Men yon anons gouvenman fè sou koze lavichè ya
NOT POU LAPRÈS
Kreyasyon komisyon pou estabilize pri yo
Pòtoprens, vandredi 14 Septanm 2012 : Biwo kominikasyon Primati a ap fè konnen ke gen yon komisyon ki la pou estabilize pri ki kreye jodi vandredi 14septanm nan. Komisyon sila gen ladann Ministè Komès, Ministè Agrikilti, Konsèydevlopman ekonomik ak sosyal ak Kòdinasyon nasyonal pou sekirite alimantè.
Komisyon an gen pou manda pwopoze mezi pou estabilizepri danre yo konsidere ki pi sansib yo akoz enpòtans yo genyen nan chak fanmiy.
Gouvènman Repiblik la fè konnen yon lòt fwa volonte lipou batay kont lavi chè etan lap pran bon jan dispozisyon rapid ak efikas. Lipwofite okazyon an pou l envite tout aktè konsène yo (enpòtatè, gwosis akdetayan) rete tèt frèt devan move bri kap kouri. Mache ayisyen an pa genpwoblèm machandiz epitou pri sou mache entènasyonal la rete estab.
Komisyon an angaje l pou l travay men nan men ak aktèkonsène yo (sektè prive ak asosiyasyon peyizan) pou pran bon jan mezi pou priyo ka rete estab.
FEN-
Bureau de Communication de la Primature
Contact : Bureau de Communication
Téléphone : +509 22 21 00 07 / +509 22 21 00 53
Email : communications@primature.ht

