> Kreyòl > ENFOMASYON LENDI 6 JANVYE 2014

ENFOMASYON LENDI 6 JANVYE 2014

ENFOMASYON LENDI 6 JANVYE 2014

ENFOMASYON LENDI 6 JANVYE 2014

Publié le mercredi 8 janvier 2014

Lendi 6 Janvye 2014

Parlman

Prezidan komisyon afè etranjè ak kilt chanm depite a, Abel DESCOLINES, kwè desizyon ki pran ant otorite ayisyèn ak dominikèn yo pou diskite sou plizyè pwoblèm 2 peyi yo ap fè fas merite ankouraje. Reprezantan sikonskripsyon Mibalè/Boukan kare a swete ansanm rezolisyon kap adopte nan rankont bilateral sa yo vote nan palman ayisyen ak dominiken pou evite sitiyasyon sa yo pa rete ankò nan istwa 2 pèp yo. Abel DESCOLINES mande gouvènman ayisyen an enplike plis sektè nan diskisyon yo paske pwoblèm ant Ayiti ak repiblik dominikèn konsène tout ayisyen.

Premye senatè Plato Santral la, Francisco de la Cruz, deklare rankont kap fèt demen madi a ant leta ayisyen ak dominiken pap pote okenn rezilta nan pwoblèm ki genyen ant 2 peyi yo. Selon palmantè OPL la gouvènman ayisyen an pat dwe aksepte al chita pale ak leta dominiken sou pwoblèm komès, migrasyon ak sekirite fwontalyè. Li kwè dosye arè kou konstitisyonèl la se yon opòtinite leta ayisyen jwenn pou l te tou rezoud pwoblèm pwodiksyon nasyonal la. Senatè de la CRUZ di li pa konprann kòman yo fè mete sou kote arè lakou konstitisyonèl repiblik dominikèn nan mitan diskisyon yo alòske li genyen yon enpòtans kapital. Francisco DE LA CRUZ kritike prezans premye minis Laurent Lamothe nan tèt komisyon an, li kwè ki pa gen ase kapasite pou mennen diskisyon yo epi li pa genyen twòp enterè nan dosye sa a.

Kòdonatè nasyonal gwoup kap apiye refijye ak rapatriye yo (GARR), Jean Baptiste Azolin, montre pridans li sou rankont Ayisyano-Dominiken kap fèt demen madi a nan Wanament. Nan yon entèvyou li bay radio kiskeya jounen lendi a, Kòdonatè GARR la, estime ajenda diskisyon yo pa fin twoklè e anpil sektè nan sosyete sivil la pa prezan nan negosiasyon sa ki pou li menm ki gen anpil enpòtans. Jean Baptiste Azolin wè pou kisa ekip Tèt Kale a blije fòme yon lòt komisyon bilateral, alòske yo pa ranfòse komisyon miks ki te deja egziste ant 2 peyi yo.

Yon lòt pa, kòdonatè nasyonal gwoup kap apiye refijye ak rapatriye yo (GARR), Jean Baptiste Azolin, fè plizyè rekòmandasyon bay gouvènman an, pou fasilite yon pi bon jesyon nan dosye migrasyon an.

PSP/Retrèt
Pòt pawòl blòk palmantè pou stabilité ak pwogrè nan chanm bas la, Abel Descollines anonsé retrèt manm blòk la nan semèn sa a avan ouvèti 4èm ané 49èm léjislati a lendi 13 janvye kap vini la a. Dapre Abel Descollines retrèt sa a ap pèmèt yo chwazi kandida pou nouvo biwo a ak komisyon pèmanant yo. Sepandan pòt pawòl PSP a déklaré kontrèman ak ané pasé blòk majoritè a pa gen entansyon pran tout pòs yo.

Alatèt gwoup 77 la, mèt André Michel, kwè demach konferans épiskopal pou kesyon dyalòg la, iresevab. Nan yon deklarasyon li fè nan mikwo radyo kiskeya, jounen lendi a, mèt André Michel fè konnen konférans épiskopal la, pa gen otorite moral pou li ap palé de dyalòg. Li sité plizyè pwen konférans épiskopal te dwé ekzijé tankou, liberasyon frè Florestal yo, nominasyon manm kou dè kont yo.

Jistis

Dwayen tribinal premyè enstans Pòtoprens la, Mèt Raymond Jean Michel, anonsé gen yon sesyon asiz kriminèl avèk asistans jiri kap demaré lendi 13 janvyé kap vini la a pandan asiz kriminèl san asistans jiri ki té kòmansé nan mwa désanm pasé a ap kontinyé. Tribinal la ap gen pou tandé 17 dosyé épi sesyon an dwé diré anviwon 12 jou. Dwayen tribinal sivil Pòtoprens la, met Raymond Jean Michel ki palé ak Radio Kiskeya jounen lendi a nan biwo l, pwofité poté présizyon sou dosyé ansyen direktè jénéral OAVCT a, Edrick Léandre la ki ap tann desizyon lakou kasasyon. dwayen tribinal sivil Pòtoprens la, Mèt Raymond Jean Michel té palé konsa

Responsab CONASOVIC la, Rosemond Jean dwé Mèt réponn késyon jij Lamarre Bélizaire jounen madi a sou plent Dieuvé Vital, Pierre Patrice Corneille ak Wilson Estimé, ki akizé l kòm moun ki ta fè pati asosiyasyon malfektè. Se sa l presizé jounen lendi a nan yon konférans pou laprès. Alatèt CONASOVIC la, ki se tou alyé réjim tèt kalé a, akizé moun sa yo kòm kwa yo ta fè pati yon gang, ki fè plizyè opérasyon nan komin Kafou. Selon li, sé paské sitwayen sa yo fò anpil nan aparèy jistis la ki fè jij Bélizaire konvoké l nan pakè a demen madi a.

Vyolans

Plizyè moun ki prezanté tèt kòm paran victim vyolans nan Sité Solèy rankontre laprès maten lendi a, pou kontinyé denonsé zak malonèt yo di ekip ajan egzekitif enterimè komin nan Jean Ronald Coby komèt. Moun sa yo lonjé dwèt sou Jean Ronald Coby yo kwè ki se prensipal responsab zak vyolans nan Sité a. Konferansyé yo ki mandé gouvènman Martelly/ Lamothe ranplasé ékip ajan egzekitif la, anonse yon manifestasyon pou jounen madi pou pwotesté kont mové lavi maleré ak malerèz ap viv nan komin nan epi kont zak krazé yo di patizan Jean Ronald Coby yo ap komèt anndan Sité a.Daprè Rose Théda, Dieula Croassy ak Casimy

Sosyal

Kòdonatris rezo sivik pou pwomosyon sitwayen (RECIPROC), Margareth Fortuné, mandé léta Ayisyen pran responsabilitél nan revandikasyon sosyal pèp la, pou ané 2014 la. Nan yon konférans pou laprès jounen lendi a, Margareth Fortuné mandé pou gen yon opozisyon ki fò, ki kapab bay direksyon ak moun ki pa retwouvé yo anndan pouvwa a. Li mandé pou palmantè yo travay pou ranfòsé enstitisyon an.

Ansyen direktè jénéral SMCRS la, Donald Paraison, prezanté yon nouvèl strikti dézòmè li di ki pral okipél de jesyon fatra ak asénisman sou tout tèritwa nasyonal la. Nouvèl strikti sa a poté non (CNA), kòdinasyon nasyonal asénisman. Mesye Paraison ki se kòdonatè jénéral nouvèl enstitisyon sila a anonsé yo pral travay sou yon pwojè lwa nan objektif pou reglemanté divès operatè kap travay nan zafè dechè solid an Ayiti.

Plizyè machann kap chaché lavi nan Maché salomon, deklaré lavant la pa bon ditou pou yo nan okazyon fèt lèwa a. << Pa gen lèwa ankò>> , se sa yo deklaré. Machann sa yo, ki plenyen daprèzavwa yo pa vann anyen depi peryòd fèt fen dané yo, deklaré sé lajan moun pa genyen ki lakòz sitiyasyon sa a.

kiltirel

Ekriven Lyonel Trouillot rann poète romansye ayisyen Jean Métellus omaj. Nan yon entèviou li bay Radio Kiskeya pwofesè Trouillot palé de zèv Dr Métellus yo, ki pat janm kaché lanmou li té genyen pou Ayiti ak literati ayisyèn nan. Nap souligne Jean Métellus mouri samdi 4 janvye nan peyi lafrans a laj 77 lane

Fèt <>

Legliz katolik toujou kenbe tradisyon fèt lèwa a kòm sa dwa, selon presizyon sekretè konferans episkopal la, pè Hanse Alexandre. Kire pawas sacré-coeur de Jésus-christ a, fè konnen fèt lèwa a se okazyon pou kretyen katolik yo adore pitit bondye a, ki te bay lavi l pou sove limanite. Li fè konnen fèt sa a raple fidèl legliz katolik yo, yo se pitit yon wa. Eksplikasyon Sekretè konferans episkopal la, pè Hans Alexandre ki te reponn

Envite : Direktè egzekitif fondasyon Zile ansyen minis Edwin Paraison k’ap analize pou nou anje kesyon ant Ayiti ak Rep Dom nan okazyon premye reyinyon komisyon mixte ant ayisyen ak dominiken kap fèt demen nan komin Ouanaminthe

PAJ KORESPONDAN

Monbenkrochu - Lavichè

Moun nan diferan komin nan depatman Nòdès la ap plenyen anpil akòz sitiyasyon ekonomik difisil yap fè fas. Moun yo denonse tou pwogram gouvènman an genyen li pa sispann fè pwopagann pou yo men ki poko ka ateri bò kote yo.

Tigwav – Deklarasyon

Nossalito Soliman, pòtpawòl Kolektif òganizasyon angaje Tigwav, rete kwè chèf leta a ap aji selon sa li di nan diskou li te fè nan okazyon 210 lane fèt endepandans peyi a, nan Gonayiv. Li konte tou pou prezidan Martelly fè libere 2 frè Florestal yo.