> Kreyòl > ENFOMASYON 3 Fevriye 2014

Enfomasyon 3 Fevriye 2014

ENFOMASYON 3 Fevriye 2014

Enfomasyon 3 Fevriye 2014

Publié le mercredi 5 février 2014

Lendi 3 Fevriye 2014

Dyalòg/6èm jounen

Reprezantan egzekitif la, reprezantan palman an ak diferan pati politik kap dyaloge nan otèl El Rancho , mete yo dakò sou òganizasyon yon sèl eleksyon pou ane 2014 la Se sa kadinal Chibly Langlois presize nan okazyon finisman 6 èm jounen chita pale kap dewoule ak konferans episkopal la kom mitan jwet. Li fè konnen se konsèy elektoral la kap gen pou fikse dat òganizasyon eleksyon sa yo. Itilizasyon vòt elektwonik nan eleksyon sa yo, rediksyon sant tabilasyon yo, amandman lwa elektoral la ak mete kanpe yon lòt KEP pou ognize eleksyon yo, se dives pwopozisyon sa yo ki te nan mitan diskisyon yo pandan 6èm jounen dyalòg la, selon Monseyè Langlois.

Mete kanpe yon lòt ògan elektoral ki dwe anchaje pou òganize eleksyon sa yo ak amandan lwa elektoral la, se pozisyon Fanmi Lavalas ap defann nan kad dyalòg la, selon ansyen senatè Gérald Gilles. Li pale an favè pou se eleksyon kredib ki dwe fet nan peyi a, pandan l fè konnen vid enstitisyonèl pa yon bon opsyon pou peyi a.

Senatè Jean William Jeanty al nan menm sans ak ansyen senatè Gilles sou kesyon KTKEP a. Li raple ògan elektoral aktyèl la pa enspire konfyans, pandan l pale an favè fòmasyon yon lòt gouvènman ki dwe pran responsabilite òganizasyon pwochèn eleksyon yo.selon presizyon alatèt KONTRA PEP la

Sou bò pa l, alatèt RESPE a, Charles Henri Backer, bat bravo pou inisyativ chita pale kap dewoule ak konferans episkopal la nan wol mediatè Li di li regrèt absans anpil lòt pati politik nan dyalòg la. Deklarasyon ansyen kandida pou pòs prezidan an, Charles Henri Backer,

Insekirite
Enkoni touye 2 moun epi blese 2 lòt gravman grav anba bal, lè yo louvri kout zam, dimanch swa nan Site Solèy, sou yon cha mizikal ki ta pral mete animasyon kanaval. Pòtpawòl annapre PNH la, Gary Desrosiers, anonse gen yon ankèt DCPJ louvri pou sou ensidan sa a pou jwenn koupab yo. Nan pòtoprens gen antou 23 moun ki blese ladan yo youn ak bal. Pòt pawòl annapre PNH la te tou profite bay plis presizyon sou lanmò polisye Yves Pierre Louis ki soti nan 18èm promosyon PNH la ki tonbe anba bal bandi samdi pase nan Petion Ville. Gen youn nan bandi yo ki tonbe tou. Nap siyale gen plizyè ensidan grav ki rive nan divès kwen nan peyi a pandan week end pase a. N’ap raple sou chanmas bò plas konstitisyon an la polis te dekouvri kadav 2 jèn gason.

Ajan egzekitif enterimè Site Solèy la, Jean Ronald Coby, ki tap reyaji jounen lendi a nan mikwo Radyo Tele Kiskeya, lage responsablite gwo ensidan sa a sou do minis enteryè a, David Bazile, li pa sispann atake depi minis la te anonse pwojè pou mete yon lòt konsèy kominal kanpe. Mesye Coby, ki gen moun nan Site a kap mande pou l mare pakèt li poutèt li ta dèyè gang kap fè krim yo, akize minis Bazile kòm kwa se li menm ki ta ap fè moun goumen nan pi gwo bidonvil kapital la. Ajan enterimè a fè konnen se 3 moun ki pèdi lavi yo ak 3 lòt blese devan Site Boston kote li menm li te prezan bò kote viktim yo. Nap koute Jean Ronald Coby kap bay plis esplikasyon nan

Paran viktim yo ki te an kòlè apre yo te fin tande nouvèl fiziyad la, te tonbe mete barikad kawotchou flanm dife epi yo te boule cha kanaval la devan meri Site Solèy la, nan zòn Sarthe. Moun yo di se avèk gwo tristès yo aprann lanmò 2 atis ki tap mete animasyon nan Site a. Yo fè konnen yap tann yon otorizasyon meri a pou yo al leve kadav yo ki kounyeya nan mòg lopital jeneral.

Diplomasi

Anbasadris amerikèn nan Peyi Dayiti, Pamela White, fè konnen, jan anpil moun te panse l déjà, li jwe yon gwo wòl nan planifikasyon rankont ant prezidan ayisyen an, Michel Martelly ak dirijan ameriken an, Barack Obama, ki fikse pou jedi 6 fevriye a. Diplomat la ki pat kapab presize ki pwen kap nan diskisyon yo, nan Lamezon Blanch, ajoute lap gen pou l antre an kontak ak Wachintonn sou sa kap din an rankont sa a. Madam White fè yon deklarasyon sou premye vizit Prezidan Martelly nan Lamezon Blanch, apre patisipasyon l nan seremoni siyati yon akò ant inivèsite Quisqueya ak Smithsonian Institution pou mete kanpe yon sant konsèvasyon byen kiltirèl yo ann Ayiti.

Palman

Reprezantan sikonskripsyon Lazil la nan chanm depite a, Fransnet Dénius, salye rankont Lamezon blanch la ant Prezidan ameriken an, Barack Obama ak Chèf leta ayisyen an, Michel Joseph Martelly. Manm blòk palmantè pou ranfòsman enstitisyonèl la (PRI) swete mesye Martelly ap pwofite de randevou sa a pou l diskite ak nimewo en ameriken an sou anpil dosye ki konsène relasyon ant 2 peyi yo. Dapre Depite a, diplomasi, ekonomi ak rekonstriksyon an ta dwe pami pwen fondamantal ki dwe debat ant 2 chèf leta yo.

Konsènan dyalòg ant aktè politik yo, depite Fransnet Dénius kwè gen yon pa enteresan ki franchi nan diskisyon yo. Pou reprezantan Lazil la, diferan tèm ki sou tab la gen anpil enpòtans nan efò kap fèt pou rezoud kriz la. Sepandan, palmantè a swete gen dispozisyon ki pran pou reyalize yon dyalòg nasyonal ki ap pèmèt patisipan yo poze tout pwoblèm ki anpeche Ayiti pran wout chanjman ak demokrasi.

Depite Site Solèy la, Almétis Saint Fleur Junior, di li kondane ensidan ki frape sikonskripsyon l dimanch swa a ki lakòz 2 moun mouri anba katouch. Palmantè a mande otorite polisyè ak jidisyè yo fè limyè sou zak kriminèl sa a pou koupab yo ka jwenn sanksyon lalwa prevwa pou yo. Atak sa a montre bandi yo pa depoze lèzam nan kòmansman 2014 la, kontrèman ak sa anpil moun te panse, selon Depite Almétis Saint Fleur Junior.

Reprezantan sikonskripsyon Mamelad ak SenMichel de Latalay la, Patrick Joseph, anonse gen 2 moun ki mouri, ladan yo yon polisye, jounen dimanch la nan yon zafè mistik nan komin St-Michel kote yon foul moun andjable te leve kanpe poutèt ajan PNH la te blese yon moun. Dapre depite Joseph, 2 moun sa yo mouri anba kout manchèt foul la nan moman yon gwo diskisyon lè mesye yo te al reklame lajan lakay yon ougan ki te travay pou yo. Palmantè a kweè se akòz prezans lapolis fèb nan zòn nan ki fè ensidan gravman grav sa a kapab rive. Li lanse yon apèl bay otorite konsène yo pou yo bay ajan PNH yo plis mwayen pou yo kapab fè travay epi ouvri yon anèx tribinal sivil nan St-Michel de Lattalaye.

Politik/oganizasyon

Manm inisyativ jèn kandida, Charlot Jacquelin Junior, denonse dyalòg ki tanmen ant pati yo, egzekitif la ak palman an kap fèt sou mediasyon konferans episkopal la li kwè ki pap abouti ak anyen. Mesye Jacquelin deklare dialòg sa se pou se jus yon aparans yon fason pou montre se menm dyalòg Turneb Delpe konn ap pale pale, men li pa gen anyen poul wè avèl vrèman. Li rapousuiv pou di dezòganizasyon sosyete a soti nan moun kap dirije peyi a ki mal jerel kote yo pa respekte sa yo di nan diskou elektoral yo. Li fè konnen yap denonse pa nenpòt mwayen sa kap mache mal nan peyi a.

Sou bò pa li, reprezantan jenès montante, Woody stanley Pen ki pale nan menm sans ak Charlot Jacquelin junior, deklare dirijan toujou ap itilize popilasyon an lè gen eleksyon san konte manipulasyon etudyan nan inivèsite leta. Mesye Pen deklare degradasyon sosyete kap koule ak yon jènès kote anpil ladan nan move zak, se akòz responsab yo ki pa gen ankenn altenatif pou popilasyon yap dirije a.

Kanaval/respekte fanm

Minis kondisyon fanm ak dwa fanm nan, Yanick Mézile, ansanm ak minis kiltiti a, Josette Darguste, rankontre laprès jounen lendi a pou lanse yon apèl kont itilizasyon kò ak pati entim fanm oubyen tifi pou fè vyolans sou yo ak fè yo tounen zouti distraksyon, pandan dewoulman aktivite kanaval. 2 responsab yo, ki atire atansyon DJ yo, bann a pye yo ak medya yo, anonse yap travay ak ministè jistis pou pran, si sa nesesè, sanksyon tankou bloke cha DJ ak difizyon sèten videyo mereng kanaval si moun ki konsène yo pa konfòme ak dispozisyon ki pran yo.

Edikasyon

Aktivite yo reprann nèt nan Lise Toussaint Louverture ak Alexandre Petion, daprè Rodrigue Duverger ak Nicolas Mathurin, direktè 2 lekòl sa yo Radio Tele Kiskeya te vizite jounen lendi a. Apre gwo vyolans semèn pase yo, lè liseyen yo te tanmen pwotestasyon nan Pòtoprens, majorite elèv yo te prezan nan sal klas yo. Sepandan, direktè lise Toussaint Louverture la, Rodrigue Duverger, fè konnen gen kèk pwofesè ki pokò reponn prezan nan pòs yo. Responsab la, ki ankouraje tout pwofesè ak elèv yo reprann chimen lekòl, fè konnen gen dispozisyon direksyon lekòl la ap pran pou yo rive ratrape 2 semèn jou klas elèv yo te pèdi yo.

Direktè lise Alexandre Pétion an, Nicolas Mathurin, ale nan menm sans ak Rodrigue Duverger. Li pwofite oh soulinye garanti minis edikasyon nasyonal la, Vanneur Pierre, bay anseyan yo pa rapò ak revandikasyon yo pandan yon vizit li te fè byen bonè maten lendi a nan lise Pétion.

.

Kèk elèv nan lise Toussaint Louverture nou te entèwoje deklare se ak anpil enpasyans yap tann aktivite skolè yo reprann vitès yo nan lise a. Nan sans sa a, yo mande pou tout pwofesè vin fè kou paske jou egzamen yo ap pwoche.

Sou bò pa yo, elèv lise Pétion yo deklare yo kontinye ap soutni revandikasyon anseyan yo. Yo fè konnen minis Vanneur Pierre pandan pasaj li nan lise a, pa bay pwofesè yo vrèman okenn garanti ministè ap satisfè revandikasyon pwofesè yo. Sa fè liseyen avèti a nenpòt ki moman yo kapab pran lari a pou fòse otorite yo garanti yap bay pwofesè yo pi bon kondisyon travay.
.

Kiltirel

Inivèsite Quisqueya siyen yon akò jounen lendi a ak Smithsonian Institution pou mete kanpe nan inivèsite a yon sant ki pral fòme plis pase san jèn nan nan domèn konsèvasyon byen kiltirèl. Selon akò sa a Smithsonian angaje l pou bay 20 mil dola ameriken chak ane pandan 5 an, inivèsite Quisqueya ap mete 200 mil dola ak fondasyon yon aktè ameriken kap kontribye tou a yon valè 200 mil dola tou nan kad mizanplas pwojè sa a dapre rektè inivèsite Quisqueya a, Jacky Lumarque. Responsab la ajoute atravè pwojè sa a jèn ayisyen yo ap gen posibilite pou konsève, restore epi prezève patrimwàn kiltirèl peyi a ki kapab swa yon tablo, swa zèv d’art elatriye. Mesye Lumarque deklare nan demaraj pwojè a yap gen pou yon konstwi yon sant pou sa espesyalman nan inivèsite a pou fòme jèn yo sou yon peryòd 2 lane. Li ajoute apatid mwad oktòb kap vini la a sant la dwe kòmanse fonksyone nòmalman.

Minis kilti a, Josette Darguste ki tap patisipe nan seremoni an, bat bravo pou kolaborasyon sa a ant inivèsite quisqueya ak Smithsonian li kwè ki pral ranfòse kapasite enstitisyon yo pou konsève, prezève epi restore patrimwàn peyi a. Madam Darguste salye bòn kolaborasyon Smithsonian ki apre katastwòf 12 janvye 2010 la te mete ekspè ayisyen ak etranje pou rekipere epi restore patrimwàn ki te ka sove yo. Li presize madan chèf leta a, Sophia Martelly deja dakò pou l jwe wòl prezidant donè komite entènasyonal ki chaje pou soutni epi ranfòse pwojè sa ki anpil enpòtans pou kilti peyi a toujou selon minis kilti a, Josette Darguste

Anbasadris amerikèn nan Pamela White ki te vpran lapawòl nan sikonstans la deklare akò sa se yon prèv ki montre aklè volonte 2 antite sa yo pou pwoteje patrimwàn peyi a pandan l salye inisyativ la. Li raple swivan akò a Smithsonian ap bay 20 mil dola chak ane pou sout jefò pou fòme jèn sa yo nan pwoteksyon ak restorasyon moniman istorik yo.

Seremoni sa a dewoule anprezans sou sekretè ameriken poou istwa, leza ak kilti, Dr Richard Kurin ki te entèvni an angle nan seremoni an, te genyen tou patisipasyon ansyèn premye minis, Michelle D. Pierre Louis ki te pale nan non FOKAL, ansyen minis kilti, Olsen jean Julien ak ansyen minis touris , Patrick Delatour .

Sosyal

Moun kap viv nan zòn mòn Saint Christophe, zòn Source Puante depi apre katastròf 12 janvye 2010 la, bloke wout nasyonal #1 a pandan yon bout tan maten lendi a, pou pwoteste kont desizyon meri Kwadèboukè pran pou kraze kay yo. Moun boule kawothyou retire nan nan yon seri kontener ki tap pase pout e manifeste kòlè yo. Ajan UDMO ki te entèveni bat moun yo tire anpil kout zam e fè 3 arestasyon pou pipiti. Men sa pat anpeche moun manifeste pou eksprime kòlè yo.

Plizyè lòt moun ki ta bay opinyon yo sou sa kip ase a,pat mete dlo nan bouch pou kritike rejim Martelly/Lamothe la yo kap pase nan jwèt chak jou pi plis. Manifestan yo pati ak bòt mèt Camille Leblanc yo di ki te akonpaye moun te vin kraze kay ki lakòz konnye ya yap dòmi nan lari. Moun zòn Saint Christophe yo deklare yo pap fè bak sou mouvman leve kanpe yo kòmanse jounen lendi tout tan yo pa jwenn satisfaksyon.

Responsab Auto Plaza inogire yon nouvo lokal sant de reparasyon ak pyès, sou wout ayòpò a, nan okazyon 40 lane egzistans konpayi a. Seremoni an dewoule an prezans divès reprezantan nan sektè prive a, tankou Fabrice Rouzier, aksyonè Sun Oto, konsesyonè machin, epi manm nan sosyete sivil la. Daprè PDG Auto Plaza Reginald Boulos, nouvo lokal sa pral pèmèt yo ofri kliyan yon meyè kalite sèvis. Doktè Reginlad Boulos fè konnen envestisman sa ki koute anviwon 3 milyon dola se yon temwayaj pou montre yo kwè nan sèvis aprè vant. Li kontinye poul di envestisman sa montre yo kwè nan stabilite politik ak kwasans ekonomik peyi a. Li mande sektè prive a kontinye travay pou kreye anplwa.

2ème reyinyon ant dirijan ayisyen ak dominiken ap dewoule jounen lendi a, Jimani, kowòdonatè GARR la, Azolin Jean Baptiste yon lòt fwa ankò kè konnen òganizasyon an pa kwè nan seri reyinyon sa yo. Mesye Jean Baptiste di li krenn pou dirijan dominiken yo pa entimide dirijan ayisyen yo nan diskisyon yo, pou vrè pwoblèm yo pa poze.

ENVITE : Politològ Mozart Deroneth k’ap pale sou vizit ofisyèl prezidan Martelly nan Washington ak rankont l’ap genyen jedi ak prezidan OBAMA a.

PAJ KORESPONDAN

Gonayiv – Vyolans

Makenson Laplante, yon polisye ki afekte nan sèvis sikilasyon nan Pòtoprens, mouri rache ak kout manchèt apre li fin resevwa 7 katouch, yè dimanch nan Nanpòl, lokalite 7èm seksyon kominal Senmichel Latalay. Ensidan sa a rive nan moman misye, akonpaye ak yon bon zanmi l, te al chèche zam li kay yon bòkò nan zòn nan.

Miragwàn – Manifestasyon elèv

Plizyè santèn elèv Lise Jacques Prévert ak Lise Jènfi nan Miragwàn manifeste maten lendi an, ak branch bwa nan men yo, pou egzije otorite ministè edikasyon nasyonal yo antann yo ak pwofesè grevis yo pou yo ka retounen nan sal deklas.

Okap – Manifestasyon

Elèv plizyè lise nan vil Okap te manifeste maten lendi an tou pou pote solidarite yo bay anseyan grevis yo ki ap reklame ogmantasyon salè ak pi bon kondisyon travay.

Tigwav – Manifestasyon elèv

Yo te plizyè santèn elèv Lise Faustin Soulouque nan Tigwav, ki tap manifeste ak pannkat nan men yo, jounen lendi a anba gwo dispozitif sekirite lapolis, pou mande MENFP peye pwofesè yo pou kou yo reprann. Yo menase kenbe mouvman yo a jiskaske revandikasyon yo satisfè. Sitiyasyon sa a lage gwo kè kase kay anpil paran ki swete responsab yo pran devan pou evite pita pi tris.

Piyon – Edikasyon

Kote zannimo ap fè bezwen yo se la timoun nan abitasyon Fontèn, ki nan premye seksyon kominal Piyon, ap resevwa pen lenstriksyon. Yon sitiyasyon Kerby Jean, yon anseyan nan Lekòl nasyonal Fontèn, deplore epi kritike responsab edikasyon yo, ki selon li, pito ap fè politik olye yo mete lòd nan sistèm edikatif la ki malad anpil.

Senmak – Asiz kriminèl

Nan lide pou kontinye konbat detansyon prevantiv prolonje a, gen asiz kriminèl san epi ak asistans jiri ki demare jounen lendi a nan tribinal sivil premye enstans Senmak la.

Dwayen tribinal la, Me Noe Massillon Pierre Louis, fè konnen tribinal la ap gen pou tande 15 ka.

PAJ DEKLARASYON

Dalyòg nasyonal

Jean Ernso Josaphat, prezidan òganizasyon debaz Vwa majorite popilè, kalifye dyalòg nasyonal sa a de maskarad mele ak ipokrizi, lè prezidan Martelly itilize legliz katolik pou voye poud nan je popilasyon an. Selon li pou ta gen dyalòg nasyonal fòk chèf leta a ta mete lòd nan diferan pwoblèm ki ak wonje peyi a, tankou prezans MINUSTAH ki jiskaprezan pa jistifye vre.

Sou bò pa l, visprezidan VMP a, Marc Chéry, pwofite mande premye sitwayen peyi a leve pye l nan pwogram PSUGO a, akòz direktè lekòl yo ki pa sispann ap sibi presyon nan men pwofesè kap reklame aryere salè yo.

Konjonkti

Pastè Vilaire Joseph, pòtpawòl Solidarite ayisyèn pou devlopman kominotè, deklare kondisyon yo pa ranpli pou gen yon dyalòg nasyonal, pandan l kritike desizyon MOPOD la pou prezidan Martelly demisyone.