" /> "/>

> Kreyòl > AKTYALITE 25 NOVANM 2013

AKTYALITE 25 NOVANM 2013

AKTYALITE 25 NOVANM 2013

AKTYALITE 25 NOVANM 2013

Publié le mercredi 27 novembre 2013

Jounal 4è Lendi 25 Novanm 2013

Ministè enteryè/Dosye Ayisyano-dominikèn

" Enfòmasyon ki ta vle fè kwè domiken deja touye plis pase yon 30 tèn konpatriyòt ayisyen nan Neiba, yon rejyon an Repiblik Dominikèn wikenn pase a, akòz akizasyon asasinay 2 dominiken yo lage sou do yo, rete nan stad rimè jiskaprezan", selon Minis enteryè a, David Bazile. Nan yon rankont ak laprès jounen lendi a nan primati a, kote li te gen ak li kòdonatè Ofis nasyonal migrasyon, Stern Lolo, minis Bazile, deklare Leta Ayisyen atravè konsil peyi Dayiti a nan Bahaona deja louvri yon ankèt sou dosye a pou jwenn tout presizyon sou sak pase nan Neiba samdi pase a, pandan l fè konnen Gouvènman Martelly-Lamothe pral pran bon jan mezi pou stope mòd tretman sa yo konpatriyòt nou yo nan Repiblik Dominikèn ap sibi depi yon bout tan.

Apre ensidan Neyba an Repiblik Dominikèn, plizyè santèn ayisyen ki tap viv nan zòn sa a, oblije kouri kite zòn nan pou te sove lavi anba menas sitwayen dominiken ki te deside pase yo alenfinitif, akòz dominiken ki mouri, e yo ta vle fè kwè se ayisyen ki ta touye dominiken sa yo.Moun sa yo ki se travayè latè te jwenn akèy otorite ayisyen yo, ki mete yo nan yon sant ONM genyen nan Maren 36 zòn laplèn.Moun yo fè konnen yo oblije bandonen tout sa yo te genyen lakay vwazen pou yo pat pèdi lavi yo.

Yon lòt pa, refijye konfime lapolis te egzije yo antere kò ayisyen kite anndan sachè platik e yo te konstate te gen 4 tèt moun ladan gen yonn yo rekonèt.Enfòmasyon sa a ta vle demanti, deklarasyon minis enteryè a ki fè kwè se yon sèl ayisyen ki pèd `````i lavi l nan dram sa a.Dapre sa refijye yo fè konnen gen anpil lòt ayisyen ki te nan jaden, nan moman nouvèl la tap sikile pou fè kwè ayisyen ta touye yon koup dominken, ki pat gentan rantre lakay yo, moun say o ta mouri nan jaden kafe ak nan wout lakay yo.

Palman

Reprezantan sikonskripsyon Tòbèk / Chantal la nan chanm bas la, Guy Gérard Georges mande leta ayisyen fèmen tout fwontyè ki genyen ant Ayiti ak repiblik dominikèn pou bay dominiken yo yon repons parapò ak zak malonèt konpatriyòt nou yo ap viktim chak jou lakay vwazen. Selon palmantè a Ayiti twò enpòtan pou la dominikani sou plan komèsyal pou ayisyen yo ap sibi mòd trètman sa a. Depite Guy Gérard Georges fè konnen si leta ayisyen pran desizyon pou bloke fwontyè yo ak repiblik dominikèn lap mete otorite peyi panyòl yo nan sitiyasyon pou trete ayisyen yon lòt jan.

Depite OPL Mole Sen Nicola a, Eloune Doréus swete prezidan repiblik la ak premye minis lan fikse pozisyon yo sou sitiyasyon kap devlope an repiblik dominikèn nan ki lakòz ayisyen toujou ap viktim anba zak vyolans.Manm blòk palmantè pou ranfòsman enstitisyonèl nan chanm bas la deklare fason otorite yo fòse konpatriyòt nou yo retounen nan peyi a se yon imilyasyon ki dwe revòlte konsyans tout ayisyen. Palmantè swete leta ayisyen kreye kondisyon nesesè pou anpeche konpatriyòt yo nou al chache lavi miyò lakay vwazen.

Prezidan blòk palmantè pou ekilib politik nan chanm depite a,depite Pierre Martin Tatoute fè konnen pwoblèm ki genyen ant Ayiti ak repiblik dominikèn nan otorite yo dwe pran desizyon pou rezoud li politikman. Sepandan depite Chansolme/ Bassin Bleu a deklare movèz kondisyon ekonomik pèp ayisyen an se yon nan prensipal rezon ki lakòz yap viktim chak jou lakay vwazen. Depite Tatoute ankouraje gouvènman an bay ayisyen yo plis ankadreman pou yo pa al sibi zak malonèt an repiblik dominikèn.

Depite Lagonav la, Béguens Théus kondane zak sasinay bandi fè sou prezidan misyon inyon evanjelik batis d’Ayiti a pastè Serléus Simon pandan week end pase a. Reprezantan zile lagonav laa nan chanm bas la e ki se tou manm MOCHRENHA fè konnen asasinay sa a se yon gwo kou pou fanmi viktim nan ak sektè pwotestan an ki plonje nan dèy. Palmantè a mande otorite jidisyè yo mete akyon piblik an mouvman pou arete tout krimèl ki komèt zak malonèt sa a epi jije yo pou pran pènn lalwa prevwa.

Fòs Patriotiki pou Respè Konstitisyon an, Mouvman Gran Bèlè ak òganizasyon tèt Ansanm, anonse manifestasyon 29 novanm pa pral devan anbasad Amerikèn jan sa te prevwa. Nan yon konferans pou laprès jounen lendi a, sou kiòs Perpetuel Secours Bel’air, pòt pawòl FOPARK la Rony Timothé, fè konnen jounen 29 novanm nan Anbasad Amerikèn ap fèmen, kidonk li di desizyon sa pran nan tèt ansanm ak tout aktè ki konsene nan mouvman mobilizasyon an. Pòt pawòl FOPARK la, deklare manifestasyon an ap sòti sou Bèlè, monte Ruelle Vaillant pou al depoze yon jèb flè kote masak la te fèt lan nan okazyon premyè eleksyon demokratik peyi tap òganize 29 novanm1987, pou yal fini kous yo sou plas Dessalines.

Pi lwen, pòt pawòl mouvman Gran Bèlè (MGB) Fradin Jeudy deklare batay la ap rapouswiv nan prensip, li pwomèt pou fikse yon lòt dat pou al manifeste devan anbasad Amerikèn. Kòdonatè jeneral òganizasyon tèt Ansanm (OTAN) Assade Volcy, di yo pap negosye ak Martelly. Li pwofite okazyon an pou mande lapolis pou pran resposabilitel nan manifestasyon 29 novanm nan, pandanl mande tout moun kap vin patisipe nan manifestsyon an pou mete chemiz nan pantalon ak pòch yo tounen lanvè. .

MONOP/Manifestasyon 29 Novanm

Responsab Mouvman nasyonal opozisyon popilè yo ( MONOP)anonse yap pran lari a nan dat 29 novanm nan pou salye memwa viktim masak riyèl Vaillant an yo, pandan yap kontinye egzije depa gouvenman Martelly-Lamothe la. Nan yon konferans pou laprès jounen lendi a, Kodonatè MONOP la, André Fadot, fe konnen tout òganizasyon nan sektè opozisyon an, antann yo pou òganize manifestasyon sa a, nan memwa viktim masak Ruellel Vaillant yo.

Pòt pawòl mobilizasyon Fanmi Lavalas la, Ansyto Félix anonse divès aktivite pati a ap òganize vandredi kap vini an pou make 26èm anivèsè masak kit e fèt sou yon gwoup elektè nan Ruelle Vaillant nan dat 29 novanm 1987. Ansyto Félix fè konnen aktivite sa yo vize salye memwa tout viktim yo epi patizan lavalas yo ap rasanble nan plizyè pwen tankou devan St –Jean Bosco pou al bout nan Ruellel Vaillant.

INAGHEI/ Panik nan Avni Kristòf

Te gen yon sitiyasyon tansyon nan mitan jounenn an nan avni Kristòf kote etidyan nan fakilte a te mete barikad, boule kawotwou pou pwoteste kont dekana a yo di kap fè yon movèz jesyon nan tèt fakilte a. Yon sitiyasyon ki te lage panik nan zòn nan, e ki te oblije anpil lekòl nan avni Kristòf fèmen pòt yo avan lè san konte divès lòt aktivite ki te paralize nan blòk la akòz fòs lòd yo ki te entèveni ak gaz lakrimojèn. 2 elèv lekòl pou piti te endispoze.Jean Mike Charles ak Saint Jules Toussaint Makendy, 2 pami nan etidyan potestatè yo sa yo fè konnen, mouvman sa yo tanmen an se pou denonse yon pati prive ki peye INAGHEI mete nan Fakilte a selon yo menm ki vize rive ak lide responsab yo genyen pou privatizel. Sa ki fè jounen jodi a , Fakilte a gen mwens kapasite akèy poul resevwa etidyan akòz pati prive sa a li gen ladanl toujou daprè etidyan pwotestatè yo. Jean Mike Charles ak Saint Jules Toussaint Makendy, te pwofite denonse desizyon dekana INHAGHEI pran pou mete deyò 4 etidyan akòz patipasyon yo nan denonsyasyon mòd jesyon responsab yo, yo di ki pa kadre ditou ak lalwa.

Vizit yon delegasyon òm dafè fransè nan peyi a

Sou inisyativ anbasad peyi Lafrans an ayiti, ajans UBIFRANCE ak chanm komès Franco-Haïtienne, yon delegasyon biznisman fransè ki soti patikilyèmam nan depatman doutre mè yo, tanmen jounen lendi a yon vizit nan peyi a pou eksplore posibilite pou yo ta vin asosye ak antrepriz ayisyèn ki deja sou teren an oubyen louvri pwòp biznis pa yo an Ayiti. Nan yon rankont ak laprès maten lendi a, anbasadè fransè a nan Pòtoprens, Patrick Nicolosso presize misyon envestisè sa a gen ladanl yon senkantèn òm dafè ki reprezante anviwon 30 antrepriz. Diplomat la ajoute vizit sa a kap dire yon semèn, antre nan kad ranfòsman koperasyon komèsyal ant 2 peyi yo pou mete l nan menm nivo ak koperasyon politik ak kiltirèl ki egziste deja ant Ayiti ak Lafrans.

Sou bò pal, Johann Remaud ki te reprezante UBIFRANCE, yon ajans farnsèz pou devlopman entènasyonal antrepriz ki te pran lapawòl tou nan konferans la, fè konnen objektif ajans sa a se akonpanye antrepriz fransèz yo devlope nan peyi etranje yo. Mesye Remaud presize UBIFRANCE deja akonpanye 17 mil antrepriz fransèz chak ane pou ede yo tabli nan divès peyi nan mond la.

Prezidan chanm komès Franco-Haitienne nan, Gregory Brandt salye inisyativ sa a li kwè kap pèmèt dafè fransè yo pral kapab mete ansanm ak patnè lokal yo pou rive patisipe nan devlopam ekonomik peyi a. Mesye Gregory Brandt fè konnen biznisman sa yo ap evolye nan plizyè sektè tankou dlo, asenisman, enèji ak konstriksyon. Delegasyon an kap mete bout nan vizit sa a vandredi, ap gen pou chita pale ak CFI, CNMP, plizyè bayè de fon entènasyonal tankou Bank Mondyal, BID ak Inyon Ewopeyèn selon prezidan chanm komès ak Franco-Haitienne nan, Gregory Brandt ki te nan mikwo Rénald Guerrier.

Mèt Michaud Dérilus avaka, bawo Pòtoprens mèt Francisco René komisè gouvènman an te arête jounen lendi a, nan tribinal depè Delmas, Mèt Dérilus te jwenn arestasyon l nan moman li ta pral chache pale ak jij Esaïe,pandan chef pakè a, avoka yo konsteste te vare sou li pou li konnen lit e nan manifestasyon kont senèn pase, eli menm gen manda pou batonye lòd avoka Pòtoprens la,mè Carlos Hercule.Yon nouvèl ki pat avoka yo ki toujou ap ba mèt Francisco René katon wouj.

Batonye lòd avoka Pòtoprens la mèt Carlos Hercule,sou bò pa li deklare, avoka te jwenn liberasyon l sou lòd minis lajistis la mèt Jean Renel Sanon.Mèt Carlos Hercule ki di yo toujou kenbe menm pozisyon an,ki se demisyon ou revokasyon mèt Francisco René,anonse yon rankont ak minis jistis jounen madi a, nan ministè lajistis ak sekirite piblik, e lap genyen pou li bay avoka yo rezilta rankont la jounen mèkredi a,pandan li mande pou yo rete mobilize.

Mèt Gervais Charles kwè batay la ap vanse kont mèt Francisco René paske minis jistis la pase sou sibòdone l pou libere yon avoka lit e arête de fason ilegal. Mèt Gervais ap te pote plis presizizyon nan mikwo Amos Brevil.

INAGHEI/ Panik nan Avni Kristòf

Nan okazyon jounen entènasyonal kont vyolans kap fèt sou fanm jounen lendi 25 novanm lan, solidarite fanm ayisyèn SOFA renouvle angajman enstitisyon an pou travay bò kote fanm pou fè respekte dwa yo ak lite kont vyolans tout kalte yap sibi. Responsab yo, mande gouvènman Martelly/Lamothe la pibliye lwa sou patènite responsab la 2 chanm yo vote depi byen lontan li pa janm pibliye. Yo mete aksan sou diferan problèm ki genyen nan aparèe jistis la nan peyi a nan kad dosye fanm yo.

Youn nan resposab sant dakèy SOFA a, Marie Carmel Petit Frère eksplike sityasyon Adelène Cherubin, yon fanm maril pa okipel ak pitit li, desizyon te rann an favèl an premye tan aprè jijman tounen an favè maril la Nemour Jannot. Adelène Cherubin tap viv nan kay ak mesye a, yo gen 2 pitit, yo konstwui kay ansanm. Aprè 12 janvye yo tal viv anba tant, aprè mari a pa kitel retounen nan kay la ak pitit yo.

Kowòdinasyon nasyonal pou egalite fanm ak gason nan Fanmi Lavalas renouvle angajman’l pou konbat tout fòm vyolans kap fèt sou fanm ak tifi. Nan sans sa a kowòdinayon an mande pou prezidan Michel Martelly pibliye lwa sou patènite matènite ak filyasyon nan jounal le MoniteurSelon deklarasyon Marjorie Michel ansyen minis kondisyon ak dwa fanm sou gouvenman Préval -Bellerive la.

Lansman Festival 4 chemen

10èm edisyon festival 4 chemen an lanse lendi swa nan lokal biwo nasyonal etnoloji (BNE). lansman evenman kiltirel sa a ki te fèt avèk yon spektak tanbou dans ak koregrafi nan lakou BNE a te dewoule an prezans kòdonatris ar ak kilti Fondasyon Konesans ak libète (FOKAL), Michèle Lemoine, direktè Biwo etnoloji a, Erol Josué ak kèk lòt responsab ki enplike nan òganizasyon festival la. Prestasyon ki te fèt nan okazyon an te kreye anbyans nan mitan asistans lan ki t’ap bat bravo tanzantan pou montre apresyasyon yo pou jèn talan ki t’ap pèfòme yo.

Festival 4 chemen an ap dewoule soti jounen 25 novanm nan rive 7 desanm. Spektak yo ap fèt nan divès lokal tankou otèl Olofson, gagè ravin Pentad, Enstiti fransè Dayiti (IFH) ak FOKAL. Pwogram nan genyen ladann tou plizyè rankont, tab wond ak jounen refleksyon.

Envite : Kòdonatè adjwen GARR la Jean Baptiste Azolin k’ap pale de sityasyon kap devlope nan Neiba nan sid Rep Dom kote anpil nan konpatryòt nou yo oblije kite rejyon sa a pou chape anba vyolans dominiken apre ensidan grav samdi yo. Mesye Azolin kritike otorite ayisyen yo ki pa mete annaplikasyon yon politik migratwa. Pou li menm diplomasi ayisyen an fèb, li pa anmezi pou defann enterè konpatryòt nou yo lakay vwazen. Sak rive Neyba pa nòmal.dapre sal di

PAJ KORESPONDAN

Ench – Apatrid

Desizyon lakou konstitisyonèl dominikèn pran pou retire nasyonalite anpil dominiken dorijin ayisyèn lakòz divès konpatriyòt ki tap viv lakay vwazen oblije retounen ann Ayiti, selon korespondan nou nan Wo Plato Santral, .

Senmak - Ensekirite

Pastè Manès Blanc denonse atak bandi li te sibi ansanm ak madanm li epi yon fanmi yo te dechèpiye samdi pase sou wout ayopò a, nan moman yo te soti Ozetazini pou rantre Senmak. Pastè a, ki se dirijan Gran komisyon ann Ayiti, kwè ensekirite a remonte nan peyi a epi mande otorite yo pran mezi pou anpeche bandi kontinye layite kò yo.

Tigwav - Ensekirite

Lapolis nan Tigwav rekipere nan lannwit yè swa pou louvri maten lendi a 5 zam ki soti nan baz nèg sivil ame yo nan Barèt gras ak kolaborasyon reveran pè Miguel Auguste, ki te jwe wòl fasilitatè ant lapolis ak bandi yo.

Ansagalè - Grèv

Elèv Lise nasyonal Ansagalè a fèmen pòt lekòl la jounen lendi a nan yon mouvman pwotestasyon poutèt yo pa jwenn anseyan pou travay ak yo. Plis pase yon ventèn pwofesè nan lise a kanpe travay depi madi pase pou reklame lèt nominasyon yo.

Laviktwa - Inogirasyon

André Jonas Paraison, direktè depatmantal nò PNH, inogire samdi pase nan komin Laviktwa yon nouvo komisarya, ki gen ladan l yon enspektè polis ak 5 ajan. Seremoni an te dewoule an prezans divès otorite lokal.

Jakmel - Reyaksyon

Kòdinasyon Fanmi Lavalas nan Sidès kritike deklarasyon Senatè Wencessclas Lambert fè kòmkwa pati ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide la ta ap simen dezòd nan peyi a lè l pran lari pou manifeste kont pouvwa a. Lionel Jean-Marie, yon manm Fanmi Lavalas nan Jakmèl, pwofite fè kèk revelasyon sou deriv li di palmantè a lòtè pandan l mande pou konseye prensipal chèf leta a, ansyen senatè Joseph Lambert, rale zòrèy ti frè l la .

Okay - Eleksyon

Lavarice Gaudin, alatèt pati politik Veye Yo ki nan sektè Lavalas la, deklare yap travay pou monte sou pouvwa a pou fè peyi a pran yon lòt wout. Pandan li tap patisipe nan yon aktivite Okay, responsab politik la denonse sitiyasyon difisil Ayiti ap fè fas lavèy 210e lane endepandans li, sitou avèk dominiken yo ki pa sispann pase fyète ayisyen anba pye.

PAJ DEKLRASYON

Chomaj

Flébert Louis, kòdonatè jeneral Jèn Ann aksyon pou sove Ayiti, kritike gouvènman an pou difikilte li di jèn yo rankontre pou jwenn travay nan peyi a, malgre demach yo fè nan ministè tankou afè sosyal kote yo deja depoze pwojè. Sitwayen sa a pwofite fè konnen jèn yo pa gen avni ann Ayiti.

Konjonkti

Fritz Robert Louis-Jeune, ki prezante tèt li kòm yon militan Fanmi Lavalas e manm FOPARK, pase nan Radio Kiskeya jounen lendi a pou l kritike konpòtman iresponsab li di gouvènman ayisyen an genyen devan vyolasyon grav otorite dominikèn yo ap fè sou konpatriyòt nou yo, lòtbò fwontyè. Li pwofite raple Repiblik Dominikèn enpòtans Ayiti genyen nan ekonomi l lan pou l pa kontinye trete ayisyen nenpòt ki jan.