lage kò nou bay diskou prezidan an te pwononse nan direksyon jeneral polis la ? Èske se pa toujou estrateji te kowosòl pou fè moun kapicha a ? Nou poze kesyon sa yo pou atire atansyon tout moun, sou posiblite pou prezidan an ta toujou fè yon ti kanpe sou pwojè malouk li a ofisyèlman, men anba anba, li sèvi ak menm ansyen militè sa yo kòm bann ak zam pou fè sèvis li nan pèsekite opozan, moun ki nan mouvman sosyal la ak popilasyon an an jeneral k ap chache wout chanjman tout bon an ; jan sa te konn fèt ak yon seri gwoup tankou : atache, FRAPH, lame ti manchèt, lame kanibal, fokon nwa, pou n site sa yo senpman ? Se yon fason pou n di sosyete a dwe rete vijilan pou dòmi pa pran nou, pandan granmanjè, asasen ak move zangi ap pyafe sou do moun ki pi pòv yo jan sa toujou ap fèt. Annik gade sa k ap pase nan sèten kan militè nan peyi a. Dapre deklarasyon ansyen militè eskadwon lanmò yo fè nan laprès, yo di yo gen anviwon 15 mil moun k ap antrene nan 10 depatman nan peyi a, san kè yo pa sote. Yo menm menase pou yo touye moun si gen moun ki atake yo. Sa ki fè n ap poze tèt nou anpil kesyon tankou : ki kote ansyen militè/eskadwon lanmò yo jwenn mwenyen pou yo manje, achte zam epi achte inifòm tounèf pou yo abiye ? Ki moun ki otorize yo okipe espas ansyen kazèn yo jouk yo rive nan menase moun ? Sou kisa deblozay sa a ap debouche ? Eske sa k ap fèt la pa rantre nan plan otorite anplas yo pou plante yon pouvwa boutdi nan peyi a ?
Se pou sa nan kolektif la nou panse dwe gen yon laj konsètasyon nan mitan pwogresis ki rete konekte ak batay mas pèp la, sou avni peyi a, yon mannyè pou anpeche de (2) twa (3) grenn divalyeris nostaljik, reyaksyonè ti grangou, boujwazi koutayè ak kapitalis entènasyonal la ki toujou swaf san Ayisyen, kontinye mennen pèp la labatwa jan yo ap fè l nan peyi a depi lontan.

Kolektif Mobilizasyon Pou Dedomaje Viktim Kolera yo

Pou Otantifikasyon :

Yves Pierre-Louis

Boumba Nixon

Jean Willy Belfleur

KOLEKTIF MOBILIZASYON POU DEDOMAJE VIKTIM KOLERA YO
(Batay Ouvriye, Tèt Kole Oganizasyon Popilè yo, UNNOH, MODEP, MOLEGAF, KRD, Sèk Gramsci, GREPS, Chandèl, AVS, Bri Kouri Nouvèl Gaye, ACREF, DOP)
Email : komodevik@yahoo.fr