L'actualité de ce

Dim' m'a diw'

MédiaSport
Culture
Éditorial
Spécial


Haïti-Séisme : Petit-Goâve, entre les décombres et la mer

Haïti-Séisme : Année zéro ?

Haiti : Départ de Max Sam, dernier dirigeant du Parti Socialiste Populaire

Haïti-Séisme : Justice et Paix demande d'améliorer la communication avec la population

Haïti-Séisme : Courte visite de Bill Clinton

www.flickr.com
Liliane Pierre-Paul éléments Aller à la galerie de Liliane Pierre-Paul


Comment écouter Radio Kiskeya
Publicité
Contactez-nous
Aide
Flux RSS
Plan du Site
Mentions Légales
---------------------
Radio Kiskeya S.A.
Tous Droits Réservés ©
Publicité
Publicité
Recherche

Accès Live365 Régulier
Accès Live365 VIP
Grille Horaire

- Cataclysme en Haïti -

Doktè Jean-Michel Guérin mouri ansasinen Petyonvil


Doktè Jean-Michel Guérin, yon medsen ayisyen anpil moun konnen, mouri anba bal ansasen lakay li nan katye Pegivil, nan Petyonvil, nan lannuit samdi pou louvri dimanch dapre sa radyo Kiskeya aprann.

Doktè a te kouri soti al gade lè l te tande yon bri toupre kay la. Men, apèn Jean-Michel Guérin te parèt deyò a bandi ame ki sanble te an paviyon maske te mete men sou li, epi fòse l antre nan chanm li kote yo te tou tire l.

Tout moun nan kay la te tèlman fremi devan espektak mabyal sa a, yo te kouri al kache kay vwazinay pou yo menm tou, yo pat viktim anba men ansasen yo. Yo jwenn yon grenn sandal Doktè a nan lakou lakay li, pandan anpil kesyon ap poze sou sa ki kache dèyè kò ansasinay sa a.

Jean-Michel Guérin vin lonje lis medsen ayisyen ki viktim nan ensekirite ki derape nan peyi a depi kèk ane e ki pran yon dimansyon san parèy pandan dènye tan sa yo. Pami lòt Doktè kriminèl touye yo, nou kapab site Jimmy Lalanne, yon jèn medsen yo te tire nan klinik li, Yvon Toussaint ki te Senatè tou an menm tan, Ary Bordes, pi gwo ekriven sou medsin ann Ayiti ak Jean Verly, ansyen minis sante piblik ak kolonèl nan ansyen Lame Dayiti.