> Kreyòl > POZISYON MOUVMAN PEYIZAN PAPAY (MPP) SOU KONJONKTI POLITIK LA

DELEGE MPP Ki SOTI TOUPATOU NAN SEKSYON KOMINAL AK KOMIN YO SOT PATISIPE NAN ASANBLE GENERAL MOUVMAN AN KOTE YO SOT FÈ ELEKSYON EPI ANALIZE KONJONKTI YA

POZISYON MOUVMAN PEYIZAN PAPAY (MPP) SOU KONJONKTI POLITIK LA

MPP DENONSE YON BANN BAGAY KI PAP MACHE NAN PEYI YA SELON LI

Publié le jeudi 19 avril 2012

Asanble jeneral MPP

13/04/2012

Papay 13 Avril 2012

POZISYON MPP SOU KONJONKTI POLITIK LA.

Nou menm 900 delege asanble jeneral MPP ki soti nan 35 seksyon kominal nan 12 komin nan

Depatman Sant lan. Nou reyini pou nou fè eleksyon nouvo dirijan nou yo pou 3 ane kap vini yo. Nan

okazyon sa, nou pwofite fè yon analiz reyalite. Me yon rezime sa ki soti nan analiz konjonkti a :

Depi plis pase yon ka syèk ( 25 ane), Ayiti anba yon kriz politik, yon kriz ekonomik, yon kriz

sosyal ak kiltirèl ki vin pi grav chak jou.

Peyi a anba yon kriz sistemik kidonk kriz sistèm kapitalis la ki manifeste sou fòm kriz

alimantè, kriz klimatik, kriz anviwonmantal, kriz enèjetik, kriz sekirite, anfen nap viv yon

kriz sivilizasyon. Anfas kriz sa yo, solisyon sistèm lan ap chèche se fo solisyon tankou

dappiyanp sou tè agrikòl pou fè zòn franch, pou plante jatrofa pou pwodwi agwo kabiran.

Jounen jodya, sistèm kapitalis la ap chèche rezoud kriz li a nan sa li rele ekonomi vèt ki vle

transfòme lanati an machandiz : Tè se machandiz, pye bwa se machandiz, dlo se machandiz,

tout resous natirèl yo se machandiz. Yo gen lide al konsakre tou sa nan gwo konferans ONI

pral fè Rio de Janeiro nan peyi Brezil ki parèt sou non : RIO + 20. Òganizasyon peyizan,

òganizasyon sosyal yo nan peyi Dayiti ap pare pou ale denonse tout fo solisyon gouvènman

yo ak miltnasyonal yo pral pwopoze nan peyi Brezil nan mwa Jen an.

Nan peyi Dayiti, se konfizyon total kapital. Peyi a anba okipasyon militè ki pase dwa grandèt

majè nou anba pye. Peyi a anba yon kriz politik kote pouvwa ekzekitif ap goumen ak pouvwa

lejislatif pandan mizè ap touye anpil sektè nan popilasyon an.

Prezidan Martelly te genyen yon seri koze enpòtan nan pwogram li. Sa yo ki te plis enterese

nou menm peyizan yo se :

Agrikilti bio paske prezidan an te di nan deba ak kandida an fas li a, li kont OGM.

Kont OGM vle di, li pou agrikilti peyizan yo, li pou agwo ekoloji. Nou te di di sa

se yon bon siy.

Li te di li pral voye tout ti moun lekòl gratis ti cheri.

Li te di li pral travay sou pwoteksyon anviwònman.

Li te di li pral konbat kòripsyon.

Malgre nou rekonèt Prezidan Martely te pase anpil tan li pa te kapab monte yon gouvènman

Mouvman peyizan papay

Asanble jeneral MPP

epi li vin mete yon gouvènman ki viv sèlman 4 mwa. Nou poko wè klè nan majorite pwomès

li te fè yo.

Menm lè gen pwoblèm nan zafè lekòl gratis la, nou konstate prezidan an mete tout fòs li nan

sa. Yo dwe korije èrè ki fèt pou pwogram sa kapab kanpe djanm paske twòp ti moun pa ale

lekòl nan peyi a.

Nou toujou ap tann aksyon konkrèt prezidan an nan zafè agrikilti BIO. Reyèlman vre, se pa

distribisyon angrè chimik ki pral fè peyi a pwodwi manje, sitou manje ki bon pou la sante.

Nou toujou ap tann aksyon tout bon pou atake pwoblèm degradasyon anviwònman an ki se

yonn nan pi gwo malè pandye sou tèt peyi a ak popilasyon an.

Kòripsyon kontinye blayi nan tout kè Leta a. Nap tann limyè sou bri kòripsyon kap kouri yo,

nap tann aksyon konkrèt kont kòripsyon nan tout nivo nan Leta a ak nan sosyete a.

MPP ap lanse yon gwo kout rèl pou mande prezidan Martelly ak nouvo gouvènman li pral

monte a pou :

1. Pa pibliye konstitisyon amande a paske se yon zak ilegal kont enterè majorite a,

kont konstitisyon an menm. Ak ki konstitisyon 80% pèp la ki pa konprann fransè

pral sèvi ? Nou konnen presyon kap bay ni andedan ni deyò. Men, gouvènman an

dwe reziste paske sa ta yon gwo bak demokratik pou peyi a.

2. Fini nèt ak koze CIRH la kip ase dwa grandèt majè peyi a anba pye epi kap fasilite

kòripsyon andedan leta a nan konfyolo ak kèk sektè entènasyonal.

3. Pa ni vann ni bay tè peyi a pou plante jatropha oubyen mayi OGM pou fè diesel

ak etanòl. Peyizan yo bezwen tè peyi a pou pwodwi manje. Sispann tout fòm

dappiyanp kap fèt sou tè peyi a swa pou agwo kabiran swa pou zòn franch sou tè

agrikòl yo.

4. Fè popilasyon an konnen klè kou dlo kokoye ki pwosesis kap mete an mach pou

peyi a soti anba okipasyon etranje. Pèp la dwe konnen kilè peyi a pap anba Minista

ankò.

5. Pran dispozisyon pou fwennen ensekirite a ki anvayi pwovens yo, anvayi seksyon

kominal yo kote yap vòlè tout ti bèt nou yo.

6. Retire konfizyon ki genyen nan dosye Lame a, nan dosye gwoup ki rele tèt yo

ansyen militè kap fè mobilizasyon nan peyi a zam alamen. Deba dwe fèt ak tout

sektè lavi nasyonal la pou wè ki fòm fòs lame peyi a bezwen pou nou pa bezwen

okenn fòm fòs militè etranje sou tè Desalin ak Chalmay Pderalt la.

7. Sezon lapli a kòmanse nan tout peyi a. Lapli deja kòmanse fè ravaj. Menm kote

Mouvman peyizan papay

Asanble jeneral MPP

a peyizan kòmanse plante. Nou mande Prezidan Martelly pou li pran dispozisyon

pou kòmanse ede peyizan yo jwenn semans natif natal, jwenn zouti tankou wou,

manchèt, sèpèt, pikwa, bèf ak chari. Repare sistèm irigasyon yo, mete kanpe

nouvo sistèm.

8. Mete kanpe pwogram konsèvasyon sòl ak rebwazman atravè òganizasyon peyizan

ki gen kapasite pou fè sa. Se konnen ki fè. MPP te deja mande pou gouvènman an

ede pwodwi 100 000 plantil fwityè ak forestyè nan chak seksyon kominal. Nou

relanse apèl sa pou nou atake pwoblèm anviwònman peyi a.

9. MPP mande prezidan Martely kontinye devlope bon jan relasyon ak ALBA ki

kapab ede peyi a antre nan wout yon devlòpman sosye ekonomik dirab kote dwa

grandèt majè peyi a respekte.

10.

Òganizasyon ou Lanmò

Pou MPP :

Komite pòt pawòl la :

- Chavannes Jean-Baptiste

- Juslène St-Fleur

- Philfrant St Naré, pòt pawòl adjwen.