> Kreyòl > AKTYALITE 28 oktob 2013-10-27

AKTYALITE 28 oktob 2013-10-27

AKTYALITE 28 oktob 2013-10-27

AKTYALITE 28 oktob 2013-10-27

Publié le mardi 29 octobre 2013

AKTYALITE 28 oktob 2013-10-27

Senatè Wencesclass Lambert konfime tout 8 senatè pwoch pouvwa bay aval yo pou entèpele 3 minis nan gouvènman Tèt Kale a. Daprè senatè Lambert se nan lide pou pèmèt sena a kontinye fonksyone nan amoni ki fè yo pran desizyon sa. Senatè Sidès la anonse tou apre entèpelasyon an, prezidan Martelly pral konvoke chanm depite alekstrawòdinè pou travay sou lwa sou FNE a( lwa ki konsenen lajan gouvenman ap ranmase sou apel telefòn ak transfè lajan diaspora ki ta sipoze finance edikasyon) sou lwa elektoral la li estime ki enpòtan pou peyi a. Sepandan palmantè fè konnen apre deba yap konnen ki santans yap bay 3 minis yo an seyans entèpelasyon an ki prevwa pou madi 5 novanm kap vini la.dapre sa Senatè Wencesclass Lambert deklare nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

Senatè Jean Baptiste Bien-Aimé deklare li gen garanti asanble senatè yo ap sanksyone 3 minis gouvènman an yo entèpele pou madi 5 novanm nan piske gen yon konsansis ki déja jwenn ant yo sou dosye sa. Palmantè nodès la presize yo déja jwenn yon konpwomi pou mete minis jistis la, Jean Renel Sanon, minis enteryè David Bazile ak minis afè etranjè a, Pierre Richard Casimir atè . Daprè palmantè a se seri entèpelasyon an ki kòmanse piske se tout gouvènman an kap fè deriv. Konsènan posibilite ki genyen pou konpromi an pa ta respekte, senatè Bien-Aimé estime se ta yon swisid politik pou yon senatè fin siyen epi li retounen sou angajman li pran nan non popilasyon an.daprè sal di

Yon lòt pa senatè Jean Baptiste Bien-Aimé mande premye minis Laurent Lamothe revoke konseye li genyen kap travay kont li yo e ki montre enkonpetans yo atravè lèt semen pase a sou dosye lakou siperyè dè kont lan. Senatè Bien-Aimé ki denonse demach Laurent Lamothe la estime konseye sa yo se yon seri ajan doub ki pa konn djob yo. Palmantè Nodès la di li pran nòt chef gouvènman an adrese yon lòt korespondans bay sena pou anonse li rektifye tout sa l te di nan premye lèt sou lakou siperyè dè kont lan. daprè senatè Jean Baptiste Bien Aimé premye minis la gen enterè revoke konseye sa yo.

Sou bò pal prezidan komisyon jistis sena senatè Pierre Francky Exius mande premye minis Laurent Lamothe poul demisyone sil respekte tèt li apre reviman li fè ak 2 lèt kontradiktwa sou dosye lakoudèkont lan. Senatè Pierre Francky Exius estime peyi a pa gen moun kap dirijel piske ni prezidan repiblik lan,ni premye minis lan, youn pa konn limit yon an fason yo konpòte yo. Sou siyati 2 lèt ki sanble yo diferan, Pierre Francky Exius mande Laurent Lamothe poul bay peyi ya esplikasyon pou konnen ki kote premye lèt la soti.dapre sa senatè Pierre Francky Exius declare nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

Vis prezidan sena senate Andrys Riché reyaji sou deklarasyon ofisyèl ameriken Thomas C. Adams, kòdonatè dosye Ayiti nan Depatman Deta, ki di palman ayisyen an pa pwodwi ase. Senatè Andrys Riché deklare se deriv moun ki dirije peyi a pandan 207 lane ki lakoz etranje ap foure bouch nan zafè. Palmantè a estime se konpotman restavèk dirijan nou yo tou gengnen ki bay Etazini posibilite sa pou pale nan zafè Ayiti.selon deklarasyon senatè Andrys Riché fè nan mikwo jounalis ki te la ladan yo reprezantan Radyo ak Tele Kiskeya

Nan okazyon jounen 28 oktob-nan ki se jounen mondyal lang kreyòl, vis prezidan sena a denonse palè nasyonal li di ki bloke piblikasyon lwa sou kreyasyon akademi lang kreyòl la pou enterè pa l. Senatè Andrys Riché raple kreyòl la se yon konkèt revolisyonè e jodi a Ayiti se peyi kote gen plis moun ki pale kreyòl sou latè. Se pou sa palmantè a swete popilasyon an kontinye batay pou fè valorize lang kreyòl la.

Leta Dominiken apiye san rezèv daprè kòdonatris gwoup kap apiye refije ak rapatriye yo(GARR), Colette Lespinasse desizyon lakou konstitisyonèl pran depi nan dat 23 septanm pase a, pou retire nasyonalite plizyè milye domiken dorijin ayisyèn. Nan yon entèvyou li bay Radyo Kiskeya jounen lendi a, alatèt GARR la fè konnen desizyon rasis sa a 3 pouvwa dominiken yo kore, montre aklè yon veritab kanpay kont ayisyen leta dominiken ap fè lakay li. Daprè madam Lespinasse, prezidan Danillo Medina krache sou eskiz li te prezante bay plizyè òganizasyon dwa moun li te rankontre sou dosye sa a aprè lakou konstitisyonèl te fin pran desizyon sa a.

Pou li menm prezidan Medina apiye desizyon lakou konstisyonèl la paske li fè alyans ak sektè ultranasyonalis la li di ki te finanse kanpay li nan peryròd kanpay elektoral yo.

Kòdonatris GARR la, Colette Lespinasse, te pale konsa nan mikwo Emmanuel Taulème BRINA.

Yon lòt bò,Mme Colette Lespinasse fè konnen GARR nan tèt kole ak plizyè lòt òganizasyon dwa moun nan nivo nasyonal kou entènasyonal pral kontinye rete mobilize jiskaske yo fòse Leta Dominiken retounen sou desizyon sa a daprè li menm ki kapab fatal pou relasyon diplomatik 2 peyi yo.

Alatèt GARR la te pwofite presize gen anviron 800 mil konpatriyòt ki fòme dyaspora ayisyèn nan an Repiblik Dominikèn.

Prezidan komisyon jistis sena Repiblik la mande chèf gouvènman an demisyone sil respekte tèt li apre reviman li fè ak 2 lèt kontradiktwa sou dosye koudèkont lan. Senatè Pierre Francky Exius estime peyi a pap dirije piske ni prezidan repiblik lan, premye minis lan, youn pa konn limit yon an fason yo konpòte yo. Sou siyati 2 lèt ki sanble diferan, Pierre Francky Exius mande Laurent Lamothe bay peyi a esplikasyon pou konnen ki kote premye lèt la soti. Senatè Pierre Francky Exius nan mikwo Eddy-Jackson Alexis (K-7)

Vis prezidan sena reyaji sou deklarasyon ofisyèl ameriken Thomas C. Adams, kòdonatè dosye Ayiti nan Depatman Deta, ki di palman ayisyen an pa pwodwi ase. Senatè Andrys Riché deklare se deriv moun ki dirije peyi a pandan 207 lane ki lakoz etranje ap foure bouch nan zafè. Palmantè a estime se konpotman restavèk dirijan nou yo tou ki bay Etazini posibilite sa pou pale nan zafè Ayiti. Deklarasyon Andrys Riché (K-7)

Nan okazyon jounen 28 oktob-nan ki se jounen mondyal lang kreyol, vis prezidan sena a denonse palè nasyonal li di ki bloke piblikasyon lwa sou kreyasyon akademi lang kreyol la pou enterè pa l. Senatè Andrys Riché raple kreyol la se yon konket revolisyonè e jodi a Ayiti se peyi kote gen plis moun ki pale kreyol sou latè. Se pou sa palmantè a swete popilasyon an kontinye batay pouf è valorize lang kreyòl la. Andrys Riché nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

Leta Dominiken apiye san rezèv daprè kòdonatris gwoup kap apiye refije ak rapatriye yo, Colette Lespinasse desizyon lakou konstitisyonèl pran depi nan dat 23 septanm pase a, pou retire nasyonalite plizyè milye domiken dorijèn ayisyèn. Nan yon entèvyou li bay radyo Kiskeya jounen lendi a, alatèt GARR la fè konnen desizyon rasis sa a 3 pouvwa dominiken yo kore, montre aklè yon veritab kanpay kont ayisyen leta dominiken ap fè lakay li. Daprè madam Lespinasse, prezidan Danillo Medina krache sou eskiz li te prezante bay plizyè òganizasyon dwa moun li te rankontre sou dosye sa a aprè lakou konstitisyonèl te fin pran desizyon sa a.

Pou li menm prezidan Medina apiye desizyon lakou konstisyonèl la paske li gen alyans ak sektè ultranasyonalis la li di ki te finanse kanpay li nan peryròd kanpay electoral yo.

Kòdonatris GARR la, Colette Lespinasse, nan mikwo Emmanuel Taulème BRINA.

Yon lòt bò, Colette Lespinasse fè konnen GARR nan tèt kole ak plizyè lòt òganizasyon dwa moun nan nivo nasyonal kou entènasyonal pral kontinye rete mobilize jiskaske yo fòse Leta Dominiken retounen sou desizyon sa a daprè li menm ki kapab fatal pou relasyon diplomatik 2 peyi yo.

Alatèt GARR la te pwofite presize gen anviron 800 mil konpatriyòt ki fòme dyaspora ayisyèn nan an repiblik Dominikèn.

AKTYALITE 28 oktob 2013-10-27