> Kreyòl > AKTYALITE 4 NOVANM 2013

AKTYALITE 4 NOVANM 2013

AKTYALITE 4 NOVANM 2013

AKTYALITE 4 NOVANM 2013

Publié le vendredi 8 novembre 2013

Jounal 4è Lendi 4 Novanm 13

Palman an :

Senatè Westner Polycarpe anonse lap vote kont 3 minis yo entèpele yo nan seyans madi 5 novanm menm si daprè li se Michel Martelly ki pwoblèm peyi a. Senatè Polycarpe ki siyen lèt pou ranvwaye minis yo deklare li déjà konvenki se tout rejim nan ki pou ta tonbe ; sepandan kòm se yon konsansis yo gengnen pou voye minis jistis la, Jean Renel Sanon ale, minis enteryè a, David Bazile ak minis afè etranjè a, Pierre Richard Casimir. Palmantè Nò a bay garanti lap prezan nan seyans madi a pou kenbe pozisyon l. Senatè Westner Polycarpe te pale konsa nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

“15 senatè dakò pou bay 3 minis yo yon vòt sansi nan seyans madi 5 novanm nan”, se revelasyon senatè Mélius Hyppolite ki siyen lèt la tou. Palmantè OPL la deklare yo déjà antann yo sou dosye sa piske gen anpil grief kont minis enteryè a, minis jistis ak minis afè etranjè a. Sepandan, daprè senatè nòdwès la si youn nan minis yo rive defann tèt li, li ka gen chans devan senatè yo pandan seyans lan. Mélius Hyppolite rete konfyan seyans lan ap dewoule nan respè konstitisyon an ak règleman entèn sena a. Senatè Mélius Hyppolite te nan mikwo Eddy-Jackson Alexis

Kòdonatè jeneral òganizasyon pèp k’ap lite (OPL), pwofesè Sauveur Pierre Etienne, salye desizyon senatè yo ki entèpele minis afè etranjè Pierre Richard Casimir, minis jistis la Jean Renel Sanon ak minis entereyè a David Bazile pou jounen madi a. Kòdonatè OPL la deklare gouvènman an pap gen lejitimite depi 3 minis sa yo jwen yon vòt non konfyans. Nan yon entèvyou li bay Radio Kiskeya jounen lendi a, kòdonatè OPL la fè konnen 2014 la pral difisil pou gouvènman an, li anonse sal rele yon TSUNAMI politik. Li kontinye poul di nan OPL yo pran nòt pouvwa an plas la pran desizyon ki plasel kounye a nan yon antonwa.

Yon lòt pa kòdonatè OPL la Sauveur Pierre Etienne dil’ apiye ultimatum 90 jou prezidan irigueyen an Jose Mujica, ki menase pou li retire sòlda iriguyens yo nan MINUSTAH, si gouvènman Ayisyen an pa angajel’ nan vwa demokrasi.

Religyon

Vatikan nonmen Mgr. Max Leroy Mésidor kòm evèk koadjitè Okap. Nouvèl la ofisyèl depi vandredi 1 novanm daprè achevèk metwopoliten pòtoprens,Mgr Guire Poulard. Mgr Mésidor fèt 6 janvye 1962 vèrèt, li te konsakre evèk fòlibète nan mwa jiyè 2012. Mgr Poulard fè konnen evèk Mésidor pral ranplase mgr Louis Nerva Kebreau ki pral gen 75 lane 17 novanm kap vini la a, e ki pral pran retrèt.

KTKEP /ENSKRIPSYON

Gen anviwon 40 pati politik ki deja enskri nan KTKEP a pou al patisipe nan pwochèn eleksyon yo, selon presizyon prezidan KTKEP a, Emmanuel Ménard. Li fè konnen pwosesis enskipsyon an ki te dwe fini 31 oktòb pase a ap fini jounen lendi akòz yon pwolongasyon yo te bay sou demand plizyè pati politik. se eksplikasyon prezidan KTKEP a, Emmanuel Ménard

Selon mesye Ménard enskripsyon pati politik yo nan KTKEP a, se yon demach administrativ ki pa depann de lwa electoral la. Li fè konnen se apati lwa sou fonksyonman pati politik yo, pwosesis enskriksyon an dewoule, pandan l swete aktè politik yo jwenn yon konsansis sou kesyon lwa elektoral la. Li presize si tout demach administrativ yo abouti avan 26 janvye eleksyon yo ap dewoule nan dat sa a, jan kalandriye elektoral la te prevwa l la. selon prezidan KTKEP a, Emmanuel Ménard

Selil refleksyon pou yon nouvo UEH anonse pwofesè yo leve grèv yo te tanmen nan 11 fakilte nan inivèsite leta depi 15 oktòb ki sòt pase a pou te mande responsab yo mete sou lajan profesè yo ak pèsonèl inivèsite ap touche. Pwofesè ki nan selil refleksyon an, fè konnen yo leve grèv la paske rektora pran dezisyon pou aplike rezolusyon 18 avril 2013 la pou ajuste lajan kèk pwofesè ki ansyen yo. Men yo di yap kontinye goumen pou pwofesè yo jwenn bon kondisyon travay.

Plizyè etidyan nan diferan fakilte mande liberasyon kamarad yo, Fresner Michel ki nan lekòl nòmal siperyè la polis arete 1er novanm lan devan fakilte syans zimèn nan. Etidyan Georges Gregoire Exantus, denonse lapolis kap arete etidyan ki kont pouvwa an plas la. Etidyan sa yo ki te konmanse ak rasanble andann fakilte ethnoloji di si tout fwa yo pa lage kamarad yo yap pase a laksyon.

Direktè ekzekitif platfòm Ayisyen kap defann dwa moun (POHDH), Anthonal Mortimé ki tap reaji sou liberasyon responsab Cat Team nan Marc Arthur Phébé ak Gerald Fenelus ki te akize nan dosye Clifford Brandt lan deklare òganizasyon dwa moun yo toujou poze kesyon sou desizyon lajistis rann. Men li di deske se 3 jij ki deside okenn otorite pa kapab anpeche desizyon an ekzekite. Nan yon entèvyou li bay radio kiskeya jounen lendi a, direktè ekzekitif POHDH la, raple se 6 moun òdonans koudapèl la nan dat 2 daout pase a te bay lòd pou yo libere, kidonk li denonse lajistis ki toujou kenbe 4 lòt moun yo nan prizon.

Grèv avoka bawo pòtoprens yo tanmen depi semèn pase a pou jwenn revokasyon chèf pakè pòtoprens la, Me Francisco René ak demisyon jij Lamarre Bélizaire toujou respekte nan bawo a. Nan yon vizit Radyo Kiskeya fè jounen lendi a nan palè jistis, nou konstate pat genyen okenn avoka ki tap plede. Dwayen tribinal sivil pòtoprens la, Me Raymond Jn Michel nou te rankontre nan biwol, mande yon chita pale ant divès aktè konsène yo, yon fason daprè li pou kriz la rezoud nan tèt frèt. Sepandan, batonye lòd avoka yo, Me Carlos Herculedeklare pap gen bagay konsa pyès, wè pa wè Me Francisco René dwe bay demisyonl nan tèt pakè a.

.

Sitiyasyon an toujou malouk nan Site Solèy depi apre entèvansyon lapolis te fè 30 oktòb pase a, ki te lakòz Sadrac Elie pèdi lavi l, ak plizyè lòt moun te blese.Jounen lendi a, sikilasyon te bloke anndan site a, menm sou wout nasyonal # 1 an, machin pat kapab pase.Tout lòt aktivite tankou lekòl, komès pa fonksyone nan pi gwo bidonvil kapital la, akòz kawotchou ki tap boule ak gwo kout zam ki tap tire nan antre komin nan. Plizyè moun ki pale ak nou lage zak kò ansasinay ki fè sou Sadrac Elie sou do ajan egzekitif enterimè komin Site Solèy Jean Ronald Coby. Moun yo te tou pwofite mande prezidan Michel Martelly revoke prese Jean Ronald Coby nan tèt meri site solèy la.

.

Plizyè santèn, elèv lise nasyonal La Saline te pran la ri maten lendi pou egzije ministè edikasyon n nansyonal peye pwofesè kap fè kou nan lise a, depi 5 lane ki pa janm touche. Elèv sa yo te manifeste sòti depi La Saline pou rive devan palman an, kote yo tap mande yon sèl bagay ki se peye pwofesè yo ki pa touche sa lakòz yo menm yo pa kapab travay kòm sa dwa.

« Enpòtasyon diri vyetnamyen an nan peyi a pa anpeche pwodiksyon nasyonal la ogmante pou pase soti 100 mil tòn pa ane pou pase a 140 mil tòn gras a yon pwogram gouvènman an mete sou pye pou apiye pwodiksyon lokal la » se deklarasyon direktè jeneral biwo monetizasyon pwogram èd pou devlopman (BMPAD), Michael Lecorps. Nan yon konferans pou laprès li bay jounen lendi a nan primati, mesye Lecorps raple depi lè leta ayisyen te pran dezisyon pou enpòte diri vyetnamyen an nan mwad oktòb 2012, yo déjà achte 48 mil tòn diri ki dwe stabilize pri pwodwi sa a sou mache a. Alatèt BMPAD la, fè konnen diri sa a ki rele 10 sou 10 la, gen yon bòn kalite, li pa chè epi li disponib nan tout mache yo sa ki pèmèt tout konsomatè ka achte li. Responsab la ankouraje tout moun pran prekosyon lè yap achte diri 10 sou 10 la paske gen anpil komèsan ki mete diri sa a nan lòt sak oubyen ki mele l ak lòt diri ki te deja sou mache a. Li presize ti sak diri a dwe vann 751 goud, gwo mamit la 100 goud epi ti mamit la dwe vann 20 goud.

OMRH lanse jounen lendi a nan Otèl Montana yon seyans fòmasyon sou jesyon materyèl roulan, tankou machin ak moto leta Daprè kowòdonatè jeneral OMRH la, Uder Antoine di objektif fòmasyon sa a se pou bay fonksyonè leta yo zouti pou jere materyel ak byen leta yo pi byen pandanl rekonèt ministè yo gen difikilte pou idantifye machinn leta yo. Mesye Antoine fè konnen gen anviwon 50 ajan piblik kap patisipe nan seyans fòmasyon sa a kap dire 2 jou.

Vizit Sekretè deta edikasyon ameriken Arne Duncan an Ayiti

Sekretè deta edikasyon ameriken an, Arne Duncan, rantre nan peyi a jounen lendi a pou yon vizit k’ap dire 3 jou nan lide poul gade eta sistèm edikatif la an Ayiti. Nan yon konferans minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Vaneur Pierre, bay nan lokal ministè a nan tèt kole ak responsab ameriken an, li swete ti bout tan M. Duncan ap pase nan peyi a ap pèmèt li rasanble ase eleman ki ka ede l’ konprann reyalite sistèm edikatif la. Minis Pierre espere vizit sekretè deta edikasyon etazini damerik la pral favorize yon bèl kowoperasyon ant depatman edikasyon ameriken an ak ministè edikasyon nasyonal peyi Dayiti k’ap pote anpil bon rezilta pou peyi a.

Sou bò pa l’, sekretè deta edikasyon ameriken an, Arne Duncan, di li reyalize peyi

Dayiti ap fè fas ak anpil defi nan nivo edikasyon pandan l’ pwomèt gouvènman ameriken an ap bay tout sipò li kapab pou ede Ayiti relve defi sa yo. Timoun yo dwe gen chans pou yo jwenn yon edikasyon bon kalite, se deklarasyon M. Duncan ki pwofite felisite travay minis Vaneur Pierre ap fè nan tèt ministè a.

Envite : Senatè Pierre Francky Exius, prezidan komisyon jistis ak sekirite piblik sena a, youn nan 5 senatè entèpelatè yo, ki revele gen moun nan antouraj minis jistis ak minis enteryè a ki rele l pou mande chans pou yo. Daprè senatè deja gen 16 senatè ki pare pou vote kont 3 minis yo entèpele yon an seyans madi a nan sena repiblik la.

PAJ KORESPONDAN

Jakmel - Manifestasyon

Jan sa te anonse, plizyè santèn moun tanmen premye jounen manifestasyon yo jounen lendi a nan vil Jakmèl, pou egzije otorite leta konstwi 3 pon ki te kraze depi yon bon bout tan ak bay popilasyon an kouran. Manifestan yo deklare yap kontinye mobilize jiskaske otorite yo reponn revandikasyon yo.

Senmak – Manifestasyon/edikasyon

Platfòm sendika anseyan Ba Latibonit manifeste jounen lendi a nan vil Senmak pou egzije plizyè mwa aryere salè yo di anseyan yo pa touche. Pwotestatè yo menase okipe beton an si ministè edikasyon nasyonal pa respekte pawòl lit e gen avèk yo.

PAJ DEKLARASYON

Edikasyon

Anseyan ak anseyan sipleyan lise Antoine et Georges Isméry nan Ti plas Kazo, ap kanpe travay madi a, selon sa pòtpawòl Asosyasyon travayè ayisyen nan edikasyon an, Richard Salnave fè konnen nan mikwo Radyo Kiskeya. objektif, selon Richard Salnave, ki ap anseye tou nan lise Antoine et Georges Isméry, pou egzije yon pi bon tretman, aryere salè ak lèt nominasyon anseyan yo ki yo menm pa janm sispann fòme moun pou itil sosyete a demen.

Sou bò pa l, Alexandre Frid, direktè lise a ki te sezi tande nouvèl la, radio Kiskeya te kontakte men ki pat vle vwa l pase, deklare li pa okouran de kanpe travay sa a, pandan l fè konnen se sèlman kèk grenn anseyan ki rete ki poko jwenn lèt yo, akòz yon pwoblèm bidtjè, pifò resevwa chèk yo regilyèman. Li pwofite kritike konpòtman anseyan li di ki ap chache mete panik olye yo vin travay pou pèmèt elèv yo byen pase egzamen yo, sitou egzamen ofisyèl yo, alòske yap touche chèk. yo

Sitiasyon ki genyen nan blòk fakilte etnoloji gen gwo konsekans sou fonksyonman lopital jeneral, dapre sa kèk moun fè nou konnen nan telefòn. Lapolis ap simen gaz lakrimojèn, akòz mouvman pwotestasyon etidyan yo kap mande liberasyon etidyan Fresner Michel.