> Kreyòl > AKTYALITE Jedi 24 Oktòb 2013

AKTYALITE Jedi 24 Oktòb 2013

Publié le vendredi 25 octobre 2013

AKTYALITE Jedi 24 Oktòb 2013

Pozisyon gouvènman an sou dosye MeAndré Michel la

Gouvènman an kondane ak tout fòs li ensidan ki rive ayè nan pakè pòtoprens kote yon gwoup palmantè ak avoka te soti ak Me André Michel epi mennen l nan palman an apre arestasyon l anvan sa Martissant. Nan yon konferans pou laprès jounen jedi a nan lokal primati a, minis ki anchaje dwa moun nan, Rose-Anne Auguste konsidere ensidan sa a kòm yon atak kont prensip separasyon twa pouvwa yo, pou li se yon vyolasyon klè konstitisyon an epi se yon mank respè pou eta de dwa a.

Madam Auguste lanse yon apèl nan non gouvènman an bay popilasyon an poul rete kalm pandan l fè konnen gouvènman an respekte endepandans lajistis la ki donk, li pa mele nan dosye arestasyon Me André Michel la. Li ajoute lè l te tande entèpelasyon avoka a, kòm minis ki anchaje dwa moun, li te antre an kontak ak minis jistis la,Me Jean Renel Sanon pou konnen si dwa Me André Michel te respekte nan moman an.

Yon lòt pa, minis Rose-Anne Auguste raple gouvenman Martelly a rive nan tèt peyi a nan yon kontèks difisil kote kondisyon lavi popilasyon an te vin agrave apre katastwòf 12 janvye 2010 la, apre siklòn ki te ravaje peyi a epi sitiyasyon anviwonman an kap degrade chak jou pi plis. Responab la fè konnen gouvènman an pa nan lagè e lim pap janm nan lagè ak pyès moun men lap toujou respekte apwòch sektè opozisyon an. Li presize pou kounye a gouvènman an make a \koupe fache ak yon seri ansyèn pratik ki te konn repete nan peyi a. Li bat bravo lefèt ke apre plis pase 2 lane prezidan Martelly nan tèt peyi a, pa gen jounalis ki asasinen menm jan sa te rive pou Jean Dominique epi kadav pa trennen nan lari jan sa te konn fèt avan.

Mèt Max Elibert reprezantan kou dapèl yo voye jete nòt sa ki angaje selman prezidan CSPJ a mèt Anel Alexis Joseph. Mèt Elibert presize manm cspj a pat janm chita pou diskite sou dosye André Michel malgre eko dosye a te genyen nan laprès. Max Elibert ki di lap pale nan non 2 lot konseye estime gen anpil politik kap fèt nan dosye André Michel piske se sitou menm majistra yo ki sanble bliye se poui popilasyon an yap travay. Deklarasyon mèt Max Elibert nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

Prezidan blok palmantè pou ranfosman enstitisyonel la (PRI) denonse not gouvenman ak tout not CSPJ a sou entèvansyon senatè yo nan dosye mèt André Michel la. Daprè depite Sadrac Dieudonné se nan bawo a senatè yo tal rekipere mèt Michel ki te gen pwoblèm sekirite pou lavi l. Palmantè Gonayiv mande eske CSPJ a egzite toujou piske malgre tout skandal ki genyen nan lajistis la yo pa janm tande pale de enstitisyon sa a.

Mèt Reynold Georges demanti ak tout fòs li nòt egzekitif la mete deyò poul denonse sal rele enjerans pouvwa lejislatif la sou pouvwa jidisyè a paske selon sa nòt la di gen senatè ki tal pran mèt André Michel ak fòs.

Mèt Georges ki te pase nan radio a, fè konnen, senatè yo pa gen anyen pou wè ak deplasman André Michel, se yo menm avoka ki te propoze pou yo ale avèl nan palman paske te gen tròp moun nan pakè a yo te enkyè pou sekirite mèt André Michel. Li rapouswuiv pou di li pa konprann komisè gouvènman Pòtoprens lan ki di mèt Michel se fijitif paske se komisè gouvènman li menm ki te di yo pa reten kenbe ankenn chaj konn mèt André Michel. Mèt Georges ki di li se konn sa la lwa di, fè konnen li pa tap janm kite pèsònn pran avoka militan an fòs menm si li dil li konnen gen moun nan popilasyon an ki tap tante fè sa men yo defann li

Mèt Georges pale de yon plan byen monte li kwè ki pa abouti. Li mete aksan sou arestasyon an ki illegal menm jan ak anpil lòt moun, sitou se yon jij ki dekriye ki mete manda deyè mèt André Michel, Lamarre Belizaire, batonye a, mèt Carlos Hercule ak plizyè lòt avoka mande revokasyonl.

Avoka Me André Michel yo, Samuel Madistin, Newton St Juste, Patrice Florvilus yon lòt fwa ankò denonse arestasyon ilegal ala tèt gwoup 77 la. Nan yon konferans pou laprès jounen jedi a nan lokal PLH la, Me Samuel Madistin kalifye liberasyon Me André Michel la de yon viktwa pou demokrasi a pandan’l kritike moun kap di yo pa respekte jistis peyi a. Pilwen Me Madistin pa bay enpòtans a deklarasyon komisè gouvènman pòtoprens lan, Me Francisco René ki di André Michel se yon fijitif.Pandanl mande pou komisè a montre ki kote yo te notifye manda damne ki te lanse kont Me Michel la, pou avoka a pat janm gen yon manda paske usye pat janm drese yon pwosè vèbal.

Sou bò pal, Me Michel remèsye tout moun ki te sipòte’l nan moman sa a.Om de lwa a salye agresivite popilasyon an daprè li ki fè santi viktwa a pa lwen. Ala tèt gwoup 77 la presize batay la ap kontinye pandanl anonse mouvman pwotestasyon an pral monte Petyonvil ak Peguy vil.

Me Newton St Juste voye jete nòt primati a ki fè konnen palmantè ak avoka yo vyole lalwa lè yo antre al pran Me André Michel. Li fè konnen sibtiti komisè yo te lage avoka a , li presize se nan baro a avoka a te ye. Pilwen Me St Juste pran plizyè egzanp pou montre avoka primate yo sak rele vyolasyon prensip separasyon 3 pouvwa yo.

Responsab DOP la, (Defenseurs des opprimés) Me Patrice Florvilus anonse univèsite New York nan Global Justice nan tèt kole ak DOP i ekri rapòtez spesial nasyonzini pou mande pou voye je sou Ayiti paske defansè dwa moun yo an danje. Sou bò pa’l Me Newton St Juste fè konnen se imilye yo te vle imilye avoka a epi fè opozisyon an pè nan batay lap mennen kont rejim Martelly/Lamothe la.

Pozisyon Amical des jurists sou dosye André Michel

Amical des juristes fikse pozisyon l sou dosye Me André Michel la pandan l kritike entèvansyon pou egzekitif la nan zafè pouvwa jidisyè a. Nan sans sa a regwoupman avoka sa a mande tout sektè nan vi nasyonal la kanpe bò kote dènye desizyon bawo avoka Pòtoprens yo pou jwenn bout pouvwa an plas la.

Avoka bawo Pòtoprens yo respekte mo dòd grèv batonye lòd avoka yo, Me Carlos Hercule te mande yo yè jedi a an siy pwotestasyon kont arestasyon Me André Michel chèf Pakè kapital la Me Francisco René te òdone mèkredi swa pase a e ki te fèt dèyè do lalwa.

Jèn Bawo Pòtoprens yo,nan yon konferans pou laprès jounen jedi a deklare yo apiye kare bare mo dòd grèv sa a jiskake Me Francisco René ak jij Lamare Bellizaire bay demisyon yon nan pòs yo.

Me René Joseph, konseye jèn bawo Pòtoprens yo ak Me Eddy Paul Fleurant fè konnen atik 24-1 -2 ak -3 konstitisyon an, montre aklè arestasyon mèt André Michel la te fèt an gwo ponyèt.